PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Solidarité internationale - Relations haïtiano-dominicaines

Deklarasyon Mouvman peyizan Ayisyen ak Dominiken

Nan okazyon rankont bi-nasyonal 16-18 Out 2007

Posté le 4 septembre 2007 par PAPDA

Sekretarya Ekzekitif PAPDA envite nou li e difize kokenn chenn deklarasyon sa a mouvman peyizan Ayisyen ak Dominiken adopte nan gwo woumble yo te òganize nan dat 16-18 Out 2007 la, nan Cabral - Barahona. Nou envite nou tout diskite kontni deklarasyon sa a nan mitan òganizasyon nou yo e nou envite tout ôganizasyon peyizan yo pou yo rejwenn platfòm travay sa a nan batay yap mennen chak jou. Deklarasyon sa a deja pibliye sou sit PAPDA a nan lang panyòl(Camille Chalmers)

Deklarasyon final rankont binasyonal òganizasyon peyizan Repiblik Dominikèn ak Repiblik Dayiti

MPP, TET KOLE, MPNKP, KROS, PLANOPLA, RENASSA, KONAREPA, ATAG, CONAMUCA, CONFENACA, FEDECARES, FEPROBOSUR, RETOÑO, FECAINMAT, COOPERATIVA UNION Y PROGRESO MONTE PLATA, MCCU, FEDERACION DE MUJERES DE OCOA, CONFEDERACION DE MUJERES CAMPESINAS DE NAGUA, ACALEN, JACASA, UNION DE FEDERACIONES CAMPESINAS DE COTUI, FEDERACION URBANA Y CAMPESINA MAMA TINGO SFM.

Nou ,òganizasyon peyizan ayisyen ak peyizan dominiken manb CLOC/Via Campesina ak lòt mouvman sosyal ki sou zile kiskeya ,pwopoze plan altènatif sa pou revandike dwa granmoun nou sou sa nap manje ak yon koperasyon binasyonal kòm altènativ anfas mache lib yo epi rive sikile lib e libè sou zile a nan anviwon 10 lane ankò

DELARASYON FINAL

Nou menm fan m kou gason zile kiskeya ,aktivis òganizasyon peyizan ak mouvman sosyal tout rejyon ,depatman pwovens repiblik dominikèn ak repiblik Dayiti,reyini nan rankont binasyonal : Ann konstwi epi revandike Dwa souverènte alimantè nou sou Zile a,nan vil CABRAL, Barahona ,Repiblik Dominikèn jou kite 16,17,18 dawout 2007 ,nou deklare :

Lèn konstate

1.- Model politik neyoliberal yo enpoze an Dominikani tankou an Ayiti nan 25 dènye ane rann de peyi yo pi depandan politikman e ekonomikman,sa ki mete an danje souverènte alimantè ; kondisyon la vi moun , anviwònman an, vin pi mal nan de peyi yo

2.- Nan toude peyi yo sektè peyizan se pi gwo viktim politik neyoliberal yo, pwodiksyon lokal ak ekonomi peyizan yo detwi nèt, depi nan ane 80 yo yo anvayi mache lokal yo ak pwodwi etranje ki fè zafè gwo antrepriz transnasyonal yo ak politik mache lib enperyalis ameriken ap vante a.

3.- Yo fin detwi tout baz pwodiksyon nou yo ak modèl politik ki favorize zòn franch yo, touris, enfòmalite ; Nou peyizan nou pa menm bon mache , nou se rès. Fanm tankou gason swadizan modènite a mete deyò lakay yo lakòz 4 milyon moun zile a pran egzil ekonomik ozetazini, Canada, Ewòp , Venezuela, Ajantin, Pòtoriko,ak lòt zile nan karayib la kote yo ka ti transfè lajan ki ranplase pwodiksyon lokal la, sa ki reprezante plis pase 30 % pwodwi enteryè brit (PIB) an Ayiti e prèske 15 % an Dominikani.

4.- Nan toude peyi yo , yo abandone refòm agrè a,pa gen Kredi , pa gen asistans teknik y nou verifye genyen yon kont refòm agrè ki lage de bra pandye ti pwodiktè ak mwayen pwodiktè yo nan yon konpetisyon sovaj ki mete an danje souverènte alimantè nan de peyi yo.

5.- Nan moman sa yo ,yo vle fè blakawout sou zafè refòm agrè a, pou mete sou pye politik komès Tè Bank mondyal la epi bay Transnasyonal yo pi bon tè yo pou fè monokilti, pwodiksyon etanol, agwokonbistib ak lòt pwodwi agrikòl pou ekspòte.

6.- Nan ka Ayiti,nou an fas yon depandans ki pi grav .Nan ane 80 yo nou te ka bay 85 % moun nou manje , men jounen jodi a se sèlman 40 % nou ka kouvri, taks la dwàn yo preske a zero depi 1995, yo fèmen santral sik yo, yo elimine kochon kreyòl yo e degradasyon anviwònman lakòz ekonomi peyizan lokal detwi nèt avèk anviwon 800 mil anplwa nou pèdi.

7.-An Dominikani ,menm lè gen yon kwasans ekonomik, sa pa diminye povrete a , yo privatize antrepriz ak sèvis piblik yo .Santral Leta yo, izin yo, menm izin elektrik la fè fayit, yo lwe yo oubyen vann yo bay transnasyonal , se menm bagay pou pò yo, ayewopò,pi bon tè peyi a genyen ,sèvis sante, edikasyon, asenisman vil yo, yo vann tout a bon mache.

8.-Nan konteks globalizasyon neyoliberal ak politik enperyalis ameriken ak ewopeyen nan karayib la ak amerik santral, depi nan fen ane 80 yo , ekonomi peyi Dayiti ak Dominikani toujou an kwasans , premye a depann de dezyèm lan e toude nan lojik ak enterè transnasyonal yo.

9.-Nan nivo de peyi yo, politik favorize sèlman gwo wgoup antrepriz yo ak rezo mafia ki nan trafik moun ak kontrebann machandiz.

10.- Pi gwo kou modèl neyoliberal la bay ekonomi peyizan ayisyen yo, limitasyon ki pi sevè sou kesyon anviwònman ak kapasite pou tè yo pwodwi e divès kriz politik koenside depi nan ane 80 yo ak yon ogmantasyon imigrasyon peyizan ayisyen an Dominikani, ki twouve yo sou mache travay la e ki rann salè vin pi ba ,sa se ta youn nan rezon selon envestigasyon yo ki eksplike kwasans ekonomik nan plizye aktivite an Dominkani, nan sektè tankou agrikilti ,konstriksyon travay asyisyen reprezante plis pase 70% fòs travay la.

11.- Nan sans sa imigrasyon an pat yon pwoblèm pou modèl sa ,okontrè li pèmèt sektè ekonomik la fè gwo benefis e gras ak mendèv bon mache sa gwoup antrepriz dominiken yo rive kenbe devan transnasyonal yo.

12.- Echanj sosyo ekonomik ant de peyi yo miltipliye nan dènye ane yo, sa favorize anpil repiblik dominikèn , pou ane 2006 Dominikani rantre 297 milyon dola nan ekspòtasyon ki anrejistre plis zòn franch yo . Nou ka di tou, menm lè pa gen chif ofisyèl , nan mache ki fèt lendi ak vandredi nan Dajabon, Elias Piña, Jimani,Pedernales ,Tilori, elatriye gen pou piti 100 milyon dola ki fèt chak ane.

13.- Pwodwi ki sòti an Dominikani anvayi mache ayisyen an ,se pa neseman pwodwi dominiken oubyen pwodwi ki gen twòp valè nan peyi a, popilasyon yo pa benefisye nan echanj sa akòz yo paka pwodwi epi yo abandone kominote ki sou fwontyè yo , pi gwo benefisyè yo se enteèmedyè ak gwo gwoup bizismann yo ki nan enpòtasyon ak ekspòtasyon.

14.- Komèsan dominiken yo vann bay Ayiti an majorite materyo konstriksyon ak pwodwi konsomasyon masif , ak kèk lòt byen ki pa gen twò bon kalite tankou tèt diri .

15.-Enfòmasyon sa yo montre nou aklè jan modèl neyoliberal sa pèvès, malere peyi Dayiti pa ofri sèlman yon mendèv bon mache pou ogmante benefis ak konpetitivite grannèg dominiken ,men tou yo peye inefisyans yo nan achte machandiz ki pa gen lavant okenn lòt kote sou latè. 16.- Selon rezilta yon etid kite prezante nan rankont lan, gen yon gwoup machandiz ke ayisyen achte nan men dominiken ,yo reprezante prèske 100 % ekspòtasyon dominikani pou mòd pwodwi sa yo, tankou : Tèt diri (100%) ze(99.9%), ti poul ak poul (98.0 %) glas (99.8) kawòt(99.7 %) pwa (99.0%) sosis ak salami (98.0 %) diven wouj (98.0 %) betrav (96.0 %), zonyon(96.0%), malta(88.0%), bonbon(74.0 %),sitwon(59.0 %), makawoni,espageti(54.0 %), kokoye chèch(36.0 %), ba fè(30.0 %), anviwon 146 lòt pwodwi ankò (100 %).

17.-Echanj sosyoekonomik ak kiltirèl nòmal la jwenn obstak, sepandan ,akòz pagen lwa ak akò ant de Leta yo, oubyen ansyen vye lwa ki pase mòd, anakwonik, yon pakèt enpo, taks, viza pou w peye , yon sistèm kominikasyon ak transpò ki byen chè, inefisyan, yon bann militè ki sou fwontyè, tout sa lakòz yon veritab kao,e kreye tout kondisyon pou aktivite ilegal yo e vyolasyon pèmanant dwa moun. Sòti Jimani pou rive Bani gen anviwon 15 pòs kontwòl militè, e sèl sa yo fè se pran machandiz , ofanse moun nwa , rakèt, , nan konbinezon ak chofè yo e /yon rezo mafia.

18.- Reyalite sa yo benyen nan anbyans koripsyon jeneralize ak enpinite nan toude peyi yo, prensipal responsab yo se lelit bizismann yo ak politisyen yo jan ka koripsyon yo ka montre sa tankou BANINTER, BANCREDITO ,BANCO MERCANTIL,KIRINO, an Dominikani oubyen eskrokri koperativ kredi moun Aristid yo, ka SOCABANK an Ayiti , san nou pa site pil eskandal koripsyon politik ke tout moun konnen ki lakòz det piblik ak povrete ogmante nan de peyi yo.

19.-Nou pa santi efò Leta yo pou amelyore klima relasyon ak koperasyon ant de peyi yo , plis pase yon lane apre anons relansman komisyon bilateral la ,nou pa konnen reyèlman sa ki serye moun komisyon yo fè.

20.-Devan tablo sa , lelit zile a rete menm jan , nouvote li se mete anvigè trete mache lib ant Etazini , amerik santral ak Repiblik Dominikèn (DR-CAFTA),negosyasyon lòt akò nan zòn Karayib la ak Inyon Ewopeyèn , lwa HOPE , kontinye ak okipasyon militè peyi dayiti, privatize tout sa ki rete epi avanse nan tout politik lib echanj ki fè n soufri nan dènye ane yo.

21.- Se reafime yon modèl ak rezilta ekonomik sispèk e ki echwe konplètman sou plan sosyal, ,men ki fè zafè yon ti gwoup ki kontwole koulwa pouvwa ekonomik ak politik . An Dominikani genyen yon pakèt envetisman etranje ki fèt nan sèvis ak byen imobilye , an Ayiti ogmantasyon zòn franch yo ,ki jwenn favè lwa HOPE ak lòt akò gwoup miks ,tankou CODEVI-GRUPO M.

22.- Mendèv bon mache a ap toujou kenbe flanbo a e pwojè pou kenbe sitiyasyon sa jan l ye a trè klè : Plis enpòtasyon, kraze pi plis kapasite pwodiktiv lokal yo, dekapitalize sektè peyizan an, plis depandans alimantè ak politik , plis chomaj ak enfòmalite, plis povrete, plis moun andeyò ak lavil ap kite peyi a pou lòt peyi , plis vyolans, kriminalite ak ensekirite ki mare sosis yo ak modèl yo. Pèspektiv sa yo ap defye mouvman peyizan ak mouvman sosyal yo, nou dwe double lit la , ranfòse òganizasyon ak rezo nou yo ,pwopoze altènativ kreyatif epi okipe lòt espas pouvwa reyèl pou n ka defann dwa nou.

Nou pwopoze

I. Mete kanpe yon gwo mouvman peyizan e sosyal binasyonal an Ayiti tankou Repiblik Dominikèn kap revandike yon refòm agrè entegral ak souverènte alimantè, ki regwoupe tout fòs sosyal ak politik yo pou fè presyon toutan pou n rekipere tout zouti kap pèmèt yon veritab pwodiksyon nasyonal ak ekzekisyon politik agrè e sosyal ki an favè yon devlopman entegral , jistis sosyal ak byenèt majorite a nan toude peyi yo.

II. Ini kritè yo ant mouvman sosyal yo ak sosyete sivil zile a pou pwopoze lòt modèl sosyete altènativ pou pèp nou yo ,kote ap gen lòt kondisyon pou yon lòt relasyon binasyonal e kap genyen estrateji santral li :redwi povrete a , chomaj, pwoblèm sante yo, lojman ,edikasyon, imigrasyon fòse, vyolans,epi rive fè respekte tout bon vre dwa moun nan de peyi yo.

III. Pwopoze antan ke mouvman sosyal e sosyete sivil yon akò koperasyon sosyoekonomik,politik,kiltirèl, migratwa kap defini angajman ak kad legal pou yon lòt relasyon ant de peyi yo kap chita sou koperasyon, solidarite ak konplemantarite.

IV. Devlope yon klima transparans ,konfyans mityèl ant de sosyete yo pou chanje pwofil istorik relasyon ki egziste ant de peyi yo.

V. Fè presyón sou Leta yo pou rive mete sou pye de mannyè kòdone lòt politik agrikòl, lòt relasyon komèsyal,lòt kritè pou moun peye enpo yo, lòt politik monetè ak kredi kap pèmèt nou sove pwodiksyon lokal yo ,souverènte alimantè ak byenèt kolektif nan toude peyi yo.

VI. Fè yon plan komen pou anile dèt ekstèn yo kap pèmèt nou jwenn resous enpòtan sa yo pou envesti nan sektè agrikòl e pwodiktif la ,la sante ,edikasyon, lojman ,enfrastrikti pou devlopman ak lòt aktivite sosyal.

VII. Akò sa yo dwe gen ladan yo inisyativ komen sou tout zile a pou ka rezoud pou tout bon pwoblèm enèjetik ak elektrik. Egzije Leta yo pou yo envesti benefis ki soti nan kad akò PETROKARIBE ak Venezuela nan pwogram devlopman sosyal.

VIII. Devlope echanj sosyoekonomik dirèk, kiltirèl, espòtif, akademik, konesans de lang yo (kreyol/espanyòl) epi ranfòse rezo binasyonal mouvman sosyal yo, òganizasyon kap defann dwa moun yo.

IX. Pwopoze pou mache binasyonal yo (lendi ak vandredi) nan Dajabon, Elias Pina,Jimani, Pedernales, Tilori ak kèk lòt kote fèt yon jou tou an Ayiti e sa dwe rantre nan kad nouvèl relasyon sosyoekonomik , politik ak kiltirèl la.

X. Mete sou pye koperativ pwodiksyon andan mouvman peyizan yo ak pwodiktè yo kap pèmèt nou òganize pi byen kesyon tè ya, kòdone pwodiksyon an, amelyore pwodiktivite, kòdone kesyon kredi ak komèsyalizasyon yo sa kap bay yon pi gwo enpak sosyal sou rantre ekonomik fanmiy yo.

XI. Batay pou retire gradyèlman baryè ki anpeche kominikasyon ak echanj sosyoekonomik nòmal kap benefisye de pèp yo, egzije rediksyon epi yon pri inik pou viza ak enpo imigrasyon yo jiskaske moun ka rive travèse lib e libè nan yon entèval 10 lane.

XII. Egzije yon akò kominikasyonèl ki fikse byen ba pri transpò ak apèl telefòn sou zile, sa kap abouti ak yon sèl konpayi telekominasyon binasyonal piblik.

XIII. Egzije demilitarizasyon relasyon komèsyal yo sou fwontyè epi retire kontwòl echanj ekonomik yo nan men militè yo.

XIV. Egzije pou yo demantle tout rezo mafya, kontrebandye ak trafikan moun yo

XV. Egzije pou kominisyon miks lan fonksyone tout bon vre epi respekte tout pwotokòl sou migrasyon ,dwa moun, sou edikasyon, espò ak lòt akò ki siyen deja men yo pa janm respekte.

XVI. Egzije pou yo regilarize sityasyon travayè migran yo ak tout pitit yo respèkte tout konvansyon entènasyonal toude peyi yo siyen sou kesyon respè dwa moun ak travayè migran

XVII. Òganize fowòm nan toude peyi yo pou fè deba sou pwopozisyon sa, òganize gwoup diskisyon nan XV rankont Nò-Sid refleksyon solidarite kap fèt 21,22,23 septanm nan San Francisco de Marcoris, pou apwofondi kesyon altènativ yo nan aktivite sa kap fèt sou Entegrasyon , Trete llib Komès ( mache lib), e mouvman sosyal yo.

XVIII. Oganizasyon peyizan zile a apwouve patisipasyon yo nan jounen mondyal LIT PEYIZAN, 17 avril , pou yon vrè refòm agrè ak souverènte alimantè sou tout la tè.

XIX. Mande pou fòs loni yo (MINUSTAH) pati kite zile a nan respè pou souverènte politik pèp ayisyen an.

XX. Nou pran angajman e nou mande tout mouvman sosyal yo pou fè pwomosyon epi patisipe nan tout jounen mondyal pwotestasyon Fowòm Sosyal Mondyal (FSM) pou Janvye 2008 kont lagè enperyalis ak politik neyoliberal epi respè souverènte ak dwa pèp yo.

Cabral, Barahona, Repiblik Dominikèn 18 Out 2007



 

Déclaration contre l’arrêt de la cour constitutionnelle Dominicaine

Posté le 14 mars 2014 par PAPDA

Les violences contre les immigrants haïtiens en République Dominicaine doivent cesser !

Posté le 17 février 2011 par PAPDA

Seminaire sur le commerce binational entre Haïti et la République Dominicaine

Posté le 11 janvier 2010 par Ceco

Nòt pwotestasyon kont deklarasyon prezidan dominiken an, Leonel Fernandez, fè sou Ayiti devan Palman fransè a

Posté le 7 décembre 2009 par PAPDA

Lettre ouverte aux autorités haïtiennes autour de la campagne haineuse perpetrée contre les Haïtiens/nes et leur pays en République Dominicaine

Posté le 22 octobre 2009 par PAPDA

Le Monstre

Posté le 25 mai 2009 par PAPDA

Se pa dan k ap griyen

Posté le 20 mai 2009 par PAPDA

Déclaration des Mouvements Paysans haïtiens et dominicains

Posté le 27 août 2007 par PAPDA

Sitiyasyon Dwa moun nan Fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn

Posté le 9 février 2006 par Administrateur

Le GARR et le SANT PON AYITI insistent sur l’arrêt du trafic de personnes à la frontière après le drame du 10 janvier 2006

Posté le 9 février 2006 par Administrateur

 

Démysthifier les Institutions de micro-finance

Posté le 8 septembre 2014

Mouvman patriyotik demokratik popilè (MPDP) yon nouvo zouti politik

Posté le 8 septembre 2014

Le gouvernement livre au capital impérialiste 83 % des ressources pétrolières appartenant au peuple mexicain

Posté le 5 septembre 2014

Courriers d’Haïti... Incendies et vases communiquants 22 août 2014

Posté le 28 août 2014

American Curios (La Jornada)

Posté le 26 août 2014

PROGRAMME ETASUNIEN DE DESTABILISATION CONTRE LES MEDECINS CUBAINS

Posté le 25 août 2014

Cuba, un modèle selon l’Organisation mondiale de la santé

Posté le 7 août 2014

IN DEFENSE OF PALESTINE

Posté le 7 août 2014

EN DEFENSA DE PALESTINA

Posté le 7 août 2014

Comment l’aide au développement se privatise au profit des grandes multinationales

Posté le 21 juillet 2014

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox