PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Intégration Alternative - Accord de Cotonou/APE

Akò COTONOU : yon lòt kad koperasyon ant Inyon Ewopeyèn ak peyi Afrik - Karayib - Pasifik (ACP) yo

Posté le 16 novembre 2005 par Administrateur

Ecrit le 20 novembre 2003

Istwa relasyon ant Inyon Ewopeyèn ak peyi ACP (Afrik-Karayib-Pasifik) yo pran yon lòt dimansyon depi lane 2000 ak siyati akò yo rele " COTONOU " an. Kòd ki mare 2 pati sa yo (Inyon Ewopeyèn ak peyi ACP yo) chita depi lane 1975 sou baz Konvansyon Lome yo, se yon aspè enpòtan nan politik koperasyon pou devlòpman Inyon Ewopeyèn nan kad koperasyon ekstèn li.

Lè nou konsidere tout gwo evènman kap boulvèse lemonn, chanjman sosyo-ekonomik ak politik kap fèt nan peyi ACP yo, lamizè kap gaye kò li toupatou, enstabilite ak konfli kap eklate nan tout kwen sou latè ki se konsekans dirèk pwoblèm sa yo, Inyon Ewopeyèn te kwè li te enpòtan pou li te redefini mòd koperasyon li ak lòt peyi pòv yo (ACP) pou li te kap ajiste li ak sitiyasyon yap viv chak jou.

Lè nou gade kouman listwa relasyon Inyon Ewopeyèn ak peyi ACP yo ap evolye, nou kapab di gen plizyè etap ladan li ki pran an kont kouman sosyete sa yo ap chanje epi kouman pou konstwi yon patenarya solid ki kapab pèmèt echanj fèt pi fasil ant 2 pati yo.

San nou pa konsidere Konvansyon Yaounde yo (1963-1975) ki te plis yon koperasyon ant Inyon an ak peyi afriken yo, nou pral eseye fè yo ti rezime sou akò Lome yo (Lome 1, 2, 3, 4). Soti Lome 1 pou rive Lome 3 : Yon koperasyon Ekonomik

Konvansyon Lome 1 an te siyen nan lane 1975 apre yon evalyasyon koperasyon kite genyen pandan plizyè lane ak peyi Lafrik yo epi ak volonte pou louvri koperasyon sa ak lòt peyi nan lòt kontinan ki vin konstitiye yon gwoup ki rele Afrik-Karayib-Pasifik (ACP) kite gen ladan li 46 peyi nan moman an. Akò sa a siyen nan yon moman kote te gen gwo kriz onovo entènasyonal tankou "Lagè fwad", kriz petwòl (Premye chòk petwolye).

Twa premye konvansyon Lome yo te siyen ant peyi nan tout zòn epi tout system politik : kapitalis - kominis oubyen gwoup non-aliye. Se te yon bèl okazyon pou pèmèt yon chita pale ant tout sistèm ki pat gen menm vizyon sa yo.

Se akò Lome 1 an ki pral favorize kreyasyon gwoup ACP a apati Akò Georgetown (1975) kite kreye yon Sekretarya jeneral pou antite sa epi akò Lome a pral chita sou yon modè devlòpman Nò-Sid ki gen pou baz patenarya ak solidarite. Akò a pral, sou plan komèsyal, pèmèt peyi ACP yo benefisye yon seri preferans non-resipwòk pou lè yap voye vann machandiz nan Konsèy Ekonomik Ewopeyèn (sa yo rele jodia Inyon Ewopeyèn nan).

Se Konvansyon Lome sa yo ki mete an plas Stabex la ki se yon sistèm pou finanse defisi peyi ACP yo fè nan resèt ekspòtasyon yo akòz pri pwodui yap vann kap monte desann toutan. Nou te jwenn tou yon seri pwotokòl ki te fasilite ekspòtasyon peyi ACP nan sa ki gen pou wè ak sektè tankou sik, vyann bèf, bannann. Lome 1 ak Lome 2 te konsakre tèt yo pou finanse enfrastrikti ak pwogram agrikòl.

Konvansyon Lome 1 a te siyen nan lane 1979 ak 58 peyi ACP. Se te preske menm bagay ak premye konvansyon ; men li menm li te kreye yon lòt mekanis ki te preske menm bagay ak STABEX la ki rele SYSMIN (sèlman se te pou sektè mi-n li aplike).

Konvansyon Lome 3 te yon etap enpòtan nan devlòpman relasyon ant Ewòp ak lòt peyi ACP yo. Li te siyen nan lane 1984 ant 10 peyi ewopeyen ak 65 ACP. Se Konvansyon sa a ki te mete an kesyon efikasite èd pou devlòpman epi ajoute aspè politik la nan patenarya ant 2 pati yo. Konvansyon sa te bay priyorite ak devlòpman ki chita sou otosifizans ak sekirite alimantè, batay kont dezètifikasyon ak sechrès. Finansman enfrastrikti yo te toujou kontinye tankou yon priyorite.

Lome 4 : Yon aksan sou Dwa Moun

Lome 4 te siyen nan lane 1989 ant 12 peyi nan Ewòp la epi 68 peyi ACP ak yon kout je patikilye sou kesyon Dwa Moun ki tounen yon eleman kle nan relasyon 2 pati yo. Si lòt konvansyon yo te siyen pou yon dire 5 lane, Lome 4 li menm te gen yon dire 10 lane ak posiblite pou gen kèk chanjman apre evalyasyon premye 5 lane yo.

Se ak Lome 4 la, kontinan ewopeyen an pote soutyen li bay plan ajisteman estriktirèl FMI-Bank Mondyal yo, menm si se ak kèk ti nyans. Akò sa a te mete aksan sou diferans ki genyen ant ekonomi peyi ACP yo, fè pwomosyon pou sektè prive ak enpòtans koperasyon rejyonal ki se yon etap pou rive nan entegrasyon rejyonal.

Nan lane 1995, evalyasyon Konvansyon Lome 4 la te pèmèt gen yon lòt akò ki siyen ant 15 peyi ewopeyen ak 70 peyi ACP kote respè dwa moun, prensip demokratik ak yon Leta ki chita sou lalwa te konsidere tankou eleman ki gen anpil enpòtans kote si yo pa respekte, Inyon ewopeyèn kapab sispann yon pati oubyen tout koperasyon ak yon peyi ACP.

Se apre evalyasyon sa a tou vin gen nesesite pou bati yon plan byen chapante ki dwe pran ankont bezwen men tou pèfòmans peyi ACP yo. Nan sans sa a, evalyatè yo defini kèk wòl pou sosyete sivil kapab jwe nan pwosesis la sitou atravè koperasyon desantralize.

Ane 2000 la te make ekspirasyon (finisman) akò Lome 4 la e se te yon bon lokazyon pou Inyon Ewopeyèn te remete an kesyon avni koperasyon li ak peyi ACP yo.

Nan lane 1996, Komisyon Ewopeyèn lan te lanse yon pwosesis evalyasyon ak deba piblik ki te dwe fasilite diskisyon yo epi bay ase done pou ekri yon " Liv vèt " ki rezime tout altènativ ak gwo preyokipasyon yon bann aktè ki te patisipe nan pwosesis te genyen. Se sou baz travay Komisyon an, Inyon Ewopeyèn pral chita pou lanse negosyasyon ki pral di ki sa ki dwe fèt apre plis pase 40 lane koperasyon atravè akò Lome yo.

Negosyasyon yo te kòmanse nan mwa sektanm 1998 pou yo te fini nan mwa fevriye 2000 kote akò ta pral siyen nan peyi Benin (Afrik). Se non vil kote li te siyen an, akò a pote : Akò COTONOU. Li te siyen jou ki te 23 jen 2000. Se yon akò ki siyen pou yon dire 20 lane ant 15 peyi ewopeyen ak 77 peyi ACP.

Dapre nouvo akò sa a, devlòpman gen kòd lonbrit mare ak politik epi mondyalizasyon pa gen dwa ap mete plis moun nan lamizè, nan inegalite oubyen mete moun deyò nan sosyete a. Se vre pou fè devlòpman estrateji ekonomik yo enpòtan men dyalòg politik gen anpil valè tou. Nan kreye bon jan relasyon ant tout aktè nan yon sosyete, anpil chanjman politik ak ekonomik kapab fèt. Se sak fè li enpòtan pou bay anpil enpòtans ak politik la. Akò COTONOU yo, bay yon plas enpòtan ak politik la pou fasilite dyalòg ak konsètasyon ant tout aktè (Leta, sosyete sivil) pou pèmèt yo defini ansanm bon jan plan devlòpman pou peyi kote yap evolye a. Menm jan an tou, pa gen okenn pwosesis devlòpman ki kapab fèt si nou pa asosye kouch defavorize yo ladan li. Se nan patisipe nan pwosesis sa yo, mas pòv yo ap jwenn kapasite pou yo òganize tèt yo epi bay dizon yo so usa ki ap pase nan anviwònman yo.

Rezime Akò COTONOU : Karakteristik

23 jen 2000 : Akò COTONOU an siyen ant Inyon Ewopeyèn ak 77 peyi ACP

Akò a siyen pou yon kantite 20 lane kid we evalye chak 5 lane

Kantite lajan ki dispoze pou finanse tout travay pandan premye 5 lane yo se : 15,2 milya ewo. Non mekanis finansman an rele FED (Fon Ewopeyen pou Devlòpman)

Akò a chita sou 4 wòch dife (prensip) :

1) Tout patnè yo egalego epi se peyi ACP yo menm ki gen pou defini pwòp estrateji devlòpman yo ;

2) Tout moun dwe patisipe : Se Leta ki pi gwo aktè nan pwosesis la, men li dwe fè tout bagay nan tèt kole ak sosyete sivil, sektè prive ak pouvwa lokal yo ;

3) Dyalòg ak angajman tout moun (tankou respekte Dwa Moun)

4) Tout peyi yo pa gen menm kapasite (diferans) epi yo pa nan menm zòn (rejyonalizasyon) : fòk yo konsidere tout sa ki pa menm ant tout peyi yo

Akò a gen 2 poto mitan :

-  Koperasyon : Akò prevwa finanse pwogram devlòpman nan 3 gwo sektè :

a. Devlòpman ekonomik : envestisman ak devlòpman sektè prive, politik makwo-ekonomik, devlòpman ekonomik nan chak sektè, tourism

b. Devlòpman moun ak sosyal : kouvèti, kalite epi jwenn sèvis debaz, fòmasyon nan politik sosyal, pwogram ki gen pou wè ak jen epi devlòpman kiltirèl... c. Entegrasyon rejyonal nan sa ki gen pou wè ak transpò, sante, anviwònman, elatriye.

Koperasyon an dwe chita sou yon Pwogram Endikatif Nasyonal ki gen ti non jwèt li PIN kote sosyete sivil la dwe patisipe nan tout pwosesis pou rive ekri dokiman an epi fè suivi li. PIN sa dwe de tanzantan ap revize sitou chak 5 lane.

-  Komès : Akò sa a pote gwo chanjman parapò ak lòt ki te la anvan yo : avantaj sou taks non-resipwòk yo ap disparèt nan lane 2007 ; se yon seri akò ki fèt nan negosyasyon koumanse mwa sektanm 2002 ki pral ranplase yo. Akò a kreye tou sa yo rele APER (Akò patenarya ekonomik rejyonal) ki dwe tonbe daplon ak règ OMC yo. Akò a egzije pou kreye zòn baryè lib (lib echanj). Sistèm Stabex ak Sysmin yo ap disparèt. Sa vle di pap gen finansman ankò pou defisi peyizan yo fè akòz pri yo kap monte desann sou mache entènasyonal la.

Akò COTONOU : Kritik

1. Akò COTONOU an montre kouman gen yon gwo diferans ant Inyon Ewopeyèn ak peyi ACP yo. Inyon Ewopeyèn ki posede tout resous enstitisyonèl ak ekonomik ki lontan pi gwo pase peyi ACP yo, peze anpil nan balans la pou fè akò a vin nan avantaj li. Akò COTONOU an se rezilta yon travay gwo ponyèt Inyon Ewopeyèn fè.

2. Akò COTONOU an montre kouman bagay chanje nètale : Soti nan devlòpman dirab nan dwa granmoun peyi yo kounye a noun an doktrin kote se mache a ki ap kontwole kwasans la. Sa montre kouman yo vin dakò ak tout dezekilib ki genyen nan boukantaj ant peyi yo. Yo enpoze peyi ACP yo tout règ finans ak komèsyal entènasyonal yo :
-  Atik 41 akò a : oblije peyi ACP yo mete an aplikasyon AGCS (Akò Jeneral sou Komès ak Sèvis) ; AGCS la se yon mekanis ki prevwa privatizasyon piti piti tout sèvis nan peyi ACP menm sèvis piblik tankou Edikasyon, lasante, dlo, elatriye.
-  Atik 46 la : oblije peyi ACP yo mete an aplikasyon ADPIC (Akò sou Dwa pwopriyete Entelektyèl ki gen pou wè ak Komès). ADPIC la se yon zouti ki pèmèt peyi rich yo kontwole tout resous natirèl yon ti peyi pòv san yo pa vin okipe peyi a. Sètifika yon enpoze pou itilize resous sa yo sifi pou kontwole yo.
-  Atik 67 la : oblije peyi ACP yo pou yo respekte Plan lanmò (Plan Ajisteman Estriktirèl) FMI yo.

Alòske tout dispozisyon sa yo se nan enterè ekonomik an finansye peyi rich yo kap fè ak defè anndan OMC, nan FMI ak nan Bank Mondyal. Nou ka wè byen bilan "patenarya" ant peyi ACP ak Inyon Ewopeyèn nan : Kantite machandiz Inyon Ewopeyèn achte nan peyi sa yo soti nan 6,7% nan lane 1976 pou li desann 3% nan lane 1998. Sa vle di padan yap pale koperasyon ak boukantaj, yap mete plis baryè pou yo achte mwens lacar peyi ACP yo epi peyi sa yo ap achte plis lakay yo.

3. Fason yo dekoupe yon mannyè gwo ponyèt tèritwa peyi ACP yo pa koresponn ak reyalite òganizasyon rejyonal ki deja egziste nan zòn sa yo.

4. Akò COTONOU an pa kesyone tout mekanis peyi ewopeyen mete anplas pou pwoteje mache ak tèritwa lakay yo kont tout sa kap soti nan peyi ACP yo.

Akò COTONOU yo sanble tèt koupe ak pitit Akò Marrakech yo kite siyen nan lane 1994 ki te kreye OMC ak tout kondisyon pou li fonksyone apre Negosyasyon Uruguay yo. Nou jwenn ladan yo :
-  Menm konfyans non teori ki ap bat bravo pou politik baryè lib (Lib echanj)
-  Menm konfyans san gade dèyè nan sektè prive
-  Menm volante pou redui pouvwa Leta epi mete yon fren nan dwa granmoun pèp yo
-  Menm visión nan fason pou yo panche balans la anfavè peyi rich yo (Nò/Sid)
-  Menm viszyon pou ranfòse rapò rèstavèk (depandans) ant peyi rich yo ak tout lòt peyi nan mond lan.

Akò COTONOU vin kraze tout mekanis solidarite ki te mete an plas pandan plis pase 40 lane ki sot pase yo ak akò Yaounde pou rive nan Konvansyon Lome yo. Ewopeyen yo vle jistifye tèt yo paske yo retire tout avantaj ki te genyen ak Stabex - Sysmin lè yo di se move rezilta peyi ACP bay epi yon seri faktè ki pwòp ak peyi sa yo tankou : Lagè sivil, move gouvènans, koripsyon, ...) epi tou enpòtans jiridik akò Marrakech yo genyen onivo entènasyonal.

Men defans sa a pa kenbe paske yo bliye :
-  Responsablite dirèk peyi Inyon Ewopeyèn yo ki mete anpil baryè lakay yo ki vin lakòz peyi ACP pa kap voye vann anpil machandiz lakay yo ;
-  Ed peyi Ewòp yo konn bay la soti 0,37% PNB (Pwodui Nasyonal Bri) nan lane 1988 pou rive 0,23% nan lane 1998 ;
-  Konsekans Plan lanmò FMI yo (Politik Ajisteman Estriktirèl)
-  Konsekans Dèt ekstèn nan ki ap charye tout lajan ak resous peyi ACP yo pou pote nan peyi rich yo ;
-  Tèm echanj yo (relasyon ant lajan yo) kap pèdi valè chak piplis nan desavantaj peyi ACP.

Anplis, peyi Ewòp yo bliye wòl Leta lakay yo ak antrepriz prive yo nan deklanche epi alimante lagè sivil yo, konsekans kolonizasyon nan jesyon ansyèn koloni yo epi ankourajman yo bay pou koripsyon. Yo lonje dwèt sou moun ki kowonpi men yo pa menm gade moun kap ankouraje koripsyon an.

Akò COTONOU : Patisipasyon Sosyete sivil la

Lè nou konsidere atik 4, 5, 6, 7 akò COTONOU yo, nou wè sosyete sivil la gen yon wòl enpòtan pou li jwe nan defini Pwogram ak Estrateji devlòpman peyi yo oubyen rejyon kote yap viv la. Men bagay sa oblije gen yon travay estriktirasyon an rezo ki ka reprezante sosyete sivil la malgre se yon pwosesis konplèks ; epi yon lòt kote fòk gen transparans nan pwosesis Pwogramasyon an. Se pa yon batay nou kap di nou genyen davans, menm si gen kèk eksperyans tankou Zimbabwe ak Benin ki montre pwosesis la kapab reyisi.

Yon bagay ki klè : pa gen yon sèl modèl. Chak peyi dwe jwenn resous ak konpetans nesesè ki kapab pèmèt li peze lo unan pwogramasyon estrateji devlòpman li.

(JPG)

N.B N ap gen pou pibliye yon lòt dokiman ki pral marye reyalite peyi d Ayiti ak ti peyizan pwodiktè yo ak nouvo akò sa a.

Se Ricot Jean Pierre ki prepare dokiman sa a pou PAPDA



 

Déclaration des OSC sur l’avenir des relations UE - ACP dans un environnement changeant

Posté le 11 novembre 2011 par

NGOs demand immediate end to EPAs

Posté le 8 avril 2010 par PAPDA

Intervention du Député européen Kader Arif sur les Accords de Partenariat Économiques

Posté le 8 avril 2010 par Ceco

Accords de Partenariat Economiques (APE) : Le nouveau gouvernement vend la peau de la population haïtienne

Posté le 21 décembre 2009 par Ceco

Lettre adressée au premier ministre Pierre-Louis

Posté le 5 octobre 2009 par Ceco

Lettre adressée au Président Préval

Posté le 1er juillet 2009 par Ceco

APE. Le score reste : initiés : 36 contre 40 ; signés : 19 contre 57

Posté le 17 juin 2009 par PAPDA

Fonds européen de développement (FED) : La Commission européenne impose son agenda

Posté le 17 juin 2009 par PAPDA

CEDEAO - Enjeux des négociations sur les Accords de partenariat économique (APE)

Posté le 29 mai 2009 par PAPDA

Lèt tou louvri rezo pwodiktè kafe ayisyen yo pou Prezidan Preval ak Premye Minis la pou voye jete APE yo

Posté le 22 octobre 2008 par Ricot Jean Pierre

 

Quelle planification pour les 1.3 millions de déplacés ?

Posté le 7 décembre 2010

Déclaration de la Campagne "KABA GRANGOU" sur la conjoncture

Posté le 23 novembre 2010

Nòt pou lapres Kaba Grangou

Posté le 23 novembre 2010

Rejection of MINUSTAH

Posté le 28 octobre 2010

Comment Monsanto s’infiltre dans les pays du Sud (Source :Terra-eco)

Posté le 28 octobre 2010

Deklarasyon TK, Chandèl, MODEP

Posté le 18 mars 2008

Haïti, les Élections et la Démocratie

Posté le 8 octobre 2007

Haiti : Why is it necessary to relieve Haiti of its debt burden ?

Posté le 13 avril 2006

Haïti et la crise de la dette externe envers la France

Posté le 13 avril 2006

Pour une annulation IMMEDIATE de la dette envers la Banque Interaméricaine de Développement !

Posté le 8 mars 2006

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox