Aller au contenu

Alèt! Konplo kont peyizan travayè nan Lakayè

Batay Ouvriye ap mete popilasyon an an jeneral e kamarad konsekan yo an patikilye okouran yon beny san k ap pare ankò nan peyi a. Fwa sa a, se nan 5e seksyon Lakayè konplo sanginè a ap prepare.

Vreman vre, apre yo fin met atè ansyen majistra a pou tout vòl li te komèt yo, yo nonmen yon nouvo: se Wilbè Kaseyis, sanse pou rektifye sitiyasyon an. Men, an reyalite, se soti nan larivyè pou tonbe nan lanmè!

Nan tout plenn Lakayè, e menm pi lwen, poutèt bon kalite tè a e relasyon dimwatye ilegal e akayik ki toujou genyen nan pwodiksyon an, se yon kote ki toujou chaje ak konfli vyolan anpil. Nou annik sonje Pyat, kote kay te boule, san te koule, moun te mouri oswa sètoblije kite zòn la… nou annik sonje nan Jan Batis, kote, lò rekòt rive, se chak lane goumen a mò pete, la a ata lapolis twouve lanmò ane pase. E konfli tè sa yo toujou opoze grandon akayik yo anfas ti peyizan ki yo menm ap travay jan yo kapab, amelyore tè a pou kò yo, gen pou fè fas pou kò yo a nenpòt ki pwoblèm lanati, lò se pa bannan dominiken Leta kite ap anvayi mache a.

Nan 5e seksyon Lakayè, gen yon konfli tè ki, jounen jodi a, ap opoze yon grandon yo rele Klebè anfas ti peyizan travayè yo. Bagay yo te yon jan estabilize, jouk dènye majistra Kaseyis la vin rive. Se moun Klebè. E, vreman vre, depi an lagan li pran kòb nan men l pou monte sa li rele yon “polis riral”. Men “polis riral” la pa gen 2 bi, se entèvni zam alamen e “nan non lalwa” nan konfli Klebè ak ti peyizan yo. Yo gen tan gen èd jij Klodi, titilè Lakayè a ki, li menm, kareman ap chache “legalize” masak y ap prepare a. Jij Klodi, se bòfrè Klebè! Li gen tan bay yon seri swadizan manda pou arete tout ti peyizan ki pa vle rantre nan lòd lespwatasyon akayik Klebè a. Yo plis vize Bwanèf, Dipi ak Michèl. Yo deja arete 3 ti peyizan, youn nan Bwanèf, 2 nan Michèl. Kounye a y ap mande 25,000 dola (vennsenk mil dola!!) pou lage chak! Plizyè ti peyizan ki pè “Leta”, kòmanse kite zòn la pou yo pa arete yo, menm si yo pa konn pouki. Men dòt kanpe kin sou revandikasyon yo yo konnen ki jis, nan yon peyi! E yo pa soti pou kite Klebè, ni majistra Kaseyis ak tout “jij” Klodi vin sansinen yo kon sa.

Popilasyon an kanpe ak ti peyizan yo. Non sèlman paske yo konnen se yo ki gen rezon men paske yo konnen tou ekzaksyon Klebè nan zòn la. Yo menm fè yon foul e bloke yon reyinyon sèten manm swadizan “polis riral” yo a yo te vle vin enstale nan zòn la.

Kidonk, jan nou kapab wè, se yon nouvo konfli sanglan k ap gonfle nan zòn lan. Grandon akayik yo ki santi yo sou pouvwa yo ak gouvènman reyaksyonè sa a ki anplas la, vle pwofite sitiyasyon an pou fè tout ekzaksyon e menm tout masak yo kapab pou bloke revandikasyon travayè yo ki, yo menm, ap pote peyi sa a sou do yo, san yo pa janm twouve pyès benefis vre nan fwi tout travay yo reyalize.

ALÈT! BATAY OUVRIYE YON FWA ANKÒ AP DEKLARE! ALÈT!

NOU DEJA REMAKE DEPI LONTAN, GOUVÈNMAN SA A, APA AJENNDA MERIKEN, LOKIPASYON AK LABOUJWAZI, LI PA SOTI POU OKIPE NI MENM TANDE PYÈS MOUN. SE SA K FÈ SE AK POPILASYON AN ANSANM AK TOUT PWOGRESIS KONSEKAN N AP ADRESE NOU JOUNEN JODI A.

ALÈT!! NOU DI! JAN NOU TOUJOU ANONSE L: SE YON LÒT BENY SAN Y AP PREPARE!

Pou Batay Ouvriye

Yannick ETIENNE

Pòtoprens, 31 oktòb 2005