PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Démocratie participative

Jistis ak Lapè : "Obsèvasyon eleksyon 2009"

Posté le 29 avril 2009 par PAPDA

PAPDA ap envite nou li rapò jistis ak lapè sou eleksyon senatè 19 avril yo. Rapò sa a fè yon analiz sou ti kras moun ki te patisipe pandan lap chache rezon ki fè sa. Pou jistis ak lapè rezon ki pi enpòtan se paske moun yo pa kwè nan leta sa a ankò. Jan rapo a eksplike l la, jan eleksyon yo te òganize a tou eksplike pou ki sa anpil moun pat al patisipe. Jistis ak lapè fè anpil rekòmandasyon sou kijan pou yo amelyore dewoulman eleksyon yo. Men tou, fok yo mete yon konsey elektoral pèmanan pou lite kont enpinite, aktè ak kòmanditè tout zak vyolans ki toujou fèt pandan eleksyon.

Obsèvasyon eleksyon 2009 : Premye aktè nan eleksyon, se sitwayen ak sitwayèn yo

Nan mwa fevriye 2009, Komisyon Jilap te fè yon nòt pou laprès kote l t ap plede pou yon pratik politik kote yo respekte prensip etik. Apre eleksyon 19 avril 2009 la, se yon moman pou evalye mak fabrik lavi politik la nan peyi a genyen. Dewoulman eleksyon an, konpòtman diferan aktè yo ak pratik elektoral yo ede n wè ki jan sa ye. Jilap te patisipe nan òbsève pwosesis la ak plis pase 500 obsèvatè nan 9 depatman.

Pi gwo konsta moun ap fè : sitwayen yo an jeneral pa t vin vote. Apen 2% nan popilasyon nan kapital la te deplase pou fè yon vòt. An pwovens te gen pi plis patisipasyon, men li toujou rete ba anpil. Ki jan pou konprann yon bagay konsa ?

Nou te analize yon sant vòt nan kapital la (Delma). Men ki sa n konstate. Te genyen 14 BV, ki chak te kab resevwa 450 elekte. Sa fè an total 6300 elektè pou sant la. Lè yo konte nan finisman jounen an, yo rive sou 48 vòt pou tout BV yo ansanm. Sa se 0,76 %. Si tout manm biwo yo ak mandatè yo ta vote, te dwe genyen pou pi piti 70 vòt. Pami 48 vòt sa yo, te genyen 17 pou di « okenn kandida pa valab », sa se 35, 41 % nan tout vòt valid yo. Kilès ki t ap pretann nan lane 2006 Ayisyen pa ta deplase pou lage yon vòt blan nan bwat vòt la ?

Eske genyen esplikasyon pou mank patisipasyon an ?

1.An jeneral, nan peyi a se eleksyon prezidan ki atire plis atansyon. Men, gen eleksyon pou prezidan ki pa t rive nan 15 % patisipasyon. Rezon yo mare ak konjonkti a, epi yo montre popilasyon an konnen lè l deplase ak lè l ret lakay.

2.Yon rezon yo repete, se Lavalas ki pa t gen kandida, ki pa t ladan l. Epi ki te lanse yon operasyon « pòt fèmen ».

3.Pi enpòtan se menas yo t ap fè sou popilasyon an nan semèn anvan 19 avril la : te gen anpil menas sou popilasyon an nan katye yo, nan kamyonèt yo, toupatou. « Si wa p sòti, ekri non ou nan plat pye ou ». Moun yo fasil pran nan kaponay ak laperèz. Pratik fè menas sa a, se yon vyolans sikolojik li ye. Li enpoze moun kanpe pou dwa yo.

4.Pi gwo rezon an, se sa anpil moun te di nan jou eleksyon an, se mefyans sitwayen ak sitwayèn yo nan enstitisyon Leta yo. Popilasyon an pa wè ki sa vòt yo itil yo pou amelyore lavi yo. Sena a pa kontribye pou amelyore lavi moun yo. Egzanp : yo menm pa rive vote salè minimòm 200 goud la. Moun yo konprann Sena a nan magouy ak eskandal, yo pa fè anyen pou amelyore kondisyon lavi pèp la. Se konsa tou nou konprann gwo pousantaj moun ki vote « okenn kandida pa bon » (nan sant nou te analize a : 35 %). Anpil lòt moun pa t deplase menm pou menm rezon an.

5.Men genyen tou : movèz òganizasyon jounen elektoral la ki fè moun pa t vote. Men ki sa n te konstate atravè tout peyi a :

a.Lis elektoral yo toujou pa bon. Menm ak ti kras moun ki te vini, plizyè nan yo te blije retounen lakay yo, paske moun yo pa t jwenn non yo, oswa lis yo pa t kòrèk. ONI genyen reskonsablite pa l. Bon enfòmasyon e bon administrasyon se yon mak fabrik yon Leta ki respekte moun.

b.Yo pa t afiche lis elektoral yo depi davans pou moun te kapab al gade ki kote pou ale, jan lalwa elektoral la mande sa. Odinatè, telefòn, el. pa figire pami mwayen lalwa prevwa. Dayè, anpil moun pa gen aksè ak yo.

c.KEP la te fè anpil chanjman dènye minit nan òganizasyon eleksyon yo, san popilasyon an pa t okouran : yo deplase sant vòt yo san moun pa konnen. Sa fè n wè : li lè li tan pou eleksyon fèt ak yon KEP pèmanan, ki kapab konstwi eksperyans ak yon tradisyon elektoral, san yo pa toujou bezwen repete menm erè yo.

d.Lapolis pa t pèmèt machin piblik deplase pou rezon sekirite. Sa fè anpil moun pa t ka al vote si sant la pa t kote yo rete a, paske pafwa sant yo lwen.

6.Popilasyon an pa t gen enfòmasyon sou kandida yo. Te manke yon vrè kanpay elektoral, manke deba piblik sou gwo kesyon k ap brase bil nasyon an. Tout sa dekouraje elektè yo : eleksyon an pa parèt tankou yon bagay ki kab chanje vi popilasyon an ; kandida yo pa parèt tankou moun ki genyen yon mesaj nan sitiyasyon moun yo ap viv.

a.KEP la konfonn kèk espòt piblisite ak yon vrè kanpay edikasyon sivik, ki ede moun yo konprann ki sans Leta ak enstitisyon yo genyen.

b.Pati politik yo pa prezante yon pwogram serye nan yon deba piblik.

Gen kèk lòt bagay ki merite atansyon n :

-  KEP la te pran anpil reta pou òganize eleksyon yo byen. Twòp bagay santralize nan Pòtoprens : tankou kesyon kat pou obsèvasyon. Gen fason yo konpoze biwo BV yo : anpil kote yo pa t asepte moun ki sòt lòt kote. Fòmasyon manm BV yo te fèt nan dènye minit, pafwa menm yon jou anvan eleksyon. Lè te gen pwoblèm, pa t gen posiblite pou korije anyen. Yo pa t prevwa anyen pou manm BV yo : yon kontra, yon antant, yon kolasyon, posiblite transpò pou rantre lakay aprè vot la.

-  Zak vyolans yo ki fèt jou 19 avril la menm, montre anpil moun pokò rive konprann ki sans politik la genyen nan lavi yon peyi. Se jou eleksyon moun wè dezameman pa janm fèt vre. Sa k pi tris, se lè n konstate otorite nan Leta a sèvi ak vyolans pou ranfòse pozisyon yo ak pozisyon pati politik pa yo.

° Nan vyolans ki te genyen nan Plato Santral, gen depite, senatè ak kandida ki mele ; gen pati politik tankou UCCAD ak Lespwa ki mele nan fè vyolans ak magouy.

° Nan vyolans ki te genyen nan Latibonit, gen depite ak kandida ki mele ; gen pati politik tankou AAA, Lespwa ak endepandan ki mele nan fè vyolans ak magouy.

° Nan Grandans, gen otorite lokal ak depite ki mele nan fè presyon sou elektè yo.

° Nan Sidès, yon senatè ta ki mele nan fè presyon sou elektè yo.

° Nan Nò, patizan Modelh, Lespwa (nan machin Leta) ak Fizyon mele nan (tantativ) boure bwat.

° Konpòtman kèk otorite kreye konfizyon :

> Konstitisyon peyi a di : « Yon sitwayen dwe vote nan eleksyon, san yo pa fòse l » (atik 52-1). Ki jan pou konprann lè Prezidan Repiblik la deklare « Moun pa blije vote » ?

> Ki jan pou konprann, se de (2) jou anvan eleksyon an yo kòmanse pale sou finansman kanpay pati politik yo, tandiske lalwa elektoral la te prevwa l ?

> Ki jan pou konprann lè depite ak senatè yo pa pran distans ak menas patizan yo ap fè, menm si se menas sikolojik ?

Ki lè iminite otorite yo pa p menm bagay ankò ak enpinite ? Ki lè y ap aplike sanksyon lalwa elektoral la prevwa kont moun ki mete dezòd, ki anpeche moun jwi dwa yo, k ap fè menas e ki fè vyolans ? Ki lè y ap pran sanksyon kont depite, senatè, ak kandida ki nan zak vyolans pandan operasyon elektoral la ?

Jilap te plede pou genyen plis valè ak konsiderasyon etik ki antre nan politik ak nan koze eleksyon yo. Eleksyon se yon kesyon sitwayen li ye. Eleksyon se yon fason san vyolans pou rezoud kesyon sila a : kilès n ap renmèt pouvwa ak reskonsablite pou jere a pou yon bout tan. Poutèt sa, gen règjwèt nan eleksyon tout moun dwe respekte. Moun ki refize règ yo pa kab patisipe nan jwèt la.

Jilap pa dakò pou moun ki jwenn manda gras ak yon eleksyon sèvi ak moso pouvwa sila a pou fè dappiyanp sou popilasyon an. Iminite ki mache ak yon pouvwa pa dwe sèvi pou gaye enpinite nan peyi a.

Eleksyon se yon kesyon respè pou etik ak respè pou pèp Ayisyen an. Nan eleksyon se sitwayen ak sitwayèn yo ki premye aktè a. Peyi a se pou yo. Li pa pou politisyen ak otorite ; peyi a pa janm kab tounen byen pa yo. Poutèt sa nou vel eleksyon kòrèk, san gwo ponyèt, nan transparans e ak enfòmasyon.

Men ki sa n mande

Pati politik yo

-  Pou yo fè edikasyon sivik manm yo (ak mandatè yo) : aprann yo respekte prensip demokratik, tolerans ak wòl enstitisyon yo genyen.

-  Pou yo pran distans yo, yon fason piblik, ak tout manm yo ki te mele nan vyolans.

-  Pou yo travay sere sere sou yon vizyon pou peyi a ki bay repons sou pwoblèm ak kesyon popilasyon peyi a genyen.

ONI (Ofis nasyonal Idantifikasyon)

-  Pou l òganize bank done sitwayen yo yon fason sistematik, pèmanan epi kòrèk.

-  Pou l enfòme sitwayen/yèn yo yon fason klè sou ki sa pou yo fè lè enfòmasyon yo pa t fin kòrèk, lè yo chanje kote yo rete, el.

-  Kòm sèvis piblik, fòk ONI fasil pou jwenn, fòk li gaye nan tout peyi a, fòk li yon sèvis gratis ki regilye e kòrèk.

Egzekitif la

-  Pou l travay prese prese pou mete sou pye yon KEP pèmanan, jan manman lwa peyi a mande sa, pou pèmèt eleksyon yo fèt yon fason kòrèk, ki koute mwen chè, ak eksperyans epi nan tan ki nesesè, san yo pa bezwen repete chak fwa menm pwoblèm yo.

-  Pou l antre nan pwosesis desantralizasyon san demagoji, pou popilasyon an kapab pran pwòp pwoblèm li yo nan men l, kote l rete.

KEP la

-  Pou l korije prese prese tout erè ki te genyen nan òganizasyon eleksyon an. ° Bay enfòmasyon yon fason kòrèk sou sant vòt yo. ° Bay mwayen senp nan men popilasyon an pou konnen ki kote sant yo ye. Respekte sa lalwa mande sous sa. ° Oganize operasyon yo atan ; konsidere moun ki manm BV yo nan jou vòt la.

-  Pou l òganize yon kanpay fòmasyon sivik, ki kòrèk, ki esplike wòl enstitisyon Leta yo ak enpòtans eleksyon genyen.

-  Pou l aplike lalwa elektoral kont tout otorite Leta ki mele nan fwod, magouy ak vyolans.

-  Pou l aplike lalwa elektoral kont tout kandida ki mele nan fwòd, magouy, entimidasyon.

-  Pou l sispann konsidere eleksyon tankou yon bagay ki gade sèlman Pouvwa Egzekitif la ak pati politik yo. KEP la, kòm òganis endepandan Leta a, se nan sèvis sitwayen yo ak peyi a li dwe ye.

Lachanm depite ak senatè

Pou yo pran sanksyon kont tout manm nan kò a ki mele nan fwod, magouy ak vyolans nan eleksyon 19 avril 2009. Se yon kesyon onè Gran Kò a.



 

Mouvman patriyotik demokratik popilè (MPDP) yon nouvo zouti politik

Posté le 8 septembre 2014 par PAPDA

Le gouvernement livre au capital impérialiste 83 % des ressources pétrolières appartenant au peuple mexicain

Posté le 5 septembre 2014 par PAPDA

Mobilisation en France pour la libération de Jean Matulnès Lamy

Posté le 4 septembre 2014 par

IN DEFENSE OF PALESTINE

Posté le 7 août 2014 par PAPDA

EN DEFENSA DE PALESTINA

Posté le 7 août 2014 par PAPDA

Rezolisyon kongrè MST-Brezil

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Les Canadiens présentent des excuses publiques au peuple Haïtien

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Le coordonnateur de la POHDH, Daniel Dorsinvil, et son épouse, abattus par balles à Port-au-Prince

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Invitation : veillée patriotique en l’honneur de Daniel Dorsainvil et Girldy Larêche

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Remise de clefs de 400 logements définitifs à des familles de Ti-Boukan

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

 

Démysthifier les Institutions de micro-finance

Posté le 8 septembre 2014

Mouvman patriyotik demokratik popilè (MPDP) yon nouvo zouti politik

Posté le 8 septembre 2014

Le gouvernement livre au capital impérialiste 83 % des ressources pétrolières appartenant au peuple mexicain

Posté le 5 septembre 2014

Courriers d’Haïti... Incendies et vases communiquants 22 août 2014

Posté le 28 août 2014

American Curios (La Jornada)

Posté le 26 août 2014

PROGRAMME ETASUNIEN DE DESTABILISATION CONTRE LES MEDECINS CUBAINS

Posté le 25 août 2014

Cuba, un modèle selon l’Organisation mondiale de la santé

Posté le 7 août 2014

IN DEFENSE OF PALESTINE

Posté le 7 août 2014

EN DEFENSA DE PALESTINA

Posté le 7 août 2014

Comment l’aide au développement se privatise au profit des grandes multinationales

Posté le 21 juillet 2014

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox