PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Démocratie participative - Réflexions critiques

Bilan ane 2007 la an Ayiti

MODEP

Posté le 9 janvier 2008 par PAPDA

Nan premye semèn ane 2008 la nou envite nou li ak reflechi sou ane ki sot pase a. Nap pibliye jodia Bilan MODEP fèk pibliye sou ane 2008 la sitou nan aspè ekonomik ak politik.

Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) modepayiti@yahoo.fr

Bilan kritik sou ane 2007 la

2007 : yon ane Lespwa ki pote anpil dezespwa

Eleksyon 2006 yo te pote anpil espwa nan mitan anpil moun nan mas yo ki te pote kole pou mete prezidan Rene Preval sou pouvwa a. Pandan ane 2006 la, mas yo te deja kòmanse konstate gouvènman Lespwa a pat pote anyen pou amelyore kondisyon lavi yo. Malgre sa, anpil moun nan mas yo te kontinye mete espwa yo nan pouvwa a. Men, yon lòt fwa ankò, espwa sa a tounen dezespwa. Kit se nan nivo politik, ekonomik ak sosyal, sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou pi plis. Kondisyon lavi mas yo ap vin pi difisil alòske menm pouvwa sa a ap kreye anpil kondisyon pou boujwazi a nan nivo lokal ak boujwazi entènasyonal la atravè antrepriz miltinasyonal yo, fè plis kòb sou do mas travayè ak travayèz.

Nan nivo politik

Ane 2007 la nan nivo politik, se te yon ane eskandal, konplotay ak kase fèy kouvri sa. Diferan pati politik ki fòme gouvènman « pliryèl » sa a, antann yo pou mennen bak peyi a nan gou kominote entènasyonal la, boujwazi lokal ak entènasyonal la. Pati politik ki andedan gouvènman Preval Aleksi a mete yo dakò pou kontinye aplike politik neyoliberal la anba kontwòl FMI ak Bank Mondyal, antan y ap plonje peyi a pi fon nan depandans ak okipasyon etranje. Se nan lojik sa a, gouvènman swadizan pliryèl la kontinye bay benediksyon li pou renouvle manda MINISTA nan peyi a. Pandanstan, chak pati ki andedan gouvènman an ap fonksyone tankou yon ti gouvènman anndan gouvènman an. OPL, Fizyon, Inyon, ESKANP, Lavalas, Kid/Alyans, PLB, chak pati sa yo fè ministè yo tounen yon bwat ki osèvis pati yo olye yo sèvi popilasyon an.

Yon lòt bò, eskandal ap pete toupatou nan enstitisyon Leta yo. Lè se pa lapolis ak lajistis, se gouvènman an ak palman an oubyen nan MINISTA, nan sena an ak nan CNE. Nan koumansman ane 2007 la, Prezidan an te deklare batay kont kòripsyon ak estabilite peyi a, se pi gwo priyorite li. Men sa pa anpeche Ayiti toujou sou lis peyi ki gen plis kòripsyon nan sektè piblik kou nan sektè prive a ki gen kòd lonbrit li mare ak kòripsyon ak kontrebann. Kèk ti jefò ki rive fèt pou eseye konbat kòripsyon an pa vreman bay gwo rezilta. Okontrè, menm gouvènman k ap konbat kòripsyon an poze divès zak ki kapab ankouraje kòripsyon. Pami zak sa yo, gen desizyon pouvwa anplas la te pran pou li bay chak depite plis pase 200 mil goud epi chak senatè yon milyon goud pou ouvèti lekòl la. Desizyon sa a plis sanble ak yon desizyon pou mete palmantè yo anba kontwòl pouvwa a olye se yo ki kontwole pouvwa a. Se menm bagay la ki fèt nan nivo lajistis. Plizyè jij nan aparèy jidisyè a gen prim y ap resevwa nan men ULCC. Sa ki fè nan MODEP nou kwè yon desizyon konsa pa kapab garanti sa y ap rele endepandans pouvwa jidisyè a.

Nan zafè sekirite, anpil moun konstate gen yon ti amelyorasyon parapò ak ane anvan an. Men, pa gen dekwa ditou pou okenn otorite bat lestomak yo. Pou ane 2007 la, gen plis pase 200 ka kidnapping malgre gen plis pase 9000 sòlda etranje nan peyi a. Se pa yon bon rezilta ditou, menm si te gen plis ka nan ane ki sot pase a. Sa ki fè n ap toujou di nan MODEP, prezans MINISTA nan peyi a, se yon koli ankonbran. Dènye eskandal kadejak ak kòripsyon ki sot pete nan fòs okipasyon an nan peyi a, montre aklè fòs sa a pa ka gen enterè nan ede nou konstui yon sosyete ki chita sou valè demokratik, ki respekte dwa moun. Okontrè, fòs okipasyon an gen plis enterè nan afeblisman Leta a ak nan enstabilite yon fason pou li ka kontinye benyen nan kòripsyon ak nan kadejak.

Sou plan diplomatik, MODEP konstate pouvwa sa a fè anpil ofansiv nan patisipe nan yon seri randevou enpòtan nan nivo entènasyonal tankou : rankont ant peyi non aliye yo, rankont ALBA, Petwokaribe elatriye. Men, tout ofansiv sa yo sanble ap fèt san okenn ajennda klè. Pouvwa anplas la pa rive pote okenn chanjman nan misyon diplomatik yo. Sa ki ta vle di pa gen okenn chanjman reyèl ki pote nan politik entènasyonal pouvwa anplas la.

Se menm sitiyasyon an ki egziste sou kesyon delege ak vis delege yo. Okenn chanjman pa fèt nan nivo sa a. Pifò delege ki te gen nan pouvwa pase yo, toujou nan plas yo. Jounen jodi a, pifò sektè nan peyi a parèt bouke ak kalite politik pay pwa sa a. Palmantè yo bò kote pa yo, ap fè wont tounen kòlè. Sa ki fè jounen jodi a, gouvènman Aleksi a toujou anba menas pou jwenn katon wouj anba men palmantè yo. Nou gen enpresyon palmantè yo plis itilize pouvwa kontwòl yo genyen an pou fè machanday politik. Sèten moun menm kwè presyon palmantè yo rantab anpil. Yon lòt bò, Prezidan Preval, pou kouvri enkapasite li pou fè fas ak responsablite li genyen, chwazi lage tout mal peyi a sou do konstitisyon an. Alòske, konstitisyon sa a, malgre li se yon konstitisyon boujwa, li poko janm aplike reyèlman.

Nan nivo ekonomik ak sosyal

Pou ane 2007 la, enstitisyon finansyè entènasyonal yo bay pouvwa anplas la bèl nòt pou bon travay yo di l fè nan nivo ekonomik. Men, popilasyon an, sitou mas popilè yo pa menm pran sant bon travay sa a. Pandan ane 2007 la, sitiyasyon an vin pi difisil pou mas yo. Plis pase 60 pou san popilasyon an ki vle travay toujou nan chomaj. Plis pase 500 mil timoun toujou paka jwi dwa konstitisyon an ba yo pou yo chita sou ban lekòl. Plis pase 2000 timoun kontinye ap dòmi san sekou sèlman nan lari pòtoprens.

Pandan tan sa a, pri manje, kay, lekòl, lopital, siman, farin, pen elatriye ... kontinye ap monte 17 wotè. Gouvènman an prefere siyen akò tankou APE ki pral anvlimen sitiyasyon difisil mas yo olye li travay pou amelore kondisyon lavi yo. Sèlman nan fen ane 2007 la, pri pwodui premye nesesite yo monte ant 20 al pou 50 pou san (AlterPresse, 13 déc. 07). Nan diskou li pwononse pou fen ane a, Prezidan di pa gen mirak ki ka fèt. Se vre paka gen mirak, men yon minimòm ki ka fèt. Pandan mirak la paka fèt pou mas yo, mirak la deja kòmanse pou boujwazi a nan siyen APE, nan tabli zòn franch, nan tabli Sant pou Fasilite Envestisman ak nan lwa HOPE la. Nan moman prezidan Preval te siyen lwa HOPE la, plizyè eleman nan boujwazi a te bat bravo, yo te fè anpil tapaj medyadik pou fè moun kwè yo pral kreye anpil travay. Prezidan Asosyasyon Pwofesyonèl Bank yo te deklare, yo pata ka gen yon pi bon avoka pase Prezidan Preval. Jounen jodi a, ki rezilta lwa HOPE la bay ? Ki kantite dyòb ki kreye nan peyi a apati lwa HOPE la ? Tout moun ka konstate, zafè lwa HOPE la, se pawòl te kowosòl pou fè moun dòmi. Se sèlman boujwazi koutye a ki gen avantay ladan. Olye pouvwa anplas la, envesti nan pwodiksyon lokal ak nan travay, li prefere aplike yon politik wete trip mete pay (politik neyoliberal) pou kontinye detui pwodiksyon nasyonal la, privatize antrepriz Leta yo epi revoke anplwaye nan enstitisyon Leta yo tankou sa ap fèt nan TELECO. Alòske, menm gouvènman sa a ki refize ogmante salè minimòm nan, k ap aplike plan neyoliberal la k ap donnen plis mizè ak chomaj, pretann li pral batay kont povrete nan dokiman DSNCRP a ki se yon estrateji Bank Mondyal ap enpoze peyi pòv yo depi lane 1999.

Yon bon pati nan popilasyon an jounen jodi a, se diaspora a ki ede yo soutni trip yo. Kidonk, diaspora a jwe yon wòl enpòtan nan ekonomi peyi a nan voye plis pase yon milya dola chak ane nan peyi a. Kontrèman ak lajan enstitisyon k ap bay ponya yo (FMI, Bank Mondyal) ki pa janm fin debloke sou pretèks nou pa gen kapasite absòpsyon, lajan diaspora ki toujou plis pase lajan enstitisyon finansye yo, pa menm sifi pou depanse. Sa dwe fè nou konparnn kesyon dèt la plis sèvi pou fè chantay epi kenbe nou nan depandans.

Malgre sitiyasyon difisil sa a, pouvwa anplas la pa deside pran okenn mezi serye pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an. Malgre rèl divès sektè òganize nan popilasyon an pou mande aplike dekrè sou magazen Leta a epi fikse pri pwodui yo, gouvènman an prefere louvri zòrèy li bay FMI ak Bank Mondyal. Sa ki lakòz jounen jodi a, anpil Ayisyen frè nou yo blije kontinye al travay tankou esklav nan peyi Dominikani, al pran imilyasyon nan Bayamas oubyen al mouri nan pran kanntè. Konpòtman sinik gouvènman an fè n sonje deklarasyon ansyen premye minis Latòti te fè madi 4 avril 2006, nan lansman wout Pòtoprens Mibalè a, li te di « Lè w ap fè bòn gouvènans ekonomik, ou paka antre nan sibvansyon. Pwogram bòn gouvènans FMI an entèdi sibvansyon » . Sa ki fè jounen jodi a nou konprann poukisa pouvwa anplas la refize travay pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an. Sa pèmèt nou konprann tou poukisa pouvwa anplas la kontinye ap monte pri gaz la san rete, malgre akò Petwokaribe a.

Ki wout nou dwe pran jounen jodi a ?

Sitiyasyon malouk peyi Dayiti ap viv jounen jodi a, pa mande pou nou rete ak bra nou kwaze. Nan sans sa a nou mande pou gouvènman an travay tout bon pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an nan :

1) Envesti nan pwodiksyon nasyonal la, anpatikilye nan pwodiksyon agrikòl la

2) Tabli yon bonjan refòm agrè nan peyi a epi bay peyizan yo ankadreman pou yo pwodui nan bon kondisyon

3) Mete an aplikasyon dekrè sou magazen Leta a pou pèmèt malere ak malerèz rale yon souf anba lavichè

4) kontwole, fikse pri pwodui ak sèvis premye nesesite yo

5) Sispann peye dèt FMI ak Bank Mondyal yo epi sèvi ak lajan dèt la pou bati lekòl, lopital ak kay pou pitit pèp la dòmi

6) Ogmante salè minimòm nan nan nivo 250 goud pa jou pou travayè ak travayèz ka rale yon souf

7) Kreye bonjan kondisyon pou gen sekirite nan peyi a epi voye MINISTA al fè wout li pou pitit pèp la sispann viktim anba kadejak sòlda LONI yo.

Nan MODEP, nou panse rekòmandasyon nou fè yo pa pi difisil pase sa. Se yon seri rekòmandasyon ki kapab aplike nan nenpòt ki Leta boujwa. Li sifi sèlman pou gen volonte politik pou yo reyalize. Men, kòm nou konnen nou annafè ak yon Leta reyaksyonè, antipopilè epi depandan, nou kwè se sèl nan batay nou kapab fòse Leta Ayisyen an patikilye otorite ki la yo mete an aplikasyon rekòmandasyon nou fè la yo. Se poutèt sa, nou mande mas popilè yo anpatikilye fanm ak gason nan katye popilè yo, travayè ak travayèz, peyizan, ouvriye, ti machann, chomè, fanm ak gason konsekan, militan ak òganizasyon pwogresis, pou nou tout leve kanpe pou defann dwa nou genyen pou nou viv tankou moun, dwa grandèt majè peyi a. Nou dwe leve kanpe pou n di non kont politik neyoliberal, kont lavichè, okipasyon ak tout lòt mal k ap plonje peyi a pifon nan twou.

Viv yon peyi granmoun ! Aba lavichè ! Aba okipasyon !

Pou MODEP :

Nixon Boumba

Guy Numa



 

Conférence-débat sur le Droit à la terre et la souveraineté alimentaire en Haïti, Mardi 31 Mai 2016, FANNY VILLA, 8h30-3h30

Posté le 20 mai 2016 par Ricot Jean Pierre

Courriers d’Haïti... Incendies et vases communiquants 22 août 2014

Posté le 28 août 2014 par PAPDA

PROGRAMME ETASUNIEN DE DESTABILISATION CONTRE LES MEDECINS CUBAINS

Posté le 25 août 2014 par PAPDA

Carta abierta sobre Cuba

Posté le 24 juin 2014 par PAPDA

Les organisations de la société civile réclament un Conseil électoral équilibré et le vote des amendements à la loi électorale

Posté le 23 mai 2014 par PAPDA

Déclaration de solidarité des organisations haïtiennes avec la Révolution Bolivarienne

Posté le 9 avril 2014 par Camille Chalmers

27 ans après, acquis et limites sur fond d’amendement

Posté le 1er avril 2014 par PAPDA

Deklarasyon Inisyativ MPDP nan okazyon 28 lane anivèsè 7 fevriye a

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

25 vérités sur les manifestations au Venezuela

Posté le 28 février 2014 par PAPDA

D’une tente à une chambre, rien n’a vraiment changé

Posté le 6 février 2014 par PAPDA

 

Démysthifier les Institutions de micro-finance

Posté le 8 septembre 2014

Mouvman patriyotik demokratik popilè (MPDP) yon nouvo zouti politik

Posté le 8 septembre 2014

Le gouvernement livre au capital impérialiste 83 % des ressources pétrolières appartenant au peuple mexicain

Posté le 5 septembre 2014

Courriers d’Haïti... Incendies et vases communiquants 22 août 2014

Posté le 28 août 2014

American Curios (La Jornada)

Posté le 26 août 2014

PROGRAMME ETASUNIEN DE DESTABILISATION CONTRE LES MEDECINS CUBAINS

Posté le 25 août 2014

Cuba, un modèle selon l’Organisation mondiale de la santé

Posté le 7 août 2014

IN DEFENSE OF PALESTINE

Posté le 7 août 2014

EN DEFENSA DE PALESTINA

Posté le 7 août 2014

Comment l’aide au développement se privatise au profit des grandes multinationales

Posté le 21 juillet 2014

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox