PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Intégration Alternative - Mobilisations

Kolektif Mobilizasyon kont Lavichè

Pozisyon ak Pwopozisyon Kolektif la sou entegrasyon Ayiti nan akò Petro Karibe a

Posté le 16 mars 2006 par PAPDA

Sa pra l fè yon lane depi Kolektif la lanse l nan batay kont lavichè a. Batay pou pri gaz, manje, lekòl, lasante, kay, desann pou malere ak malerèz ka rale yon souf. Gouvènman Bonifas-Latòti a ansanm ak boujwazi rapas la, nan okenn moman pa janm montre yo enterese nan demach sa a. Okontrè, yo rete fèm sou pozisyon yo, kòmkidire, mas yo dwe kokobe anba lamizè. Nan sans sa a, nou dwe raple Gouvènman peyi Venezwela, nan plizyè okazyon, envite Ayiti pou l rantre nan Petwo Karibe. Yon pwojè ki te ka bay Ayiti yon okazyon menm jan ak 13 lòt peyi k ap patisipe nan Pwojè sa, pou li achte gaz la nan yon pri ak kondisyon ki te ka pèmèt leta ayisyen rantre plis resèt sou pri pwodi petrolye epi ede popilasyon an rale yon souf. Gouvènman Latòti a pito fè lago kache, bay manti, fè laviwondede nan peyi Meksik, desann Trinidad kote yo pap jwenn avantaj Venezwela ap bay la. Nan jou ki te dimanch 5 mas 2006 la, yon fwa ankò, Prezidan Tchavèz raple volonte li genyen pou Ayiti ta vin manm Petro Karibe.

POUKI SA LI ENPÒTAN POU AYITI VIN MANM PETWO KARIBE ?

Kolektif la kwè gen plizyè gwo rezon gouvènman tounnèf ki pra l monte a dwe konsidere nan patisipasyon Ayiti nan Petwo Karibe a. Se rezon sa yo ki chwal batay Kolektif la nan domèn sa a :

-  Petwo Karibe a bay leta ayisyen jodi a epi demen yon avantaj klè pou pri gaz la ka desann nan peyi a, pou l ka fè plis resèt tou lè n konsidere kondisyon Venezwela ofri l pou l achte epi peye gaz la. Kalkil nou fè nan Kolektif la ba nou klè, pri taksi pa ekzanp kapab vin 5 goud, piske galon gaz kabap vann 75 goud. Sa ki ka fè pri manje ak lòt pwodui yo desann nan peyi a, yon mannyè pou manman ak papa pitit ka rale yon souf ;

-  Petwo Karibe a pa yon senp pwojè kote Ayiti pral achte gaz oswa kote Venezwela ap chèche fè yon lajan oswa fè kliyantèl politik li jan kèk sektè politik vle fè konprann li. Petwo Karibe a se yon akò koperasyon ki ofri peyi Karayib yo posiblite pou yo amleryore kondisyon enèjetik lakay yo. Depi nan keksyon achte gaz la nan yon pri ki pa pri mache a, rive nan enstale rafinri, chèche devlope richès gaz natirèl peyi sa yo genyen, menn rechèch, devlope konpetans nan domèn lasyans nan sa ki gen pou wè ak enèji ;

-  Pwodui petrolye yo pran anpil dola, anpil lajan nan ekonomi peyi a, alòske pri yo se monte y ap monte sou mache entènasyonal la. Okipasyon peyi Irak ki detwi pi fò nan rezèv peyi sa a, pwoblèm ki genyen nan Mwayen Oriyan an, anonse klè difikilte peyi OPEP yo pral genyen pou satisfè demand mondyal la nan yon pri ki bon mache. Nan peyi Etazini pandan 25 lane ki sot pase la yo, pa janm genyen okenn nouvo rafinri. Mete sou sa dènye siklòn ki sot pase nan Kalifònya a detui nan rafinri ki genyen yo. kidonk, pri yo pap desann konsa. Alòs Petwo Karibe a rete yon opòtinite nouvo gouvènmanan pa dwe rate.

-  Tout lòt peyi ki manm Petwo Karibe a, tankou vwazen nou Repiblik Dominikèn, se peyi ki jiskaprezan anba dominasyon Tonton Sam. Men sa pa anpeche dirijan peyi sa yo konprann fòk yo chèche defann koperasyon ki ka pèmèt yo amelyore sitirasyon ekonomik lakay yo. Anplis, li enpòtan pou tout moun konnen, nan ekspòtasyon pwodui petrolye peyi Venezuela, 57% nan yo ale nan peyi Etazini, 31% ale jwenn peyi ki nan Amerik Latin nan, 7% se peyi Ewòp yo ki achte l epi 5 % se peyi Azi yo ki achte yo. Anplis, aktyèlman, gouvènman venezwelyen an ap diskite yon akò ak peyi Etazini sou posiblite pou l ta vann mas malere ki genyen nan peyi Tonton Sam gaz la nan yon pri bon mache.

-  Rantre nan Petwo Karibe ap vle di pou ekip Lespwa a lejitime viktwa 7 fevriye 2006 nan retounen bay majorite moun nan popilasyon an ki te vote l dwa ak enpòtans vòt yo a. Li enpòtan pou dirijan Platfòm Lespwa yo sonje, patikilyèman Prezidan Preval, mas yo depi apre 86 pa vote moun ankò pou bèl figi, bèl pwomès, kout lajan ak tafya. Men yo vote moun yo wè oswa yo kwè ki ka defann enterè yo, ki ka satisfè revandikasyon yo. Alòske, revandikasyon majorite moun nan popilasyon an, patikilyèman, manman ak papa pitit k ap bat dlo pou fè bè, se desann pri transpò, pri manje, pri lekòl, pri kay, pri lasante, reyalize bon jan refòm agrè, sispann pran dikte nan men Tonton Sam ak Enstitisyon entènasyonal yo (FMI, PNUD, Bank Mondyal).

KI DEMACH KI DWE METE ANPLAS POU PETWO KARIBE A PA RETE YON RÈV JE KLÈ ? KOUMAN JERE PWOJÈ SA A NAN ENTERÈ POPILASYON AN ?

Oganizasyon ak militan Kolektif la klè keksyon lavichè a pa gen pou wè sèlman ak ogmantasyon pri pwodui petrolye yo, men li makònen tou ak jan sosyete peze souse a chapante, ak politik ekonomik gouvènman yo ak leta ap aplike, ak konpòtman rapas boujwazi revandèz la, ak kòripsyon ki genyen nan administrasyon piblik la, elatriye. Kidonk, Ayiti ka toujou rantre nan PETWO KARIBE a epi pri pwodui yo pou rezon nou sot bay la yo kontinye ap monte bwa, menm jan sa fèt malgre twa lane franchiz dwanyè gouvèlman Latòti bay gwo komèsan yo, malgre depi 1995 se 15% kòm pi gwo taks bizisman ayisyen yo peye ladwann pou pwodui y ap achte lòtbòdlo. Anplis, eksperyans koperasyon ant Leta ayisyen ak lòt peyi yo, depi sou Divalye pou tonbe sou rejim Lavalas yo (Asistid ak Preval), montre klè keksyon koperasyon an rete yon bagay ki jere anjeneral nan pouwa anklik, nan kopinaj ak kòripsyon sou do popilasyon an. Tout moun ka sonje diri Taywann nan, dosye wout Kafou a, èd Gouvènman Kiben nan domèn lasante ak ledikasyon.

Nan sans sa a, Kolektif la ap fè pwopozisyon sa yo, yon manyè pou eksperyans koperasyon Venezuela/Ayiti nan domèn enèji a pa tounen yon desepsyon ni pou pèp ak gouvènman Venezwelyen an ni pou popilasyon ayisyen an.

1. Kolektif la pwopoze pou nouvo gouvènman ki pral monte sou pouvwa a, kanpe yon Komisyon Nasyonal Jesyon Akò PETWO KARIBE a.

Komisyon sa a ka fòme konsa :

2 reprezantan Kolektif la ; 2 reprezantan sektè prive a ; 2 reprezantan sektè sendikal la ; 1 reprezantan gouvènman an.

Komisyon nasyonal sa a ap gen kòm veritab misyon : a) siveye aplikasyon akò Petwo Karibe a dapre sa ki di ladan l, yon jan pou enterè popilasyon an pa pase anba pye, nan sans sa a, reprezantan Kolektif la ap gen pou defann patikilyèman enterè mas popilè yo ;

b) bay konsèy, fè pwopozisyon klè sou jan pou amelyore sistèm jesyon ak aplikasyon akò a ;

c) pèmèt genyen transparans ak patisipasyon tout bon nan koperasyon ant 2 peyi yo nan domèn sa a ;

d) bay popilasyon an enfòmasyon sou tout nouvote, tout diskisyon ki gen pou wè ak aplikasyon Petwo Karibe a.

N ap souliye, manm Komisyon sa a pap touche. Se pa yon djòb yo genyen nan Leta a. Yo pa gen pouvwa ni pou ekzekite, ni pou fè ekzekite desizyon yo.

2. Kolektif la di fòk resèt leta yo, sitou resèt k ap soti sou pri pwodui petwolye yo apati Petwo Karibe a, sispann peye FMI ak Bank Mondyal alòske popilasyon an ap mouri nan lamizè, nan malsite, blakawout ak tout lòt move kondisyon lavi. Gouvènman Lespwa a dwe mete kanpe ak lajan leta ap rantre nan resèt li fè sou Petwo Karibe a, yon Fon pou Devlòpman Sosyal.

Fon sa a ap gen kòm prensipal misyon : amelyore kondisyon lavi moun ki nan katye popilè yo ak nan seksyon nominal yo, sitou nan domèn ledikasyon ak lasante.

Komisyon 4 tèt nou sot pale a, Komisyon nasyonal la, ap gen pou fè menm travay kontwòl ak sijesyon an bò kote dirijan Fon sa a.

Pou nou menm, òganizasyon ak militan ki nan Kolektif la, li klè batay pou amelyore kondisyon lavi mas yo ale pi lwen pase pou Ayiti ka vin manm Petwo Karibe. Men si mas yo ak divès òganizasyon l yo batay pou kondisyon nou mande la yo respekte nan kad gaz Venezuela a, nou panse se ap yon gany nan jefò pou yo rale yon souf. E gany sa a, fòk nou fè l !

Pou Kowòdinasyon Kolektif la :

Yves BARTHELEMY

Makenton CIVILMA

Charles Jean Evrard



 

20 ans après, les assassins du Père Jean-Marie Vincent courent toujours

Posté le 8 septembre 2014 par

Dénonciation constante du projet touristique et demande de libération de Jean Matulnès Lamy

Posté le 27 août 2014 par

Déclaration Conjointe : Appel à un instrument juridiquement contraignant sur les droits humains, les sociétés transnationales et autres entreprises

Posté le 27 juin 2014 par PAPDA

NÒT POU LAPRÈS SOU ARETE SALÈ MINIMÒM LAN

Posté le 9 juin 2014 par PAPDA

No to Starvation Wages in Haiti ! - No to Poverty Wages in the US !

Posté le 30 janvier 2014 par PAPDA

PAPDA mande solidarite ak batay KOSIT ap mennen nan SONAPI

Posté le 30 janvier 2014 par Camille Chalmers

1915-2013 : 98 lane dominasyon ak eksplwatasyon Meriken sou peyi d Ayiti

Posté le 26 juillet 2013 par

Declaración de la Alianza Social Continental

Posté le 20 juin 2013 par PAPDA

Declaración del Encuentro de la Alianza Social Continental realizado el 1 y 2 de junio en Bogotá

Posté le 20 juin 2013 par PAPDA

La CDC assignée pour avoir encaissé l’argent versé par Haïti pour son indépendance

Posté le 13 mai 2013 par PAPDA

 

Démysthifier les Institutions de micro-finance

Posté le 8 septembre 2014

Mouvman patriyotik demokratik popilè (MPDP) yon nouvo zouti politik

Posté le 8 septembre 2014

Le gouvernement livre au capital impérialiste 83 % des ressources pétrolières appartenant au peuple mexicain

Posté le 5 septembre 2014

Courriers d’Haïti... Incendies et vases communiquants 22 août 2014

Posté le 28 août 2014

American Curios (La Jornada)

Posté le 26 août 2014

PROGRAMME ETASUNIEN DE DESTABILISATION CONTRE LES MEDECINS CUBAINS

Posté le 25 août 2014

Cuba, un modèle selon l’Organisation mondiale de la santé

Posté le 7 août 2014

IN DEFENSE OF PALESTINE

Posté le 7 août 2014

EN DEFENSA DE PALESTINA

Posté le 7 août 2014

Comment l’aide au développement se privatise au profit des grandes multinationales

Posté le 21 juillet 2014

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox