PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Souveraineté alimentaire

Sòti 10 pou rive 12 desanm 2008, PAPDA ap òganize yon fowòm entèkominal (Jakmel Kay-Jakmel) sou anviwònman

Posté le 8 décembre 2008 par Franck Saint Jean

Peyi Dayiti ap viv depi kèk tan yon gwo moman dezolasyon ak dezespwa. Pwoblèm anviwònman peyi a prezante sou diferan fòm : ewozyon, debwazman, deboulonman tè, polisyon rivaj yo elatriye. Pwoblèm sa yo vinn agrave ak peryòd siklòn yo pou lane 2008 la. Pasaj 4 dènyè siklòn nan yon mwa vinn mete abse sou klou kote pou nenpòt ti lapli se kadav nap konte, se moun kap deplase, se moun kap diparèt, se jaden peyizan ki ale nan dlo epi dega ekonomik yo lou anpil. Fowòm sa a ap chache pou ranfòse fòs rezo, òganizasyon peyizan yo, òganizasyon sosyo-pwofesyonel yo nan pwosesis dyalog ak konsetasyon pou enfliyense politik ak aksyon pou remanbre anviwonman peyi a. PAPDA ap chache fòmile atravè fowòm nan kèk repons altènatif pou yon meyè itilizasyon resous yo nan kad remanbre anviwònman ak ekonomi peyizan yo.

1. Ki jan sitiyasyon anviwònman peyi a prezante jodi a ?

Depi kèk tan, peyi Dayiti ap viv yon gwo moman dezolasyon ak dezespwa ki vinn agrave ak peryòd siklòn yo pou lane 2008 la. Pasaj 5 dènye siklòn yo tankou Nowèl lane pase plis Fay, Gustav, Hanna ak Ike pou lane 2008 la, vinn mete abse sou klou kote pou nenpòt ti lapli se kadav nap konte, se moun kap deplase, se moun kap diparèt, se jaden peizan ki ale nan dlo epi dega ekonomik yo lou anpil.

Gwo siklòn ki sot pase yo pandan ane sa a montre nan ki eta tèt chaje anviwònman peyi a. Pwoblèm anviwònman peyi a prezante sou diferan fòm : Ewozyon, Debwazman, Deboulonman tè, polisyon rivaj yo elatriye.

Nan preske tout kwen nan peyi a, tè ki nan plèn yo konble ak wòch, anpil tè mòn ki glise desann, nou pa kapab konte kantite tòn tè ki ale nan lanmè, anpil pye bwa ki rache, pifò jaden devaste, anpil zannimo ale nan dlo, anpil kay kouvri ak dlo epi yon latriye lòt kraze, san nou pa bliye gwo dega enfrastrikti yo sibi tankou system dlo potab, wout, pon, lekòl, sant sante, lopital elatriye.

Ki jan Sitiyasyon anviwònman nan depatman Sidès ye jounen jodi a ?

Anpil moun kap analize sitiyasyon an, pou pèp la, yo deklare : Gwo kolon ewopeyen te koumanse premye atak kont anviwònm zile a nan detui anpil nan espas forestye yo, Desizyon Leta ayisyen te konn pran nan fen ane 1800 yo pou rive nan koumansman lane 1900 nan bay yon seri konpayi etranje otorizasyon pou eksplwate fore bwa yo, Ditakti ki t ap detwi forè, zòn bwaze sou pretèks yo tap goumen kont kamoken Desizyon politik Leta ayisyen ki te toujou marande ak politik gwo peyi yo anba lòd Fon Monetè Entènasyonal (FMI), Bank Mondyal (BM), Bank Entèamerikèn — Devlòpman (BID), Oganizasyon Mondyal Komès (OMC), Ajans Ameriken pou Devlòpman Entènasyonal (USAID), elatriye ki lakòz katastròf yo vin pi grav epi lage peyi a san repondong, Degradasyon anviwonman an se tou rezilta chwa ekonomik, sosyal, kiltirèl ak politik klas dominant yo, se yon chwa ki tabli yon move sistèm repatisyon richès, ki gaspiye resous peyi epi ki pèmèt yon ti ponyen moun ap vinn pi rich epi gwo mas pèp la ap mouri nan mizè, Desizyon kapitalis entènasyonal la t ap pran depi nan lane 20 yo pou te devlòpe yon seri pòl ekonomik nan rejyon an, tankou Repiblik Dominikèn, Kiba kote y ap ka itilize pèp ayisyen an kòm travayè bon mache epi piye resous peyi Dayiti tankou bwa pou konstwui wout tren nan peyi sa yo pou fè mache latriye endistri yo kapitalis yo, Chanjman klima a ki makonnen ak jan sistèm kapitalis la ap pwodwi, jan y ap fòse moun viv, kote y ap fè dap-piyanp toujou sou richès natirèl yo. Bagay sa yo lakòz Ayiti se peyi anndan rejyon karaiyb ki pi ekspoze anba katastròf, Pwojè kapitalis anndan peyi a kote yo te mete peyizan deyò, pran tè debwaze yo pou plante kilti pou fe lajan tankou pit, sizal, koton, kafe, kakao, bannann, sitwon, zoranj elatriye menm jan jodi a se agwo-kabiran, Legliz ki te rantre nan detwi bwa nan lide pou konbat vodou.

Sityasyon sa yo te frape anpil depatman Sidès la, ki lakoz tristès nou jodi a. Dega sa yo lage pèp la nan malè epi Leta ayisyen jounen jodi a ki nan yon sitiyasyon kote li pèdi otorite l, li pa ka reponn ak pwoblèm yo, li pa ka jere espas teritwa peyi a ni nan tan nòmal, ni nan tan katastwòf. Li pa ka bay tèt li zouti ni pou l jere, ni pou l òganize, ni pou l prevwa. Li pa menm kapab itilize nan bon jan kondisyon resous nasyonal li gen nan men l.

Se konsa, lè nou gade jesyon ki fèt nan agrikilti peyi a, nou wè peyizan yo toujou rete deyò modèl ekonomik la, bon kalite tè yo nan men grandon lavil ak nan peyi etranje, nan men legliz, se toujou ti lòsyè nan mòn yo peyizan yo ap travay men toujou anba mòd relasyon tankou dematye, fèmaj, kout ponya, elatriye. Peyizan yo sètobilje, kote yo ye nan mòn yo, geri bosko yo sou resous natirèl yo nenpòt ki jan pou yo ka reziste ak fanmiy yo anba sistèm politik, ekonomik, sosyal sa a ki monte kont yo.

Jodi a, peyi a kanpe an fas yon seri gwo defi tankou :

Kriz enèji, Leta pa janm ka regle pwoblèm sa a ki tounen yon frèt kach nan kò popilasyon an. Konsomasyon bwa nan peyi a ap ogmante chak jou pi plis, nou jwenn boulanje, dray, bwa pou kofraj epi itilizasyon chabon, Presyon ekonomik sou anviwònman an, popilasyon an ap ogmante a 2% pandan pwodiksyon an ap ogmante a 0,2 %, Peyi a pèdi dwa granmoun li kote se kominote entènasyonal ak latriye ONG kap mennen bak peyi a, Kriz lavi chè ak lamanjay k ap brase bil popilasyon an, Santralizasyon pouvwa a ki bloke tout modèl devlòpman altènatif

Nan kad aksyon PAPDA ap mennen pou ranfòse kapasite agrikòl ak pledwaye òganizasyon peyizan nan depatman Sidès, prensipalman ak VEDEK ki chita nan kominote Kap-Wouj, nan apwòch travay PAPDA, zafè anviwònman an te toujou gen yon plas enpòtan nan akonpayman yo. Men nan dènye moman sa yo, anpil nan rezilta travay PAPDA yo pran anpil pataswèl lè lanati mande regleman. Se nan sans sa a, nou panse li ijan pou koumanse epi menm kontinye ak travay refleksyon epi bon jan aksyon pou remete kanpe figi anviwònman peyi a sou ray. Se konsa PAPDA vle reyalize yon fowòm entèkominal sou pwoblèm anviwònman depatman Sidès.

