Aller au contenu

“Pyès fanm pa epaye”, dapre òganizasyon fanm Tèt Kole ti peyizan ayisyen

Nou menm òganizasyon fanm Tèt Kole ti peyizan ayisyen (TK) nou ekri nòt sa a jounen jodi a pou nou pote solidarite nou ak tout fanm ki viktim anba zak vyolans, ekplwatasyon, kout zam, kout fè, kout ponya, kout djak, ak kle wou machin elatriye… nan men gason nan sosyete a.


Lè n’ap gade sa kap pase nan sosyete a pyès fanm pa epanye, kit fanm peyizan kit fanm lavil, tout sibi zak vyolans, sitou nan fen lane 2005 lan. Tankou 23 Desanm, nan premye seksyon Plènselès komin Kòniyon, Dominik Chaleyis yon mesye ki gen 30 lane vyole Lorèt Lwijan yon jèn fi 18 lane. Nan bitasyon Bwapen nan menm seksyon sa a, yon mesye marye fèmen yon jèn ti fi 17 lane nan yon kay li fè zak vyolans sou li; bandi sa a te rive sove anba men popilasyon an. Nan vil Senmak, jou 24 desanm nan, yon jèn gason Pyat te vyole yon fi 17 lane aprè li te fin bwè kont kleren l. Lapolis te rive arete jèn gason sa a. Nan zòn Akayè, menm 24 Desanm sa, yon kriminèl yo rele Valdo touye madanm li Jinou; kriminèl sa a nan prizon. San konte lòt zak vyolans nou pa konnen.

Nap fè remake tout zak vyolans sa yo fèt nan fen mwa desanm nan. Nap poze tèt nou kesyon eske pa gen leta responsab nan peyi a pou fè respekte dwa fanm yo ? Nou menm òganizasyon fanm Tèt Kole ti peyizan ayisyen ak MRPP nou denonse tout zak kriminèl sa yo kap fèt sou fanm. Nou mande jistis pou tout fanm ki viktim zak sa yo anndan peyi a. Nou mande pou lajistis mete men sou kriminèl sa yo pou jije yo epi pini yo jan lalwa mande l.

Nou mande pou lapolis ak ministè Lakilti pran responsabilite yo nan peryòd kanaval la kont bann madigra kap fè pwomosyon pou zouti kriminèl Valdo te sèvi pou touye Jinou an. Paske gen plizyè bann apye kap sòti ak djak machin, kle wou epi kap chante mizik ki ankouraje gason kontinye fè zak vyolans sou fanm epi kap mande lage Valdo san l pa jije paske se Jinou ki bouzen.

Nou menm òganizasyon fanm peyizan yo nou rele anmwey, nou ankouraje tout fanm ki viktim nan sosyete a anba vyolans pou yo pa kache sa a. Se pou yo denonse vagabon sa yo, mete yo anba kòd pou lajistis jije yo. Nou sèmante 77 fwa 7 fwa sa pap rete konsa se pou lajistis arete kriminèl sa yo epi jije yo.

Sèl fòs nou se bon jan òganizasyon fanm ti peyizan konsekan nan aksyon konsète koòdone.

Pòtoprens, 13 janvye 2006

Moun ki siyen :

Simone Pierre —————Pou fanm TK Gwomòn

Mersilya Cenelus————-Pou Fanm TK Pyat

Louimène Cenoble————Pou fanm MRPP

Anoncia Alexis—————Pou fanm TK Savanèt

Cléante Priva—————- Pou fanm APGB (Asosyasyon
peyizan Granbwa)

Vita Telcy——————–Pou Fanm TK nòdwès