PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Démocratie participative - Réflexions critiques

Premye anivèsè Konferans Nouyòk sou "Rekonstriksyon peyi Dayiti"

Yon regwoupman òganizasyon ayisyen fè yon bilan echèk epi pran angajman pou plede anfavè yon lòt kalte konstriksyon

Nòt pou laprès, 31 mas 2011

Posté le 11 avril 2011 par

Nan okazyon yon lane depi Konferans bayè yo sou "Rekonstriksyon peyi Dayiti" te tanmen nan biwo Nasyonzini nan vil Nouyòk, nan fen mwa mas 2010, nou menm reprezantan-reprezantant yon karantèn òganizasyon ak sektè nan sosyete ayisyèn nan, ki te reyini nan Pòtoprens, 26 mas 2011, nou te reflechi sou tras peyi a suiv depi Konferans sa a.

Yon lane aprè pwomès rekonstriksyon ak kout milya dola vèt, nou konstate pa gen anyen serye ki tanmen tout bon vre. Pa gen okenn koupe fache ki koumanse fèt ak tandans epi pratik rabi ki lakòz ane apre ane peyi a vin pi pòv, li vin pi mal. Byen okontrè, n ap asiste kijan tout fenomèn ki gen mak fabrik lagraba jeneral sa a ak yon gwo bak ap vale teren. Milyon moun tranblemann tè a frape dirèkteman oswa endirèkteman kontinye ap lite ak konsekans katastwòf la detan yo pa gen anyen nan men yo ni Leta pa ba yo akonpayman. Fòs dominasyon k ap toupizi peyi a mete sou kote kokennchenn mouvman solidarite ant Ayisyen ki te manifeste ak fòs tousuit aprè tranblemann tè a.

Pandan jounen refleksyon an, nou te tande temwayaj ki bay tèt chaje sou jan kondisyon lavi nan peyi a ap deteryore. Temwayaj sa yo te soti nan bouch reprezantan moun deplase yo, peyizan pòv yo, fanm, sektè kominikasyon, sektè legliz, sektè sante ak lòt ankò. Yo tout lonje dwèt sou Leta a ki pa pote repons nan pwoblèm sos-yal ki pi ijan yo, kondisyon kritik lavi popilasyon an, espesyalman moun deplase yo k ap sibi menas epi viktim degèpisman gwo ponyèt. San nou pa bliye tandans pou fè sèvis sante, edikasyon, dlo potab tounen biznis prive.

Analiz ak temwayaj nou yo mennen nou nan konsta sa : sosyete peyi Dayiti rete kwoke nan menm pyèj mete moun sou kote, depann de lòt peyi, mank rekonesans fòs nou, resous nou, idantite nou kòm pèp jan nou te di sa nan deklarasyon piblik 19 mas 2010 la. Chapant sistèm dominasyon ak pozisyon peyi restavèk la ap vin pi rasi ak entalasyon yon jwèt malen ki mete sou menm tab, MINISTA, CIRH ak gwo ONG entènasyonal yo. Depi lè sa, se gwo enstans sa yo, espesyalman Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon peyi Dayiti (CIRH) k ap trase desten peyi nou e k ap pran tout desizyon nan plas nou. Sa n ap asiste, yo mete aktè ayisyen yo sou kote nèt nan tout espas kle kote desizyon ap pran. Atravè zouti CIRH la, yo fè dekabès nan sa ki konsènen pratik mete sou kote a. Yon pa, yo voye jete enstitisyon Leta yo, yon lòt pa, yo voye nan rakwen òganizasyon nan mouvman sosyal yo. Egzistans CIRH la rantre dirèk dirèk nan demach pou dekonstonbre enstitisyon ak ekonomi peyi a.

Nou mande pou CIRH la disparèt paske li reprezante yon souflèt pou diyite nou tout. Se ògàn konpetan nan Leta a, yo chak nan domèn konpetans yo, ki dwe jere bidjè ki gen arevwa ak pwojè espesifik ki anvizaje refè oswa mete anplas nouvo enstalasyon debaz yo. Fòk nou mete yon bout nan abitid monte yon seri òganizasyon paralèl ki mete yon mache prese nan detwi Leta. N ap mande pito pou yo tabli chapant tou nèf, kòrèk ki ka asire patisipasyon kouch majorite popilasyon an nan desizyon k ap pran oswa oryantasyon k ap bay pou peyi a.

N ap di yon lòt fwa ankò menm jan sa te parèt nan Deklarasyon 19 mas 2010 la, nou rete kwè yon lòt kalte konstriksyon peyi nou ak fòs yon demen ki pa sanble ak sa y ap pare pou nou jodi a mande yon demach koupe fache ak tandans ki la depi digdantan yo.

Koupe fache ak mete moun sou kote ki parèt nan rapò moun lavil/moun andeyò, Pòtoprens/ rès peyi a, gason/fanm, epi tou nan refize tabli sèvis debaz ki alapòte e ki la pou tout moun. Li pa posib pou nan 21èm syèk sa a, gen prèske 50 pou san nan popilasyon an ki analfabèt, prèske 700 mil timoun ki pa ale lekòl, 630 fanm k ap mouri nan akouchman sou chak 100 mil timoun ki fèt vivan.

Koupe fache ak sistèm peyi restavèk la ki parèt aklè nan yon bese tèt prèske nètale yon gwo moso nan klas politik la devan gwo peyi yo, yon sitiyasyon avozòd avèk prezans Ministah nan lane 2004 e ki devlope nan yon demach san gade dèyè pou peyi a tounen restavèk nouvo kolon yo ak kreyasyon CIRH la nan mwa avril 2010. Wòl kominote entènasyonal la jwe nan desizyon ki konsènen eleksyon prezidansyèl ak lejislativ 28 novanm 2010 ak 20 mas 2011 rantre nan menm chema sitiyasyon peyi a k ap pèdi dwa granmoun li jou an jou.

Koupe fache ak modèl anti nasyonal ki konsantre tou bagay yon sèl kote, ki bloke nèt sou peyi etranje epi vire do bay peyizan. Sa parèt aklè nan modèl faktori soutretans yo , nan eksplwatasyon jis nan mwèl, espekilasyon, rant ak monopòl. Nou dwe konstwi yon modèl devlopman ki chita sou agrikilti, agwo endistri k ap chache satisfè prensipal bezwen mache nasyonal la nan reponn bezwen manje ak enèji peyi a. Nou bezwen yon modèl ekonomik ki koupe fache ak lojik rant, ak espekilasyon e k ap gade pito kijan l ap pwodui richès, kijan l ap bay kilti nasyonal la valè, kijan lap refè kapital pyebwa peyi a.

Koupe fache ak rapò ant Leta ak Nasyon an, ak rapò pwopriyete ki dwe tabli gras ak prezans yon Leta ki sonje popilasyon an, ki bay espas kote n ap viv la yon lòt chema epi tabli yon refòm agrè ak nan zafè tè kit lavil, kit nan milye riral.

Koupe fache ak yon lide peyi nou ki tèt koupe ak lide kolon e ki dwe parèt nan rejte vye diskou sosyal ki meprize pou kilti nou ak chemen listwa nou.

Onon tout viktim tranblemann tè 12 janvye 2010 yo, nou egzije pou you trase epi ekzekite yon nouvo pwojè sosyete nan peyi Dayiti. Plan sa ki pote non Plan Daksyon pou Rekonstriksyon ak Relèvman Nasyonal / PARDN, kèk ekspè fòje san patisipasyon sektè kle nan nasyon an, pa ka kondui nou nan chimen sa.

Nou menm òganizasyon ki siyen deklarasyon sa, nou pran angajman pi red toujou pou nou rantre nan yon demach pwopozisyon ak mobilizasyon pou nou ka rive nan reyalite yon plan veritab plan rekonstriksyon altenativ pou peyi Dayiti.

Pou òganizasyon ki te patisipe nan rankon lan :

Colette Lespinasse

GARR

Camille Chalmers

PAPDA

Men non òganizasyon ki te prezan nan rankont 26 mas 2011 lan :

APWOLIM, CMD-OD, VEDEK, MOPP, KONSA, KPSKBM, RACPABA, MITP, SOFA, MOREPLA, TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN, SAKS, KLK, MODEP, GREDESH, PAPDA, HSI, SAKA, GARR, AJMDH, ASCOEH, SAJ / VEYE YO , POHDH, Fondation Zanmi Timoun, FGPB, ARDFD, CAMP TABARRE ISSA, ICKL, CERFAS, Sèk Gramsci, Camp Juampas - Lascohabas



 

Conférence-débat sur le Droit à la terre et la souveraineté alimentaire en Haïti, Mardi 31 Mai 2016, FANNY VILLA, 8h30-3h30

Posté le 20 mai 2016 par Ricot Jean Pierre

Courriers d’Haïti... Incendies et vases communiquants 22 août 2014

Posté le 28 août 2014 par PAPDA

PROGRAMME ETASUNIEN DE DESTABILISATION CONTRE LES MEDECINS CUBAINS

Posté le 25 août 2014 par PAPDA

Carta abierta sobre Cuba

Posté le 24 juin 2014 par PAPDA

Les organisations de la société civile réclament un Conseil électoral équilibré et le vote des amendements à la loi électorale

Posté le 23 mai 2014 par PAPDA

Déclaration de solidarité des organisations haïtiennes avec la Révolution Bolivarienne

Posté le 9 avril 2014 par Camille Chalmers

27 ans après, acquis et limites sur fond d’amendement

Posté le 1er avril 2014 par PAPDA

Deklarasyon Inisyativ MPDP nan okazyon 28 lane anivèsè 7 fevriye a

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

25 vérités sur les manifestations au Venezuela

Posté le 28 février 2014 par PAPDA

D’une tente à une chambre, rien n’a vraiment changé

Posté le 6 février 2014 par PAPDA

 
 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox