PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - PAPDA - Membres - SOFA

3yièm Aksyon Entènasyonal Mach Mondyal Fanm

Atelye-Echanj Nasyonal sou Revandikasyon Fanm Ayisyèn 30 Septanm 2010

Posté le 19 octobre 2010 par

Ki sa Mach Mondyal Fanm la ye ? Enterè Fanm ayisyèn nan Mach Mondyal Fanm la

Mach Mondyal Fanm se yon mouvman feminis ki sòti nan vant Federasyon Fanm Kebèk - peyi Kanada - nan lane 1996 epi ki vin jwenn akò plis pase 2 mil òganizasyon fanm nan 135 peyi pou goumen aktivman pou kwape povrete ak vyolans sou fanm.


Depi lane 2000, chak 5 lane, Mach Mondyal Fanm òganize gwo aksyon mobilizasyon mondyal nan yon peyi manm li yo chwazi, yon fason pou denonse tout vyolasyon dwa fanm yo, manifeste solidarite ant fanm yo epi bay rezo fanm yo jarèt. Pandan aksyon sa yo ap dewoule onivo mondyal, Mach la ankouraje tout manm li yo mennen aksyon nan peyi yo pou entèpele otorite nasyonal yo ak lòt manm mouvman sosyal yo. Se nan kontèks sa a, menm jan nou te fè l nan lane 2000 anvan nou t al pote revandikasyon fanm ayisyèn nan Loni, Bank Mondyal ak FMI, nou òganize Atelye nasyonal la 30 septanm 2010 ak rankont jodi premye oktòb 2010 la ak divès reprezantan leta, laprès ak lòt òganizasyon sosyal.

Rankont sa a, se okazyon pou pataje rezilta refleksyon ki sòti nan yon atelye nou te òganize ant divès òganizasyon fanm ki soti nan 10 depatman peyi a sou 4 chan aksyon Mach la. Sa vle di :

  1. Otonomi ekonomik fanm,
  2. Vyolans kont fanm,
  3. Lapè ak demilitarizasyon,
  4. Byen komen.

Chak delege ki chita bò tab la pral gen pou prezante nou refleksyon sa yo ak revandikasyon nou parapota 4 chan daksyon yo.

Anvan nou fè sa, nou ta renmen pataje ak nou kèk nan 2010 rezon ki fè òganizasyon fanm ayisyèn yo anbake nan mouvman sa a.

Pouki sa òganizasyon fanm nan peyi d Ayiti anbake nan mouvman Mach Mondyal Fanm nan ?

Jan sa te konn abitye fèt e pirèd ankò jodi a, fòs enperyalis yo monte plizyè mekanis G8, G11, G20 pou ranfòse sistèm kapitalis neyoliberal la epi asire yo plan yo ap egzekite jan yo vle a. Devan estrikti sa yo, li enpòtan pou mouvman sosyal yo tabli rezo onivo nasyonal tankou mondyal pou kontrarye tout plan makavyelik epi pran dispozisyon pou enfliyanse desizyon k ap pran yo.

Nan sans sa a, Mach Mondyal Fanm nan, se yon espas pou n mennen batay kont tout pwogram ajisteman estriktirèl ki lakòz deplimay administrasyon piblik ayisyèn nan. Yon mezi ki vin gen gwo konsekans sou nou sitou nan sektè agrikòl la. Jodi a, swadizan gouvènman an mete biwo agrikòl kominal pou ankadre peyizan, men an reyalite, kote yo egziste, pa gen ase teknisyen, materiel ak ekipman. Kouman yon gouvènman kapab ap klewonnen pwodiksyon nasyonal san li pa reflechi sou tout eleman ki kapab pèmèt pwodiksyon an ogmante. Nan lane 90 Ayiti te konn pwodui 90% sa nou manje nan peyi a, jodi a se sèlman 30% nou pwodui. Se moun ki pwòch pouvwa oubyen ki nan pouvwa k ap enpòte tout bagay.

Egzanp sa a kapab aplike pou tout lòt sektè yo, paske leta demisyone, li lage peyi a ak popilasyon an nan men ONG ki ap fèredefè san kontwòl.

Mach Mondyal Fanm nan se yon enstriman k ap pèmèt nou konprann pi byen politik ipokrit enstitisyon finansyè entènasyonal yo ki di yo kont koripsyon alòske yo pa gen okenn pwoblèm pou sipòte yon gouvènman ki pa kab rann kont sou 197 million dola li dekese pou ijans siklòn ak 163 milyon pou ijans tranblemann tè (goudougoudou) 12 janvye a.

Mach Mondyal Fanm nan se yon mekanis ki ba nou opòtinite pou analize konpòtman “kominote entènasyonal la” nan fason 2 je fèmen l ap apiye Prezidan peyi a pandan l ap iyore tout aksyon denonsiyasyon mouvman sosyal yo patikilyèman sou magouy konsèy elektoral la. Depi yon gouvènman ak yon prezidan ap defann enterè yo, menm si yo pase tout valè demokratik yo anba pye pa gen pwoblèm. Nivo devlopman yon peyi, nivo demokrasi li. Tout sa ki pa aseptab lakay yo, aseptab pou Ayiti. Demokrasi pou peyi rich, demonkrasi pou peyi Sid yo.

Mach Mondyal Fanm nan ankouraje fanm yo mete yo an rezo onivo nasyonal pou kesyone kalte Leta iresponsab sa yo, reflechi epi pwopoze yon lòt Leta ki kab ranmase karaktè l nan negosiyasyon ak gwo enstitisyon finansye entènasyonal yo ak gwo bayè de fon yo epi ki kab pran an konsiderasyon bezwen ak enterè fanm yo.

Mach Mondyal Fanm nan, nan fason li favorize alyans ant rezo fanm ak rezo òganizasyon miks yo, ranfòse nou nan konviksyon pou monte yon enstriman sosyo politik solid kòm altènativ ak rejim lavalas la ki vle pran peyi a an otaj sou pretèks estabilite ansanm ak klas politik tradisyonèl la.

Nan 2000 nou te mache, 10 lane aprè revandikasyon nou yo pa jwenn satisfaksyon. N ap mache jouk mayi mi, jouktan noumenm fanm nou gen yon Leta osèvis nou, yon Leta ki koupe fache ak tout pratik zanmitay, moun pa, fanmitay, yon Leta granmoun epi endepandan, yon Leta k ap favorize egalite ant fanm ak gason onivo ekonomik, politik ak sosyal ak kiltirèl.

Prensipal revandikasyon sou 4 Chan daksyon MMF :

1. Vyolans sou Fanm

2. Otonomi Ekonomik Fanm

3. Lapè ak Demilitarizasyon

4. Byen Komen

Revandikasyon Fanm Ayisyèn Pou Desitire Vyolans sou Fanm

Pou konbat pwoblèm banalizasyon ak enpinite ki se angrè k ap donnen vyolans sou fanm :
-  Dwe gen Pwogram fòmasyon pou pwofesyonèl Lapolis ak Lajistis sou pwoblematik vyolans sou fanm ak sou responsablite ki mare ak fonksyon yo a, yon mannyè pou yo kapab pi byen trete fanm ki vin pote plent epi aji byen vit sou ka yo ;

-  Ranfòse prezans Lapolis nan zòn yo, gen kote ki pa gen polisye/syè oswa ki gen degrenn ; epi ba yo mwayen adekwa pou yo kapab fè travay yo ;

-  Responsab Lajistis ak Lapolis dwe aji san pèdi tan pou pran mezi ak sanksyon lè yon otorite lajistis/lapolis pa respekte oswa pa aplike lalwa.

-  Dwe gen mezi prese prese ki pran pou : entèdi Jij ak Lapolis k ap ankouraje antant ant agresè ak viktim, pou sa sispann fèt nan Tribinal ak anba chal. Dwe gen ankèt sou ka Polis, Komisè, Jij k ap pran lajan pou lage agresè ;

-  Dwe gen mezi kont polisye k ap fè abi pouvwa sou fanm epi ki sèvi ak pouvwa zam yo pou menase, maspinen, fè abi seksyèl sou fanm ;

-  Leta dwe defini bonjan teknik epi bay tèt yo mwayen pou rapouswiv agresè ki sove lè yo fin fè zak vyolans sou fanm ; gen twòp kriminèl, ansasen fanm ak kadejakè lajistis pa janm pini.

-  Malgre kèk pwogrè nou konstate nan Asiz kriminèl ki fèt nan depatman yo, kote gen plis kadejakè yo jije, gen gwo jefò ki dwe fèt pou sanksyon yo koresponn ak Dekrè jiyè 2005 la ki rekonèt kadejak se yon krim epi ki ranfòse sanksyon kont kriminèl yo.

-  Jijman agresè yo dwe piblik, yo dwe pini yo jan lalwa mande l ; epi desizyon, pèn Tribinal la pran kont koupab yo dwe aplike jouk nan bout.

-  Fòs MINISTA a vin mete abse sou klou nan ogmante vyolans sou fanm anndan peyi a. Konsta fèt nan divès depatman sou abi seksyèl sòlda Minista ap fè sou fanm, jan yo andyoze tifi, nan ba yo ti kado, manje... Pou tout rezon sa yo, nou mande depa Minista san kondisyon ak san delè.
-  Leta ayisyen dwe ranmase karaktè li pou gen mekanis ki pèmèt sòlda Minista yo jwenn pinisyon pou zak yo fè ki pase dwa fanm anba pye tankou : ankourajman pwostitisyon, zak kadejak, abi ak esplwatasyon seksyèl yo fè sou fanm ak tifi ayisyèn. Iminite pa vle di enpinite. Se pou sa nou mande pou gen mekanis ki defini, tankou tribinal espesyal oswa Tribinal entènasyonal pou ajan Minista ki fè vyolans sou fanm yo jije epi jwenn sanksyon yo merite...

-  Devan divès pwoblèm, divès sitiyasyon ki ankouraje enpinite, nou idantifye nan tout depatman yo, nou mande pou gen yon Lwa kad kont vyolans sou fanm.

-  Pou sa nou mande pou Leta ayisyen, egzekitif ak lejislatif la travay pou mete lwa peyi a annakò ak konvansyon li siyen, patikilyèman, Belem do Para a, ki se Konvansyon pou fè prevansyon, pini ak elimine vyolans sou fanm. Yon lwa Palmantè yo te ratifye 3 avril 1996, gras ak batay òganizasyon fanm yo.

Sèvis ki dwe disponib pou fanm ki viktim vyolans

-  Manke estrikti ki pou bay sèvis ki reponn ak bezwen fanm ki viktim vyolans yo. Apa kèk depatman tankou Lwès, Latibonit, Sidès, Grandans ak Nò kote se òganizasyon fanm yo ki mete sèvis akonpayman, an solidarite, pou fanm ki viktim vyolans, nan lòt depatman yo fanm preske pa gen rekou devan pwoblèm vyolans. Se pou sa :

-  Ministè Sante piblik dwe devlope pwogram k ap pèmèt fanm yo jwenn sèvis sante ki pre yo. Pou estrikti sante yo gen resous moun, materyèl, medikaman elatriye pou pèmèt yo bay bonjan sèvis.

-  Pou fanm toupatou nan peyi a, sitou sa k ap viv nan milye riral la gen aksè ak kit prevansyon ki gen medikaman ak tès yo dwe pran anvan 72è pou anpeche yo trape enfeksyon moun pran nan fè bagay ak pou yo pa ansent pou kadejakè.

-  Pou avòtman depenalize nan ka fanm ki ansent apre kadejak epi pou Ministè sante piblik garanti avòtman sa yo fèt nan bon kondisyon.

-  Pou Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, Sante Piblik ak Ministè jistis aji prese prese pou fanm ki viktim tout fòm vyolans yo jwenn sètifika medikal gratis.

-  Nou mande Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm ak Ministè jistis mete pwogram asistans jiridik avèk avoka konpetan ki sansibilize sou pwoblèm vyolans sou fanm pou akonpaye fanm ki viktim vyolans yo ; menmjan an tou,

-  Pou depi nan bidjè Leta a yo prevwa lajan pou apiye òganizasyon fanm k ap fè akonpayman fanm ak tifi ki viktim vyolans espesifik ;

-  Pou Leta ranmase modèl sèvis ki pre fanm yo, pou fanm yo jwenn sekou lè yo viktim zak vyolans nan respè dwa yo.

-  Pou Dwayen Tribinal sivil yo pran dispozisyon pou aji san pèdi tan sou dosye pansyon alimantè yo. Pou bonjan dispozisyon pran ak mwayen serye pou fè papa yo pran responsablite pitit yo.

-  Nou mande, pou tout otorite konsène yo aji san pèdi tan, pou retire popilasyon an anba tant. Abri pwovizwa yo kreye sitiyasyon pou kadejak ak tout lòt kalte vyolans seksyèl fèt sou fanm ak Tifi. 9 mwa apre tranblemann tè 12 janvye a, fòk akouchman an fèt, fòk popilasyon an delivre.
-  Nou mande pou Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, Ministè Edikasyon Nasyonal pran dispozisyon pou devlope pwogram espesifik pou garanti tifi ki viktim kadejak yo kontinye ale lekòl epi pa viktim diskriminasyon nan lekòl yo.

-  Nou mande pou Lapolis mennen ankèt prese prese pou demantibile yon seri zòn kote gen baz kadejakè ak fimè k ap fè sa yo rele tiyo pou fè kadejak pa makonn sou fanm. Menmjan tou nou mande pou dezame gang yo tout bon vre, k ap sèvi ak fòs zam pou fè tout kalte abi seksyèl sou fanm.

Revandikasyon Fanm Ayisyèn Pou Otonomi Ekonomik Fanm

Depi nou di otonomi ekonomik fanm, nou wè travay. Yon travay peye. Men kondisyon n ap travay yo pa kab pèmèt noumenm fanm nou otonòm ekonomikman. Pou ki sa ?

Plis travay nou fè se ti kòmès. E se nan lajan komès la pou n retire pou n peye lekòl timoun, pou n bay manje, okipe kay...

Pou noumenm ki nan sektè agrikòl la, se ak zong nou n ap travay. Nou toujou rete sou kont lapli, mete sou sa, nou pa jwenn teknisyen pou ankadre nou, nou pa jwenn kredi, nou pa gen anpil tè pou n pwodui.

Parapòta fanm k ap travay kòm kizinyèz, menajèz, lesivyèz ak repasèz, yo pa janm soti nan sistèm esklavaj paske tan travay , lè travay ak salè yo pa defini nan lalwa. Kidonk, Leta lage yo sou bòn volonte ou movèz volonte moun k ap anplwaye yo.

Depi goudougoudou a, nou remake gen plizyè pwogram « haute intensité de main d’œuvre » ki tabli nan zòn nou yo. Nou konprann sa fè pati politik gouvènman an, jan sa di nan plan aksyon relèvman ak rekonstriksyon Ayiti a. Men se pa tout fanm ki rive jwenn travay menm lè nan dokiman sa a, yo di fanm ki sibi nan tranbleman de tè a gen priyorite.

Moun ki gen priyorite pou jwenn vye djòb sa yo se moun ki nan Pati Politik pwòch pouvwa a. Eske se nòmal nan yon peyi, pou noumenm fanm nou pa kab gen otonomi ideyolojik ak politik nou ? Eske li nòmal pou lajan ki vini sou non nou, keseswa pou èd imanitè oubyen pou kreye travay woywoy ap sèvi pou sektè ki sou pouvwa a ranfòse tèt yo oubyen fè kapital politik yo ?

Parapòta tout sa nou di pi wo yo, nou rete kwè, travay pa kapab pote fwi pou fanm si Leta pa pran reponsablite li nan sa ki konsène sèvis piblik yo, sa vle di edikasyon, sante, dlo, asenisman elatriye.

Travay pa kap pote fwi pou fanm si Leta ap kontinye fe tchoul boujwa menm jan sa te fèt nan peryòd kote yo t ap diskite sou salè minimòm lan. Prezidan Preval te pran pozisyon klè kont pèp la pou fikse salè minimòm nan a 125 goud jan boujwazi a te vle a, kontrèman a 200 goud ouvriyèz ak ouvriye yo t ap mande.

Travay pa kab pote fwi pou fanm toutotan Leta pa gen yon politik klè pou kreye travay, pwoteje dwa travayèz, garanti bon jan kondisyon travay, bon jan salè, yon bon jan sistèm pwoteksyon sosyal.

Annatandan nou konstwi Leta nou vle a, nou rete kwè kèlkeswa gouvènman ki sou pouvwa a, li ta dwe travay yon fason pou :

• Retire politik nan kesyon travay, se bay travay ak moun ki vle travay ki ka travay, ki bezwen travay tankou fanm yo.

• Kreye lekòl pwofesyonèl ak inivèsite pou fanm aprann metye pou yo ka travay.

• Fè alfabetizasyon an tounen yon reyalite sitou se plis fanm ki pa konn li ak ekri

• Kreye travay nan pwovens yo atravè devlopman yon pwogram agrikòl solid paske se youn nan sektè, si li devlope, ki kapab kreye anpil travay nan peyi a

• Kreye izin nan tout pwovens yo pou transfòmasyon pwodui agrikòl yo

• Kreye mache pou nou vann pwodwi yo

• Remete lekòl mwayèn agrikilti pou n kab jwenn ajan ak ajant agrikòl yo pou ankadre nou epi mete mwayen aladisposyon teknisyen/teknisyèn yo, pou yo ka ankadre fanm peyizan

• Kreye pwogram kredi, bank kominotè, mete sibvansyon pou fanm yo jwenn kòb prete ak yon to aseptab pou yo kreye pwòp antrepriz pa yo

• Fè bon jan wout pou nou transpòte machandiz yo • Kreye travay k ap dire pou lontan, men pa travay woywoy

Pou fini : nou vle di travay nou bezwen noumenm fanm, se travay k ap dire lontan e non travay wowoy menm jan sa ap fèt jodi a.

Nou rete kwè li enpòtan pou gouvènman ayisyen yo pran mezi pou mete mekanis sou pye k ap favorize egalite fanm ak gason nan zafè edikasyon, nan zafè travay.

Pou yon menm travay, fanm ak gason dwe touche menm kantite lajan !!!

Revandikasyon Fanm Ayisyèn Sou Lapè ak Demilitarizasyon

Nou menm fanm ki sòti nan òganizasyon sa yo : Solidarite Fanm Ayisyèn - SOFA, Fanm Saj, Fanm Deside Jakmèl... ki pote kole nan Mach Mondyal Fanm nan e ki patisipe nan Atelye sou LAPÈ AK DEMILITARIZASYON an, apre refleksyon nou rete kwè zafè sekirite piblik ak militarizasyon andedan peyi a, rete yon gwo pwoblèm pou fanm yo ak mas popilè yo :

-  Depi apre lendepandans ansyen kolon yo kontribye nan kraze fòs lame endijèn nan, se gwo peyi enperyalis yo an patikilye Etazini, Lafrans ak plizyè lòt ki kontwole zafè sekirite nan peyi a. E, kontwòl total kapital sa a, se pou garanti enterè ekonomik klas dominant, oligachi nasyonal ak miltinasyonal la.

-  Tout moun konnen kouman endistri zam, lagè ki ap deklare toupatou nan lemonn, kreyasyon lame ak fòs polis yo, fòs okipasyon ak enstalasyon baz militè, tout estrikti sa yo kreye nan enterè pou fè sistèm kapitalis la fè plis lajan, kenbe dominasyon sou pèp yo, ranfòse sistèm patriyaka pou militè gang ame, fòs lokipasyon egzèse plis vyolans sou fanm, tifi, ouvriyèz, peyizàn, mas popilè yo an jeneral.

-  Se sa ki fè nan peyi Dayiti, san nou pa nan lagè, nou konnen pou pi piti 3 okipasyon militè meriken ak lòt fòs militè etranje tankou MINISTA nan mwens pase 100 lane : 1915, 1994, 2004. Menm jan, fòs zam ki blayi nan peyi a fè nou konnen tout kalite sitiyasyon : apa lame ak chèf seksyon, kò lapolis ki vin kreye an 1995, nou konnen plizyè kalite gang ame -fòs paramilitè tankou : Tonton makout sou Divalye, Atache ak zenglendou sou Henri Nanphy, FRAP sou Cedras ak Michel Francois, Chimè sou Aristid, Kidnapin tout kalite sou Preval elt... Se pou sa, nan Kad 3iyèm Aksyon Mach Mondyal Fanm nan : n ap denonse tout kalite konsekans zafè zam ak miltarizasyon gen sou nou kom fanm Peyi Dayiti. An patikilye n ap pouse yon rèl sou :

o Prezans fòs zàm nan peyi a ak fòs MINISTA ki fè nou menm ak pitit ap viv :

o Nan lapèrèz ak kè sote kote lanwit yon asasen ak zam kapab antre lakay nou vin fè kadejak sou nou, lajounen nou paka sikile nan mache, nan lari , nan sous dlo elatriye...

o Prezans MINISTA ak pakèt cha blende / cha lagè yo aji sou sikiloji nou ak ti moun nou yo, kou cha yo ap vini yo sètoblije yo al kache...

o Fòs militè MINISTA yo, foure kò yo tout kote, yo prezan nan tout lavi nou, nan katye nou, nan restoran, nan plaj, y ap jwe ak pitit nou... Yo pa pèmèt nou viv nan lapè.

o Yon bon pati nan Administrasyon Piblik la, an patikilye MINISTÈ LENTERYÈ, MINISTA kontwole l preske a 100 pou 100, kote tout pwosesis òganizasyon zafè kolektivite teritoryal yo ak Pouvwa Lokal yo se yo ki ap fèredèfè.

o Fòs MINISTA ankouraje, kadejak, pwostitisyon sou tifi ak ti gason tankou jan sa fèt nan zòn Jakmèl ak Kayjakmèl kote se tout lajounen, nan je tout popilasyon an ak otorite yo, solda MINISTA , inifòm sou yo ap andyoze, fè asèlman sou tifi 11- 14 an.

o Lè solda MINISTA yo komèt yon zak kriminèl sou fanm yo ak popilasyon an, yo deklare yo gen iminite, viktim yo ak fanmi yo rete san jistis, ni reparasyon tankou : 104 solda Srilankè yo ak plizyè lòt gwo ofisye ki fè kadejak sou plis pase yon santèn tifi ak jèn fanm, dosye a antre nan tiwa sou baz iminite, menm jan ak jèn fi Gonayiv la 3 nan yo te fè kadejak sou li nan 18 fevriye 2005 la, epi jèn gason MINISTA konplis nan asasinay li nan kan.... Okap.

o MINISTA fè lapolis vin pi mal, kote lapolis pa kapab bay popilasyon an sèvis sitou nan pwovens ak milye riral yo, lè ou rele pou ijans yo fè w konnen yo pa gen gaz oswa yo pa gen ase efektif

Nou egzije otorite yo :

1- Depa Fòs militè MINISTA a nan peyi a san delè epi san kondisyon.

2- Gouvènman an dwe fòse Nasyonzini, retire zafè iminite a nan akò li siyen ak MINISTA a, yon fason pou yo ka jije tout kadejakè ak kriminèl ki fè krim sou fanm, tifi , ak tout lòt moun nan popilasyon an, epi ba yo pinisyon yo merite.

3- Leta dwe bay tout fanm ak tifi, ki viktim kadejak, tizonnay seksyèl, jistis ak reparasyon ni sou plan fizik, ni sou plan sikolojik.

4- Leta dwe pran tout dispozisyon pou kreye yon fòs sekirite piblik ki sòti nan zantray pèp la, men fòs sa a pa dwe ni lame, ni lapolis, li pa dwe kreye anba lobedyans peyi etranje oswa kominote entènasyonal, jan sa ap fèt jounen jodi a.

5- Leta dwe rekipere tout lajan - bidjè fòs MINISTA ap gaspiye nan peyi a, pou lajan sa a itilize pito nan bay bonjan sèvis pou fanm yo ak popilasyon an tankou : lopital, matènite pou fanm, asenisman, lekòl primè ak segondè pou tout ti moun, andedan peyi a, lekòl pwofesyonèl pou jèn, tifi kou ti gason.

6- Leta dwe pran tout dispozisyon pou fanm peyi Dayiti ak popilasyon an, viv nan lapè, pou okenn fòs lame : ni gang ame, ni MINISTA , ni lapolis, pa kontinye ap fè nou viv nan lapèrèz, kè sote, kèlkelanswa kote nou ye andedan peyi a, kit se nan lari, nan mache, ni andedan kay.

POU NOU FINI : Li rete klè zafè fòs zam ak militarizasyon peyi Dayiti, an patikilye okipasyon MINISTA se yon pwoblèm estriktirèl ki makonnen ak gwo enterè ekonomik oligachi nasyonal ak entènasyonal la, se pou sa nou menm kòm Òganizasyon fanm ak fòs pwogresis andedan peyi a dwe gonfle fòs nou pou rive chanje sitiyasyon sa a.

SE SA N AP DEFANN NAN MACH MONDYAL FANM NAN !

Revandikasyon Fanm Ayisyèn Sou Byen Komen

Enèji :

• Responsab Leta yo dwe mete anplas bonjan sistèm ki pou pèmèt nou esplwate tout resous sa yo : Solèy, Dechè, Van, Dlo : Etan yo, rivyè, lanmè, dlo lapli

• Nou konstate pral gen rate dlo apre 10 zan. Nou mande Ministè Anviwonman pou l pran dispozisyon serye pou sove lavi tout sitwayèn/sitwayen peyi a.

Edikasyon :

• Nou vle pou gen bonjan pwogram alfabetizasyon epi ki touche fanm yo • Nou vle pou yo mete bonjan estrikti anplas pou garanti bonjan edikasyon • Nou vle gen yon edikasyon inivèsèl ki vle di menm edikasyon pou tout moun, menm materyèl eskolè...) • Kontwòl pri lekòl yo ; • Leta dwe travay pou mete yon sistèm edikasyon piblik • Garanti pèman salè pwofesè yo • Mete sistèm enfòmatik ak laboratwa nan tout lekòl • Garanti elèv yo yon pla cho nan lekòl toupatou nan peyi • Pou mete sistèm dlo potab ak twalèt nan lekòl yo • Konbat enpinite, pwofesè, pè, pastè ki nan domèn edikasyon an k ap fè vyolans seksyèl sou jèn tifi nan lekòl, san kè sote.

Sante :

• Nou vle lopital nan tout seksyon kominal yo avèk :

o Pèsonèl : medsen - enfimyè- matwòn - jinekològ- sikològ ;

o Medikaman

o Materyèl,

o Limyè

• Rekonèt medsin tradisyonèl la epi ankadre ak legalize medsen tradisyonèl yo, yon fason pou pi byen esplwate plant medisinal nou yo

Asenisman :

• Mete sistèm latrinizasyon

• Kanalizasyon pou dlo izaje

• Transfòmasyon dechè pou kreye enèji ki kapab sèvi ankò.



 

Enquête sur le harcèlement sexuel en milieu du travail en Haïti

Posté le 26 mars 2015 par Ricot Jean Pierre

Notre vision et position sur la Santé

Posté le 4 juillet 2014 par

Pozisyon SOFA sou akò 14 mas 2014 ki soti nan dyalòg politik ak enstitisyonèl la

Posté le 24 mars 2014 par Camille Chalmers

Nòt pou Laprès SOFA sou koze lanmò Jij Jean Serge Joseph

Posté le 24 juillet 2013 par

SOFA, RNDDH, POHDH, Kay Fanm mettent en garde contre toutes manoeuvres politico-judiciaires visant à substituer la victime à son agresseur

Posté le 23 janvier 2013 par

Déclaration de la Solidarite Fanm Ayisyèn - SOFA - à l’occasion du 3ième anniversaire du tremblement de terre du 12 janvier 2010

Posté le 11 janvier 2013 par

La société haïtienne doit se révolter contre toute campagne de dénigrement visant à porter atteinte à l’intégrité morale de la jeune femme victime de viol.

Posté le 18 décembre 2012 par

Deklarasyon SOFA nan okazyon selebrasyon 8 mas 2012

Posté le 9 mars 2012 par

Communiqué de Presse de la SOFA A l’occasion du 8 Mars /Journée Internationale des Droits des Femmes

Posté le 8 mars 2012 par

NÒT OMAJ POU SONIA PIERRE

Posté le 8 décembre 2011 par

 
 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox