PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Démocratie participative - Crises politiques

Eleksyon 28 novanm 2010 : Vye abitid ak pratik yo pa dwe kontinye

Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè

Posté le 3 décembre 2010 par

Pòtoprens, 2 desanm 2010

Jou eleksyon 28 novanm 2010 la fin fèt. Se yon jounen ki poze anpil kesyon. Anpil sant vòt fèmen anvan lè, gen kote yo jwenn bilten ak lis elektoral nan lari, bwat vòt pran dife, kèk kote yo ranpli bwat vòt yo depi davans. Anpil moun nan popilasyon an sòti fristre epi yo vle dekouraje, paske lis elektoral yo genyen yon pakèt mankman ladan yo.


Jilap t ap obsève pwosesis elektoral la ak 1.300 obsèvatè atravè tout peyi a. Men ki sa n te wè :

Anvan eleksyon an

• Depi anvan eleksyon an, nou te wè gwo zak vyolans ak entolerans ant kandida yo. Yo pa t respekte lwa elektoral la lè yo fè anpil agresyon nan pawòl, lè patizan yo pote zam, lè youn atake lòt pandan kanpay elektoral la, jan sa te fèt nan Grandans (Bomon), nan depatman Sid, Sidès ak Nò, ak lè yo sèvi ak materyèl Leta a pou mennen kanpay yo.

• Kandida yo menm pa t respekte lalwa elektoral, epi, yo pa t egzije pou pwòp patizan yo respekte l.

• Gen kandida ki te denonse y ap simen zam nan peyi a, men Lajistis pa janm egzaminen si koze a vre.

• KEP la te manke kominike aklè ak popilasyon an, ni ak diferan aktè yo. Konsekans mank kominikasyon sila a ap vin aklè devan je tout moun jou eleksyon an menm, lè moun pa konn ki kote pou ale pou vote.

• Nan yon peyi pòv ki plen pwoblèm, kandida yo pa janm te depanse tout lajan sa a pou mennen kanpay, sitou sa k anba banyè Gouvènman an nan non kontinyite a. Yo pa janm di aklè ki kote lajan an sòti.

• Anpil pale anpil, ak voye monte. Pyès moun pa konnen ki sa k verite. Yo di : genyen 500.000 bilten vòt k ap sikile san KEP la pa gen kontwòl sou yo. Yo ranplase sipèvizè ak manm BV. Jou eleksyon vreman, anpil nan yo pa t konpetan oswa yo pa t gen fòmasyon pou fè travay la.

Jou eleksyon an menm

Manke bon jan òganizasyon ak planifikasyon • Pi gwo fristrasyon moun ki t al vote yo se lè yo pa jwenn non yo sou lis elektoral pasyèl yo. Sa se yon konsta jeneral nan tout peyi a.

• Plis toujou, gen lòt bagay ki rive nan lis elektoral sa yo : lis ki afiche nan pòt BV a ak lis ki anndan l pa menm. Gen moun ki jwenn non yo deyò, yo pa jwenn li anndan. Gen lis ki gen foto, gen lis ki pa gen foto, gen foto ak non moun ki pa pou li, el. Gen sa k te jwenn non ak BV yo sou intènèt, men nan BV a menm, non yo pa t la.

o Nan Jakmèl, yo te ba n yon bèl egzanp sou sa, kote yo konpare 2 lis elektè yo youn ak lòt. • Moun ki te sèvi ak COV, pa t jwenn non yo menm, pyès kote.

• Te gen plizyè erè nan fason yo te separe materyèl vòt yo : gen kote yo pa t jwenn lis elektoral pasyèl ; gen kote bilten pou depite yo boukante ak yon lòt kote, tankou bilten pou depite Nòdwès ki ale nan Sidès ; bilten depite Lwès 2 k al jwenn Lwès 3 ; Lavano ak Lamontay (komin Lavale) pa t jwenn bilten pou depite ditou.

Yo òganize eleksyon an, kòmsi yo pa t vle pou gen obsèvatè

• Obsèvatè ak mandatè jwenn badj yo finalman nan vandredi, mwens pase 48 èdtan anvan operasyon vòt la kòmanse. Epoutan, lis obsèvatè yo te nan men KEP la pou akreditasyon depi nan mitan mwa oktòb la.

• Obsèvatè ak mandatè jwenn dokiman ak règjwèt yo nan mèkredi anvan eleksyon an. Konsa, anpil nan yo pa t janm wè kèk nouvo règ ki pa t la anvan, paske yo presize dwa vòt mandatè yo : fòk yo te la anvan 6zè nan maten pou vote. Sa te lakòz anpil bouch louvri ant mandatè ak reskonsab BV yo, ni ant mandatè antre yo. Mandatè Inite ki te konnen, t al dòmi nan sant vòt yo. Nan Nip menm (Baradè, Ti Rivyè ak Ano) yo te mennen mandatè pou Inite sòt lòt kote ; yo te kite yo vote kanmenm.

Pati politik ak kandida yo mele tou nan sa k fèt la

• Anpil kote nan peyi a, pati politik yo mele nan dezòd ak vyolans ki t ap fèt. Kandida depite yo mele tou. Pi souvan yo lonje dwèt sou gwoupman politik INITE ki t ap sèvi ak zam epi ki t ap twouble BV ak sant vòt yo tankou Otwou ak Wanament (Nòdès). Men gen lòt pati ki te konn mele tou : AAA, RDNP ak Solidarite nan Dedin (Atibonit), oswa Ansanm nou Fò nan Pòtapiman (Sid), ...

• Gen kote bwat vòt yo pa t vid lè yo te kòmanse. Yo siyale kote konsa nan Nòdès (Fayton). Gen kote patizan INITE vin mete bilten anplis nan apremidi tankou Okay (sant Dimasè Estime). Nan Pòtapiman (Sid), patizan Ansanm nou Fò mete dife nan sant ak BV yo, Otwou (Nòdès) se patizan INITE. Gen plizyè kote yo gaye bilten yo.

• Nan Nò, yon gwoup bandi vizite Akil Dinò ak Kan Lwiz, kote yo repouse yo, pou fè briganday, yo fè konnen se AAA ki voye yo ; men popilasyon an pa t kwè se sa vre.

• Lòt kote, zam t ap chante pou kreye panik, pou fè moun rantre lakay yo, tankou : Dondon ak plizyè lòt kote nan Nò, nan Aken nan Sid, Peredo nan Sidès ak Vòldwòg nan Grandans. Tout kote sa yo, yo akize INITE.

• Nan Nòdès, yon gwoup jèn gason t al mennen yon « Operasyon degrenngoch » pou INITE, zam nan men : yo pase Otwou (sant Gasen ak Dibison), Wòch Plat ak Karakòl. Nan Fò Libète, lapolis jwenn machin nan (AA90028).

• Gen kandida ak otorite ki pa respekte lalwa elektoral la sou manifestasyon jou vòt la menm (jan sa te fèt Pòtoprens pou Repons Peyizan ak Gonayiv pou AAA).

• Nan Latibonit, yo elimine diferan sant vòt nan Vèrèt, Lachapèl ak Liyankou.

• Nan sant Pèmèl (Fondènèg), INITE t ap achte vòt pou 500 goud.

Otorite lokal tou mele pou regle enterè pati ak gwoupman politik yo

• Nan Pòtoprens, se Premye majistra a ak CIMO ki vin mele nan pwoblèm ant BV ak mandatè yo nan sant vòt nan lekòl Don Dimèlen.

• Jou eleksyon menm, yo arete chofè ansyen depite Mayisad la paske li te genyen 2 in ak bilten vòt, ansanm ak 2 zam nan machin li.

• Nan vil Pòdepè, lapolis te arete patizan plizyè pati ki t ap fè dezòd. Delege a fè yo lage manm INITE yo.

Konsekans yo grav :

• Plizyè moun mouri ak bal jou vòt la menm : 2 moun nan Aken ak youn nan Fò Libète. Lòt moun blese ak wòch, manchèt oswa ak bal.

• Anpil sitwayen ak sitwayèn santi yo fristre, epi desepsyon pran yo.

• Gen sant ak BV ki pa t louvri, gen sa k fèmen anvan lè, gen sant ak BV ki fèmen san yo pa konte vòt yo. Gen anpil zak vyolans, gen anpil materyèl pou vote ki rive detwi.

• Tout sa detwi konfyans moun yo youn nan lòt, sa montre entolerans ki genyen nan sosyete a. Kriz peyi a parèt pi klè parapò ak jan l te ye a.

Ki jan pou konprann tout sa ?

• Anpil nan bagay ki fèt yo pa toutafè nouvo. Nan eleksyon anvan yo, nou te denonse epi nou te mande pou lis elektoral yo kòrèk. Men, sa k pi rèd, olye lis yo pi bon, nan eleksyon sa a te genyen pi plis erè ladan yo toujou. Konsa, moun mande : pou ki sa ? Eske se konsa yo te planifye l ? Eske se espre sa fèt ?

• Oganizasyon jounen vòt la pa t bon. Moun yo pa blije genyen intènèt ak telefòn. Sèl mwayen lwa elektoral la prevwa, se afiche pou yo afiche lis ki kòrèk depi yon mwa anvan jou vòt la. Men tou, plizyè moun ki te jwenn BV yo sou intènèt pa t ka vote.

•Kominikasyon yo pa t fèt kòm sa dwa pou moun konnen sa yo te dwe konnen. Gen BV ak sant ki deplase. Gen moun yo voye al vote nan lòt sant.

o Popilasyon an pa janm rive konprann afè COV la, paske non plizyè moun ki te sèvi ak li pa t parèt sou okenn lis ankò. Eske non yo disparèt nèt ?

o Nan Nip menm, yo fè n konnen yo elimine 125 BV, paske yo te netwaye lis elektoral yo. Ki lè yo te fè moun konn sa, epi ki jan sa te fèt ?

•Pati politik yo tou sanble pa kwè nan tolerans ak demokrasi. Anpil kandida toujou mete nan tèt yo se ak vyolans yo dwe pran oswa kenbe pouvwa. Yo plis kwè nan vyolans ak magouy, se pa nan demokrasi ak respè pou moun.

Ki jan n konprann pozisyon kandida pou prezidan ?

• Se vre, eleksyon pa t fèt kòm sa dwa, sa vle di, pa t gen avansman vre parapò ak jan sa te konn fèt nan eleksyon anvan yo, epi te genyen manipilasyon pwosesis la. Men, mande pou yo anile yon pwosesis ki nan chimen, genyen anpil risk ladan l : ki jan moun yo ap tande epi konprann apèl la ? Ki jan y ap reyaji ? Lè tout moun mande pou “rete tèt frèt”, pou ki sa kandida yo menm pa t analize yon sitiyasyon tèt frèt anvan yo pran lapawòl ?

• Konsa, nou salye volonte ak detèminasyon popilasyon an ki ak bilten vòt li nan men l, ak tout baf ak desepsyon li pran, te kontinye ap montre sa l vle.

Men ki sa n pwopoze :

1- Kesyon politik nan peyi a toujou poze gwo pwoblèm. Pi fò aktè politik pa chèche byen peyi a, men enterè dirèk pou yon ti gwoup, epi yo bliye « sa k nan enterè tout moun nan » (sa yo rele byen komen an) : ki se respè pou diyite ak dwa moun, chanjman anfavè moun pòv yo nan peyi a, yon ekonomi ki mache epi ki pwodui byen pou moun amelyore kondisyon vi yo. Kondisyon pou sa fèt, se transparans, onètete ak konpetans.

2- Nenpòt ki desizyon politik y ap pran parapò ak pwosesis elektoral la menm, fòk genyen yon chita tande ant KEP la, pati politik yo, manm diferan òganizasyon sosyete sivil la, manm Gouvènman an, pou asire pwosesis la kapab kontinye, si l kontinye, ak plis onètete ak plis konfyans pami aktè yo. Li lè li tan pou tout moun mete peyi a ak byen kominote a anvan tout lòt bagay. Se yon sèl Ayiti ki genyen.

3- Fòk kandida yo ak lidè pati politik yo pran distans, yon fason piblik, ak tout vyolans k ap fèt nan non yo. Si yo refize fè l, se paske yo dakò ak vyolans k ap fèt la, se paske yo kwè vyolans bon pou yo. Sitwayen ak sitwayèn yo dwe pran nòt, epi tire tout konklizyon pou pi devan.

4- Lajistis ak KEP la dwe pran sanksyon epi aplike lwa elektoral la kont tout kandida ak pati politik ki pa respekte règjwèt elektoral yo, san paspouki. Enpinite se yon maladi ki fini ak sosyete a, paske okenn moun pa vle reskonsab zak li fè yo.

5- Pa p kab gen eleksyon serye nan peyi a toutotan pa gen yon KEP pèmanan. Toutotan KEP la pwovizwa, enstitisyon an pa p aprann pou òganize eleksyon yo chak fwa pi byen. Yo dwe kreye yon tradisyon elektoral nan peyi a. Men, se eleksyon endirèk yo ki pou mete KEP sa a sou pye. Komisyon Jistis ak Lapè ap di l ankò yon lòt fwa : li pa dakò ak tout otorite ki depi plizyè lane pa t vle òganize eleksyon endirèk yo pou rive mete sou pye yon KEP pèmanan, paske yo pa vle pèdi kontwòl pwosesis elektoral la. Konsa, yon lòt fwa ankò, nou mande pou otorite yo, kandida yo, ak KEP la limenm pran yon angajman fòmèl pou fè eleksyon endirèk ki mennen nan yon KEP pèmanan.

6- Nou pwopoze pou pi devan, nouvo Palman an chanje kèk atik nan lwa elektoral la. Kounye a, eleksyon an tounen yon kesyon KEP ak pati politik yo. Epoutan, eleksyon se sitwayen ak sitwayèn yo ki fè l, se volonte yo ki pou pase. Nou plede pou òganizasyon sosyete sivil yo, ki pa dèyè pouvwa politik dirèk la, genyen yon pi gwo wòl nan òganizasyon pwosesis elektoral la.

7- Pou fini, peyi a nan kriz, epi eleksyon ap fèt nan yon kad kote k genyen kriz ak gwo pwoblèm nan peyi a. Eleksyon, pou tèt pa l, pa kab rezoud yon kriz. Se fason sitwayen yo genyen volonté epi rive dakò pou jere pwoblèm yo ak kriz la ansanm, nan respè youn pou lòt ak nan dyalòg, ki pou pèmèt jwenn chimen pou peyi a sòti nan sa l ye a.

Pou Komisyon Jistis ak Lapè

P. Jan Hanssens,

Direktè nasyonal



 

American Curios (La Jornada)

Posté le 26 août 2014 par PAPDA

Cuba, un modèle selon l’Organisation mondiale de la santé

Posté le 7 août 2014 par PAPDA

Plan National de Régularisation des Etrangers en RD : Les autorités haïtiennes doivent agir en toute urgence Spécial

Posté le 16 juin 2014 par PAPDA

Exécution de l’arrêté d’expropriation du centre-ville de Port-au-Prince : position des organisations de droits humains

Posté le 12 juin 2014 par PAPDA

ZunZuneo avait bien pour but d’envoyer des messages à contenu politique

Posté le 14 avril 2014 par PAPDA

Le Sénat des États-Unis ouvre une enquête sur ZunZuneo, le « twitter » cubain

Posté le 14 avril 2014 par PAPDA

Enjeux de l’accord d’El Rancho

Posté le 24 mars 2014 par PAPDA

DECLARACIÓN POR LA AUTONOMÍA, LA CULTURA, LA DEMOCRATIZACIÓN Y LOS DERECHOS DEL PUEBLO LENCA DE OPALACA.

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Ayiti : katastwòf 12 janvye 2010, 4 lane aprè, anyen pa chanje pou majorite Pèp Ayisyen an nan zafè lojman.

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Pour ou contre le dialogue Haïti-République dominicaine

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

 
 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox