MODEP, AKP, BKNG, Sèk Gramsci, UNNOH, AVS, Chandèl
Travayè, Travayèz, òganizasyon konsekan, militan, fanm ak gason konsekan, ann kontinye batay ansanm pou bourik sispann travay bay chwal galonnen
Premye Me 2011
Posté le 4 mai 2011 par PAPDA
|
 |
Nou menm òganizasyon pwogresis k ap goumen nan enterè klas travayè a, nou mete vwa nou ansanm, nan okazyon premye me ane sa a, pou nou denonse move tretman travayè ak travayèz ap sibi anba men patwon, nan izin yo, nan faktori yo, ak nan lòt antrepriz kapitalis yo. San n pa bliye kalite tray ti peyizan k ap travay demwatye ap pase anba pat grandon. Travayè, travayèz nan leta tankou nan prive, ap monte yon masuife anba men leta piyajè a ak patwon rapas yo.
Pran dokiman sa a sou PDF. :
Deklarasyon Premye Me 2011
|