Aller au contenu

Zòn franch Codevi Grupo M: Sit-in devan Ministè Afè Sosyal pou pwoteste kont sitiyasyon malouk

Nan kad semenn mobilizasyon sou sitiyasyon ouvriye ak ouvriyèz ap sibi nan zòn franch Codevi Wanament, e fas a pwoblèm Ministè Afè Sosyal ak Travay ki poko janm remèt sendika SOKOWA atestasyon legal li, malgre tout pyès te depoze depi nan debi mwa fevriye 2004 la.

Entèsendikal Premye Me Batay Ouvriye ap anonse:

Yon sit-in, vandredi 2 jiyè 2004 la, a 9:30 nan maten, devan Ministè Afè Sosyal, 12 Ri de l Antèman, Pòtoprens.

Entèsendikal la, ak Sendika Ouvriye Kodevi Wanament (SOKOWA) ap tou pwofite okazyon sa a pou bay yon Konferans pou laprès konsènan sitiyasyon malouk ki kontinye egziste nan zòn franch Codevi Grupo M a, ak vyolasyon teritwa ayisyen ke lame dominiken ap fè regilyèman nan etablisman sa a.

Pandan n ap envite laprès pou li vin kouvri evènman an, n ap envite tout demokrat ak pwogresis vin patisipe ak nou nan sit-in sa a pou pwoteste kont revokasyon enjis plis pase 300 ouvriye nan premye zòn franch peyi d Ayiti, poutèt yo t ap reklame dwa sendikal yo, dwa demokratik yo. E chache repons gouvènman peyi d Ayitii ki, malgre li voye yon Komisyon Entèministeryèl nan Wanament, poko janm bay pozisyon l klè sou tribilasyon konpatriyòt nou yo nan zòn franch la.

Nou konte sou prezans tout moun.

Julien Petit-Frère, Entèsendikal Premye Me – Batay Ouvriye

30/06/2004