Aller au contenu

Zak kraze brize okipasyon an

Semèn pase, fòs etranjè nan peyi a fè yon ekzaksyon an plis. Sòlda jodànyen pete baryè izin kola Lako a, rantre nan izin lan, fè moun kouche pla vant, bat moun, imilye moun.

Yo rantre nan ECEM, yo fè menm bagay yo. Pami moun sa yo, majorite a se te OUVRIYE IZIN YO. Nan Lako, yo fè menas y ap tounen. BATAY OUVRIYE ELVE VWA LI BYEN WO POU DENONSE ZAK KRAZE BRIZE SA A. Men nou dwe klè sou 2 bagay:

– Zak la rantre nan kad yon sitiyasyon global. Pou nou, yo pa ka jwe ak mo yo pou vin pale « souverènte limite » ak tout lòt fatra osnon rans ki la pou maske reyalite a. Zak sa a pa anyen dòt pase yon zak kote fòs etranje yo anba labannyè ONU okipe peyi a. Yo responsab tout bagay, ak yon gouvènman pope twèl yon KEP kwoupyon…Yo kraze brize lè yo vle, jan yo vle. Yo pa gen kont pou yo rann bay pèsonn. NOU DENONSE ZAK LA E NOU DENONSE OKIPASYON DEGIZE KI CHAK JOU AP DEMASKE TÈT LI PIPLIS.

– Denonse se youn, mobilize pou konbat se yon lòt, ak bon jan liy taktik, bon jan liy estratejik, se yon lòt ankò. Gen fòs ki deja kanpe pou denonse. Li nesesè depase denonsyasyon an pou rive nan mobilizasyon pou fòse yo al fè wout yo. La tou, nou dwe klè, si yo la, si nou nan sitiyasyon sa a, vre responsab yo se klas dominan yo ki fè fayit total. Vre responsab yo, se politisyen san kou­tya, do kale ki pa gen pwoblèm ak okipasyon an e ki mete nou la. Se pa yon aza si pesonn pa gen pwogram. Se pa yon aza si prèske tout dakò pou aplike CCI. Se pa yon aza si yo youn pa gen liy pou « repran souverènte peyi a » jan yo konn di li lè y ap fè demagoji.

Jounen jodi a nou dwe klè sou sitiyasyon an, nou dwe klè sou lènmi nou pou byen defini batay nou dwe mennen yo.

Nan kad zak sa a, nan lojik pa yo, yo dwe dedomaje tout moun yo matirize yo, yo imilye yo. 2 antrepriz yo ki anchaj ouvriye yo pandan yo anndan izin lan dwe dedomaje ouvriye yo tou. Men nap di li klè, okipan yo ta dwe dedomaje an­trepriz yo. Men OKIPASYON SE OKIPASYON! Yo pap fè anyen. Okontrè!

Nan lojik pa nou, nou dwe al pi lwen pase demann dedomajman an. Nou dwe rantre nan travay pou fout yo deyò a, sèl mwayen pou yo pa gen inisyativ total, sèl mwayen pou yo pa jwe ak nou, jwe ak peyi a e rive tipa tipa nan yon lòt fòm okipasyon degize y a rele titèl.

Kanmarad ouvriye LAKO ak ECEM, BATAY OUVRIYE SOLIDÈ AK NOU. Pandan nap ran­fòse komite nou anndan 2 izin yo e rive a yon nivo òganizasyon pi elve nan izin yo, nou dwe travay vit pou bon jan kowòdinasyon ak ouvriye lòt izin yo e rantre nan BATAY pandan nap mache sou 2 pye nou:

– Batay nan 2 izin yo, BATAY kont boujwa rapas yo, BATAY kont esplwatasyon.

– Konstwi kan pèp la, BATAY kont okipan yo, kont okipasyon an.

ABA ELEKSYON MALATYONG! ABA ESPLWATASYON! ABA OKIPASYON!

Pòtoprens, 7 novanm 2005