PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Démocratie participative

Konferans pou laprès Batay Ouvriye ak Komite ekzekitif SOTA

Posté le 2 décembre 2011 par

Batay Ouvriye ak Komite ekzekitif SOTA ap òganize yon konferans pou laprès pou rete sou dènye evolisyon ki genyen nan dosye ouvriye manb komite ekzekitif SOTA ak divès manb aderan ki te revoke poutèt yo aprann oswa yo sispèk y ap mennen aktivite sendikal nan 3 izin soutretans ki se Genesis, One World Apparel ak Multiwear nan Pòtoprens.

Kòm nou te fè konnen nan konferans nou te fè nan mwa septanm pase a sou revokasyon sa yo, koman yo ilegal ak abitrè epi nou te mande reyentegrasyon tout manb SOTA ki te revoke yo. Jodia, apre 2 mwa lit kote nou te kontakte epi pwoteste douvan divès enstans oswa òganizasyon nasyonal kou entènasyonal pou enfòme yo de kalite represyon antisendikal k ap devlope nan sektè tekstil la. Nou te resevwa anpil soutyen bò kote divès òganizasyon sendikal ak òganizasyon ki fè solidarite ak lit travayè onivo entènasyonal tankou Inyon Jeneral Travayè Gwadloup, Konfederasyon Sendikal Entènasyonal, Konfederasyon Sendikal Amerik yo, Federasyon Travaye Kebèk(FTQ) Confederasyon sendikal Nasyonal(CSN) o Kanada, Konfederasyon Revolisyonè Travayè ak Peyizan Meksik, Santral Travayè Ajantin, Sendika Metalijis ki fè pati Conlutas o Brezil, Santral Jeneral otonòm Travayè Panama, WRC, Sant Solidarite, Maquila Solidarity Network, International Labor Rights, CISO(sant entenasyonal ki fè solidarite ouvriye), elatriye. Onivo nasyonal, ouvriye revoke yo te jwenn apyi Aumodh, Papda, POHDH, Biwo Avoka entenasyonal, ICKL, Antèn Ouvriye ak òganizasyon sendikal tankou CNOHA, OGITH ak FEHATRAP, ak òganizasyon k ap batay nan kan popilè a tankou MODEP, Tet Kole òganizasyon popilè epi nou te gen lapres an gran pati te bay gwo kouvèti sou dosye manb SOTA ki te revoke yo. N ap di tout moun ak òganizasyon ki te sipòte nou nan batay sa a mesi pou tout enterè ak apyi yo te pote bay kanmarad nou yo.

Anplis de denonsyasyon, nou te pote plent nan MAST epi nou te ekri an 2 fwa minis la, nou pa janm jwenn okenn repons ni bò kote minis ni bò Direksyon Travay, enstans ki konsènen pa koze vyolasyon ak pwoteksyon dwa travayè. Nou te aprann MAST t ap fe yon ankèt men yo pa t janm kontakte manb SOTA yo pou yo te enfòme sou sa ki te pase nan 3 izin yo kòm premye konsenen. Plent nou te depoze nan Biwo Rejyonal MAST la te tande devan sevis konsilyasyon men sete yon gwo batay pou te fè konsilyatè a te tande nou, tande pozisyon nou pou li te ekri yo kòm sa dwa nan pwosevèbal la. Pwosesis pote plent epi konsilyasyon an pa t yon bon esperyans ditou. Biwo a manke kit nan resous imèn konpetan, onèt ki kapab trete yon ka san paspouki. Li te klè pou nou jan konsilyasyon an t ap fèt te gen pwoblèm. Limit pwovizyon nan kod travay la pou yon ka konsa epi limit kay konsilyatè yo sou aplikasyon nòm entènasyonal travay sou kesyon an te 2 gwo obstak nan batay legal nou te inisye apati plent nou te fè nan Biwo rejyonal Lwes/MAST la.

Anplis de sa, nou te entèvni bò kote Better Work Haiti(BWH) pou li te fe yon ankèt sou revokasyon yo. Yo te vin fè yon not piblik sòti kote yo te di yo ta pral fe yon ankèt sou ka nou te pote devan yo. BWH se yon enstitisyon ke BIT kontwole epi ki gen pou fè evalyasyon izin tekstil yo, gade si yo an konfòmite ak nòm entènasyonal fondamantal OIT yo ak lejislasyon nasyonal. Apre plis yon mwa, BWH pibliye rapò ankèt li te fè sou ka manb komite SOTA ki te revoke yo. Nan konklizyon rapo sa a, li fè divès obsèvasyon ak rekòmandasyon tankou :

1) Reyentegrasyon kòm reparasyon ak aryere salè manb Komite SOTA yo te pèdi depi dat yo te revoke yo poutèt aktivite sendikal oubyen poutèt apatnans yo a yon sendika ;

2) Reyentegrasyon an se yon reparasyon ki jistifye pou fè pwoposyon kondisyon pou gen libète asosyasyon menm nan ka sendikalis yo te revoke san ke anplwayè yo pa t konnen yo te nan sendika ;

3) Dapre BW, reyentegrasyon an nan ka sa a, tap reprezante pou anplwayè yo yon repons ki pi konstriktif ;

4) Pou garanti konfòmite a nom entènasyonal sou libè asosyasyon BW ankouraje anplwayè sektè tekstil yo pou yo gen yon politik ak pratik anplwa ki konfom a nòm yo. Pou sa fèt, yo dwe aji pou fè asepte epi rekonèt dwa travayè yo pou kreye lib e libè sendika yo chwazi. Se pou anplwayè yo, patwon yo evite revoke oubyen menen aktivite ki pote prejidis sou travayè yo paske yo fè pati yon sendika oswa y ap mennen aktivite sendikal nan lè yo pa nan travay oswa ak akò anplwayè a nan lè y ap travay. Rekomandasyon BWH yo di tou fòk gen yon politik ak pratik anndan antrepriz yo ki pa fè diskriminasyon kont sendika nan fòme kad siperyè, responsab Resous Imèn yo ak sipèvizè pou yo bay manb sendika yo bon trètman lè y ap mete an aplikasyon mete pwosedi disiplinè tankou sispansyon, transfè ak revokasyon. BW di tou fok yo devlope de mekanism transparan ki jis epi ki fyab pou trete plent ak rezoud konfli yo tou. Epi lanse nan yon dyalòg sosyal ak negosyasyon kolektif ak reprezantan ouvriye yo.

5) BWH ankouraje sendika ki nan sektè tekstil la pou yo vin gen plis matirite nan konpòtman ak aksyon yo, amelyore konesans yo ak konpetans yo nan kesyon tankou dwa ak responsablite yo espesyalman sa ki konsènen reprezantasyon, dyalòg sosyal ak negosyasyon kolektiv avèk soutyen sendika entenasyonal yo ak OIT epi aji pou :

-  Devlope konpetans nan kesyon reprezantativite sendikal nan izin lan, respekte prosedi ki aplikab nan lejistasyon travay peyi Dayiti ak nòm entènasyonal sou pwosedi pou fè patwon yo konnen ak pwosesis pou rekonesans sendika a pa gouvènman epi anplwayè yo ;

·- Amelyore konesans ak konpetans reprezantan sendika yo nan izin yo nan domèn lejislasyon travay peyi a, jestyon plent yo, jwenn solisyon pou konfli yo ak reprezantasyon travayè yo sou kesyon pèfòmans ak pwosedi disiplinè yo ;

·- Epi angaje yon dyalòg sosyal ak negosyasyon avèk bòn fwa ak patwon yo.

6) BW ankouraje MAST pou amelyore sevis rezolisyon konfli yo ak soutyen OIT ;

7) BW konpran ke pwosesis pou revize kod travay la komanse ak ed OIT. BW panse ke li enpotan pou yo garanti kondisyon pou libète asosyasyon an, fè revizyon k ap pèmèt lwa a an konfòmite ak nòm entènasyonal yo sou libète asosyasyon ak negosyasyon kolektif epi adopte de mezi efikas ki pwoteje epi ki pèmèt jere aksyon diskriminatwa ki fet kont sendika.

8) BW rekomande ADIH, pwopriyete izin yo, sendika yo pou yo angaje nan yon pwosesis dyalòg ak soutyen OIT epi tabla rapò konfyans ant yo epi ankouraje relasyon sosyal ki konstriktif.

Sa se kèk obsèvasyon ak rekomandasyon BW yo fè sòti nan rapo yo pibliye nan dat 29 novanm lan. Pou nou menm, nou panse sa ki di nan rapò a se yon pa pozitif. Li konfime pozisyon nou sou karaktè ilegal ak abitrè revokasyon ouvriye manb komite SOTA yo. Sa ki di nan rapò a bay baz pou nou rantre nan yon pwosesis negosyasyon ak patwon yo depi yo reyentegre 5 manb komite ekzekitif SOTA yo touswit jan rapò a mande l la, epi jan Gildan ak Hanes mande l nan kominikasyon li fè ak de òganizasyon epi ki rapote nan lapres Kanadyen tankou Montreal Gazette. (Gildan ak Hanes se 2 konpayi ki pwodyi rad yo nan izin kote revokasyon yo te fet yo)

Nan kontèks enpinite patwon yo konn jwi lè ka konsa yo konn prezante, nou kwè fòk responsab nan MASTsispann gen yon apwòch ak atitid k ap sèvi enterè patwon yo k ap vyole dwa travayè. Pou nou menm, divès rekòmandasyon ki parèt nan rapò BW la dwe aplike. Se poutèt sa nou menm nou pare pou rantre nan de negosyasyon ak patwon yo pou nou jwenn yon akò sou mekanis oswa kòman sendika SOTA pral fonksyonen nan izin tekstil yo. Fòk le ouvriye SOTA yo retounen yo kapab jwi de libète sendikal yo ak tout pwoteksyon ki nesesè yo. SOTA fòme pou li reprezante ouvriye yo epi defann dwa ak enterè yo. Manb komite ekzekitif Sota yo ansanm ak delege ESPM-Batay Ouvriye wè rantre nan yon pwosesis konstriktif pou negosye ak patwon yo nan respè lalwa ak konvansyon entènasyonal travay yo tout revandikasyon ouvriye izin tekstil yo.

Esperyans ki sòt fèt pandan 2 mwa sa yo montre nou : Travayè yo anjeneral ak ouvriye yo anpatikilye pa gen okenn apyi bò leta ayisyen lè yo an difikilte epi kif è apèl a yo. MAST pa la pou garanti pwoteksyon dwa yo . Se gras a mobilizasyon nou ak apyi solidarite ajisant divès òganizasyon nasyonal kou entènasyonal, nou fè pa sa a. N ap pwofite okazyon sa a pou remèsye tout moun ki te voye lèt pwotestasyon ak pou mande reyentegrasyon manb SOTA yo bay patwon yo, ak konpayi Gildan ak Hanes pou chanje rapò de fòs yo anfavè nou jodia. Nou menm nou di : Fòk patwon yo respekte sa Gildan mande konpayi Genesis pou li regle kesyon entegrasyon ouvriye yo pa pita ke 2 desanm. Kidonk, nou rete ouvè pou rankontre oplivit mèt izin yo oswa reprezantan yo pou nou rete sou modalite reyentegrasyon ak swivi ki gen pou fèt apre.

Li klè pou nou se nan batay, ouvriye yo, travayè ap jwenn rekonesans dwa yo. Nou fè yon ti pa, se vre. Men gwo travay la gen pou fèt. Tout ouvriye ak ouvriyèz nan izin soutretans yo dwe sèvi ak rekòmandasyon BW yo pou fè lit yo vanse. Pou sa fèt, men sa n ap mande :

1) Pou patwon yo pran kontak fòmèlman ak manb komite SOTA ki te revoke yo jodi a menm pou yo tounen travay lendi 5 desanm oplita sou bas kondisyon ki paret nan rekòmandasyon BW yo ;

2) Pou MAST ak BW fè monitoring sou retou manb SOTA yo nan izin yo, swiv pou wè si pratik diskriminasyon anti sendikal yo ap kontinye menmsi patwon yo ta asepte reyentegrasyon yo an prensip ;

3) Inisyativ pran pou yon premye rankont fèt ant 2 pati yo an prezans BW ak MAST pou fòme yon komisyon k ap gen pou chita sou mekanis aplikasyon prensip libète asosyasyon nan antrepriz yo. Nou pral kontakte patwon yo, MAST, BW ak divès lòt enstans oswa òganizasyon pou sa lanse depi jodi a ;

4) Komisyon sa a ta rete sou preyokipasyon patwon yo ak pa SOTA yo pou jwenn solisyon pou yo epi travay pou yon pwotokòl dakò ta siyen ant 2 pati yo pou amelyore relasyon nan travay nan mitan yo.

Kòm nou kapab wè BATAY LA FENK KOMANSE ! Fòk dwa sendikal ouvriye izin tekstil yo respekte. Nou pap sispann goumen pou sa. Mesi.

ESPM-BATAY OUVRIYE

Yannick ETIENNE/Pòt pawòl

Pou plis enfòmasyon ekri nou sou : batayouvriye @hotmail.com



 

Mouvman patriyotik demokratik popilè (MPDP) yon nouvo zouti politik

Posté le 8 septembre 2014 par PAPDA

Le gouvernement livre au capital impérialiste 83 % des ressources pétrolières appartenant au peuple mexicain

Posté le 5 septembre 2014 par PAPDA

Mobilisation en France pour la libération de Jean Matulnès Lamy

Posté le 4 septembre 2014 par

IN DEFENSE OF PALESTINE

Posté le 7 août 2014 par PAPDA

EN DEFENSA DE PALESTINA

Posté le 7 août 2014 par PAPDA

Rezolisyon kongrè MST-Brezil

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Les Canadiens présentent des excuses publiques au peuple Haïtien

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Le coordonnateur de la POHDH, Daniel Dorsinvil, et son épouse, abattus par balles à Port-au-Prince

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Invitation : veillée patriotique en l’honneur de Daniel Dorsainvil et Girldy Larêche

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Remise de clefs de 400 logements définitifs à des familles de Ti-Boukan

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

 
 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox