Aller au contenu

22 fevriye 1986 – 22 fevriye 2006: SOFA gen 20 lane

  • SOFA

22 fevriye 1986, yon gwo mouvman popilè an Ayiti pran nesans, ak yon bann revandikasyon, pami yo :
– Jistis
– Patisipasyon nan pran desizyon politik pou peyi a

Nan mitan gwo mouvman sa a, mas popilè yo t ap chèche oryantasyon yo pou koupe fache avèk modèl sosyete tradisyonèl miwo miba, sosyete peze souse sa a. Prensipal objektif popilasyon an se te konstriksyon yon mouvman popilè konsekan ki kapab pote repons ak enterè mas yo.
2006_0224Image0032.jpg
Se konsa yon gwoup fanm peyizan ak fanm pwofesyonèl, te chita nan lakou Legliz Sen Jozèf pou reflechi sou kondisyon fanm ap viv nan peyi a. Medam sa yo, apati refleksyon yo te fè, vin wè nesesite pou kreye yon espas kote fanm yo kapab chita reflechi sou pwoblèm pa yo espesyalman ak sou pwoblèm peyi a an jeneral, nan objektif fondamantal pou patisipe nan konstwi epi devlope mouvman fanm lan, paske transfòmasyon sosyete a pa kapab fèt san konsidere enterè fanm yo. Konsa yo te vin deside kreye yon òganizasyon fanm, yon òganizasyon ki gen jèvrin pou pote revandikasyon fanm ayisyen yo.

Òganizasyon sa se Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA)

Pandan tout yon lane medam yo nan tout kote yo t ap viv, oubyen kote yo t ap travay, te mete tout fòs yo pou desizyon sa a pran kò. Pandan tout premye lane sa a, tout moun te pran angajman pou mennen plis fanm anndan òganizasyon an, men sitou pou mete kanpe yon estrikti ki reponn ak bezwen batay fanm ayisyèn yo.

Travay pou fòme tèt nou, ak pou mete yon bon jan estrikti òganizasyonèl, kontinye, san pran souf. Nan mwa novanm 1987 pou premye fwa nou pran lapawòl an piblik ofisyèlman, pou nou prezante yon revandikasyon ki jouk jounen jodia rete yon priyorite pou òganizasyon an. Priyorite sa se :« BATAY KONT VYOLANS SOU FANM » ! yon revandikasyon ki vin tounen yon priyorite pou anpil moun nan popilasyon an, granmesi travay sansibilizasyon ak mobilizasyon ki fèt.

Pandan kat premye lane egzistans SOFA, òganizasyon an devlope nan Nòdwès, nan Nò, nan Latibonit, nan Lwès, nan Ba Plato Santral, nan Sidès. Nan lane 1993 nan Grasndans. SOFA fè yon travay sistematik pou elaji li chak jou pi plis, pou ankouraje plis fanm antre nan batay la.2006_0224Image0025.jpg

Nan premye moman yo, SOFA te fè yon travay refleksyon san pran souf ak yon seri zanmi nou, ki chak jou te konn pote kole pou pèmèt òganizasyon an pran rasin. Anpil nan zanmi sa yo se te gason ki te gen konviksyon pou batay fanm nan pran pye nan peyi a.

Se nan lane 1989 nou te finalize tout travay mete chapant òganizasyon an. Pou rive adopte nan asanble jeneral yon estrikti ki pèmèt patisipasyon tout manm, nan pran desizyon pou òganizasyon an. Estrikti sa gen ladan li twa branch :
– Branch fanm peyizan ki reprezante 80%
– Branch fanm katye popilè 15%
– Branch fanm sosyopwofesyonèl 5%

SOFA se yon òganizasyon feminis popilè, ki chwazi pou batay sou pwoblèm espesyal fanm yo pandan n ap batay pou chanje sosyete nou an.

SOFA se yon lekòl pou fanm, kote nou pa janm sispann fòme tèt nou, nou pa janm sispann chache pi bon estrateji pou mennen batay pou fè lit fanm nan vanse.

DOMÈN TRAVAY SOFA

Sante Fanm kòm yon dwa

– KLINIK sante fanm nan Matisan
– Edikasyon sou sante fanm
– Fòmasyon fanm ansent
– Fòmasyon matwòn
– Fòmasyon Jèn
– Sansibilizasyon
– Pledwaye

Batay kont Vyolans sou fanm

21 sant douvanjou pou akeyi fanm viktim vyolans

– Konsèy ak referans
– Akonpayman medikal ak legal
– Akonpayman sikososyal
– Fòmasyon sou entèvansyon feminis
– Sansibilizasyon-mobilizasyon
– Pwodiksyon materyèl sansibilizasyon
– Piblikasyon dokiman ak rapò sou vyolans kap fèt sou fanm
– Pledwaye

Patisipasyon Fanm nan tout espas kote desizyon ap pran

– Refleksyon sou estrateji patisipasyon fanm yo nan enstans desizyon
– Fòmasyon sou tem pouvwa lokal
– Pledwaye

Lit kont feminizasyon povrete

– Pledwaye nasyonal ak entenasyonal SOU PWOBLEMATIK LAMIZÈ

DEVLOPMAN AKTIVITE EKONOMIK :

– ATELYE PWODIKSYON RAD AK LOTE PWODUI ATIZANA
– Moulen danre nan : Senmak – Machan Desalin – Enri – Plezans
– Fòmasyon sou kesyon ekonomik
– Lokasyon sal konferans ak ebèjman

ZÒN ENTÈVANSYON SOFA

Depatman Grandans

SOFA prezan nan komin:
– Abricot
– Bonbon

Depatman Latibonit

SOFA prezan nan 5 komin:
– Enri
– Sen Mak
– Chèn Kawo
– Machan Desalin
– Sen Michèl Latalay

Depatman Nò

SOFA prezan nan Komin:
– Plezans

Depatman Nòdwès

SOFA prezan nan 2 komin:
– Bonbadopolis
– Mòl Sen Nikola

Depatman Sidès

SOFA prezan nan 3 komin:
– Marigo
– Lavale
– Kay Jakmèl