PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Intégration Alternative - ZLEA

Batay kont ZLEA : II Rankont a nan Amerik la

Posté le 15 novembre 2005 par Administrateur

Ecrit le 28 novembre 2002

Nou di non,Nou pa vle ZLEA

YON LOT AMERIK POSIB


La Habana, 25-28 novanm 2002

DOKIMAN FINAL - Apèl nan La Habana

Pou tout Pèp nan Amerik yo

Lavi pèp nou yo, ansanm avèk Grandèt Majè Nasyon nou yo, Yo nan dlo : Batay kont ZLEA a, se lite kont kolonizasyon ak lamizè

Nou menm, gason ak fanm endijèn, nèg ak nègès, sendikalis, peyizan ak peyizàn, jèn, moun k ap viv nan katye pòv, relijye, anviwònmantalis, defansè dwa moun, atizan, kominikatè, palmantè, atis ak entèlektyèl, gason ak fanm ki soti nan toyo tout ras, reprezantan òganizasyon sosyal ak politik ki soti nan 35 peyi sou kontinan nou an, nou rive jouk la Habana, peyi Kiba, pou nou reyalize Dezyèm Rankont ki fèt nan Kontinan an pou Lite kont Zòn Komès Lib yo nan Amerik yo (ZLEA), paske Etazini ak tout gouvènman tchoul li yo nan rejyon an, yo pèsiste nan objektif pou yo enpoze nasyon nou yo, akò sa aki depase zafè nasyon yo, epi ki kondane sektè ki majoritè nan popilasyon yo pou yo viv nan malsite, kit y ap viv nan peyi Nò yo, kit y ap viv nan peyi Sid yo. Akò sa a bay biznis transnasyonal yo dwa sou tout leta ak pèp ; li louvri nèt al kole, sous richès natirèl nou yo, pou antrepriz sa yo esplwate san pran souf, pwodui nou yo ansanm ak moun nou yo, boutofen yo retire tout posiblite pou gen yon devlòpman otonòm pou nasyon nou yo. Bagay sa a ta reprezante yon lòt mòd kolonizasyon ak lokipasyon Amerik nou an, sou kontwòl pouvwa politik, ekonomik ak militè Etazini.

Depi nan ane kote nou te fè Premye Rankont nou an, tout moun wè, san grate tèt, kouman nou ranfòse rezistans kont menas ZLEA a ak lòt pichon neyoliberalism nan, kite tonbe sou pèp nou yo. N ap goute premye viktwa yo : se menm bagay la, kit se nan Bolivi, kit se Salvadò, ni nan Ekwatè ni nan Pewou, nan Paragwey tankou nan Irigwey, nan Kebèk (Kanada) ak Etazini, nan Meksik ak lòt peyi, nou retounen pou nou byen reziste kont politik k ap chèche privatize enèji, sante, dlo, menm lavi a. Nan peyi Ajantin, kote tout moun konstate gwosè dega modèl neyoliberal la fè, mobilizasyon pèp la ap pran jarèt kont politik ki ankouraje richès k ap fè tiyon, epi ki lakoz yon veritab masak sosyal ; konsa tou nan peyi Venezwela, kote yo rive mete an kòlè jouk koulye a, tantativ kadejakè pouvwa yo k ap chèche destablize yon gouvènman ki pase nan eleksyon, epi ki pa antre nan gou meriken. Egzanp sou rezistans ak diyite yo, y ap miltipliye tout kote, sitou nan lit pèp endyen yo ak mouvman nèg la dirije ; yo menm, jouk koulye a, yo se moun ki plis majinalize nan lemonn. Tout kote, endividyalism, konpetisyon ak divizyon neyoliberalism fòje yo, yo koumanse bay inite ak solidarite nan mitan pèp yo. Tout kote, fanm yo koumanse okipe plas yo pi plis, epi mete revandikasyon yo devan lit yo. Sa a, se yon motif fyète ak diyite pou tout mouvman an.

An patikilye, nan batay kont ZLEA a, depi dènye rankont la, nou wè komite ki gen anpil fòs sosyal ak politik ap kreye nan divès peyi. Bagay sa a ap deplòtonnen nan yn kanpay enfòmasyon ak edikasyon, nan aksyon mas yo ak nan prepare epi reyalize Referandòm Popilè Kontinantal la, ki deja gen yon siksè fòmidab nan plebisit ki te fèt nan peyi Brezil, nan premyè semenn mwa septanm 2002 a. Nan plebisit sa a, plis pase 10 milyn brezilyèn ak brezilyen te di : Non, nou pa vle ZLEA a. Nan Kito, akoz Woumble Minis Komès yo, nou mobilize malgre gaz lakrimojèn lapolis, epi nou fè moun wè klèman, kouman pèp nou yo rejte gouvènman ki koumanse negosye ZLEA a.

Rezistans la ap vanse, mouvman sosyal la ap ranfòse, epi yo makònen pi plis ankò nan nivo global. Pwogrè sa yo jwenn korespondans yo tou, nan gany politik, tankou gwo vòt Evo Morales jwenn nan Bolivi, epi sitou, viktwa elektoral Lula nan peyi Brezil ak Lucio Gutiérrez nan peyi Ekwatè. Se kandida fòs popilè yo, ki kanpe anfas nouvèl kolonizasyon Amerik la, apiye epi fè ranpòte laviktwa. Nouvo senaryo ki louvri avèk viktwa sa yo, san di pètèt, se yon kou yo pote modèl neyoliberal la, paske vòt pèp nou yo, se vòt kont modèl sa a, kont « komès lib la », kont dominasyon Etazini.

Men, malgre demonstrasyon volonte pèp nou yo ki klè, enperyalism meriken ansanm ak gouvènman restavèk yo nan kontinan an, yo pa vle tande rèl jistis ak endepandans k ap monte depi anba a. Y ap fè tèt di nan kontinye plan kolonyalis ak anti-popilè yo. Chomay ak malsite pa sispann monte malgre pwomès devlopman moun k ap fè pwomosyon pou « komès lib » la, ansanm ak fo pwogram kont lamizè. Okontrè, sitirasyon an deja chavire nan jenosid sosyal ak degradasyon kondisyon lavi moun. Peyi nou yo ap pèdi dèt majè yo ak sekirite alimantè yo. Sèvis ak byen premye nesesite yo, tankou edikasyon ak sante, yo pretann mete yo sou kontwòl jwèt mache a. Nan yon peyi tankou Ajantin, kote pa gen lontan nou pa ta ka panse sa, ti moun yo ap mouri anba grangou. Dèt la kontinye tankou yon flajelasyon, yon zouti pou fè chantay ak kontwòl sou nasyon nou yo. Sou pretèks y ap batay kont trafik dwòg,epi koulye a, kont terorism, militarizasyon an, se tokay ki endispansab pou « komès lib » la. An jenral, Plan Kolonbi a, Kòmando Nò a ak « koperasyon » gouvènman nou yo avèk gwo patwon Pentagòn yo, se lòt marasa a nan politik pou fè peyi nou yo antre nan plan ekonomik k ap defann enterè meriken yo.

Malgre konsekans sosyal ki grav TLCAN nan genyen, espesyalman nan peyi Meksik, ak enpòtans opozisyon an, y ap negosye. Minis komès yo afime yon lòt fwa ankò, fèm detèminasyon yo genyen lè yo panse konkli negosyasyon ZLEA yo an 2004. Anplis, Wachintonn ansanm ak tout alye li yo, osnon pou nou pi byen di, tchoul li yo, yo pa espere rive nan bout negosyasyon yo. Se konsa, yo vanse chak jou nan plan ak akò sou « komès lib » abt 2 nasyon osnon pou rejyon an. Tou sa yo, se pyès nan estrateji pou di karebare, pisans nètalkole Etazini ki genyen sou kntinan an, epi ki pote drapo ZLEA a nan wout li. Plan emisferik sa yo se yon pati nan estrateji ki pi global gwo biznis meriken yo genyen nan kad konpetisyon y ap fè avèk lòt blòk ekonomik nan Oganizasyon Mondyal Komès (OMC), paske tèm tankou agrikilti ak privatizasyon sèvis piblik yo ak lòt ankò yo, y ap konsidere koulye a pou antre nan OMC, yo deja prezan nan demach ZLEA a.

Negosyasyon ZLEA ak OMC yo (ansanm avèk demach bilateral ak rejyonal yo), yo antre nan dènyè faz la. Kriz ak dezespwa pèp nou yo, rive nan tobout yo. Menas lagè a, li deja la. Men, posiblite nou genyen yo pou reziste, yo vin miyò pase lontan ; gen lòt limyè ki klere. Batay nou an, li dwe antre tou nan yon dènyè faz. Se pou sa depi isit la, depi patri Martí a, ki se yon egzanp sou posiblite nou genyen pou nou ranpòte laviktwa epi fè rezistans anba dominasyon enperyalis la, nou deklare pou :

-  Nou double nan chak peyi nou yo, nan nivo rejyonal ak kontinantal, kanpay kont Zòn pou Komès Lib nan Amerik yo, pandan n ap ranfòse aktivite yo tankou enfòmasyon, difizyon ak edikasyon nan mitan popilasyon an, an jeneral, ansanm avèk mobilizasyon ak tout seri inisyativ ak aksyon ki nan posiblite nou pou anpeche pwojè nouvèl kolonizasyon an reyalize.
-  Nou vanse nan mete kanpe komite nasyonal initè, ant divès sektè pliryèl ak orizontal pou lite kont ZLEA a.
-  Nou bay yon lòt souf nan òganize ak reyalize referandòm Popilè Kontinantal sou ZLEA a, ki pral gen yon dèle nouvo jouk nan mwa oktòb. Dèle sa a gen rapò avèk Woumble Minis Komès yo nan Miyami, pou rive la a avèk fòs patisipasyon plizyè milyon fanm ak gason ki soti nan tout kntinan an.
-  Nou devlope yon estrateji pou kongrè nasyonal yo, dekwa pou depite ak senatè ki pa patizan ZLEA a, batay ansanm avèk peèp yo, pou yo reprann defans grandèt majè a epi anpeche ZLEA fonksyone.
-  Nou lanse an menm tan, lit kont akò, kontra ak plan bilateral ak rejyonal sou “komès lib“ k ap vanse nan modèl enjis ak inegalitè ZLEA a, ansanm ak konstriksyon apati baz yo, yon altènativ pou pèp yo kapab entegre yon fason jis, ekitab ak dirab.
-  Nou marande lit kont « komès lib » nan rejyon an, ansanm avèk lit kont Oganizasyon Mondyal Komès, epi espesyalman kont nouvèl wonn ak antre nouvo tèm k ap bay sèlman yon enstitisyon ki nan sèvis gwo biznis transnasyonal yo, plis pouvwa toujou.
-  Nou makònen plis toujou lit sa a avèk batay reyèl pèp nou yo ap fèt chak jou, sou divès fwon neyoliberalism louvri, espesyalman nan defann makfabrik piblik edikasyon, sante, sekirite socyal, resous enèjetik ak natirèl nan peyi nou yo.
-  Nou fè lit nou an, tounen lit kont tout fòm mete sou kote ak rejte, espesyalman lit kont vyolans y ap fè sou fanm.
-  Espesyalman nou mande pou nou marande lit kont « komès lib” la avèk lit istorik kont enjistis ak dèt la ki pa lejitim, epi kont belijerans Etazini ki pa sèlman mete an danje grandèt majè nou, men tout planèt la ; nou dwe konbat tou politik kont leve kanpe pèp yo militè, atache ak sivil yo ap fè nan gouvènman latinoameriken yo. Koulye a tou, nou dwe pran chay batay pou defann ansanm nan ran sere, kont krim yo fè tounen yon enstitisyon pou kouri dèyè konbatan sosyal yo.
-  Anplis batay n ap fè chak jou nan chak peyi ak rejyon, nou mande pou nou rankontre epi mobilize nou kont ZLEA ak OMC nan kad Fowòm Sosyal Mondyal k ap fèt nan mwa janvye 2003 nan vil Pòto Alegre (peyi Brezil) ; pou nou rankontre epi mobilize nou ansanm avèk frè ak sè nou yo nan lemonn, nan Cancun, Meksiko, nan mwa septanm 2003 kont OMC, pandan n ap deplòtonnen tout yon seri mobilizasyon ak aksyon k ap fèt an menm tan nan tout peyi nou yo ; nou mande pou nou reyalize yon jounen kontinantal nan fè aksyon kont ZLEA a, lè minis komès yo ap reyini sou ZLEA a nan finisman ane 2003 a nan Miyami, epi nou retounen rankontre nan La Havana, nan mwa janvye 2004.

Boutofen, Dezyèm Rankont Emisferik Batay kont ZLEA a fini avèk yon konviksyon : menm jan nou te konpli anpil nan objektif nou te pwopoze tèt nou nan Premye Rankont la, Dezyèm nan louvri chimen pou yon lòt etap ; se yon pwogrè nan kalite lilt kont nouvèl tantativ pou domine kontinan nou an sou fòm kolonyal ; nou gen konviksyon, si nou suiv chimen mouvman rezistans global la ki te trase nanChiapas, Seattle, Kebèk, ak anpil lòt lit popilè ki fèt nan Nò, Sant, Sidamerik ak Karayib la, n ap chanje lavni majinasyon, malsite ak lagè gwo bonèt pouvwa ak lajan vle mete devan pèp nou yo. Depi sou teritwa lib nan Amerik sa a, kote nou pote solidarite nou, epi nou mande pou yo sispann anbago epi respekte grandèt majèt l, nou di :

AMERIK NOU AN, PA POU VANN !

GDET MAJE PEP YO, WI ! ZLEA, NON !

AN NOU FE ANSANM YON LOT AMERIK POSIB !

Plan batay kont ZLEA a

Kondisyon fondalnatal pou mete do ZLEA a atè, se mobilizasyon pèp yo. Travay ak plan daksyon nou pral devlope yo, yo dwe pèmèt nou rive nan bi sa a.

TRAVAY PEMANAN

1) Mete kanpe Mouvman, Komite osnon Platfòm Nacional baze sou inite ak demokrasi, epi ki anrasinen nan òganizasyon sosyal yo. Pwochen defi nou gen devan nou, se marande nou nan komite ak mouvman nasyonal ini nan divès gwoup ak aksyon anti-ZLEA nan tout peyi. Li nesesè pou davans nou chèche inite nan batay entèn ak lòt lit yo, pandan n ap bouske makònay ki anrasinen nan òganizasyon sosyal, demokratik ak reyèl pou mennen aksyon yo. Sa a, se nannan travay la, paske se sèlman konsa nou ka rive fè yon mobilizasyon nasyonal ak kontinantal, ki kapab mete do ZLEA atè. Komite yo, Platfòm yo osnon Mouvman nasyonal yo dwe fè pwomosyon patisipasyon ki pi laj posib pou fanm yo, nan tout nivo, epi fòme komite lokal ak popilè ki marande nan popilasyon an.

2) Demaske makònay ki genyen ant dèt, militarizasyon ak komès lib. Li enpòtan anpil pou nou li avèk je nou, epi montre lyen ki genyen nan mitan 3 politik sa yo ki vin remete nou nan esklavay. Akò pou komès lib, ansanm avèk nouvo kredi yo, chak jou pi plis yo sou kondisyon pou « batay kont terorism » ki se nouvo non yo bay militarizasyon k ap fèt nan peyi nou. Yon egzanp, se Akò Preferans Komèsyal pu Rejyon Anden yo (ATPDEA). Konsa menm, enstriman finansye yo, kesyon dèt la, plan ak kondisyon lanmò FMI, Bank Mondyal ak BID yo, youn konplete lòt, epi yo fè politik pou piye peyi nou yo, vin pi solid.

3) Nou rive nan yon lòt faz nan dirije, suiv ak veye negosyasyon yo. Li enpòtan anpil pou nou ranfòse an menm tan, suivi k ap fèt sou nannan akò a, ansanm ak pwopozisyon sou pwodui, sèvis ak angajman chak ap pran nan negosyasyon ZLEA yo. Direksyon an pa dwe anbrase sèlman ZLEA a, men tou li dwe konsènen negosyasyon k ap fèt nan OMC, Akò Rejyonal yo (PlanPuebla Panama, ATPDEA, CAFTA, CBTA,...), akò ant 2 peyi sou zafè komès ak envestisman, epi tou plan pou militarize peyi yo (Plan Kolonbi ak enstalasyon baz millitè) ak plan pou fè nou gen plis dèt pou peyi etranje. Kontwòl sa a dwe fèt nan nivo kontinantal, mondyal, rejyonal ak nasyonal, pandan l ap marande divès inisyativ ki egziste deja. Nou dwe kontinye mande pou gouvènman yo enfòme nou piblikman sou tout detay negosyasyon an, epi klarifye ki peyi ki reponn pwopozisyon ki ekri sou tablo ZLEA a.

4) Ranfòse demach pou kominikasyon, piblikasyon ak fòmasyon nan tout nivo. Kominikasyon an, se yon kesyon estratejik ; nou dwe pwofite tout espas altènatif, piblik ak komèsyal. Li nesesè pou nou pwofite medya piblik nasyonal ak lokal kote gen gouvènman ki pre enterè popilè yo. Nou dwe itilize kèlkilanswa ti espas nou jwenn nan mwayen kominikasyon komèsyal yo. Li fondalnatal pou nou ranfòse pwòp mwayen mouvman sosyal yo, epi makònen yo ansanm. Nou dwe plis pataje dokiman k ap fèt nan tout peyi yo (dokiman enprime, dokiman odyovizyèl, pwogram radyo, CD, elatriye) Nou dwe fè pwmosyon pou fòmatè osnon monitè lokal ; nou dwe mele travay pou pwodui materyèl ki simaye patou, ansanm ak tèks pi pwofon, pou kontre bab ak nouvèl faz negosyasyon ZLEA yo. Nou dwe fè jefò pou fè materyèl ak kanpay enfòmasyon sou ka ki merite konnen (San Luis de Potosí, Bechtel, elatriye), epi sou konsekans reyèl ZLEA genyen sou moun ak lanati. Nou dwe ranfòse kominikasyon sou entènèt ansanm ak boukantay esperyans ak aksyon nan mitan diferan òganizayson k ap mennen kanpay kontinantal la.

5) Mete pwopozisyon altènativ anfas ZLEA a. Depi nan lit pou reziste yo, nou dwe kontinye travay pwopozisyon altènativ n ap mete anfas ZLEA a. Yon kontribisyon nou dwe travay nan sans sa a, se Dokiman ki gen Altènativ pou Amerik yo. Se ASC ki fè l. Bi pwopozisyon altènativ anfas ZLEA a, se pa negosye osnon ranfòse akò sa a ki vle remete nou nan esklavay epi touye nou, men se bati yon lòt entegrasyon ki chita sou respekte lavi, byodivèsite, dlo ak lanati, defann teritwa nou yo, pwoteje mache anndan lakay nou ansanm ak pwodiksyon nasyonal yo, pwoteje dwa grandèt majè pèp yo, bay kilti ak idantite pèp yo valè, fè solidarite, tabli lajistis ak egalite nan distribye richès la pou nou gen aksè , epi respekte dwa granmoun peyi yo.

6) Kontinye epi ranfòse Referandòm Popilè sou ZLEA nan tout peyi yo. Referandòm nan, li koumanse nan peyi Brezil, l ap tabli koulye a nan peyi Meksik, Kebèk (Kanada). Se youn nan prensipal mwayen nou genyen pou nou enfòme, mobilize plizyè milyon moun, epi chita baz lejitimite demokratik pou kanpay nounpa. Refar.ndòmfkonitnantal la dwe tounen yon reyalite pou tout peyi, pandan n ap pwolonje dèle pou li fèt jouk nan mwa oktòb 2003. Chak komite nasyonal bezwen chwazi dat pou reyalize Referandòm Popilè nan peyi l. Rezilta referandòm nan kontinan an, y ap prezante yo nan kad jounen rezistans k ap fèt nan tout peyi yo pandan reyinyon minis yo nan Miyami, nan finisman ane 2003 a.

7) Makònen kanpay kont ZLEA a ansanm ak kanpay kont OMC a. Nannan ZLEA a, yo prezan tou nan wonn negosyasyon OMC yo, kote yo gen entansyon relanse nan senkyèm Woumble Minis yo k ap fèt nan Cancùn-México nan mwa septanm 2003. Oyès santral nan makònay fòs nou nan yon sèl fwon batay, se rejte ZLEA a, ak tout nouvèl wonn negosyasyon OMC yo, epi egzije pou agrikiolti, sèvis esansyèl yo ak pwopyete entèlektyèl pa nan OMC ak kèlkilanswa akò pou lib komès la. Mete do nouvèl wonn negosyasyon sa a atè, se yon sewòm pou batay kont ZLEA, epi an retou, se yon viktwa nan batay kont ZLEA a, ki pral ranfòse lit kont OMC a. Li enpòtan anpil pou mouvman nasyonal kont ZLEA a pote chay travay sa a ; epi, li ta enteresan anpil pou òganizasyon k ap lite kont OMC a, mete ladann, batay kont ZLEA a ansanm ak tout lòt akò sou komès lib nan lemonn. Li pa kesyon pou nou kreye 2 kanpay paralèl nan kontinan ameriken an, men antre reyèlman dimansyon OMC a nan aksyon n ap poze chak jou.

8) Jounen Kontinantal pou batay kont ZLEA ak OMC. Nan nouvèl faz sa a, li posib pou nou deplòtonnen aksyon mobilizasyon kont ZLEA ak OMC, an menm tan nan tout peyi yo. Nou mande pou gen yon jounen batay ak mobilizasyon kontinantal (mache, sitin, koupe wout, rasanbleman, blokis, fèmen fwontyè ak lòt aksyon toujou) nan dat 10 septanm, nan okazyon kote y ap koumanse gwo Woumble Minis Komès yo nan Cancun (peyi Meksik). Konsa, depi Kanpay Kontinantal kont ZLEA a, n ap soutni zefè ak aksyon Komite Meksiken kont ZLEA ak lòt òganizasyon ap prepare nan Cancun. Nou fè solidarite avèk yo, epi nou mande pou nou patisipe nan tout seri lòt aktivite yo, tankou jounen kontinantal kont militarizasyon, jounen solidarite avèk Kiba, jounen konitnantal pou yo respekte Dwa Entènasyonal ak tout lòt ki kouche sou papye kalandriye aksyon nou chwazi fè ansanm yo.

9) Deplòtonnen kanpay espesyal pou ranfòse batay kont ZLEA a, sou :

i) aspè ki ranmase ajanda ZLEA a (envestisman, sèvis, agrikilti, acha leta, elatriye)

ii) aspè ki reyini ZLEA ak tout OMC, epi aspè ki espesyal pou yo chak

iii) akò rejyonal yo (PPP, ATPDEA, CAFTA, CBTA...)

iv) akò ant leta ak gouvènman, ansanm avèk konkrè egzijans biznis transnasyonal yo kont leta yo.

Kanpay espesyal sa yo dwe pèmèt nou marande epi rasanble fòs ak inisyativ mouvman ak komite divès peyi. Li rekòmande pou tout gwoup peyi ki angaje nan yon menm akò rejyonal jwenn fòs ak aksyon yo ansanm. Tabli diès kanpay yo, epi kòdone yo, se responsablite tout aktè ki angaje, etandone wòl Kòdinasyon Kontinantal la, se fè pwomosyon pou tèt kole sa yo, epi ankouraje yo. Nan aksyon sa yo, li enpòtan pou nou antre ladann, pi gwo kantite sektè posib (bizismann, pwofesyonèl, ti komèsan, pwodiktè nasyonal, meri ak lòt), ZLEA a frape di. Konsa, li nesesè pou nou souliyen wòl kominote relijye nan deplòtonnen kanpay sa yo.

10) Kanpay sou tèm ki kontre avèk akò komèsyal yo. Gen divès inisyativ ak aksyon kontinantal/entènasyonal, ki egziste sou tèm tankou dlo, dèt, zam fannfwa, semans ki fèt nan laboratwa, edikasyon, privatizasyon, zòn fran, elatriye, ki dwe ranfòse epi marande pi byen avèk kanpay kont ZLEA ak OMC a. Kesyon fanm ak gason an, zafè ras la ak lòt ankò, yo dwe vin pi vizib pou montre konsekans reyèl lib komès la pral genyen. Bi santral la, se pa kreye nouvèl kanpay, men se pou ride makònay inisyativ yo riiv fot, epi ba yo jarèt.

11) Idantifye aks santral kanpay nasyonal yo, epi ranfòse yo. Nan tout peyi yo, genyen yon seri pwoblèm konekte osnon sektè ki gen plis enpòtans pou biznis transnasyonal yo, epi yo reprezante sektè ki plis ka fè moun mobilize (egz. Gaz, anviwònman espesifik, privatizasyon yon sektè, repasay, elatriye). Li fondal natal pou chak mouvman nasyonal idantifye sant batay sa yo, epi fè tout moun wè yo konkrètman ansanm ak makònay yo genyen avèk akò komès lib yo. Nan nivo kontinan an, li nesesè pou nou makònen aksyon solidarite yo avèk batay lokal yo pou nou kapab triyonfe. Laviktwa kont ZLEA ak lòt kontra pou komès lib, n ap konstwi l nan batay lokal yo.

12) Aksyon palmantè ak jiris pou bay lit kont ZLEA a jarèt. Negosyasyon yo fè sou kontra sa a, yo anvyole dwa grandèt majè ansanm ak manman lwa nasyonal yo, lè yo pa rekonèt pwòp wòl palmantè ak jij yo. Li nesesè pou nou travay avèk palmantè ak tout jiris ki marande avèk mouvman sosyal ki egziste nan peyi nou yo. Epi tou, pou nou fè tou sa ki posib pou reyalize aksyon legal ak jiridik, tankou petisyon, entèpelasyon (rele minis devan lachanm), demann poutèt yo pa respekte konstitsyon an, jijman ak lòt ankò pou pwouve defisi demokratik ki genyen nan negosye akò komèsyal yo. Epi tou ankò, pou nou anpeche lachanm nasyonal yo ratifye ZLEA a ak lòt akò komèsyal. Li pa kesyon pou nou kwè sèl aksyon jiridik ak palmantè yo sifi pu nou mete do ZLEA a atè, ankò plis pou nou ta negosye osnon fè kontra vin miyò.

13) Lòt Aspè Konjonktirèl. Pou yon politik bò kote gouvènman ak enstans entènasyonal yo. Dènye viktwa elektoral ki fèt an Amerik latin, se imaj sou rejè modèl neyoliberal, k ap monte. Men, gany nan eleksyon sa yo pa dwe fè nou pèdi tèt nou, malgre yo enpòtan anpil. Sa ki fondal natal, se kontinye ranfòse mouvman ak mobilizasyon nasyonal ak entènasyonal yo. Li nesesè pou nou klarifye bòte nouvo gouvènman sa yo, li pa posib pou nou korije ZLEA a, ni pou nou ta fè l vin miyò. Nou pa gen pretansyon bay nouvo gouvènman sa yo yon bwa long kenbe. Sa k pi enpòtan, se kenbe inite mouvman kont ZLEA a, epi dapre peyi ak konjonkti a, deplwaye aksyon ki pi gen sans pou fè egzijens ak presyon sou gouvènman sa yo, epi mande pou yo kenbe fèm devan ZLEA a. Nou dwe egzije tou pou nouvo gouvènman sa yo ak ansyen yo konvoke plebisit osnon referandòm dekwa pou popilasyon yo deside si yo dakò osnon pa dakò avèk ZLEA a, epi si gouvènman yo dwe deja retire kò yo nan negosyasyon yo. Li nesesè pou nou chèche itilize tout enstans ak konvansyon entènasyonal (Nasyonzini, OIT, PIDESC, elatriye) pou nou denonse, kesyone ak anbarase avans k ap fèt nan negosyasyon yo.

14) Aksyon kòdone kont ZLEA ak OMC nan Fowòm Sosyal Mondyal la. Nou pwopoze pou nou òganize kèk aksyon nan mitan kòdinasyon kontinantal kanpay kont ZLEA a ak mouvman anti-OMC yo, dekwa pou nou ka ranfòse tèt nou epi rasanble enèji pandan FSM nan. Youn nan inisyativ yo, se òganize ansanm yon seminè yon jou entye, pou nou ka analize kouman sijè tankou envestisman, agrikilti, sèvis ak lòt ankò ap deplòtonnen nan ZLEA ak OMC. Patisipe aktivman nan mach nou konvoke pou 27 janvye a, dekwa pou nou ka batay kont ogmantasyon zam fann fwa, ZLEA, OMC ak dèt la. Konsa menm, n ap koumanse bati yon tribinal kote n ap prezante ka konkrè sou biznis etranje ki mande pou peyi yo rann vizib youn nan aspè santral y ap rapousiv nan negosye akò komèsyal yo.

15) Doze rankont kontinantal yo dekwa pou nou ka konsantre enèji. Rankont ki defini epi nou pa ka rate, ki angaje yon deplwaman kontinantal kont ZLEA a, epi ki sou responsablite nou, se : a) patisipasyon nan FSM-janvye 2003, b) Woumble OMC-septanm 2003, ch) Reyinyon Minis ZLEA yo nan Miyami-finisman ane 2003 ak d) III Rankont Emisferik sou batay kont ZLEA nan Avana-13 al pou 18 janvye 2004. Kanta Woumble Pèp Amerik yo pou reyalize nan peyi Ajantin-avril 2003 ak FSM-emisferik Ekwatè-oktòb 2003, n ap analize makfabrik ak sans ki genyen pou nou ranmase chay sa yo pandan FSM nan, nan nivo kontinatal, dapre yon kalandriye aktivite ofisyèl n ap adopte, k ap genyen tou altènativ nou pral defini.

ENSTANS K AP KODONE KANPAY KONTINANTAL KONT ZLEA A.

Pandan n ap kontinye esperyans nou te koumanse nan mwa janvye 2002 nan Fowòm Sosyal Mondyal la, epi nou te repete nan mwa me ak oktòb nan Kito, 2 reprezantan mouvman, komite, chapit ak platfòm pou chak peyi, ansanm ak 2 reprezantan pou chak rezo kontinantal osnon rejyonal antre anndan Kòdinasyon Kontinantal Kanpay kont ZLEA a. Malgre nou pral ini nou epi marande kèk kanpay nasyonal ansanm, n ap aplike kritè sa a selon done yo. Kòdinasyon Kontinantal la ap reyini pandan l ap pwofite rankont kontinantal ki deja fikse yo, epi si li nesesè, nan lòt okazyon.

SEKRETARYA KONTINANTAL

Sekretarya kontinantal la ap gen biwo l nan peyi Brezil, epi Sekretarya Alyans Sosyal Kontinantal la ak Sekretarya Kanpay Brezilyèn kont ZLEA a ap gen menm fòm nan. Sekretarya Kontinantal la gen yon fonksyònman pèmanan ak kotidyen.

TABLO KI RANMASE ESTRATEJI BATAY KONT ZLEA A

ZLEA OMC REJYONAL BILATERAL RESPONSAB

1 Mouvman Initè Nasyonal yo Marande, Inifye ak Ranfòse Mouvman Nasyonal yo kont ZLEA ak OMC, nan rasinen yo nan òganizasyon sosyal ak baz yo Oganizasyon chak peyi, ansanm apui, suivi sekretarya kontinatal la (SC)

2 Monitorin, suivi ak altènativ yo Akò ak pwopozisyon angajman pou chak peyi Resanblans ak patikilarite nan chak akò Plan Puebla Panama, ATPDEA Akò bilateral sou komès envestisman Komite Monitè ASC pou kontra ZLEA a. Lyezon rejyonal ak komisyon nasyonal.

3 Kominikasyon ak Difizyon Mwayen masif (jounal, Radyo, televizyon, materyèl elektwonik) ALAI/ALER, Sekretarya Kontinantal

4 Referandòm Nasyonal kalandriye Repouse dèle a jouk nan reyinyon Minis yo nan Miyami. Tabli dat ak angajman pou chak peyi Kòdinasyon Kontinantal (CC) ak Suivi SC

5 Kanpay espesyal Envestisman, Sèvis, Agrikilti, elat. ZLEA-OMC Akò Rejyonal Pwose transnasyonal yo kont peyi yo Dapre nivo chak kanpay. SC ap fasilite l

6 Kanpay sou tèm Dlo, Privatizasyon, Semans amelyore, baraj dlo, edikasyon, zòn franch Kòdinasyon ap fèt koulye a, avèk apui SC

7 Tèm Santral pou Kanpay Nasyonal yo Idantifye ak makònen alantou aspè santral yo, mobilizasyon sosyal, epi ki enterè Pou transnasyonal yo ak akò sou komès lib fè aksyon reyèl ki gen apui ak solidarite entènasyonal Chak peyi. Suivi ak apui SC a.

8 Aksyon palmantè yo ak jiris yo Pwofite espas ak mekanism palmantè yo pou jwenn enfòmasyon, entèpelasyon epi demaske akò yo fè pwomosyon pou boukantay esperyans Chak peyi. Fwon palmantè, jiridik, SC.

9 Nouvo gouvènman avèk vizaj popilè Ranfòse inite ak mobilizasyon Mouvman nasyonal yo Deplwaye yon politik dapre sikonstans chak peyi yo (Egzije, fè presyon epi revandike fèm, elat.) Chak peyi

10 Dèt, militarizasyon ak ZLEA Fè parèt klè relasyon konkrèt ki genyen ant divès mekanism yo CC, plis chak peyi

11 ZLEA-OMC Makònen epi inifye plizyè Kanpay alantou Kanpay santral kont ZLEA a. Chèche pou rès mouvman yo nan lemonn antre ka ZLEA a nan pwogram yo CC, SC, epi chak peyi

12 Jounen Kontinantal Jounen Mobilizasyon Kontinantal pou ... septanm, nan okazyon inogirasyon woumble OMC a, nan Cancun CC, SC, Komite meksiken, epi peyi yo

13 Fowòm Sosyal Mondyal Makònen patisipasyon kontinantal ak mondyal alantaou komès lib la, nan kèk aksyon Seminè kolektif sou ZLEA-OMC. Gwo mach kont enperyalism tal kont transnasyonal k ap fè pwose ak peyi yo CC, SC, nan kòdinasyon avèk òganizasyon k ap suiv OMC

14 Woumble Santral Kontinantal yo Patisipasyon kontinantal makònen nan FSM nan, Miyami, Cancun ak la Habana konsidere sitirasyon FSM emisferik la nan Kito ak woumble Amerik yo nan Ajantin, nan FSM Pòto Alegre a CC, SC.

LOT AKSYON

-  Oganize yon koudjay solidarite avèk/nan Venzwela selon pwopozisyon Evo Morales atelye sendikal yo avèk kretyen yo te apiye kont militarism nan.
-  Reyalize yon koudjay karayibeyen sou ZLEA, zòn fran
-  Kanpay kont konsomasyon pwodui transnasyonal yo (Koka kola, Makdonal, pwodui transjenik yo).
-  Tounen nan machin atravè Etazini pou Dwa Moun nan zafè ekonomik ak sosyal, avèk patisipasyon mouvman ki soti nan ekisfè a kont ZLEA, epi pou Dwa Moun, Politik, Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl.
-  Mach Fanm yo fè nan Lemonn kont Lamizè ak ZLEA nan mwa mas-novanm.
-  Kanpay pou yo pa itilize pwodui chimik ki se pwazon, nan travay agwoendistriyèl yo.
-  Demach pou konsilte pèp yo kont ZLEA nan tout peyi yo, dwe kontinye nan ane 2003.
-  Fowòm Palmantè Pwogresis, ki soti nan lagòch.
-  Fowòm Otorite lokal yo.

KALANDRIYE

ANE 2003

4-6 janvye 2003 : Asanble Nasyonal Peyizan CLOC-Chilil

17-19 janvye : Fowòm Sosyal Panamazonik, Belén do Pará, Brezil

20-22 janvye Rankont Global Jibile Sid, Pòto Alegre, Brezil

21-23 janvye Asanble Mondyal Peyizan, Pòto Alegre, Brezil

23-28 janvye Fowòm Sosyal Mondyal, Pòto alegre, Brezil janvye 2003 Atelye Mwayen Kominikasyon Altènativ, Pòto Alegre

10-14 fevriye 5e Rankont Entènasyonal Ekonomis yo ki kot Globalizasyon ak Pwoblèm Devlopman, nan La Havana, Kiba

7 mas Tribinal Entènasyonal sou Dizon kont ZLEA, Bogotá

5-7 mas 3e Rankont Peyizan Mezoameriken, Onndiras mas Jounen pwotestasyon sou Reyinyon Ministeryèl CAFTA, San Salvadò

Mas Fowòm kont Byodivèsite, Onndiras

Mas-avril Rankont Mondyal sou Refòm Agrè ak kesyon fanm-gason, Bolivi

Mas 2003 Referandòm kont ZLEA, Ekwatè

Mas Asanble Mondyal Fanm, refòm Agrè ak Komès, Bolivi

8 mas Jou Entènasyonal. Fanm mande pèp la pou l mache kont kont ZLEA a

8-24 mas Referandòm Nasyonal kont ZLEA, Pewou

Avril Premyè Kenzèn Rankont Rejyonal kont ZLEA

Avril 2003 Kongrè Nasyonal Agrè pou Dwa pou gen Tè, Kolonbi

Avril 2003 Rankont Nasyonal Fanm Peyizàn yo, Kolonbi

10-12 avril Woumble Pèp Amerik yo, Buenos Aires (Rete pou konfime)

17 avril Jou Mondyal Batay Peyizan yo

17 avril Jou Mobilizasyon Peyizan yo nan Karayib la kont ZLEA a

avril Rankont Peyi Rejyon Anden yo

avril 2003 Plebisit kont ZLEA a, Chili

27 avril-1e me Referandòm Kontinantal sou Lafwa, Ekonomi ak Sosyete (Globalize tout lavi a)

avril Fowòm Nasyonal kont ZLEA a ak Altènativ yo, Panama

1e me Jou Entènasyonal Travayè yo

6-9 me 1e Rankont Emisferik kont Militarizasyon, Chiapas, Meksik

me Mobilizasyon nan Pòto Riko, pou libere Vieques

jen Jounen Kontinantal pou respè Dwa Entènasyonal. Analiz jiridik sou ZLEA a

Jen 3e Semenn pou Divèsite Byolojik ak Kiltirèl

Jen 2e Fowòm Mezoamerik kont Repriz yo

5-7 jen Rankont Sosyal Amerik Santral nan Onndiras ak tout lòt peyi nan rejyon an

26 jiyè Jou solidarite ak Kiba, nan omaj ak Anivèsè Aso kont kazèn Moncada a

jiyè-dawout 5e Fowòm kont Plan Puebla Pnama, Onndiras

dawout 2e Fowòm Peyi Anden yo sou Oganizasyon Peyizan, Pewou

20-24 dawout 3e Asanble Pèp Karayib yo an Ayiti

dawout Mach Pòv yo kont ZLEA a - Sid peyi Etazini, avèk patisipasyon emisferik

10-14 septanm Jounen kont koudjay OMC nan Cancun Rankont Paralèl. Semenn aktivite nan nivo kontinantal nan chak peyi

Oktòb Konferans Mondyal Altènativ Peyizàn, Brezil

8-12 oktòb Fowòm Sosyal Emisferik, Kito, Ekwatè (Rete pou konfime)

12 oktòb Rèl Majinalize yo

12 oktòb Jou Rezistans Pèp yo

15 oktòb Jou Entènasyonal Fanm Peyizàn

16 oktòb-3 novanm Jou Kontinantal pou Mobilize kont Militarizasyon

novanm Jounen kont Reyinyon Minis k ap negosye ZLEA a, nan Miyami

7-9 novanm Leve Kanpe kont ZLEA a, Brezil

17 novanm Jou Entènasyonal Etidyan yo

25-29 novanm N ap konstwi Liberasyon Fanm yo nan Kolonbi

25 novanm Jounen latinoameriken kont vyolans yo fè sou fanm desanm Kongrè Mondyal sou Migrasyon

Rankont Binasyonal : Ekwatè ak Pewou-Bolivi (CLOC, san dat ki fikse)

2004

13-16 janvye 2e Rankont Emisferik kont ZLEA a, Habana- Kiba dawout 4e Asanble COMPA


Sekretarya Kontinantal Kanpay Lit kont ZLEA a

Sri-cut@uol.com.br

www.asc-hsa.org

Komite Kominikasyon pou Kanpay Kontinantal Lit kont ZLEA a

noZLEA@movimientos.org

www.movimientos.org/noZLEA/

Chapit Kiben pou Alyans Sosyal Kontinantal

america@ctc.cu

www.ZLEAbajo.cu



 

L’USAID prise la main dans le sac !

Posté le 24 juillet 2013 par PAPDA

HOPE n’apporte pas d’espoir pour Haïti

Posté le 23 décembre 2009 par Ceco

Les Mouvements sociaux de l’Amérique Latine et de la Caraibe contre la ZLEA

Posté le 22 mai 2006 par PAPDA

5ème Rencontre continentale de Lutte contre la ZLEA

Posté le 18 avril 2006 par PAPDA

V Encuentro Continental de Lucha contra el ALCA

Posté le 17 avril 2006 par PAPDA

Mar del Plata : Mouvements sociaux en lutte pour des alternatives à l’ALCA

Posté le 20 décembre 2005 par Administrateur

Estados Unidos versus América Latina

Posté le 28 novembre 2005 par Administrateur

Discours de Hugo Chavez au IIIe Sommet des peuples de l’Amérique

Posté le 28 novembre 2005 par Administrateur

Amérique du Sud : échec et mat au libre-échange ?

Posté le 23 novembre 2005 par Administrateur

Costa Rica : Multitud rechaza el TLC con los Estados Unidos

Posté le 21 novembre 2005 par Administrateur

 

Quelle planification pour les 1.3 millions de déplacés ?

Posté le 7 décembre 2010

Déclaration de la Campagne "KABA GRANGOU" sur la conjoncture

Posté le 23 novembre 2010

Nòt pou lapres Kaba Grangou

Posté le 23 novembre 2010

Rejection of MINUSTAH

Posté le 28 octobre 2010

Comment Monsanto s’infiltre dans les pays du Sud (Source :Terra-eco)

Posté le 28 octobre 2010

Deklarasyon TK, Chandèl, MODEP

Posté le 18 mars 2008

Haïti, les Élections et la Démocratie

Posté le 8 octobre 2007

Haiti : Why is it necessary to relieve Haiti of its debt burden ?

Posté le 13 avril 2006

Haïti et la crise de la dette externe envers la France

Posté le 13 avril 2006

Pour une annulation IMMEDIATE de la dette envers la Banque Interaméricaine de Développement !

Posté le 8 mars 2006

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox