PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Souveraineté alimentaire - Réforme agraire

Refòm agrè ak dwa granmoun nan lamanjay

Posté le 14 novembre 2005 par Administrateur

Ecrit le 16 avril 2004


Gen ase manje ki pwodui sou la tè pou pa ta egziste 840 milyon moun kap mouri ak grangou

Forom Mondyal sou Dwa Granmoun Peyi nan Zafè Lamanjay

La Ava-n, Kiba 3-7 septanm 2001

La dwe gen foto pwopozisyon sa yo :

Bèf kap raboure tè, Vilaj modèn ki montre yon gwoup moun kap manje ansam fwi, tibèkil, sereyal, yon gwoup moun ki mete pye yo sou tonton sam epi timoun ak drapò peyi a

Piblikasyon Pwogram andan PAPDA kap Plede Kòz Lamanjay nan Peyi a, desanm 2003

Deklarasyon final Forom sa a te sòti nan lang espayòl, franse ak angle. Se Agr. Franck St Jean ki te patisipe nan Forom nan e ki fè tradiksyon ak aranjman dokiman an (franck.saintjean@papda.org)

Pou yon pèp ta gen chans pou l gen dwa pou l pwodui, manje, egzèse dwa ganmoun li nan zafè lamanjay

Sòti 3 pou rive 7 septanm, 400 delege, manm òganizasyon peyizan, endijèn, asosyasyon pechè, òganizasyon ki pa fè pati gouvènman, òganis sosyal, akademik ak rechech 60 peyi ki te sòti nan 5 kontinan, te reyini nan kapital Kiba nan okazyon Forom Momdyal sou dwa Granmoun nan zafè Lamanjay (souvenènte Alimantè)

Nou reyini pon analize pou kisa grangou ak malnitrisyon ? Pou kisa agrikilti peyizan, endijèn, pèch atizanal, sistèm alimantè dirab yo nan kriz ? Pou kisa pèp yo pèdi dwa granmoun yo yo sou pwèp resous yo lakay yo. Nou reyini pou nou analize ansanm nan eksperyans pèp yo, pa ditou sistèm alimantè transnasyonal yo, pou n analize pwopozisyon ak bon jan altènatif, estrateji aksyon nan nivo lokal, nasyonal epi mondyal ki ka transfòme vizyon aktyel yo e ki ka pèmèt nou avanse ak kèk nouvo objektif ak nouvo politik ki kapab asire avni, avni san grangou pou tout fanm ak tout moun nan lemonn.

7 lane aprè rankont mondyal sou alimantasyon, Rôme 1996, 9 lane aprè akò (GATT) jodia ki rele OMC sou agrikilti, negosyasyon ki te fèt nan peyi sa a (Uruguay), aprè 22 lane aplikasyon politik neo-liberal la, pwomès ak angajman chèf Leta yo te pran pa akonpli, o kontrè, reyalite a se politik ekonomik, agrikol, pèch atizanal ak komèsyal Bank Mondyal, FMI, ak OMC y ap foure nan gòj nou sou kontwòl gwoup transnasyonal yo. Reyalite sa a fè vin ògmante pi plis distans ant peyi rich ak peyi pòv, ant peyi pòv ak peyi pòv, movès distribisyon richès yo agrave kondisyon pou pwodui manje, posibilite pou yo jwenn manje ki pwòp epi ki an kantite pou majorite pèp yo menm pou peyi ki devlòpe yo tou. Pou sa, dwa ki pi elemantè pou chak moun genyen, dwa pou tout moun jwenn manje epi pou yo viv alès. Andan deklarasyon inivèsel dwa moun rete ekriti sou papye kòm lèt fin pou anpil pèp nan lemond.

Fòn di tou Ayiti toujou la chak fwa lè gen akò ki pou siyen. An 1996 la se te Presidan preval ki te prezan pami tout chèf Leta ak gouvènman nan lemond pou pran angajman pou ale travay pou redui la mwatye kantite moun kap mouri grangou nan peyi a. Sa ta vle di lè PNUD di gen yon milyon twa san mil (1,300,000) Ayisyen kap mouri ak grangou nan peyi Dayiti, an 2015, ta dwe genyen 650000 mil moun ki nan grangou.

Nou wè mènm prezidan sa a te pran inisyativ kreye Kòdinasyon Nasyonal pou Sekirite Alimantè (CNSA) ak Enstiti Nasyonal pou Refòm Agrè (INARA) pa bouje paske enstitisyon sa yo pa jwenn mwayen nan bidjè nasyonal pou ta reponn ak egzijans yo epi yo pa jwenn tou benediksyon yon pouvwa ki gen volonte pou onore angajman yo devan nasyon an ni devan entènasyonal. Popilasyon konstate depi depa Prezidan preval, mo refòm agrè a pa site nan la prezidans, gouvènman, ni okenn òganizasyon popilè ki te enplike nan dosye sa a pa ka ose yo pale de refòm agrè mènm atan kòm yon revandikasyon mas la.

Vrè kòz grangou ak malnitrisyon

Grangou, malnitrisyon ak mete sou kote anpil milyon moun ki pa gen posibilite pou jwenn mwayen ak resous tankou la tè, forè, lamè, dlo, semans, teknoloji ak konesans pou produi pa rive konsa konsa, se pa yon aksidan, se pa yon sitiyasyon ki depann de yon zòn ni de fenomen tan (klima). Se konsekans politik ekonomik, agrikòl, ak komèsyal nan nivo mondyal, rejyonal e nasyonal peyi devlòpe yo defini ak tout gwoup yo, aspirasyon yo epi yo enpoze l pou mentni epi ògmante pouvwa politik ekonomik, kiltirel e militè nan lòd aktyel restriktirasyon ekonomik global la.

Pa rapò a baz idéolojik politik neo-liberal la :

-  N ap di manje pa ka reprezante yon senp manchandiz epi sistèm alimantè pa ka trete nan menm lojik sa a.
-  Nou konsidere kòm manti agiman ki di liberalizasyon komès agrikòl ak pèch nan nivo entènasyonal garanti dwa pou tout moun jwenn manje.
-  Nou konsidere liberalizasyon komès la pa nesesèman mennen ògmantasyon ekonomik ak bon jan lavi pou popilasyon yo
-  Nou konsidere fason neo-liberalis yo konsevwa avantaj yo ki chita sou konpetisyon kraze lòt sistèm prodiksyon yo. Nan lojik sa a, enpòtasyon manje primè yo ap depafini ak pwodiksyon lokal yo, achte nan pi ba pri nan peyi rich yo pandan y ap oryante resous nan direksyon yon kilti ekspòtasyon ki gen anpil konpetisyon ak plis benefis pou peyi rich. Se yon manti lè yo di peyi pòv yo pa gen dwa preokipe yo pou tabli ak mennen politik Leta ki pou garanti sekirite lamanjay sitwayen lakay li. Neo-liberalis yo avwe gwo mache global peyi k ap ekspòte yo ka reponn ak tout demand mondyal yo san pwoblèm.
-  Nou konsidere politik sa yo ap eseye tronpe popilasyon yo lè yo avwe agrikilti peyizan yo, agrikilti endijèn ak lapèch pa efikas epi yo pa gen fòs pou fè fas ak demand pwodiksyon manje k ap ògmante. Yo vle enpoze nou yon agrikilti ak yon lapèch endistriyel ki koute anpil lajan, anpil gwo teknoloji.
-  N ap denonse preteks yo pran pou di popilasyon andeyò yo twòp lè konpare l ak kantite lajan moun sa yo fè, vrè objektif yo se fè moun yo kouri pati kite tè, menm jan tou pou kominote pechè yo pou yo sa privatize resous natirel yo.
-  Nou kont agrikilti ak pèch endistriyel kòm chemen pou n fè fas ak nesesite manje k ap ògmante nan lemond.
-  Nan apwòch sa yo vle konvenk tout moun ke peyizan, pechè ak endijèn dwe fè yon sel bagay privatize tè ak resous natirel yo. Konsekans bagay se desann al viv lavil oubyen ale nan peyi etranje pou al ògmante klas travayè bon mache ki nesesè pou grosi konpetisyon kèk sektè dinamik nan ekonomi nasyonal k ap travay pou ekspòtasyon oubyen antrepriz transnasyonal yo. Bagay sa agrave pwoblèm chomaj nan peyi pòv yo e li mete sou kote travayè sa yo nan zafè travay.
-  Politik sa a eseye enpoze modèl konsomasyon gwoup transnasyonal yo, kòm sèl chemen ki pi bon, ki pi korèk nan mond globalize yo a. Se yon veritab enperyalis alimantè ki vle fini ak divèsite kiltirel lamanjay pèp yo, idantite nasyonal yo, kiltirel yo.
-  Tout bagay sa yo posib ak Leta k ap vinn pi fèb, pwomosyon yon fo demokrasi ki mete a kote enterè piblik la ak vrè patisipasyon sosyete an jeneral, popilasyon andeyò an patikilye, nan deba, nan desizyon, nan ekzekisyon epi nan kontwòl politik piblik

Konsekans politik neo-liberal yo

Tout moun wè byen klè konsekans politik manti ak erè sa yo. Gwo peyi yo vann pi plis, yo fè plis benefis pandan peyi tyè-mond yo vin dwe plis lajan, yo vin pi pòv, plis lamizè e yo vin plis akote. Mache agrikol entènasyonal la vin pi konsantre nan men kèk antrepriz transnasyonal pandan anpil pèp ap pèdi endepandans yo ak sekirite yo nan zafè lamanjay.

Gouvènman yo kontinye bay jarèt sektè k ap travay la tè ak sektè k ap peche pou voye vann nan peyi etranje epi li neglije ti pwodiktè k ap pwodui pou mache lokal la. Politik kredi nan kad pwodiksyon pou ekspòte nan peyi devlòpe yo pèmèt transnasyonal yo jwenn pwodui yo pou yon ti kras kòb e yo al revann pwodui sa yo trè chè kit se nan peyi rich kit se nan peyi pòv yo.

Politik neo-liberal yo pou andeyò a se fòse popilasyon an kite plèn yo, mòn yo pou ale chache lavi nan vil yo, se yon bagay tèt chaje, yon lagè pou agrikilti tradisyonel peyizan yo pafwa touye anpil moum, detwi yon klas, yon kilti.

Kominote pechè atizanal yo ap pèdi de tanzantan pwòp resous yo.

Politik neo-liberal la ògmante grangou ak malnitrisyon se pa paske pa gen manje men se paske yo pa gen dwa sou manje sa yo.

Nou viv kèk egzanp ki montre se posib nou ka elimine grangou, nou ka egzese dwa granmoun nou nan zafè lamanjay pou tou tan. Nou konstate pratikman nan chak peyi yon seri eksperyans pwodiksyon manje peyizan, endijèn dirab e natirel ak tout yon divèsite espès.

Sa sa vle di dwa granmoun nan Lamanjay

Nou panse dwa granmoun nan zafè lamanjay se chemin pou suiv pou elimine grangou ak malnitrisyon, pou garanti sekirite lamanjay dirab pèp nou yo. Nou rele dwa gramoun nan zafè lamanjay dwa tout pèp genyen pou l defini pwòp politik li ak estrateji pwodiksyon dirab, distribisyon ak konsomasyon ki garanti dwa lamanjay pou tout popilasyon li sou bas ti pwodiksyon oubyen yon pwodiksyon ki yon ti jan pi gwo pandan yap respekte pwòp kilti li yo ak divèsite modèl pwodiksyon peyizan, lapèch endijèn,pwodiksyon agrikòl, komèsyalizasyon, gesyon anviwònman, ladann fanm nan jwe yon wòl fondanatal.

Dwa granmoun nan zafè lamanjay favorize dwa ekonomik, politik ak kiltirel pèp yo. Li rekonèt yon agrikilti ki ini peyizan, endijèn, kominote, pechè sou yon menm teritwa. Yon agrikilti ki priyorize oryantasyon li yo pou satisfè nesesite mache lokal ak nasyonal e preokipasyon fondanatal li se moun, agrikilti sa a konsève, valorize e ankouraje tout kalite modèl pwodiksyon peyizan, endijèn ak amenajman teritwa andeyò a. Dwa gramoun nan zafè lamanjay sipoze yon rekonesans epi mete an valè avantaj ekonomik, sosyal, anviwònman e kiltirel peyi yo ki swa pou yon prodiksyon, yon agrikilti familyal oubyen yon agrikilti peyizan.

Nou pwononse nou an favè rekonesans dwa otonomi kilti pèp endijèn tout peyi kòm kondisyon inevitab pou konbat grangou ak malnitrisyon. Dwa granmoun nan zafè lamanjay enplike rekonesans tout klas nan nasyon yo k ap mete an valè idantite pèp yo, sa enplike tou rekonesans kontwòl otonòm teritwa yo, resous natirel yo, sistèm pwodiksyon ak gesyon espas riral yo, semans, konesans epi jan l òganize. Nan sans sa a, nou soutni tout lit pèp endijèn yo, ras nwa nan lemond epi nou pwononse pou yon respè san limit dwa pèp sa yo.

Dwa granmoun nan zafè lamanjay enplike tou garanti posiblite pou tout moun jwenn manje ki pwòp e jwi dwa sitwayen yo prensipalman sektè ki pi pòv yo, kòm obligasyon indispansab pou Leta nasyon yo. Posibilite pou tout moun jwenn manje pa ka konsidere kòm yon èd asistans gouvènman oubyen yon charite ki vin de yon enstitisyon piblik, prive, nasyonal ou entènasyonal.

Pou rive nan dwa granmoun pèp yo nan zafè lamanjay, sa mande pou gen bon jan pwosesis refòm agrè total kapital ki mete sou pye epi pouse jouk nan bout. Refòm agrè sa yo dwe adapte ak sitirasyon espesifik chak peyi oswa rejyon. Refòm agrè sa yo dwe pèmèt peyizan ak abitan natif natal yo (kit se gason, kit se fi ak menm pèz) jwi egal ego resous natirèl ki nesesè pou pwodui, espesyalman latè, dlo epi forè. Refòm agrè sa yo dwe pèmèt yo benefisye egal ego tou lòt mwayen pwodiksyon yo tankou finansman, fòmasyon epi ranfòsman konpetans yo ni nan jesyon ni nan negosiyasyon. Pou koumanse, refòm agrè yo dwe konsidere tankou yon obligasyon pou Leta andedan peyi yo, poutèt sa travay refòm agrè sa yo nesèsè nan kad dwa moun kòm politik piblik efikas pou lite kont lamizè. Oganisazaston peyizan yo dwe gen kontwol refòm agrè a e menm moun ki pran fèm yo pou garanti dwa endividyel pwodiktè yo ak koperativ yo, nan kad yon relasyon ki marye ak yon bon politik agrikòl e komèsyal. Nou kont politik ak pwogram lavant tè Bank Mondyal ap pouse pou ranplase vrè refòm agrè ki dwe fèt kote Leta nou yo acepte politik sa tou.

Nou apiye pwopozisyon sosyete sivil yo te fèt nan lane 1996 pou Leta yo elabore yon plan korèk sou dwa moun nan zafè lamanjay k ap sèvi kòm zouti travay ak pwomosyon dwa sa a. Dwa lamanjay pou tout pèp ki andan deklarasyon dwa moun, Leta manm Òganizasyon Nasyon Zini pou alimantasyon yo (FAO) te ratifye nan evènman Mondyal ki te fèt nan peyi Itali sou serkirite nan zafè lamanjay.

Nou mande pou plis peyi ratifye epi aplike akò sou dwa ekonomik, sosyal ak kiltirel yo Asanble General Nasyon Zini te adopte nan lane 1966.

Pou defann prensip fondal natal pèp yo nan zafè lamanjay, nou pwopoze ke Nasyon Zini adopte yon konvansyon Mondyal dwa gramoun nan zafè lamanjay

Nou pran pozisyon pou tout dwa, dwa gran moun epi kilti pèp natif natal nan tout peyi yo rekonèt epi respekte. Sa se yon kondisyon endispansab pou kase kòn towo grangou ak malnitrisyon epi rive garanti lamanjay pou tout popilasyon an. Dwa Gran Moun nan lamanjay mande pou nou rekonèt se plizyè pèp diferan ki kontre andedan peyi nou yo epi pou nou respekte epi apran itilize richès ki genyen nan kilti pèp natif-natal yo. Sa mande tou pou nou rekonèt dwa pèp sa yo pou yo jere yo menm teritwa kote yo kontinye ap viv, resous lanati mete nan zòn sa yo, mòd òganizasyon epi teknik yo pou pwodui ak jwi de tout espas riral yo, semans yo, konesans yo epi òganizasyon sosyal yo an jeneral. Nan sans sa a, nou kore batay pèp natif-natal yo epi pèp desandans esklav afriken yo toupatou sou latè pou fè respektè tout dwa yo.

Dwa Granmoun nan Lamanjay mande pou tout moun kapab jwi garanti jwenn yon manje bon kalite epi nan kantite sifi. Sou dosye sa a Leta yo dwe gen yon sansibilite esesyal pou sektè ki pi frajil yo. Sa se yon obligasyon okenn Leta nan okenn peyi pa dwe kabre devan l dekwa pou tout sitwayen kapab jwi tout dwa sitwayen yo. Okenn reskonsab nan Leta oswa nan kèk òganis (nasyonal tankou entènasyonal) ki la pou pote boure nan devlopman pa gen dwa pou fè konprann pou jwenn manje pou manje se yon chans yo ta va bay okenn sektè nan sosyete a.

Pou rive nan jwisans dwa granmoun pèp yo nan lamanjay, sa mande pou mete sou pye bon jan demach ki ale nan sans bon jan refòm agrè total kapital. Refòm agrè sa yo dwe adapte ak kondisyon espesyal ki egziste nan chak peyi oswa zòn. Refòm agrè sa yo dwe pèmèt peyizan epi pèp natif natal yo (gason ak fanm egal ego) jwi dwa benefis resous lanati ki nesesè pou pwodiksyon yo, espesyalman latè, dlo epi forè, men tou lòt mwayen ki neseè pou pwodiksyon yo tou tankou finansman, fòmasyon, amelyorasyon kapasite nan jesyon epi nan negosiyasyon. Leta nan chak peyo se premye reskonsab pou fè mache refòm agrè a dèske demach sa a nesesè nan kad Dwa Moun epi poutèt se yon mwayen efikas nan politik piblik pou batay kont lamizè. Pwosesis refm agrè sa yo dwe fèt sou baz dizon epi sou sipèvizyon òganizasyon peyizan yo - menm an sa ki gade lwaye tè yo. Refòm agrè yo dwe bay garanti ni pou dwa endividyèl pwodiktè yo ni pou dwa kominotè yo sou tè plizyè moun ap itilize epi, boutfen, refòm agrè yo dwe kore ak bon jan politik pou agrikilti epi politik nan zafè komès. Nou kont politik ak pwogram kote Leta ap vann tè oswa ak ankouraje pou pwopriyetè tè vann tè yo, jan Bank Mondyal ap pouse pou sa fèt pito pou reyalize bon jan refòm agrè.

Nou kore pwopozisyon òganizasyon nan sosyete sivil la te prezante, nan lane 1996, pou tout Leta ki konsène yo prepare yon Règleman sou konpòtman Leta ak Sosyete a anfas Dwa Moun genyen pou benefisye bon jan lamanjay. Règleman sa a dwe kapab sèvi zouti pou fè pwomosyon epi fè aplike tout bon Dwa sa a. Dwa tout Moun pou jwenn bon jan lamanjay te deja ekri andedan Deklarasyon Dwa Moun Nasyonzini. Li vin ratifye ankò nan lokazyon Woumble Mondyal sou Lamanjay ki te fèt nan vil Wòm, nan lane 1996, anba lobedyans Oganizasyon Nasyonzini pou Agrikilti epi Lamanjay (FAO).

Nou pwopoze pou piplis peyi ratifye epi aplike Akò Entènasyonal sou Dwa ekonomik sosyal epi kiltirèl Asanble Nasyonzini te adopte nan lane 1966.

Pou defann dwa pèp yo pou benefisye bon jan lamanjay, ki se yon dwa ki pa kapab detounen, nou pwopoze pou Nasyonzini adopte yon Konvansyon Mondyal sou Grandèt Pèp yo nan Lamanjay ak Kalite Manje. Tout desizyen ki ap pran nan kesyon komès entènasyonal ak lòt dwe konfòme yo ak sa ki va ekri nan Konvansyon sila a.

Oganizsayon Komès lamanajay nan nivo entènasyonal dwe konfòme li ak nesesite siperyè sèvi byen-èt moun. Grandèt Pèp yo nan Lamanjay pa vle di pou chak pèp fèmen sou li menm. Li pa vle di pou chak pèp gen pretansyon rive pwodui tout sa li bezwen ni li pa vle di komès pwodui agrikòl oswa lapèch pou ta disparèt.

Nou kondane tout frekansite OMC nan zafè lamanjay, agrikilti oswa lapèch epi lambisyon li genyen pou deside politik nasyonal peyi yo nan lamanjay. Nou leve kanpe tèt kale kont akò li mete deyò sou dwa pwopriyete endistriyèl ta jwi sou plant ak lòt èt vivan epi lide li genyen pou ta òganize yon nouvo ronn negosiyasyon (sa li swadizan rele Ronde Nouvo Syèk la) kote yo ta ajoute nouvo pwen pou negosye.

Mete OMC deyò nan sa ki gen arevwa ak Lamanjay.

Nou proposze kreyasyon yon lòt òd mondyal demokratik epi transparan pou regle komès entènasyonal ki teni kont kreyasyon kou dapèl entènasyonal endepandan de OMC epi rafòse CNUCED antan kòm yon espas negosyasyon miltilateral ki baze sou komès ki jis. Nou pwopoze tou poun favorize chema entegrasyon rejyonal ki dwe fèt ak òganizasyon pwodiktè yo andeyò tout objektif neoliberal.

Nou reklame pou sispann pratik tabli pri mache a pi ba ke sa pwodiksyon an koute ak sibvansyon pwodiksyon ak expòtasyon.

Nou pwonose kont Zòn Lib Echanj nan Amerik la (ZLEA) kip a yon lòt bagay ke yon pwojè estratejik ejemonik Etazini poul konsolide dominasyon li sou kontinan Ameriken an , pou elaji fwontye ekonomik li yo ak poul asire mache

Nou apiye revandikasyon òganizasyon paysann ak sosyal meksik yo pou sispan akò ALENA a ki Akò Lib Echanj pou Amerik Dinò nan sa ki gen pou wè ak agrikilti Resous genetik yo se rezilta evolisyon plizyè milenè ki se pou limanite. Sa vle di tout aksyon pirataj k ap fèt sou èt vivan dwe entèdi e mènm devlòman variyete esteril ke yo jwenn nan pwosesis rechèch yap fè sou jèn yo. Semans yo se pwatrimwan limanite. Atrepriz transnasyonal yo ki gen monopòl teknoloji yo pou kreye òganism jenetikman modifye yo se yon gwo menas pou dwa gramoun pèp yo nan lamanjay. Kòm yo poko ka finn jwenn tout konsekans OGM yo sou sante moun ak anviwònman, nou egzije entèdiksyon esperyans yo ki pa dwe fèt nenpòt kote mènm ni pwodiksyon ak komèsyalizasyon pwodui sa yo jiskaske egziste sekirite nan nati pwodui sa yo ak konsekans yo kote yo ap ka pran prekosyon.

Li nesesè pou kòmanse difize ak mete an valè istwa agrikilti ak kilti alimantè chak peyi epi denonse an mènm tan modèl alimantè etranje yap enpoze sou kilti alimantè pèp yo.

Nan moman n ap abòde pwoblèm alimantasyon nan lemond, nou dwe teni kont divèsite kiltirel ki gen a wè a diferan konteks lokal ak rejyonal, nou panse pwoteksyon anviwònman ak tout sa k ap viv ladann yo gen rapò ak rekonesans kiltirèl la.

Nou konsidere nesesè pou entegre pwoblematik kalite manje yo nan devlòpman sistèm alimantè dirab egxanp nesesite pou kontwole pwodui toksik y ap itilize nan agrikilti.

Nou rekonèt epi nou apresye wòl fanm yo jwe nan pwodiksyon, rekòt, komèsyalizasyon ak transfòmasyon pwodui agrikòl ak lapèch epi nan konsèvasyon ak repwodiksyon mès, koutim manje pèp yo. Nou soutni lit fanm yo pou gen aksè a resous nesesè pou yo pwodui, pou dwa yo genyen pou yo pwodui epi manje pwodui lokal.

Pechè atizanal yo ak tout mòd òganizasyon yo pap renonse a dwa yo, libete yo genyen sou aksè a resous pèch yo, pou tabli, pwoteje zòn resèv yo ki dwe itilize selman pou pèch atizanal. Nou egzije dwa zansèt yo, istwa yo sou zòn kòt. Politik yo ak pwogram èd alimatè dwe revize. Li pa ka sèvi kòm yon andikap pou devlòpman kapasite pwodiksyon manje lokal, nasyonal, ni favorize depandans, demantibile mache lokal yo ak nasyonal yo, koripsyon epi mete sou mache restan manje ki pa bon pou sante moun, an patikilye manje yo enfiltre òmòn ladann (OGM)

Li posib pou rive genyen dwa gramoun nan zafè lamanjay, nou dwe defann li epi egzèse l nan ranfòsman demokrasi nan Leta yo epi reòganize n ak inisyativ epi mobilizasyon tout sosyete a. Sa merite yon politik Leta sou plisyè lane, yon vrè demokratizasyon politik piblik ak yon anviwònman sosyal solidè.

Nou kondane politik ameriken an kont kiba ak lòt pèp ankò.

Nou kondane itilizasyon manje kòm zam presyon ekonomik, politik kont yon seri peyi ak mouvman popilè. Politik sa a dwe fini atò.

Dwa gramoun nan zafè lamanjay se yon konsèp sitwayen pou tout sosyete. Dyalòg sosyal dwe louvri pou tout sektè sosyal ki enplike

Rive genyen dwa granmoun nan zafè lamanjay ak eliminasyon grangou ak malnitrisyon posib pou tout peyi e pou tout moun. Nou manifeste desizyon poun pousuiv lit la kont mondyalizasyon neo-liberal la, na p mentni lit la, n ap ògmante l pandan n ap konstui anpil alyans estrteji epi n ap pran yon seri desizyon politik solid.

Nou pran you akò pou fè yon apèl pou n deplwaye yon gwo aktivite ak yon laj mobilizasyon nan sa ki kosène tèm lit sa yo :

Deklare 16 oktòb jounen mondyal pou dwa granmoun nan zafè lamanjay, ki rele jiska jodi a jounen modyal pou alimantasyon



 

Konferans-deba sou kesyon tè a nan peyi d Ayiti, 16 Oktòb 2014

Posté le 2 octobre 2014 par Ricot Jean Pierre

Deklarasyon Rezo óganizasyon Nó ak Nodès nan okazyon Selebrasyon Fèt Agrikilti ak Travay -premye me 2013.

Posté le 28 mai 2013 par (écrit le 1er mai 2013)

Des centaines de paysans réclament l’accès à la terre et la réforme agraire

Posté le 23 avril 2012 par

Tèt kole Ti Peyizan Ayisyen : Konferans de près nan okazyon 22 e anivèsè masak ti peyizan Jan Rabèl

Posté le 22 juillet 2009 par PAPDA

Por una Reforma Agraria genuina, integral y participativa

Posté le 2 mars 2006 par PAPDA

Les producteurs de Lèt Agogo autorisés à occuper des terres de l’État

Posté le 2 décembre 2005 par Administrateur

 

Quelle planification pour les 1.3 millions de déplacés ?

Posté le 7 décembre 2010

Déclaration de la Campagne "KABA GRANGOU" sur la conjoncture

Posté le 23 novembre 2010

Nòt pou lapres Kaba Grangou

Posté le 23 novembre 2010

Rejection of MINUSTAH

Posté le 28 octobre 2010

Comment Monsanto s’infiltre dans les pays du Sud (Source :Terra-eco)

Posté le 28 octobre 2010

Deklarasyon TK, Chandèl, MODEP

Posté le 18 mars 2008

Haïti, les Élections et la Démocratie

Posté le 8 octobre 2007

Haiti : Why is it necessary to relieve Haiti of its debt burden ?

Posté le 13 avril 2006

Haïti et la crise de la dette externe envers la France

Posté le 13 avril 2006

Pour une annulation IMMEDIATE de la dette envers la Banque Interaméricaine de Développement !

Posté le 8 mars 2006

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox