Mouvman Demokratik Popilè
Ki grèv ? Pou fè kisa ? Nan enterè kilès ?
Apre Aristid fin kite pouvwa a nan kondisyon nou tout konneen yo, kominote entènasyonal la, boujwazi a ak politisyen rat do kale yo te antann yo epi mete sou pouvwa a yon gouvènman ki gen nan tèt li yon teknokrat enpòte ak prezidan lakou kasasyon an kòm prezidan. Gouvènman sa a te gen twa misyon esansyèl ki se :
1) Tabli sekirite nan peyi a
2) Amelyore kondisyon lavi popilasyon an
3) Oganize eleksyon « lib, onèt ak demokratik »
Akò 4 avril la ak pwogram CCI a te sèvi gouvènman an kòm gid pou li mennen politik li. Pou reyalize misyon sa a, gouvènman an te jwenn sipò kominote entènasyonal la, tout klas politik tradisyonèl la ak boujwazi peze souse a. Men an reyalite, tout moun ka konstate gouvènman an ak tout sipòtè l yo ehwe nan misyon sa a. Klima ensekirite a kontinye ap taye banda, kondisyon lavi mas yo vin pi grav epi bato eleksyon yo koule nan dlo. Jounen jodi a, menm politisyen ak manm nan sosyete sivil la ki te òganize beny sal sa a, se yo ankò k ap pwopoze solisyon oswa di pèp la ki wout pou li pran.
Kisa ki lakòz klima ensekirite a ? Ki aktè ki responsab klima ensekirite ki sa a?
Pou nou konprann klima ensekirite ki gen jounen jodi a epi konbat li, li enpòtan pou n al fouye pwoblèm sa a nan rasin li. Pi gwo responsab klima ensekirite a makònen ak jan sosyete a òganize a. N ap viv nan yon sosyete kote yon ti klik moun gen nan men yo pifò richès sosyete a, alòske gen yon pil ak yon pakèt moun k ap soufri anba mizè ak lavichè. Kidonk, se yon ti ponyen moun k ap jwi tout richès travayè yo pwodui anndan sosyete a. Sitiyasyon sa a lakòz nan katye popilè yo ak nan divès zòn nan peyi a, yon dividal moun ap mouri grangou, anpil ladan yo vin frajil. Konsa, politisyen demagòg ak boujwazi a k ap defann enterè yo vin kapab sèvi ak yo nenpòt kilè. Tout moun ka sonje pa egzanp Labanyè, se te youn nan bandi ki te konn defann gouvènman lavalas la. Men, menm Labanyè sa a te vin tounen tou youn nan bandi ki t ap defann gwoup 184 la nan site solèy. Menm premye minis la te konn sa, li te di aklè nan laprès Labanyè te yon sevitè gwoup 184 la. Nou ka pran yon lòt egzanp, men lajistis fèk sot pase lòd pou lage youn nan boujwa (Stanley Handal) ki te enplike nan zak kidnaping k ap fèt nan kapital la.
Egzanp ki bay la yo fè nou kwè kesyon ensekirite a pa lye sèlman ak pwoblèm estriktirèl sosyete a. Konjonkti a jwe wòl pa li tou nan ogmante klima ensekirite a. Men se toujou menm aktè yo k ap aji swa pou kenbe kalite sosyete sa a oubyen pou defann enterè klas yo. Nan jou ki sot pase la yo, tout moun te tande nan laprès Valdès, gouvènè peyi Dayiti a deklare nan laprès gen lidè politik ki vle sèvi ak lajan kidnaping pou mennen kanpay yo. Kidonk, MODEP kwè li pa sifi pou nou lonje dwèt sou klima ensekirite a, fòk nou lonje dwèt sou kòz yo ak aktè ki responsab yo.
Ki batay ki dwe mennen jounen jodi a kont ensekirite a ?
MODEP kwè aktè k ap patisipe nan alimante klima ensekirite a pa kapab konbat li. Batay kont klima ensekirite a dwe kòmanse nan konbat move kondisyon lavi mas popilè yo. Konsa, l ap pi difisil pou boujwa ak politisyen sèvi ak moun nan mas yo pou tabli ensekirite epi defann enterè yo. Li enpòtan tou pou peyi a pran dwa granmoun li epi bay tèt li dirijan serye ki pap pran dikte nan men moun k ap konbat enterè mas yo ak enterè peyi a. Li klè, klas politik ki la ak boujwazi a ki gentan enfekte ak viris restavèk la pa kapab rantre nan okenn pwojè popilè ki vize defann enterè mas yo ak peyi a.
Nan sans sa a, grèv boujwazi a lanse pou lendi a pap vin rezoud anyen nan pwoblèm ensekirite a. Sa pa gen lontan, yon pati nan boujwazi a (manm ANADIPP yo) te fè grèv pou mande plis benefis sou gaz la pandan pèp la ap mouri nan grangou, pandan divès òganizasyon t ap batay pou mande desann pri gaz la ak pri pwodui premye nesesite yo. Jounen jodi a, se menm boujwazi sa a ki mande grèv swadizan pou konbat ensekirite alòske yo pa pran okenn responsablite pou denonse boujwa parèy yo ki mele nan zak kidnaping. Modòd grèv sa a vini tou nan moman kote tout siy montre gouvènman sa a, kominote entènasyonal la ak CEP a echwe nan zafè eleksyon yo. Boujwazi a menm vle fè ensekirite a pase kòm kòz prensipal echèk eleksyon yo. Kidonk, MODEP sispèk boujwazi a vle mennen popilasyon an anjeneral ak mas popilè yo sou yon tèren ki vize prepare apre echèk gouvènman an.
Nan sans sa a, MODEP kwè òganizasyon konsekan yo, mas popilè yo pa dwe danse dans yo pa konnen ni dans ki pa dans pa yo. Mas yo ak òganizasyon konsekan yo dwe pare pito pou menen batay ki makònen ak veritab enterè yo. Kidonk, batay kont ensekirite a dwe makònen ak batay kont lavichè, chomaj ak batay pou transfòme sosyete a nan enterè moun ki pi pòv yo. Aktè k ap mennen batay sa a paka goumen tou pou mande kolaborasyon ak MINUSTAH. Kalite batay sa a paka mache tou ak okipasyon epi ak aplikasyon plan neyoliberal la k ap depafini ak pwodiksyon nasyonal la.
Aba ensekirite pwograme
Aba lavichè
Viv yon peyi granmoun
Pou MODEP
Frantz Moise
Yves Barthélemy