PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Intégration Alternative - Alternatives

Deklarasyon final Fowòm Nasyonal : « Agrikilti ak dwa granmoun nan lamanjay peyi d Ayiti anba menas negosyasyon akò komèsyal entènasyonal yo"

Pòtoprens, 14, 15 fevriye 2007

Posté le 26 février 2007 par Ricot Jean Pierre

Nou menm, fanm ak gason ki te reyini pandan 2 jou - 14 /15 fevriye 2007 - nan fowòm PAPDA te konvoke sou agrikilti ak dwa grandèt majè peyi nou an nan zafè lamanjay anfas yon seri akò ekonomik ak komèsyal,

-  Nap voye yon gwo kout chapo pou tout travayè peyizan gason ak fanm ki kontinye ap pote peyi a sou do yo, ki kontinye ap pwodui manje, bay travay, konsève resous natirèl yo epi travay di pou peyi Desalin lan kontinye viv nan diyite. Malgre angajman travayè peyizan yo, politik Leta, òganis ak enstitisyon entènasyonal yo ak ONG yo kontinye meprize peyizan yo, mete yo sou kote, derefize konsidere yo kòm sitwayen tout bon e mete sou kote tout sa kap fèt nan milye riral la ;



-  Nap voye yon gwo kout chapo tou pou tout peyizan yo (gason ak fanm) ak tout òganizasyon peyizan yo kap travay chak jou pou kenbe eskanp figi peyi a nan sitiyasyon lawont okipasyon kote bòt sòlda etranje ap fè lalwa nan peyi Sanite Belair, Goman, Desalin la e kontinye, sou pretèks solidarite, pase anba pye dwa nou pou nou viv lib e pou nou chwazi desten nou nan endepandans ak otodetèminasyon ;

-  Nap salye 100 lane anivèsè nesans yon kokenn chenn patriyòt ak ekriven ayisyen, Jacques Roumain, ki te fèt nan dat 4 jen 1907. Pandan tout vi li, kòm kominis konsekan, potorik gason sa a toujou chache mwayen pou defann lendepandans peyi a ak dwa travayè peyizan yo. Ayibobo pou Jacques Roumain.

-  Nap salye memwa 139 peyizan Jan Rabèl, lenmi chanjman demokratik yo te ansasinen nan dat 23 jiyè 1987 (ane sa a ap fè 20 lane) nan kad larivyè san yap fè koule pou anpeche klas popilè yo òganize epi kontinye kenbe Pèp la sou kote nan jwèt politik la. Ayibobo pou tout peyizan patriyòt ki te bay san yo nan batay pou demokrasi. Nap di yo nou la, e nap mande yo ban nou plis fòs pou nou rapousib batay la.

-  Nap salye reyalizasyon gwo fowòm mondyal kap fèt nan dat 23 - 28 fevriye 2007 nan peyi Mali, nan vilaj Sélingué sou dwa granmoun Pèp yo nan kesyon lamanjay. Plis pase 600 delege ki sòti nan 98 peyi ap diskite pandan 4 jou pou tabli yon plan travay pou defann ti peyizan devan tout gwo menas ak agresyon antrepriz miltinasyonal yo ki jwenn sipò politik enstitisyon tankou FMI, BM, BID, OMK. Nap salye kokenn chenn rankont sa a ki, nou sèten, ap fè nou fè yon pa annavan nan defans dwa ekonomik, sosyal ak kilitrèl Pèp nou yo pandan move van globalizasyon ap soufle.

Nap siyale prezans nan fowòm sou agrikilti ak dwa granmoun nan zafè lamanjay la plizyè enstitisyon Leta tankou Ministè Lagrikilti, Ministè Planifikasyon ak Koperasyon ekstèn, Ministè kòmès ak Endistri, ak Enstiti Nasyonal Refòm Agrè (INARA) ki te reponn prezan e ki te patisipe nan tout deba yo. Nap salye tou reprezantan Palman ayisyen an atravè Senatè Jean Hector Anacacis ak kèk lòt Depite ki te vin pataje ak patisipan yo kèk refleksyon sou zouti ki dwe mete anplas pou kore peyizan yo.

Pandan 2 jounen travay sa yo nou analize :

-  kriz estriktirèl kap depafini ak agrikilti peyi a e ki anpeche pwodiksyon nou an reponn ak bezwen esansyèl popilasyon an : presyon demografik, ewozyon ak debwazman forè ak kouvèti vejetal sou basen vèsan yo, teknik yo pa evolye, jèn yo ap bandonen travay latè.

-  politik Leta peyi a, enstitisyon ak òganis entènasyonal yo ak pifò ONG yo ki ap aplike lòd ak oryantsayon FMI, Bank Mondyal, BID, ajans Nasyon Zini ak reprezantan peyi enperyalis ki mete sou do peyi a yon seri mezi neoliberal ki anvlimen kriz estriktirèl la nan kraze ekonomi peyizan yo, nan louvè vant peyi nou an, nan devlope ekonomi espekilasyon ki pa mokonnen ak pwodiksyon, nan efase ti bourad timid Leta te konn bay nan zafè angrè ak zouti agrikòl, nan retire posiblite pou pwodiktè yo jwenn kredi ak bon jan mwayen pou yo kontinye pwodui, nan derefize konstwi enfrastrkti riral pi konsekan yo, nan pa apiye òganizasyon peyizan yo ak travayè peyizan yo ni nan kredi, ni nan zouti, nan kijan peyizan yo ka jwenn mache, ni nan sèvis sosyal de baz yo. Politik sa yo kreye plis depandans epi rann Leta pi fèb. Yo fè nou koumanse pèdi idantite kiltirèl nou. Chak jou peyi a ap tounen yon peyi konsomatè sèlman. Nou konstate degradasyon anviwònman ap pran yon lòt vitès avèk plis mizè, plis migrasyon, plis bidonvil. Ti eksplwatasyon peyizan yo fin dekapitalize kifè pwodiktè yo atake rezèv peyi a. Nou wè tou kijan politik sa a fè kèk enstitisyon enpòtan disparèt, tankou : HASCO, Santral Desalin, IDAI, BCA pèdi fòs, poul endistriyèl yo disparèt.

-  Okipasyon militè peyi a anpeche nou konstwi tèt nou kòm peyi endepandan epi tou anpeche nou defini bon jan modèl devlòpman ki marye ak enterè fondalnatal popilasyon nou yo ak peyizan yo ki se majorite a (plis pase 65%). Okipasyon sa a ap ogmante tou kantite dèt ki sou do peyi a epi fè nou pa kapab envesti nan sektè ki priyoritè pou nou. Nou vin rantre nan jesyon IJANS ki pa mache ak yon pwosesi konstriksyon manch long nan yon konsansis ant tout kouch sosyal, politik ak ekonomik peyi a ;

-  Nou koute temwayaj ak analiz òganizasyon zanmi ki patisipe nan fowòm nan tankou : Mouvman Peyizan san tè (MST) ki sòti nan peyi Brezil, Federasyon Plantè Kafe nan Rejyon Sid (FEDECARES) ak Koòdinasyon Nasyonal Fanm Peyizan (CONAMUCA) ki sòti nan Repiblik Dominikèn, Via Campesina ki se yon rezo mondyal òganizasyon peyizan. Oganizasyon sa yo kap mennen gwo batay pou fè peyizan san tè jwenn kote pou yo travay, denonse mannèv gwo antrepriz transnasyonal yo ap fè pou kontwole pwodiksyon agrikòl la, kontwole semans yo. Ofansiv sa yo fèt ak Enstitisyon tankou FMI, BM, BID, OMK e yo fè anpil dega nan milye riral la : plis grangou, plis chomaj, plis mizè, plis pwoblèm pou jèn yo, elatriye ;

-  Nou koute analiz ak bèl temwayaj Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK), Mouvman Revandikatif Peyizan Latibonit (MOREPLA), Rezo Koperativ Plantè Ba Latibonit (RACPABA), Asosyasyon Pwodiktè Lèt nan Limonad (APWOLIM), Viv ak Espwa pou Devlòpman Kapwouj (VEDEK). Temwayaj divès òganizasyon ak rezo peyizan yo fè nou konprann sitiyasyon an grav anpil e nou bezwen yon mobilizasyon nasyonal ak mezi politik djanm ki kapab mete yon fren nan degradasyon an e ki ka lanse yon lòt pwosesis konstriksyon nasyonal ;

Apre tout analiz sa yo, Nou deside :

1. Batay pou peyi nou an reprann dwa grandèt majè li, mete yon plan travay pou nou kapab rekipere souvrènte nasyonal la. Nap mete preokipasyon sa a nan tout travay nap fè ;

2. Batay pou relanse pwosesis refòm agrè a nan lobjektif pou ogmante pwodiksyon nasyonal la, mete travayè peyizan yo nan kondisyon sekirite, ranfòse travay ti peyizan yo, amelyore kondisyon lavi ak kondisyon travay yo.

3. Ranfòse INARA nan kapasite entèvansyon li pou ankadre peyizan ki benefisye distribisyon tè kap fèt nan kad refòm agrè a epi rive mete bon jan zouti anplas pou yon refòm agrè entegral ;

4. Batay pou nou mete kanpe yon bon jan lwa sou yon refòm agrè entegre nan enterè ti peyizan yo e ki ka pèmèt ogmante pwodiktivite agrikòl, reponn a kriz ekolojik e atake pwoblèm lamizè sovaj kap blayi sou peyizanri a. Lwa sa a dwe pèmèt nou avanse nan chanje, tout bon, règ jwèt ki genyen nan zafè demwatye, fèmaj, potèk ak lòt relasyon pwodiksyon ki frennen devlòpman ak modènizasyon.

5. Batay pou Leta ayisyen konstwi avèk nou yon vizyon manch long sou devlòpman peyi nou an. An menm tan, fòk nou mete kanpe yon plan nasyonal souvrènte alimantè / dwa grandèt majè nan zafè lamanjay.

6. Batay kont aplikasyon plan neyoliberal la nan tout dimansyon e nan tout peyi a epi pote oubyen chache solidarite lòt pèp, lòt mouvman nan kad batay sa a ;

7. Batay pou ogmante pousantaj lajan Leta ap envesti nan agrikilti a. Aktyèlman Ministè Lagrikilti jwenn 1,.2 milya goud pou li fonksyone alòske nan menm bidjè a yo prevwa 3.6 milya goud pou peye sèvis dèt ekstèn nan. Sa vle di gen plis pase 3 fwa plis lajan ki sòti nan pòch kontribyab ayisyen ki ale peye yon swadizan dèt pase kòb ki mete pou agrikilti a. Sa montre Leta ayisyen pa gen okenn plan pou travay nan sans enterè popilasyon peyi a ni pou konsève dwa granmoun peyi a nan defini modèl devlòpman ak envestisman ki kapab sèvi pou bay peyi a yon lòt souf ;

8. Batay pou Leta mete kanpe yon seri mekanism ak enstitisyon ki ka kore travay ti peyizan yo tout bon vre, tankou :

a) Yon bank devlòpman ki gen repondong e ki kapab bay kredi ak ankadreman pou pèmèt 2 milyon pwodiktè peyizan yo jwenn resous lajan pou bay aktivite ekonomik yo jarèt e kap pèmèt yo defann pwodiksyon yo sou mache lokal ak nan ekspòtasyon. Bank sa a kapab kore tou agwo-endistri ki mare ak pwodiksyon agrikòl la e li kapab kore tou sèvis piblik de baz yo pou milye riral la ;

b) Yon bank zouti ki pou pèmèt peyizan yo jwenn zouti achte nan bon kondisyon e kapab koumanse modènize teknik yap itilize epi jwenn plis rannman nan travay yo,

c) Remanbre Lekòl ak fèm agrikòl yo nan ba yo plis kapasite rechèch, fòmasyon ak akonpayman peyizan yo nan pwoblèm teknik ak syantifik yap konfwonte ;

9. Batay pou Leta pwoteje e ranfòse tout sektè ak filyè estratejik ekonomi peyizan an : sereyal, poul ak ze, tibèkil, pwason, kochon, kabrit, lèt, vyann, bannann, fwi, Kafe, Kakao, lwil esansyèl, elatriye. Fòk nou mete baryè epi devlope politik ki ka anpeche yo bwote pwodwi nou yo pou yon ti kraze kòb menm jan sa ap fèt sou fwontyè ak Repiblik Dominikèn nan koze kafe. Leta pa dwe ezite monte tarif ladwann sou kèk pwodwi estratejik pou diminye enpòtasyon yo lè yap antre nan yon konkirans san gad dèyè ak pwodiksyon nasyonal nou an nan move kondisyon (dumping - sibvansyon Leta nan peyi devlope yo). Fòk Leta òganize li pou mete kontwòl sanitè sou pwodui peyi a ap enpòte yo pou pwoteje sante popilasyon an.

10. Fòk Leta mete kontwòl sou pwogram èd alimantè yo yon fason pou yo pa nwi pwodiksyon nasyonal la epi anpeche peyi a tonbe nan yon depandans sou zafè lamnajay parapò ak lòt peyi ; Ed alimantè pap janm kap pèmèt nou rezoud pwoblèm lamanjay nan peyi a yon fason dirab. Fòk nou mete bon jan politaik an aplikasyon pou apiye pwodiksyon nasyonal la epi bay òganizasyon peyizan yo jarèt.

11. Batay pou asire prezans òganizasyon peyizan yo nan tout diskisyon e nan tout desizyon ki ap fèt sou politik agrè ak tout mekanism entegrasyon ak akò ki ap redefini relasyon ekonomik ak komèsyal Ayiti ak lòt peyi an patikilye nan kesyon CARICOM nan oubyen lòt tankou Akò Patenarya Ekonomik (APE) ak Inyon Ewopeyèn, lwa HOPE la, elatriye ;

12. Nou mande pou Moulen Dayiti mete an fonksyonman yon moulen ki ka pwodwi farin melanje ant farin ble e farin tibèkil ki pwodui nan peyi a ki kapab diminye enpòtasyon ble epi kap ogmante revni ti peyizan pwodiktè yo ;

13. Nou mande pou Leta bay tout estrikti òganizasyon peyizan ki mete kanpe priyorite ak mwayen pou mete tè Leta yo an valè. Nan sans sa a, nou mande pou DGI bay APWOLLIM ak pwodiktè Lèt nan Limonad yo satisfaksyon nan legalize itilizasyon tè Leta kote yo deja ap travay sou li a depi plizyè lane. Peyizan sa yo se motè ekonomi peyi a e sektè lèt la se yon filyè ki kapab bay ekonomi peyi a yon lòt souf ;

14. Nou mande pou Leta fè tout bagay pou yo respekte espas agrikòl yo. Nou deklare li inakseptab pou yo pran tè ki ka fè manje pou yo mete zòn franch tankou sa fèt nan Maribawou, nan Wanament. Nan sans sa nou gen anpil enkyetid lè nou wè lide anpil biznisman se mete zòn franch endistriyèl sou tè ki ap travay epi kap bay manje. Gen kont tè sèch ak tè ki pap travay ki ka sèvi pou sa. Leta dwe pwoteje epi valorize tè agrikòl, fè tout sa ki posib pou wouze 200.000 ekta tè ki kapab wouze yo, anpeche konstriksyon kay vale tè sa yo menm jan sa ap fèt alantou gwo vil yo. Fòk Leta mete kanpe yon plan amenajman teritwa peyi a.

15. Leta ayisyen dwe chache solidarite bò kote peyi an Amerik Latin kap chache sòti anba pat peyi enperyalis e kap chache konstwi endepandans peyi yo ak lòt kalte entegrasyon anfavè pèp yo.

16. Fòk Leta ayisyen ak Leta dominiken mete kanpe yon akò sou migrasyon travayè peyizan ki prale nan peyi vwazen an. Dwe genyen yon seri dispozisyon klè sou kèk kesyon enpòtan tankou idantite ak rezidans anfavè travayè sa yo ak pitit yo ;

17. Fòk Leta ayisyen mete kanpe yon politik sou kesyon kreyasyon djòb, yon politik ki kap pèmèt ogmante kòb kap antre nan pòch travayè peyizan yo epi ki pran an kont enterè konsomatè pòv ki lavil yo.

18. Fòk òganizasyon peyizan yo, rezo peyizan yo mete kanpe yon kanpay pou defann pwodiksyon nasyonal. E nap mete kanpe tou yon kanpay pou pwomosyon diri nasyonal nou an. Nan sans sa a, kanpay la dwe manyen tout dimansyon nan modèl konsomasyon an, kijan nou kominike, kijan e ki bagay nou manje, kijan nou abiye, kijan nou konstwi kay kote nou rete, kijan nou deplase, ki bagay nou achte pou nou mete anndan kay kote nap viv la, elatriye.

19. Oganizasyon ak rezo òganizasyon nou yo dwe ranfòse relasyon ant yo menm nan tout nivo seksyon, komin, depatman, nasyonal.

20. Nou mande pou Leta kreye travay nan milye riral an patikilye nan devlope agwo-endistri ki ka valorize pwodiksyon agrikòl la.

21. Fòk Leta renegosye tout akò entènasyonal ki mare Ayiti anba pye tab peyi enperyalis yo. Fòk Ministè Agrikilti sispann bay fonksyonè yo priorite sou enterè ti peyizan yo. Fòk Leta fè swivi rankont li fè ak òganizasyon peyizan tankou rankont ki te fèt nan Xaragua nan lane 1996. Fòk Leta sispann fè ti pwojè dife nan pay kann epi mobilize peyi a sou yon plan estratejik sou 25 lane ak yon ajennda nasyonal ak yon kalandriye klè.

22. Nou mande pou tout òganizasyon ak rezo òganizasyon peyizan mete kanpe yon mekanism rankont pou yo rive konstwi ansanm yon platfòm batay nan linite sou revandikasyon fondalnatal nou defini nan fowòm sa a. Nan sans sa a, nap kapab tou kreye kèk rankont ak mete kanpe rezo òganizasyon peyizan kap travay nan menm sektè. Fòk nou kontinye batay pou fè pase revandikasyon nou yo nan reyalize manifestasyon, mach, petisyon, lèt tou louvri, sitin, elatriye. Fòk nou konstwi yon ajennda ak yon kaye revandikasyon pou chanjman kondisyon ti peyizan yo. Nan batay sa yo, fòk nou konstwi rezo solidarite ak lòt òganizasyon peyizan ki nan lòt peyi kap batay sou menm baz ak nou.

23. Fòk nou batay pou defann epi fè respekte byodivèsite a ak tout eleman natirèl ki kapab pwoteje lavi ak travay peyizan yo.

24. Nou mande tout patriyòt, tout òganizasyon leve kanpe pou nou defann endepandans ak diyite peyi nou an. Nou pap kapab rive jwi dwa granmoun nou nan zafè lamanjay si nou kontinye ap viv anba lokipasyon fòs letranje. Fòk MINISTA kite peyi Desalin nan.

Nou siyen deklarasyon sa a nan dat 15 fevriye 2007, nan santyèm anivèsè nesans Jacques Roumain e nan ventyèm anivèsè masak Jan Rabèl la. Nou deside rete mobilize pou nou jwenn satisfaksyon nan revandikasyon sa yo.

VIV YON PEYI GRANMOUN !!!

VIV KILTI NASYONAL LA !!!

LAGRIKILTI SE PI GWO FOS PEYI A

LATE, SE SEL ZAM PEYIZAN

ABA LOKIPASYON !!!

ABA MINISTA !!!

Pou verifikasyon :

Camille Chalmers, PAPDA

Fritz Joseph, APWOLLIM,

Monpoint Elie, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

Nicolas Pierre-Louis, MOREPLA



 

Cahiers de revendications paysannes du Grand Nord

Posté le 2 avril 2014 par Ricot Jean Pierre

Budget national et secteur agricole : Etranglement ou disparition de la petite paysannerie

Posté le 13 mars 2014 par Ricot Jean Pierre

Pouvoirs populaires latino-américains. Pistes stratégiques et expériences récentes

Posté le 23 décembre 2013 par PAPDA

Declaración del Grupo de Finanzas y Comercio, ante el Grupo de Trabajo Abierto de la ONU sobre Metas del Desarrollo Sustentable.

Posté le 27 novembre 2013 par PAPDA

A las organizaciones pertenecientes y aliadas de la Alianza Social Continental

Posté le 20 juin 2013 par PAPDA

Declaración de la Primera Asamblea Continental de los Movimientos Sociales hacia el ALBA "Hugo Chávez Frías"

Posté le 22 mai 2013 par PAPDA

Asamblea fundacional de los Movimientos Sociales hacia el ALBA

Posté le 17 mai 2013 par

STATEMENT OF CIVIL SOCIETY IN LATIN AMERICA AND THE CARIBBEAN ON RIO +20 AND THE GREEN ECONOMY DEFEND LIFE AND PEOPLES ’RIGHTS IN RIO +20 !

Posté le 23 juin 2012 par PAPDA

Communiqué du Forum UBUNTU à l’occasion de la tenue de la Conférence des Nations Unis sur Développement Soutenable

Posté le 4 juin 2012 par PAPDA

Haïti dans l’impasse des politiques de libéralisation commerciale - L’opportunité d’un Moratoire aujourd’hui

Posté le 4 mai 2012 par

 

Deklarasyon òganizasyon peyizan, òganizasyon popilè, òganizasyon fanm elatriye sou enpòtasyon pistach Blan Meriken yo

Posté le 25 juillet 2016

Conférence-débat sur le Droit à la terre et la souveraineté alimentaire en Haïti, Mardi 31 Mai 2016, FANNY VILLA, 8h30-3h30

Posté le 20 mai 2016

Note de presse sur le don des 500 tonnes métriques de pistache de la USDA

Posté le 14 avril 2016

La "DOUCEUR" GRAND MARNIER : Des acquis gagnés de hautes luttes !

Posté le 13 avril 2015

Enquête sur le harcèlement sexuel en milieu du travail en Haïti

Posté le 26 mars 2015

Konferans-deba sou kesyon tè a nan peyi d Ayiti, 16 Oktòb 2014

Posté le 2 octobre 2014

Note de presse de la PAPDA sur la MINUSTAH et les déclarations de Mme Sandra HONORÉ

Posté le 19 septembre 2014

Cahiers de revendications paysannes du Grand Nord

Posté le 2 avril 2014

Budget national et secteur agricole : Etranglement ou disparition de la petite paysannerie

Posté le 13 mars 2014

Concours de texte : "Construire avec et pour les jeunes"

Posté le 4 avril 2011

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox