Aller au contenu

23 e 24 novanm 2005: Seminè Nasyonal: Patisipasyon Peyizan e Konstriksyon Demokratik

Platfòm Ayisyen kap Plede pou you Devlòpman Altènatif (PAPDA) pran plèzi pou l salye w pandan l ap profite okazyon sa a pou l envite w nan yon seminè nasyonal l ap òganize nan jou kap 23 e 24 novanm 2005 nan Biwo Etnoloji, # 1, Avni. Magny- Chann Mas kole ak Fakilte Etnoloji, Pòtoprens.


Pwogram kap Plede Kòz Dwa Granmoun nan Zafè Lamanjay nan PAPDA vle kontinye ankouraje diskisyon ant aktè yo ki andan sèktè agrikòl la nan lide pou ede òganizasyon peyizan yo ansanm ak alye yo reflechi sou konjonkti aktyèl peyi a epi gade ki jan pou fè tande vwa yo. Apre gwo mobibilizasyon ki te fèt 16 oktòb la nan Lestè Latibonit kote òganizasyon tout kalte te sòti nan plizyè rejyon nan peyi a te denonse ansanm estrikti eksklizyon mònd peyizan an. Pou fè swit a mobilizasyon sa a, PAPDA ap ede òganize seminè nasyonal sa a sou tèm :
Patisipasyon Peyizan e Konstriksyon Demokratik

Tèm ki pral debat nan seminè sa a se:

1. Politik agrè, dwa pou pèp la jwenn manje e agrilki onivo fanmiy

2. Dwa Granmoun Pèp yo nan zafè Lamanjay e Sekirite Fonsyè

3. Òganizsyon, Mouvman Sosyal yo e Patisipasyon Peyizan

4. Batay peyizan yo e sistèm politik an Ayiti

5. Akò entènasyonal yo fas a dwa granmoun pèp yo nan zafè lamanjay

6. Problematik emansipasyon fanm peyizan yo

7. Espas politik, kominikasyon ak eksklizyon moun kap viv nan zòn ki pi rekile yo

Seminè sa a dwe reponn a yon seri kesyon tankou:

– ki plas sektè peyizan an dwe jwe nan chwa politik pou ane kap vini yo ?
– ki wòl òganizasyon peyizan yo dwe jwe pou oryante politisyen yo sou kesyon dwa alimantasyon pèp la ?
– ki konsekans aplikasyon dokiman Kad Koperasyon Enterimè a ki rele CCI sou mònd peyizan an?
– kòman pou mete sou pye yon pwojè nasyonal pou devlopman sosyal ak ekonomik epi ki aktè fondamantal ki dwe anndan pwojè sa a ?
– ki jan pou nou fè mache yon pwosesis refòm pou transfòme estrikti politik ak ekonomik peyi a ?
– ki jan pou nou fè yon gwo platfòm pou goumen kont eksklizyon peyizan yo ?

Seminè sa a fè pati yon ansanm aktivite ki vize pou sansibilize opinyon piblik la , aktè sosyo politik yo, epi moun ki pral dirijan yo, sou ki mezi nou dwe pran pou remanbre pwodiksyuon nasyonal la epi goumen kont plan neyoliberal la.

PAPDA konte anpil sou prezans delege òganizayon w nan nan gwo evenman sa a

PAPDA ap sipòte transpò pou moun kap sòti nan pwovens, men ki baze sou tarif Leta fikse pou transpò piblik la epi dòmi an se nan lokal Kay-fanm ki nan ri # 11 , Armand Holy- turgeau. Pou plis enfòmasyon nou ka kontakte Josué vaval nan biwo egzekitif PAPDA a ki nan # 7, ri Rivyè Lali, Potoprens, tel: 244- 47 27, 210- 03 53.

PAPDA deja konte sou prezans delege oganizasyon w nan epi li voye yon gwo kout chapo pou ou.

Pou PAPDA :
• Camille Chalmers – Sekretè Egzekitif PAPDA
• Franck St Jean – Kòdonatè Pwogram nan

Men ki objektif n ap rapouswiv

Objektif prensipal

Fè diferan mouvman peyizan yo konnen kouman sitiyasyon ensekirite lamanjay la ye nan peyi a, pèmèt yo fè echanj, antant sou kreyasyon yon klima ki ka favorize emèjans kèk nouvèl politik piblik pou atake pwoblèm esklizyon mas moun kap viv nan zòn ki pi rekile yo epi pou konbat mizè nan peyi a.

Objektif espesifik yo

1. Analize prezans mouvman sosyal yo nan definisyon ak gesyon politik piblik yo.

2. Fè antann vwa òganizasyon peyizan yo ak òganizasyon sosyo-pwofesyonel yo nan peryòd elektoral la pou n ka rive a yon akò sou revandikasyon kle yo sitou revandikasyon ki lye ak ògmantasyon pwodiksyon nasyonal la.

3. Sansibilize asosyasyon peyizan yo ak asosyasyon sosyo-pwofesyonel yo sou nesesite pou yon plan nasyonal sekirite alimantè

Pwogram seminè a an detay

22 novanm 2005

3h – 8hpm Akèy delege kap sòti nan pwovens yo. Lokal Kay-fanm, # 1, ri Aman Oli, Tijo – tel : 245-5174 ak PAPDA, # 7 ri Rivyè, Lali – tel : 244- 4727 / 210-0353, Pòtoprens, Ayiti)

23 novanm 2005

8h30 – 9h00 Enskripsyon delege yo
9h00 – 9h05 Mo byenveni (Animatè seminè a: Josué Vaval)
9h05 – 9h20 Prezantasyon delege yo
9h20 – 9h30 Entrodiksyon (Agr. Franck Saint Jean, Kòdonatè Pwogram kap Plede Kòz Dwa Gramoun Peyi a nan Lamanjay nan PAPDA)
9h30 – 10h10 Dwa Gramoun Peyi a nan zafè Lamanjay (souverènte alimantè) e Sekirite Fonsye
Entèvenan: Bernard Ethéart kap sòti nan INARA
Patisipasyon Peyizan e Sekirite Fonsye
Entèvenan: Dr. Rénol Elie ki nan Inivèsite Leta a (UEH)
Moderatè : Agr. Franck Sylvain, PFNSA ak Agr. Alix Innocent, ANDAH
10h10 – 10h50 Politik agrè, dwa pou pèp la jwenn manje e agrikilti familyal
Pwoblematik emansipasyon fanm peyizan yo
Entèvenan: Allen Henry k ap sòti nan Asosyasyon Nasyonal Agro Pwofesyonel Ayisyen (ANDAH, Magalie Marcelin, Dirijan mouvman fanm (Kay-Fanm) ak Olga Benoit et/ou Evelyne Larrieux kap sòti nan SOFA
Moderatè: Agr. Dorsainvil Fruck, ANDAH
10h50 – 11h15 Kesyon
11h15 – 11h30 Yon ti goute
11h30 – 12h15 Atelye:
1. Sekirite Fonsyè, Anviwònman e alimantasyon popilasyon an
Animatè : Agr. Ronel Thélusmond kap sòti nan INARA
2. Kad makro-ekonomik pou defini yon politik agrikòl favorab nan enterè zòn ki pi rekile yo ak nan enterè nasyon an.
Animatè : Agr. William Gustave
12h15 – 12h30 Prezantasyon rezilta atelye yo
12h30 – 13h15 Manje
13h15 – 13h45 Oganizasyon, Mouvman Sosyal ak Patisipasyon Peyizan yo
Intèvenan: Chenet Jean Baptiste kap sòti nan ITECA
Moderatè : Roosvelt Millard kap sòti nan Fakilte Syans Zimèn (FASCH)
13h45 – 14h35 Kesyon
14h35 – 15h00 Animasyon kiltirèl
15h00 – 15h05 Kloti jounen an

24 novanm 2005

8h30 – 9h10 Enskripsyon
9h10 – 9h30 Rapèl premye jounen seminè a (William Thélusmond)
9h30 – 10h10 Espas politik, Kominikasyon, Esklizyon mond peyizan
Entèvenan: Georges Joseph, Direktè SAKS, Antwopolog
Prof. Didier Dominique kap sòti (architèk)
Moderatè: Sony Esthéus kap sòti nan SAKS
10h10 – 10h40 Akò Entènasyonal yo fas a Dwa Gramoun nan zafè Lamanjay
Entèvenan : Camille Chalmers kap sòti nan PAPDA e Agr. Luc Saint Vil kap sòti nan Oxfam GB
Moderatè : Ricot Jean Pierre, PAPDA
10h40 – 11h20 Batay peyizan yo e sistèm politik an Ayiti
Entèvenan : Yves Michel Thomas responsab Pwogram Memwa Popilè nan ICKL, Ansy Vixamar kap sòti nan Tèt Kole Ti Peyizan
Moderatè : Roland Belizaire manm MODEP e prof. nan UEH
11h20 – 11h45 Kesyon – deba
11h45 – 12h00 Yon ti goute
12h00 – 12h15 Transfòmasyon agwo-alimantè : Etid ka : Lèt Agogo
Michel Chancy, VETERIMED
12h15 – 12h45 Atelye
1. Altènativ pou yon veritab devlòpman transfòmasyon AgWo – alimantè
Animatè: Agr. Franck Saint Jean, PAPDA

2. Oganizasyon Mouvman Sosyal yo pou respè dwa sitwayen. Animatris : Olga Benoit e/ou Evelyne Larrieux de SOFA

12h45 – 13h00 Prezantasyon rezilta atelye yo
13h00 – 13h45 Manje
13h45 – 14h30 Animasyon Kiltirèl
14h30 – 14h45 Mo pou klotire seminè a
Marc Athur Fils Aimé, Kòdonatè PAPDA