2. Objektif jeneral :

Pote kole pou ranfòse fòs rezo, òganizasyon peyizan yo, òganizasyon sosyo-pwofesyonel yo nan pwosesis dyalog ak konsetasyon pou enfliyense politik ak aksyon pou remanbre anviwonman peyi a.

Objektif nap rapousuiv :

1.Fasilite deba kritik ant popilasyon yo ak otorite lokal yo sou pwoblematik anviwonman peyi a patikilyèman kominote sible yo,

2.Kreye relasyon dirèk ak konfyans ant kominote yo ak otorite lokal yo sou patisipasyon yo chak nan kouman rezoud pwoblèm anviwonman an,

3.Trouve yon inisyatif entèvansyon altènatif posib pou aji epi ki ka, pi devan, sèvi kom modèl pou reponn ak pwoblematik anviwonman peyi a.

3. Ki aksyon posib pou remete kanpe anviwònman depatman sidès ?

Fòk nou di gen anpil enstitisyon, oganizasyon elatriye kap aji nan depatman an, patikilyeman nan zòn sible yo sou kesyon anviwònman. Aksyon sa yo, pou popilasyon an, pa bay gwo rezilta, pafwa yo konn menm rive agrave pi rèd sitiyasyon an. Jodi a nou panse nou dwe mete an kesyon apwòch entèvansyon sa yo. Pa ka gen yon resèt, pa gen yon moun ki gen solisyon. Nan sitiyasyon nou ye la ak anviwònman peyi a ki pa ka tann ankò, avèk tout kesyon ki sòt poze pi wo yo, mouvman sosyal pwogresis yo tankou ONG nasyonal yo, asosyasyon-pwofesyonel ayisyen yo, sendika pwofesyonel, oganizasyon peyizan yo, oganizasyon fanm yo sanble kondane pou chache altènatif pou trouve kèk modèl ki ka mache pou rebwaze peyi a.

Pwogram kap Plede Kòz Dwa Granmoun Peyi a nan Lamanajay (PPSA) anndan PAPDA ki depi plis pase 5 lane ap ranfose VEDEK (Viv Espwa pou Devlopman Kap-wouj) konstate jounen jodi a dega yo menm rive pote ale anpil nan rezilta travay li mennen ak VEDEK nan Kap-wouj. PPSA wè nesesite pou chache infliyense asosyasyon lokal yo, otorite yo pou jwenn kèk aksyon ki ka sèvi kòm altènatif pou korije sitiyasyon an.

—  Se nan sans sa a, PAPDA nan tèt kole ak Asosyasyon Nasyonal Agro-pwofesyonel Ayisyen (ANDAH) mete ak VEDEK pran inisyativ pou fasilite brase lide sa a pou chache jwenn kèk modèl kote popilasyon an ak otorite onivo kolektivite yo antann yo sou li epi pran angajman pou pote l.

Se konsa, pandan nap chache ki aksyon posib, nou wè tou yon seri kesyon ki merite pou analize pandan 2 jou a tankou : ki pouvwa, ki otonomi kolektivite yo, ki fòs dirijan kolektivite yo nan jesyon espas teritwa ki sou lobedyans yo a, ki enplikasyon kolektivite yo nan entèvansyon k ap mennen anndan espas yo a, ki mòd relasyon ki tabli oubyen ki ta dwe tabli ant Majistra yo ak popilasyon yo, ant majistra yo ak mouvman sosyal yo, ant majistra yo ak lot enstitisyon Leta dekonsantre yo, ant majistra yo ak ONG yo nan kad aksyon-pwojè k ap mennen sou teritwa sa a, eske Majistra yo konnen kibo tèritwa pa li a kòmanse epi ki bò li fini ? eske majistra yo konnen kantite tè Leta ki genyen sou espas l ap jere a ? eske komin nan gen yon sans nan fòmilasyon politik Leta a ak bidjè nasyonal la, eske majistra yo kapab defini aklè zòn pou agrikilti, zòn pou konstriksyon kay, zòn pou forè, zon pou eksplwatasyon bwa, zòn pou konsèvasyon bwa, ki refom agrè ki ka akouche yon plan amenajman tèritwa a, Pandan peyi a poko ka gen yon Leta ki pou reponn ak pwoblematik anviwonman yo, eske nan diskisyon ak otorite lokal yo, mouvman sosyal konsekan yo pa ka jwenn kèk posibilite aksyon rebwazman.

4. Metodoloji travay

A-Enplikasyon asosyasyon ak òganizasyon peyizan yo, ONG yo, Pouvwa Lokal yo, Palmantè elatriye, Inisyativ la sòti nan konsta, evalyasyon aksyon VEDEK ap mennen ak PAPDA, nan gade pwoblèm anviwònman an nan depatman an, nan gade fòs kolektivite yon an jesyon kesyon an, entèvansyon dirijan Leta yo ap fè, lòt aktè kap aij tou, relasyon ki egziste ant Leta santral la ak kolektivite yo. Bay sa yo voye n al reflechi antre nou, aprè diskite ak kèk otorite lokal, lòt patnè pou dyaloge ansanm. Yon ekip Pwogram PPSA, mobilize pou preparasyon ak reyalizasyon fowòm, anpil rankont te dwe fèt ak Majistra, KASEK, ASEK, espè nan domèn nan ak anpil dirijan asosyasyon. Menm jan tou dwe prepare bandwòl, spot pwomosyon, lèt envitasyon, rankont, elatriye.
—  B- Yon pwogram òganizasyon 2 jounen fowòm nan ap prezante ansanm ak dokiman referans òganizasyon fowòm nan.

Komin k ap touche yo : Sou-basen vèsan pwopoze pou brase lide sa a fèt :

Oganizasyon brase lide sa a, ap pran an kont zòn sa yo : Mabyal, Fon melon, Kochon gra, Ba-kap-wouj, Wo-kap-wouj, Ravin nòman, Gaya ak Michino.

Patisipasyon

Nan aktivite sa a KASEK, ASEK, Konsey Minisipal Kay-Jakmel ak Jakmel, vis-Delege awondisman Jakmel la, Direksyon Depatmantal Ministè Anivònman, DGI, Depite Kay-Jakmel e Jakmel, ONG nasyonal ki nan zòn sa yo ap envite pou patisipe ansann ak manm òganizasyon peyizan, sosyo-profesyonel, fanm, anseyan, sendika elatriye.

Lokal

Brase lide sa a, ap òganize nan dat 11 ak 12 desanm 2008 nan Sant kamping zoranje -jakmel (sou wout avyasyon pou ale kap-wouj). Tèm santral : Yon modèl Altènatif nan kad yon angajman kolektif pou yon lòt konpòtman nan anviwonman an.

Tèm espesifik pou konferans-deba yo,

Analiz kritik pwoblematik anviwonmantal an Ayiti patikilyèman nan depatman Sidès la, Vizyon politik pou yon kolektivite otonòm kòm baz ki ka reponn a pwoblèm anviwònmantal fizik peyi a espesyalman sou-basen vèsan nap pale a, Wòl ak angajman responsab komin nan nan jesyon tè, forè, pwodiksyon bwa kòm resous ak pwoteksyon anviwònman, Kad legal ki existe ki kapab bay egzistans a yon pwoje rebwasman altenatif, Ki modèl rebwazman fas a nesesite pou pwoteje mon yo, oganize espas lavil yo e pou remanbre ekonomi peyizan yo.

- Tèm ki pral debat nan atelye yo :

Ki fòm òganizasyon asosyasyon yo ka pran pou defann otonomi kolektivite yo epi pou sansibilize oubyen fòse dirijan kolektivite yo pran inisyativ ak yo pou demare ak rebwazman zòn sible yo, Ki mwayen (tè, resous lajan) ki pou demare epi kore inisyativ yo
—  Ki batay oganizasyon sa yo pral mennen pou fè mache inisyativ yo

5. Suivi

PAPDA gen misyon pou fè pwomosyon yon politik agrikòl ki chita sou Dwa Granmoun Peyi a. Politik sa a dwe an amoni ak yon politik anviwonmantal ki dwe pote kole nan rezoud anpil lòt kalte pwoblèm estriktirèl. Rezilta brase lide sa a ap pibliye, tounen jwenn otorite yo, sèvi kòm gid pou mennen aksyon k ap sòti yo epi pou kontinye mennen travay pledwaye asosyasyon yo tou kòm PAPDA. PAPDA vle experimante inisyativ k ap sòti a epi pataje ak lòt òganizasyon aprantisaj, esperyans l ap akimile yo. Li ta swete repete brase lide sa a nan divès lòt komin.

PPSA-PAPDA ap fè jefò pou oreoare yon dokiman referans ak rezilta fowòm nan. Fowom nan ta kapab akouche ki kalte atikilasyon k ap genyen nan mitan diferan asosyasyon peyizan nan kominote sa yo pou mennen inisyativ pou remete kanpe figi anviwònman depatman an.

Ki mekanis pou suivi yo kapab pote bon jan rezilta

Ki enplikasyon PAPDA nan ranfòse inisyativ la



 

Fowóm Óganizasyon Peyizan yo sóti 3 pou rive 5 avril 2014 nan Dofouno Ti Rivyè Latibonit.

Posté le 24 mars 2014 par Franck Saint Jean

Reconocen trabajo de Cuba en la lucha contra el hambre

Posté le 13 mars 2014 par PAPDA

Alerte à la déstructuration du marché du riz dans l’Artibonite

Posté le 10 mars 2014 par Camille Chalmers

L’exploitation étrangère est la cause des difficultés de Haïti selon la Brigade Dessalines

Posté le 16 janvier 2012 par

Comprendre le tremblement de terre pour mieux se protéger

Posté le 26 novembre 2010 par

Les paysans haïtiens veulent en finir avec le néolibéralisme

Posté le 23 septembre 2010 par PAPDA

Mobilisation contre le don mortel de Monsanto au Ministère de l’agriculture Haïtien

Posté le 2 juin 2010 par Ceco

Commentaires et recommandations sur le Programme Spécial d’Urgence et d’Appui à la Production Alimentaire

Posté le 26 mars 2010 par Franck Saint Jean

“Feeding Dependency, Starving Democracy” Revisited

Posté le 23 mars 2010 par PAPDA

A Future for Agriculture, A Future for Haiti

Posté le 6 mars 2010 par PAPDA

 

Deklarasyon final Fowòm Nasyonal nasyonal oganizasyon Peyizan yo ki fèt sou tèm : Agrikilti familyal agwoekolojik, yon modèl pou konbat mizè, pou asire idantite ak souverènte pèp la, yon batay pèmanan mouvman peyizan konsekan yo .

Posté le 11 avril 2014

Fowóm Óganizasyon Peyizan yo sóti 3 pou rive 5 avril 2014 nan Dofouno Ti Rivyè Latibonit.

Posté le 24 mars 2014

Commentaires et recommandations sur le Programme Spécial d’Urgence et d’Appui à la Production Alimentaire

Posté le 26 mars 2010

Promotion de la production agricole biologique à travers des échanges, des formations et des recherches entre des organisations paysannes haïtiennes et des cadres étrangers

Posté le 29 janvier 2008

Foire agro-écolo-touristique du 12 au 14 octobre 2007 à Jacmel

Posté le 23 novembre 2007

Séminaires de formation sur les Accords Commerciaux Internationaux à l’intention des membres d’organisations de producteurs (trices) de la région du Nord et du Sud’Est du pays.

Posté le 28 juin 2006

PAPDA réagit sur le projet de décret définissant le cadre général de la Décentralisation et les Collectivités Territoriales

Posté le 15 décembre 2005

La PAPDA veut produire un film documentaire sur la problématique de la production du riz national

Posté le 15 décembre 2005

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox