PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Souveraineté alimentaire - Production nationale

Semans OGM MOSANTO yo : yon kout mato anplis sou tèt ti peyizan yo ak sou pwodiksyon agrikòl la

18 Avril 2012 Guy NUMA

Posté le 20 avril 2012 par

Nan mwa mas 2012 la, otorite yo lanse yon kanpay pou ranfòse pwodiksyon agrikòl nasyonal la, dapre sa yo di. Se ministè agrikilti ak Winner ki se yon pwogram USAID ki te fè lansman sa a 23 mas ki sot pase a. Pwojè Winner a ki gen nan tèt li ansyen minis afè etranjè sou Divalye, Jean Robert Estimé, deja prezan nan divès zòn nan peyi a, ap travay nan domèn agrikilti. Yo ede peyizan yo nan kesyon semans, sitou semans MOSANTO yo. Nan kèk zòn nan peyi a tankou nan komin Kwadèboukè, yo ankouraje peyizan yo plante gwo metsiyen (jatwofa) pou meriken fè luil pou machin mache, nan plas manje pou moun manje.

Dapre minis agrikilti a Herbert Docteur ak direktè Winner a, yo pral travay pou modènize agrikilti a. Lè nou sonje kantite pwopagann ki fèt sou modènizasyon TELEKO, lè nou gade reyalite TELEKO jounen Jodi a, nou ka konprann rapidman kisa modènizasyon an vle di pou otorite nou yo. Si modènize TELEKO vle di, bay laboujwazi TELEKO pou piyay, se sèten, modènize agrikilti a prale nan menm sans lan. Se wete agrikilti a nan men ti peyizan yo epi mete li anba ponyèt gwo konpayi kapitalis yo. Se nan sans sa a, direktè Winner a di, yo pral enpòte 150 tòn semans ibrid, nan kad kanpay sa a (Alterpresse, vendredi 30 mars 2012). Dapre minis agrikilti a, leta pral sibvansyone angrè a. Minis la di, angrè a ap pi chè, men l ap pi disponib.

Lè nou konnen, Winner se youn nan enstitisyon k ap fè pwomosyon semans MOSANTO yo sou teren an, nou sèten, se semans OGM MOSANTO yo, li pral kontinye simaye nan degonn peyizan yo. Epi tou, kilès ki konnen si se pa angrè MOSANTO ki pral anvayi mache a tou ? Kilè peyizan ayisyen yo ap sispann pran kout mato anba ponyèt dirijan ayisyen epi boujwazi lokal ak entènasyonal la ?

Kout je sou kèk kout mato otorite yo deja lage sou tèt peyizan yo

Depi lane 1980 yo, ak aplikasyon politik neyoliberal yo, gen yon bann mezi k ap pran pou detui ekonomi peyizan an, an patikilye, pwodiksyon agrikòl nasyonal la. Andedan vant politik neyoliberal la, gen : privatizasyon antrepriz leta yo, zafè mache lib la ak divès lòt mezi bout di ki mande pou leta pa envesti nan kesyon sosyal yo. Nan kad aplikasyon politik sa a, diferan gouvènman ki pase yo deja pran yon bann mezi pou kraze pwodiksyon agrikòl nasyonal la sou lòd FMI ak Bank Mondyal, nan enterè kominote enperyalis la ak gwo antrepriz miltinasyonal yo.

Pou kalte politik sa a te kapab enstale nan peyi a, li te nesesè pou enperyalis la ak tchoul li yo ki andedan peyi a te mete peyizan yo ajenou. Konsa, youn nan premye mezi yo te pran, se te touye kochon kreyòl yo. Apre sa, yo te kòmanse anvayi mache nasyonal la ak pwodui pèpè. Sou Janklok Divalye, yo te parèt ak sa yo te rele diri Janklod la. Men fòk nou di, diri a se pat diri Janklod, se te pito diri ameriken. Apre depa Janklod Divalye, enperyalis meriken te antann li ak ekip Jeneral Nanfi a pou kontwole mache a nèt. Konsa, yo anvayi mache ayisyen an ak yon bann kalite pwodui pèpè. Pou yo te kraze pwodui pa nou yo, yo te desann pri pwodui pèpè yo. Lè pwodui pa nou yo koumanse disparèt, pwodui pèpè yo vin monte disèt wotè.

Kalite politik malveyan sa a pral kontinye sou tout lòt gouvènman ki vini apre yo. Sou gouvènman lavalas la, politik sa a te kontinye pirèd. Dayè, pou Aristid te retounen sou pouvwa a, li te aksepte pou li te vin aplike plan Pari a epi padone militè yo ki te sèvi kòm bra ame koudeta 30 sektanm nan. Se konsa, nan lane 1995, Aristid te pran yon dekrè kote li liberalize mache a nèt. Taks ladwann sou machandiz ki soti lòtbò dlo yo te vin bese byen ba. Nan yon tèks Leslie Péan ekri epi ki soti sou Altèprès nan dat 18 jiyè 2010, li montre aklè kouman tarif dwanye yo bese jouk anba pou pèmèt moun k ap enpòte machandiz nan peyi a fè plis kòb. Dapre Leslie Péan, soti 1970 pou rive 1998, taks sou enpòtasyon diri nan peyi a, soti nan 50 pou san (50%) pou li desann nan 3 pou san (3%), taks sou enpòtasyon pwa soti nan 50 pou san (50%) pou li desann nan zewo pou san (0%) alòske taks sou enpòtasyon mayi soti nan 50 pou san (50%) pou li desann nan 15 pou san (15%). Politik sa a lakòz menm moun k ap pwodui bannann nan peyi a anba gwo difikilte pou kontinye pwodui. Bannann ki soti kay vwazen ap kale nou san pran souf. Se pa sèlman nan bannnan n ap pran kou nan men Repiblik dominikèn. N ap pran kou nan vyann, poul, ze ak divès pwodui agrikòl. Pa egzanp, Repiblik Dominikèn voye vann plis pase yon milyon ze chak jou nan peyi a, sa vle di 30 milyon ze chak mwa. Nan esplikasyon li t ap bay pou esplike kriz dola ki te gen nan peyi a nan finisman ane 2011 lan, gouvènè Bank Santral la te di, Ayiti achte anviwon 1 milya 300 milyon dola machandiz chak ane, nan men Dominikani. Menm si anpil moun te gen dout sou kriz sa a, gouvènè BRH la te di kantite dola n ap voye achte kay vwazen an, se youn nan rezon ki te esplike kriz dola a. Sa ki montre kouman repiblik dominikèn anvayi mache nou an nèt. Fòk nou di, boujwazi dominikèn nan ap travay lontan pou okipe mache ayisyen an. Sa k pi grav, boujwazi dominikèn nan jwenn konkou dirijan ayisyen yo, pou ede yo ateri estrateji sa a. Dènye seri kontra minis demisyonè Laurent Lamothe siyen ak otorite dominiken yo, nan mwa mas 2012 la, rantre nan menm estrateji sa a. Nou ka konstate nan kad kontra sa yo, menm ansèyman siperyè ayisyen an, patikilyèman inivèsite Limonad la, ap pase anba woulo konpresè neyoliberal la. Gen yon rimè k ap kouri nan peyi a depi lontan ki fè kwè, enperyalis meriken, ta enterese sèvi ak dominikani pou ranfòse dominasyon li sou peyi a. Mezi k ap pran la yo, pil kontra k ap siyen anwo chal epi anba chal yo, sanble vle jistifye rimè sa a.

Kalite politik sa a gen gwo konsekans sou pwodiksyon nou ak sou lavi nou nan peyi a. Dapre chif Leslie Péan yo, nan lane 1984, Ayiti te konn enpòte 5.000 tòn diri, nan lane 1994, nou rive enpòte 140.000 tòn diri, nan lane 2009, nou enpòte 276.000 tòn diri. Sa vle di, pifò diri nou manje nan peyi a soti aletranje, sitou nan peyi Etazini. Kidonk, nou voye anpil lajan nan peyi Etazini pou diri sèlman san konte lòt pwodui yo vann lakay nou. Dapre chif ofisyèl yo, nou achte anviwon 600 milyon dola diri chak ane, nan men peyi Etazini. Sa ka ban nou yon lide sou enterè yo genyen nan kraze pwodiksyon lakay nou. Sa vle di tou, lò nou pa pwodui ase epi lò nou pa manje sa nou fè lakay nou, se yon gwo sèvis nou ran peyi rich yo. Pou pèmèt gwo pwodiktè peyi rich yo ak antrepriz miltinasyonal yo fè plis kòb sou do nou, gouvènman ayisyen yo bay yo tout avantaj yo bezwen. Anplis sa, gouvènman nou yo ak boujwazi kokorat ki gen nan peyi a, pa envesti nan agrikilti alevwa pou yo ta fè yon veritab refòm agrè nan peyi a.

Pandan 2 manda Preval fè sou pouvwa a, se politik neyoliberal la ki te pwogram li ak alye l yo. Li bay enperyalis la ak FMI, plis Bank Mondyal tout sa yo mande l, li kontinye politik mache lib la epi koumanse vann antrepriz piblik yo. Pandan premye manda li a, Preval te vann Minotri ak Siman d Ayiti epi nan dezyèm manda a, li vann TELEKO pou po patat, apre li fin revoke plizyè santèn travayè ak travayèz nan TELEKO. N ap fè sonje travay pou demantibile TELEKO a te kòmanse depi sou Aristid. Pandan manda li a, gouvènman Aristid la te vann pifò santral telefonik pwovens yo, bay yon seri gwo potanta nan lavalas la. Kounye a, santral sa yo fin kraze nèt. Anpil nan yo pa egziste ankò oubyen yo pap mache. Menm si EDH swadizan nan men leta, se plis sektè prive a ki kontwole li. Se antrepriz SOGENER ak E-POWER ki pwodui kouran pou vann bay leta nan anpil zòn nan peyi a. Se sa ki fè boujwa sa yo pa janm gen pwoblèm pou finanse kanpay elektoral kandida machann peyi sa yo. Paske, lè kandida sa yo fin eli, boujwa yo gen kote pou yo tire lajan yo ak dèyè. Lè boujwa yo fin envesti lajan nan eleksyon, yo gen posiblite pou jwenn kontra nan move kondisyon, pou achte aksyon nan antrepriz leta a yo, okipe gwo pòs nan leta oubyen voye moun pa yo al okipe pòs sa yo. Kidonk, se yon envestisman yo fè. Anpil fwa, yo envesti nan plizyè kandida, sitou sa yo sispèk ki ka pase osinon, kandida ki gen gwo anbasad kanpe dèyè do yo. Apre 12 janvye, anpil moun te konprann peyi a te ka pran yon lòt kap. Men, tout moun konstate se menm politik k ap donnen katastwòf la ki kontinye ap aplike. Politik pou kraze pwodiksyon peyizan yo kontinye ap fè chimen li. Akote politik neyoliberal la, akote gwo metsiyen k ap plante nan peyi a pou pwodui luil pou machin pandan moun ap mouri grangou, gen MOSANTO ki parèt ak yon seri pwodui pou pete fyèl peyizan yo ak pwodiksyon agrikòl la. Zafè pwodui OGM MOSANTO yo, se yon kout mato anplis. Ann lonje dwèt sou dyab sa a ki rele MOSANTO a.

MOSANTO, kilès ou ye ?

MOSANTO se pa yon maladi, se pito yon gwo antrepriz kapitalis ki ka touye w menm jan ak maladi kolera, anba mizè ak grangou. Se yon gwo konpayi ameriken ki nan 46 peyi sou latè. Anjeneral lò yon antrepriz prezan nan plizyè peyi, yo rele li antrepriz miltinasyonal oubyen antrepriz transnasyonal. Antrepriz sa a ki rele MOSANTO a, se yon antrepriz ki espasyalize nan vann semans, angrè ak lòt atik ki nesesè pou pwodiksyon agrikòl. Semans MOSANTO yo, se yon seri semans yo prepare nan laboratwa. Moun k ap plante semans sa a, bezwen anpil pestisid ak anpil angrè espesyal. Se nan men MOSANTO pou achte pwodui sa yo tou. Antrepriz sa a reyalize anviwon 7 milya 500 milyon dola vèt chak lane, selon enfòmasyon nou jwenn nan yon dokiman Jane Reagan ak Beverly Bell te pwodui sou MOSANTO, nan dat 3 jen 2010. Sa vle di, benefis MOSANTO ap fè sou peyizan nan peyi kote li prezan yo, se pa ti bagay piti. Pou MOSANTO rantre nan peyi d Ayiti, li te pwomèt pou li bay peyizan Ayisyen yo anviwon 475 tòn semans mayi ak legim. Nan dokiman Jane ak Beverly pwodui a, yo di, 475 tòn semans lan ap bay anviwon 60 mil sak semans. MOSANTO koumanse bay semans yo nan peyi a, men li di, li pap bay angrè. Sa vle di, MOSANTO deja kreye kondisyon pou li vann angrè li yo nan peyi a.

Konpayi sa a ak 3 lòt konpayi agwo-endistri kontwole plis pase mwatye semans sou latè. Sa ki pi grav, MOSANTO ka mennen w devan lajistis nenpòt lè li vle. Dayè li gen lajan pou li fè jij chante kòk, menm jan anpil antrepriz k ap eksplwate lò ap fè sa nan peyi Meksik ak anpil lòt peyi. Pa egzanp jouk rive nan lane 2007, MOSANTO te gentan pote 112 plent nan lajistis kont 372 peyizan ak agrikiltè meriken epi kont 49 ti konpayi agrikòl, paske yo di konpayi sa yo te vyole kontra yo. Anreyalite, estrateji a se kraze ti agrikiltè yo, ti peyizan yo epi kansantre agrikilti a nan men gwo antrepriz kapitalis. Konsa, plizyè peyizan ap tounen ouvriye agrikòl epil anpil lòt ap kontinye monte nan pòtoprens pou vin bouske lavi, janbe fil pou rantre kay vwazen oubyen pran kanntè pou Miyami.

Kouman pou nou konprann kado MOSANTO di li bay peyizan Ayisyen yo ?

Semans MOSANTO yo, se yon seri semans OGM, sa vle di, òganis jenetikman modifye. Lò w plante semans MOSANTO yo, w ap rekòlte li pandan premye rekòt la. Apre sa, li pap leve ankò oubyen menm si li leve, li pap donnen. An jeneral, lò peyizan ayisyen an fin rekòlte, li toujou sere yon pati nan rekòt la pou li plante nan lòt sezon. Semans MOSANTO yo pa pèmèt ou fè sa. Sa ki fè, menm lè MOSANTO fè w kado semans OGM li an, se nan men li ou pral achete ankò pou tout lòt sezon plantasyon yo. Se sa ki fè anpil moun di, kado MOSANTO a, se yon kado anpwazonnen. Sa vle di, MOSANTO fè nou kado semans, pou nou ka kite semans kreyòl nou an disparèt. Yon fwa semans kreyòl nou yo fin disparèt, nou pral achete semans OGM nan men li chak lane.

Jan nou deja di li, gen yon pwojè ki rele Winner ki se pitit vant USAID (gouvènman ameriken) ki responsab pou li ateri semans malè MOSANTO yo nan peyi a. Se pa sèlman semans MOSANTO yo pwojè Winner/USAID ap simaye, li ap plante gwo metsiyen (Jatwofa) nan plizyè zòn kote li prezan nan peyi a, an patikilye nan komin Kwadèboukè. Pwojè Jatwofa a, se yon pwojè gouvènman ameriken genyen pou li pwodui luil pou fè machin mache. Gouvènman meriken te chwazi 8 peyi pou plante plant sa a. Ladan yo, gen peyi d Ayiti. Nan anpil kote nan peyi a, Jatwofa/gwo metsiyen deja ap taye banda. Nan anpil peyi sou latè, tè a ap plis sèvi pou plante Jatwofa pou fè machin mache, olye tè a pwodui manje pou moun manje. Nou ka konstate tout kalkil k ap fèt yo, se kalkil pou mete plis lajan nan pòch grannèg. Sa pa gade yo si moun ap mouri grangou.

Objektif MOSANTO se fè plis lajan. Se pa yon pwoblèm pou li si agrikilti peyizan an ap kraze. Pou antrepriz sa yo, mache ayisyen an, se yon mache enpòtan. Si yo antre ladan, y ap ka reyalize anpil benefis. Dapre Leslie Péan, mache semans lan nan peyi a, li rive nan 20.000 tòn anviwon. Nan mache 20.000 tòn sa a, li di, nou gen yon mache 7.200 tòn mayi, 4.200 tòn pitimi, 4.320 tòn diri epi 3400 tòn pwa. Pou legim ak pwa kongo, nou gen yon mache anviwon 900 tòn.

Ki batay nou dwe mennen kont kalte politik petefyèl sa yo ?

Ti rale nou sot fè la a montre aklè gen plizyè kout mato ki deja tonbe sou tèt peyizan yo ak pwodiksyon agrikòl la nan peyi a. Depi lane 1980 yo, peyizan yo ap pran gwo kou anba dirijan ayisyen yo ki toujou fè yon sèl kò ak boujwa yo, grandon yo epi ak enperyalis la. Sa ki fè, okenn òganizasyon pa kapab goumen poukont pa li kont gwo lènmi sa yo. Chak òganizasyon poukont pa li dwe fè tout sa li kapab pou mennen batay la bò kote pa li, men, li enpòtan tou pou ansanm òganizasyon peyizan yo ak òganizasyon lavil yo makonnen fòs yo ansanm pou konstui yon gwo fòs ki kapab kouri dèyè gwo malfini sa yo.

Nan divès peyi, gen gwo goumen k ap mennen kont gwo konpayi malfini miltinasyonal yo. Via Campesina, ki se pi gwo konfèderasyon peyizan nan lemond, ki genyen òganizasyon nan plis pase 60 peyi ki manm, di Monsanto se youn nan lenmi prensipal peyizan k ap fè agrikilti natirèl epi k ap goumen pou dwa granmoun peyi yo nan zafè lamanjay. Dapre Via Campesina, Monsanto ak lòt gwo agwo-endistri miltinasyonal yo kontwole plis tè ak biznis agrikilti chak lane, epi se yo ki lakòz peyizan ap pèdi tè yo epi pèdi travay yo. Yo di agwo-endistri sa yo ap kontribye nan chofe planèt la epi fè lòt dezas nan anviwonman an tou.

Nan lane 2009, jou ki te 16 oktòb, Jounen Entènasyonal Manje, Via Campesina te lanse yon kanpay entènasyonal kont Monsanto avèk manifestasyon, okipasyon tè epi grèv grangou nan plis pase 20 peyi. Nan dat 17 avril 2010, Via Campesina te fè yon dezyèm jounen aksyon kont Monsanto. Bò lakay pa nou, divès òganizasyon tankou Tèt Kole Ti Peyizan ayisyen, MPNKP ak lòt òganizasyon peyizan, deja mennen kèk batay pou denonse MOSANTO. Oganizasyon sa yo denonse tou, pratik divès enstitisyon tankou Winner/USAID ak lòt ap fè pou plante gwo metsiyen nan plas manje pou moun manje. Men, sa pa anpeche Winner rete kòm youn nan pigwo kolaboratè ministè agrikilti nan pey a.

Mobilizasyon k ap fèt sou kesyon sa a, batay kont okipasyon, kont politik neyoliberal yo ak gwo antrepriz kapitalis k ap petefyèl nou yo dwe kontinye. Men, fòk nou mennen batay sa yo, antan n ap konstui nan peyi a, yon gwo fòs ki rasanble tout fòs pwogresis ak popilè yo, pou batay kont kapitalis la, ak tout sa li charye dèyè li. Nou dwe enskri demach sa a, nan dinamik konstriksyon yon veritab Altènativ Popilè Revolisyonè. Se nan yon demach konsa, n ap sispann pran kout mato nan men kominote enperyalis la, politisyen k ap kale tèt pèp la ak klas dominant lokal yo.

Guy NUMA

Militan, edikatè popilè

Manm kòdinasyon Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)

18 Avril 2012



 

Deklarasyon final Fowòm Nasyonal nasyonal oganizasyon Peyizan yo ki fèt sou tèm : Agrikilti familyal agwoekolojik, yon modèl pou konbat mizè, pou asire idantite ak souverènte pèp la, yon batay pèmanan mouvman peyizan konsekan yo .

Posté le 11 avril 2014 par Franck Saint Jean

Prise de position d’organisations de la Grand’Anse à la veille d’une réunion du conseil des ministres à Jérémie.

Posté le 31 mars 2014 par PAPDA

ATANSYON ! MALÈ PANDJE SOU TÈT FILYÈ DIRI A NAN LATIBONIT

Posté le 5 décembre 2013 par

Lettre ouverte au Premier-ministre Laurent Lamothe [des associations caféières pour placer le café sur la liste des produits à livrer au Venezuela]

Posté le 24 juillet 2013 par PAPDA

Souveraineté alimentaire,une perspective féministe

Posté le 3 mai 2013 par PAPDA

La campagne « Aba grangou » inquiète la Grand’Anse

Posté le 30 juillet 2012 par

L’élite haïtienne doit épouser la lutte de la classe défavorisée selon la PAPDA

Posté le 3 mai 2012 par

Organizaciones campesinas y gobiernos dialogan por la soberanía alimentaria y la reforma agraria integral

Posté le 26 mars 2012 par

Lancement d’une alliance internationale contre les accaparements de terres

Posté le 28 novembre 2011 par

Monsanto in Haiti

Posté le 18 juillet 2011 par PAPDA

 
 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox