PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Souveraineté alimentaire - Biotechnologie

Miltinasyònal Monsanto bay peyizan Ayisyèn yon "kado anpwazone”

Posté le 6 juillet 2010 par PAPDA

Se Beverly Bell ak Jane Regan ki ekri atik sa a 3 jwen 2010

Denyeman, Monsanto te anonse li pral bay Ayiti yon “kado” 60,000 sak semans ibrid (478,014 kg) pou fè mayi ak divès legim.

Semans ibrid se yon kalte semans yo fè nan laboratwa ki ka bay yon plis rekolt pase semans natirèl. Semans sa yo konn bezwen anpil pestisid ak anpil angrè espesyal. Epi, sa k pi mal, peyizan yo oblije achte semans chak lane pou simen paske semans ki sòti nan plant ki fèt avèk semans ibrid yo, oswa yo prèske pa bay anyen nan dezyèm lane, oswa se esteril” yo ye, ki vle di, yo pa donnen ditou. Se sa ki va oblije peyizan yo achte semans chak lane.


Tout moun konnen gwo konpayi agwo-endistri Monsanto, ki sae yon konpayi ameriken. Monsanto gen biwo nan 46 peyi. Konpayi sa a fè $7.5 milya dola ameriken ($7,500,000,000) oswa plis chak lane. Epi li pa difisil wè pou wè kijan li fè kob sa a : Monsanto pouse semans li yo anpil, espesyalman yon kalte semans yo rele OMG (ki vle di “òganis ki modifye nan rasin li”). Yo eseye vann semans ni nan peyi rich, ni nan peyi pòv, paske se konsa yo fè gwo lajan - nan konvenk peyizan ak agrikiltè ak agwonòm se semans pa li yo ki pi djanm, k ap bay plis randman.

Sepandan, nan plizyè kote, lè Monsanto “bay” semans li yo swadizon gratis, li konn fè peyizan yo siye yon akò ki kontwole sa y ap fè nan travay latè yo, parapòta ki semans oswa ki angrè yo ka itilize, menm si peyizan yo pa konprann dokiman y ap siye.

Pa egzanp, reprezantan òganizasyon peyizan nan peyi Meksik te eksplike dènyèman, yo te aksepte akò ak Monsanto, epi de twa lane apre, yo dekouvri se te tankou yo te nan yon prizon - yo pa t gen chwa, fòk yo te achte semans nan men Monsanto nan pri ki te twò wo pou yo, oswa anba lòt move kondisyon.

Depi lontan, òganizasyon peyizan ak asosyasyon k ap travay avèk yo epi apiye yo an Ayiti, denonse enpòtasyon semans ak manje ki sòti nan gwo agwo-endistri etranje, paske li ka afebli pwodiksyon lokal ak semans lokal epi fè peyizan yo depann plis sou konpayi ak semans etranje, sa vle di, yo pral oblije jwenn gwo lajan pou entran. Yo konn pale kont semans ak manje ki fèt ak semans OMG tou.

Pou kounye an, Monsanto pa voye semans OMG li yo an Ayiti. Anfèt, poko gen yon lwa sou reglemantasyon OMG an Ayiti. Se sa k fè Minis Agrikilti Joanas Gué di Monsanto yo pa kapab aksepte semans OMG ki rele “Roundup” konpayi te gen tan ofri l.

Sepandan, menm si Minis la te refize semans OMG yo, nan entere kiyès Minis Agrikilti te aksepte “kado” semans ibrid Monsanto yo ? `

Lè nou mete “kado” sa anba limye, nou wè, li pa senp ditou.

Kado pou kiyès ?

Premyeman, gen keyson ibrid la. Eske se yon kado si Monsanto bay peyizan yon semans ki bay randman pandan yon lane sèlman ? An Ayiti, pou kounye prèske tout peyizan itilize sa yo rele an angle “heirloom seeds” oswa sa n ta ka rele semans ki natirèl, natif-natal. Si se semans natirèl, yon peyizan ka pran semans nan pwòp plant ki donnen yo pou pwochen lane. Men yonfwa yo kòmanse itilize ibrid, peyizan pral oblje achte semans nan men yon konpayi prive. Epi, akòz “kado” li bay, li sou terèn an kounye a, epi li tou pare pou vann semans li yo. Dezyèman, an reyalite, malgre sa jounal yo di, 60,000 sak semans sa yo se pa yon kado yo ye, pou peyizan dirèkteman. Dapre sa Monsanto di nan pwòp dokiman li ekri, peyizan pral oblije peye pou semans sa yo. Yo pral oblije achte - nan yon pri ki redui, dapre sa Monsanto di - nan boutik ki nan men asosyasyon peyizan oswa koperatif. Ki jan yo pral chwazi ki asosyasyon oswa kopèratif ? Se pwojè “WINNER,” ki se yon pwojè USAID (gouvènman ameriken), ki pral deside. [1]

Twazyèman, semans sa yo bezwen angrè. Men Monsanto di klèman, li p ap bay angrè. Ki jan peyizan yo pral jwenn angrè yo bezwen pou semans espesyal sa yo ? Sa fè anpil moun sonje pwojè “kochon blan” pwojè PEPPADEP te distribye nan lane 1980 yo.

A lepòk, te genyen yon lafyèv kochon ki t ap touye kochon an Ayiti ak nan lòt peyi tankou Repiblik Dominikenn. Gouvènman ameriken, ansanm avèk gouvènman diktati Jan Klòd Divalye, te deside touye tout kochon kreyòl an Ayiti. Apre sa yo fè distribisyon kochon “espesyal” yo te di t ap pi gwo pase kochon kreyòl, epi ki t ap fè plis pitit.

Sepandan, menm jan semans ibrid yo konn bezwen angrè espesyal, kochon blan sa yo te bezwen kay espesyal ak manje espesyal. Se te yon gwo echèk. Anpil nan kochon blan yo mouri, epi anpil peyizan te vann kochon sa yo paske yo pa t gen ase lajan pou konstwui bèl kay epi achte bèl manje pou yo.

Katryèman, genyen nan semans ibrid Monsanto ap bay ki geny yon chimi toksik sou yo. Genyen “Maxim XO” sou semans mayi, se yon “fungicide” - ki vle di, yon pwazon ki touye setèn kalte pichon ki konn pouse sou plant.

Epi, semans tomat “calipso” yo genyen yon chimi sou yo ki rele “thiram.” Thiram se youn nan chimi toksik ki nan fanmi chimi ki rele “ethylene bisdithiocarbamates” (EBDC yo). Lè Ajans pou Pwoteksyon Anviwoman Amerikan (EPA an angle) te fè tès sou rat ak souwit, yo dekouvri chimi sa yo ka lakòz maladi, epi yon mande yon etid espesyal sou EBDC. Apre sa, yo dekouvri EBDC yo telman dangere, fòk moun k ap travay avèk pwodui chimik sa a mete gan ak lòt rad espesyal sou yo, pou asire yo ase pwoteje kont efè malouk pwodui toksik sa a.

EPA te pran lòt dispozyson, tou. Yo deside, fòk tout pwodui ki gen EBDC landan yo pote yon etikèt espesyal ki esplike danje ki genyen ladann. EPA di, konpayi yo pa gen dwa mete EBDC nan pwodwi ki pou jaden pesonèl moun, paske majorite moun ki gen ti jaden deyè lakay yo pa konn gen rad espesyal yo ta bezwen pou pwoteje tèt yo kont chimi malouk sa a. [2] Men, eske sak semans pa gen etikèt espasyal sa yo, an kreyòl ? Eske tout peyizan pral gen kapasite li ak konprann etikèt sa yo ?

Nan nòt kourye elektwonik Monsanto voye pou Ministè Agrikilti a, li prèske pa pale sou thiram, epi li pa t di anyen sou danje li, li pa t ofri fè okenn fòmasyon espesyal oubyen bay rad espesyal pou moun ki pral itilize semans toksik sa yo nonplis.

Fò n gade yon yon senkyèm aspe nan “kado” sa a. Nan plizyè kote atravè peyi d Ayiti, mayi moulen ameriken koute mwens chè pase mayi moule ayisyen. Poukisa ? Paske agrikiltè resevwa anpil asistans nan men gouvènman ameriken, epi paske pwodwi sa a, ak anpil lòt pwodwi ankò, antre nan peyi lib e libè akòz politik louvri vant peyi a, kote Ayiti pa gen dwa pwoteje pwòp peyizan ak pwodwi pa l avèk tarif jan l te konn fè lontan. Sa vle di : diri ameriken, poul ameriken, mayi ameriken ak lòt pwodwi ankò ap vann pi bon mache pase pwodui ayisyen. Kiyès k ap egzije politik louvri vant peyi a ? Menm enstans k ap “ede” Ayiti avèk pwojè WINNER ak lòt èd ankò. Ki fè, “kado” sa a se yon kado ipokrizi anpil.

Sepandan, gen yon bagay ki klè - “kado” sa a se nan entere Monsanto.

Elizabeth Vancil, Direktè Inisyatif nan Devlòpman pou Monsanto, te bat bravo lè l tande Minis Agrikilti te aksepte kado semans yo. Madam la te di se te yon “kado Pak” nan yon nòt li te voye nan mwa avril. [3]

Mouvman ak Kritik kont Monsanto Toupaptou

Òganizasyon peyizan ak enstitisyon k ap travay avèk yo epi lòt òganizasyon li nan mouvman sosyal ayisyen an di, semans sa yo reprezante yon gwo danje - pa sèlman akòz chimik yo, oubyen posibilite Monsanto ta ka vini avèk semans OMG yo. Yo di, lòt danje a se pou lavni peyi a menm, ki ta sipoze kanpe sou pwodiksyon manje local - se sa yo rele “souvrènte nan zafè manje.”

Lefèt Monsanto nan Ayiti se yon danje pou kesyon souvrènte manje sa a.

“Moun Ozetazini ta ka ede n pwodui, wi, men se pa ba nou semans ak manje. Lè yo fè sa, y ap detui ti chans nou genyen pou n okipe tèt nou.” Se konsa yon peyizan ki rele Jonas Deronzil, yon manm koprativ nan zòn Verèt, te pale. [4]

Depi lontan moun ki gen konesans sou anviwonman, sante moun epi sou kesyon ti peyizan, ap denonse Monsanto. Se Monsanto ki te pwodui “Agent Orange” (“Ajan Zoranj”), pandan gè Ameriken t ap fè kont Vyètnam. Militè ameriken te itilize Ajan Zoranj pou touye plant ak pyebwa, sa ki t ap pemèt yo we solda Vyètnam di Nò pi byen.

Sepandan, Ajan Zoranj se pwazon. Akòz yo te touche l oswa travay avè l, anpil solda ameriken gen kansè. Gouvènman vyètnamyenn di gen 400,000 sitwayen ki oswa mouwi oswa blese grav akòz Ajan Zoranj. Anplis, akòz yo te nan zòn kote ameriken te itilize Ajan Zoranj, gen 500,000 timoun ki fèt avèk sa yo rele an franse yon “malformation,” ki vle di “move fòm” komsi, yo ka pa gen bra, oswa janm yo pa fonksyone, elatriye. [5]

Anvan, eslogan Monsanto te konn itilize se te “Si pa t gen chimi, lavi a pa t ap posib.” Men kounye eslogan la se “Imajine.” Sit li nan entènèt di, konpayi a “ede peyizan atravè lemond pwodwi plis pandan y ap fè yon travay ki pi bon pou lanviwonman. Nou ede peyizan pwodui plis, sa ki pral bay yo yon kalte lavi ki pi wo pandan y ap pwodwi manje ki pi bon pou lasante... epi tou, travay y ap fè ap gen mwens move èfè sou lanviwonman.” [6]

Sepandan, lè n gade listwa konpayi sa a, nou wè zak Monsanto yo depaman ak pawòl li yo.

Monsanto, ansanm avèk twa (3) lòt gwo konpayi agwo-endistri, kontwole plis pase lamwatye semans sou latè. [7] Monsanto gen preske 650 “brevet” (an franse) sou 650 diferan semans, ki vle di, se Monsanto ki pwopriyetè semans sa yo, epi moun pa gen dwa itilize yo si yo pa peye Monsanto pou sa. Prèske tout semans “prive” sa yo se pou koton, mayi ak soya. Monsanto fè prèske 30% nan tout rechèch k ap fèt nan domen agrikilti sou latè a, tou.

Konpayi sa a vin kontwole tout biznis sa a paske li rive achte plizyè gwo konpayi ki t ap travay nan domen semans. Konsa yo te rive elimine anpil nan konpetitè li yo. Yon lòt bagay y ap fè se “privatize” diferan kalte semans yo fè nan laboratwa tankou diferan ibrid ak semans OMG nan achte “brevet” sou yo. Monsanto se yonn nan pi gwo pwodiktè semans OMG sou latè.

Epi, finalman, Monsanto konn mennen ti peyizan devan tribinal. Pa egzanp, jouk rive nan lane 2007, Monsante te gen tan pote 112 plent kont 372 peyizan ak agrikiltè mewiken epi kont 49 ti konpayi agrikòl, paske moun oswa konpayi sa yo te swadizon vyole kontra oswa “brevet” sou semans OMG. Nan lòt peyi yo, Monsanto konn fè envestigasyon kont apèpre 500 peyizan ak agrikiltè chak lane, dapre sa Monsanto di. [8]

“Monsanto pote plent kont agrikiltè akòz tè yo vin kontamine avèk semans yon vwazen, oubyen si te gen semans OMG lane pase ki deside bay yon dezyèm lane. Monsanto di, agrikiltè ap ‘vòlè’ yo, paske agrikiltè a pa t peye Monsanto pou sa,” esplike Andrew Kimball ak Joseph Mendelson, de moun k ap travay nan yon òganizasyon yo rele “Center for Food Safety” an angle oswa “Sant pou Bon Praktis nan Manje.” [9] Sa vle di, lè yon ti semans OMG ap distribye sou yon plantasyon, menm si agrikiltè pa t vle sa, Monsanto vle touche pou sa.

Nan peyi Kolombi, Monsanto te travay avèk gouvènman ameriken nan Plan Kolonbi, yon plan militè mewiken te òganize kote y ap touye plant koka yo (plant yo itilize pou fè kokayin). Wachintonn te peye Monsanto preske $25 milyon dola mewiken ($25,000,000) pou yon chimik toksik ki rele “Roundup Ultra” pou fè travay sa a. Roundup Ultra se yon pwazon ki genyen landan l yon pwodwi chimik Monsanto fè ki rele “glyphosophate herbicide” an Angle. Epi li gen lòt chimi ladan, tou, ki fè l pi toksik.

Òganizasyon dwa moun epi diferan kominote nan Kolonbi di pwodwi chimi toksik sa a gen tan detwui anpil plant epi li pwazonnen sous dlo nan zòn la. Anplis, li touye plant epi pwazonnen zòn ki te swadizon pwoteje. Yo di Roundup Ultra gen tan bay moun kansè epi fè plis timoun fèt avèk “malformation” yo.

Via Campesina, ki se pi gwo konfèderasyon peyizan nan lemond, ki genyen òganizasyon nan plis pase 60 peyi ki manm, di Monsanto se “youn nan lenmi prensipal peyizan k ap eseye fè agrikilti natirèl epi k ap goumen pou souvrènte manje.” [10]

Via Campesina di Monsanto ak lòt gwo agwo-endistri miltinasyonal yo kontwole plis tè ak biznis agrikilti chak lane, epi se yo ki lakòz peyizan ap pèdi tè yo epi pèdi travay yo. Yo di agwo-endistri sa yo ap kontribye nan chofe planet la epi lòt dezas anviwonman tou. [11]

Lane denye, jou ki te 16 oktòb, Jounen Entènasyonal Manje, Via Campesina te lanse yon kanpay entènasyonal kont Monsanto avèk manifestasyon, okipasyon tè epi grev grangou nan plis pase 20 peyi. Yo fè yon dezyèm jounen aksyon kont Monsanto jou ki te 17 avril ane sa, Jounen Entènasyonal Latè.

ONG mewiken ap kesyone sa Monsanto ap fè, tou. Asosyasyon Konsimatè Òganik gen yon kanpay yo rele “De milyon kont Monsanto,” kote y ap denonse Monsanto epi mande li sispann met presyon sou agrikiltè ameriken, sispann vann manje ki fèt avèk OMG ki poko gen tès ki fèt sou yo, epi sispann itilize lajan enpo ameriken pou sibvansyone OMG. [12]

Sant pou Bon Praktis nan Manje ap goumen kont Monsanto ak Minis Agrikilt Ameriken nan yon plent nan Lajistis Ameriken. Plent sa a ki gen tan rive nan pi wò tribinal Ozetazini. Sant la ap akize pou pwomosyon Monsanto t ap fè avèk Roundup Ready Alfalfa ki pa t respekte lalwa. Nan diferan tribinal pi ba, jij yo deside avèk Sant la. Kounye Sant la ak Monsanto ap tan dezisyon jij nan Wò Tribinal. [13]

Pral gen goumen kont Monsanto an Ayiti tou. MPP di li pral bwoule semans Monsanto yo epi li mande moun manifeste kont prezans konpayi miltinasyonal sa a an Ayiti tou, jou k ap 4 jen, Jounen Mondyal Anviwonman.

—  Nòt :

1) Extension Toxicology Network, Pesticide Information Project of the Cooperative Extension Offices of Cornell University, Michigan State University, Oregon State University, and University of California at Davis,

2) http://www.monsantoblog.com/2010/05/13/monsanto-donates-seed-to-haiti/

3) Yon kourye elektwonik Elizabeth Vancil te voy pou Emmanuel Prophete, Direktè Semans nan Ministè Agrikilti Ayisyen ak lòt moun. Se Ministè a menm ki fè nòt sa a piblik, li pa gen dat. 

4) Entevyou avèk Jonas Deronzil te fèt nan mwa Avril. Li pa t ap diskite Monsanto - se te yon entèvyou sou sitiyasyon peyizan an jeneral.

5) MSNBC, January 23, 2004. “Study Finds Link Between Agent Orange, Cancer.” The Globe and Mail, June 12, 2008. “Last Ghost of the Vietnam War”

6) www.monsanto.com

7) La Vía Campesina, “La Vía Campesina carries out Global Day of Action against Monsanto”, Oct. 16, 2009,

8) Center for Food Safety, “Monsanto vs. US Farmers,” Nov. 2007.

9) Andrew Kimbrell and Joseph Mendelson, Center for Food Safety, “Monsanto vs. US Farmers,” 2005

10) La Vía Campesina, October 16, 2009, Op. Cit.

11) La Vía Campesina, “La Vía Campesina Call to Action 17 April 2010 - Join the International Day of Peasant Struggle,” Feb. 23, 2010,

12) Organic Consumers Association, “Taxpayers Forced to Fund Monsanto’s Poisoning of Third World,” Finland, Minnesota,

13) Center for Food Security, “Update : CFS Fighting Monsanto in the Supreme Court,” May 11, 2010,



 

Une agriculture sans paysans

Posté le 9 juillet 2013 par PAPDA

Un geste humanitaire de Monsanto pour le moins intéressé

Posté le 31 mai 2010 par PAPDA

 

Démysthifier les Institutions de micro-finance

Posté le 8 septembre 2014

Mouvman patriyotik demokratik popilè (MPDP) yon nouvo zouti politik

Posté le 8 septembre 2014

Le gouvernement livre au capital impérialiste 83 % des ressources pétrolières appartenant au peuple mexicain

Posté le 5 septembre 2014

Courriers d’Haïti... Incendies et vases communiquants 22 août 2014

Posté le 28 août 2014

American Curios (La Jornada)

Posté le 26 août 2014

PROGRAMME ETASUNIEN DE DESTABILISATION CONTRE LES MEDECINS CUBAINS

Posté le 25 août 2014

Cuba, un modèle selon l’Organisation mondiale de la santé

Posté le 7 août 2014

IN DEFENSE OF PALESTINE

Posté le 7 août 2014

EN DEFENSA DE PALESTINA

Posté le 7 août 2014

Comment l’aide au développement se privatise au profit des grandes multinationales

Posté le 21 juillet 2014

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox