Aller au contenu

Nòt pou la près Kolektif Mobilizasyon kont lavichè sou lanmò 24 konpatriyòt

Apre masak plis pase 24 travayè ayisyen nan Repiblik Dominikèn nan dat 10 janvye 2006 la, fas ak endiferans pouvwa anplas la ak klas politik tradisyonèl la, Kolektif Mobilizasyon Kont Lavichè ap poze tèt li keksyon sa yo, pandan l ap poze pouvwa a, politisyen yo ak boujwazi a menm keksyon yo. Pouki sa mas peyizan yo, travayè nan peyi Dayiti, malgre tout imilyasyon, tout tribilasyon yo konnen yo pra l jwenn jis pou rive mouri, yo kontinye ale pi rèd Sendomeng, Baamas, Gwadloup, Etazini ak lòt ? Eske si menm travayè sa yo te jwenn bon kondisyon travay lakay yo, lasante, lekòl, wout, elektrisite, manje epi viv tankou moun, eske yo t ap kite peyi a kanmenm ?


Ayè sitirasyon mas yo te grav, men jounen jodi a, kondisyon yo vin pi malouk. Kolektif la kwè degradasyon kalite lavi mas yo pa gen pou wè ak vyolans gang politik tout kalte ak bandi tabli nan katye popilè yo, men fondamantalman se rezilta kontinite plan lanmò FMI ak Bank Mondyal la, se rezilta move kondisyon travay, dominasyon, salè mizè y ap sibi anba bizismann ki nan chanm komès ak endistri peyi Dayiti. Mete sou sa, lavichè monte disèt wotè sou lestomak, pandanstan gouvènman san fwa ni lwa Bonifas-Latòti a, kominote entènasyonal ak politisyen yo ap fè yo kwè se eleksyon ki solisyon an.Yon eleksyon sou okipasyon ki deja yon echèk total kapital.

Kolektif la kwè mas travayè nan kat kwen peyi a, òganizasyon pwogresis ki genyen nan kan mas yo dwe mande jistis pou 25 travayè ayisyen sa yo ak tout lòt ki tonbe deja anba bal lame dominikèn, oswa k ap viktim chak jou nan dwa yo. Batay la dwe ale pi lwen nan mande leta a pou desann pri manje, lekòl, lwaye kay, transpò ak lòt byen ak sèvis nan peyi a, mete akote plan lanmò FMI ak bank mondyal la, ogmante salè ouvriye yon jan pou yo ka fè fas ak rèskonsablite yo, sispann politik zòn franch lan, tanmen nan peyi yon veritab refòm agrè.

JISTIS POU TRAVAYÈ AYISYEN YO

VIV INITE KAN TRAVAYÈ YO

VIV RESPÈ DWA OUVRIYE YO

ABA LETA TCHOUL – ABA LAVICHÈ