PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Démocratie participative

An nou repran chemen liberasyon pou nou konstwi Nasyon an

Kolektif Solidarite Idantite ak Libète

Posté le 31 janvier 2006 par Administrateur

Sitirasyon n ap viv jounen jodi a se konsekans plizyè syèk esklavaj kolonyal ak 90 lane dominasyon blan meriken mete sou peyi a k ap rapouswiv. Si nou vle sòti nan tenèb fè nwa mizè, grangou, malsite, vyolans ak iyorans nou dwe kaba ak vye sistèm sa a, repran chemen liberasyon zansèt yo te trase a pou konstwi yon nasyon ki granmoun tèt li, apre BonDye.

KISA NOU RELE PÈP AYISYEN : MAK FABRIK LI

Lè nou di ‘pèp’, nou pa wè yon sektè moun, men tout sila yo ki rekonèt yo kòm Ayisyen, ki akòz istwa yo, orijin yo, enterè yo, yo gen sosis yo mare ansanm vle pa vle. Se moun ki kwè yo paka deparye ak bout tè sa a ak tout listwa li charye ak li. Konsa pèp ayisyen an se youn, men li gen plizyè sektè, plizyè segman ladan l. Kit boujwazi ak divès sektè ki ladan (komèsan, endistriyèl, bankye, elt....) kit divès kouch klas mwayèn (pwofesyonèl, ti komèsan, entelektyèl tout kalite, popriyetè mwayen), kit se divès sektè popilè (chomè, peyizan, ouvriye, ti popriyetè, ti pwofesyonèl, atizan) tout ansanm rankontre nan sa nou rele pèp ayisyen an.

Se pa sitirasyon sosyal ou, pozisyon sosyal, klas sosyal ou ki di si w nan pèp la. Se pa non plis koulè po w, fòm figi w ousnon frekantasyon w. Kit ou se malere, gran nèg, fanm, gason, nèg nwè, milat ti wouj, cheve siwo tèt grenn, nou tout fòme yon sèl pèp Ayisyen an. Se yon seri mak fabrik espesyal nou pataje ansanm ki fè jodi a nou fòme yon sèl pèp. Mak fabrik sa yo gen arevwa ak kote nou sòti, zansèt nou, istwa nou, lang nou pale, relijyon nou, jan nou wè lavi a, ak tout lòt eleman nan kilti nou ki distenge nou ak lòt pèp yo.

Lè y ap maltrete nou nan chan kann Sendomeng, lè yap fè move eksperyans sou nou nan prizon Krom Miami, lè yap depòte frè nou ak sè nou nan tout ti rakwen nan Karayib la, lè zòt ki te mare nou anba chenn lesklavaj tankou zannimo pretann jodi a vin ba nou leson sou dwa moun, se yon avilisman li ye pou nou tout. Se tout mizè sa yo, tribilasyon sa yo, avilisman sa yo nou sibi ansanm ; men tou, se tout kè kontan, fason nou danse, nou chante, nou mache, nou manje, nou renmen, fè lanmou, tout yon fason nou wè ak konsevwa lavi a, jan nou wè solèy ak lalin, lajounen ak lannwit, lavi ak lanmò, tè a ak syèl la, lanmè, larivyè, elt ; se tout sa ki makonnen nou ansanm kifè kèlkelanswa klas sosyal, koulè po nou nou fòme yon pèp patikilye yo rele ayisyen. Se sa yo rele nou gen menm idantite. Sa pa vle di nou pa gen diferans antre nou. Men an rega lòt pèp yo nou se menm. Sa fè nou gen yon desten istorik nou pataje ansanm ki ranfòse nèt akòz nou gen yon bout tè n ap viv sou li, nou pataje ansanm. Pati sa a menm pa gen mank ladan ditou : difèt kòd lonbrik nou antere menm kote. Se tè sa a ki bann lavi, ki nouri nou, se sou li nou swe. Nesans yon moun sou bout tè sa a kanpe ni nati pèsonèl li, ni relasyon l ak moun, ni relasyon l ak inivè a. Se yon eritaj li pote nan kòtòf li ki make l pou lavi vle pa vle. Moun ki sòti nan yon menm tè nan menm branch zansèt ou ka di yo fèt ak menm materyo. Menm kant sa pa ta parèt aklè sou figi yon moun, gen yon kote li manifeste kanmenm pou moun ki gen je ka wè l.

Nou dwe konsolide pèp sa a sou bout tè sa a ak toupatou kote li ye sou latè pou li manifeste diyite ak fyète. Se sa ki prensipal travay yon leta : se kreye kondisyon pou pèp la viv nan diyite ak fyète nan respè youn pou lòt.

Nou dwe rekonèt se vre, se sektè popilè yo ki soufri plis. Se yo menm ki pote pi plis sou do yo fado konstwiksyon nasyon an. Kidonk se enterè popilè ki pi plis mare ak enterè nasyon an paske pi souvan yo pa gen lechwa. Si Ayiti pa gen lekòl, pa gen swen sante, pa gen dlo, pa gen kouran se sektè popilè ki plis sibi. Yo pa gen solisyon lòt bò dlo ki fasil pou yo. Men sa pa vle di moun ki pi konsyan yo, ki pi wè klè, ki pi konsekan nan travay pou konstwi nasyon an se nan kan popilè yo yo toujou soti. Li toujou bon pou nou sonje diferans ki genyen ant sitirasyon sosyal, pozisyon sosyal ak konsyans sosyal. Plis toujou nan ka pa nou, kote gen yon pwosesis konstwiksyon nasyonal ki bloke nan pasay. Kote sektè popilè yo ap pran lanmè, chache nenpòt solisyon, pou kraze yon kite sa tèlman sitirasyon an malouk. Nou dwe reflechi byen tou sou kisa ki detèmine yon konsyans nasyonal. Kay ki kategori sosyal, nan ki kondisyon (objektiv ak sibjektiv) li ka manifeste yon fason pi klè, pi djanm.

Kifè kit se divès sektè nan boujwazi a, kit se divès sektè nan kan popilè-a, kit se divès branch klas mwayèn tout fòme yon sèl pèp : ‘Pèp Ayisyen’, akòz yon seri mak fabrik espesyal yo pataje ansanm. Nan yon demach pou konstwi nasyon an nou dwe chache ranfòse siman sa a ki soude pèp la nan tout kategori sosyal li. Se pousa nou pale sou inite istorik pèp la sa vle di ranfòse kote nou fè youn nan, nan listwa nou pou nou manifeste mak fabrik espesyal ki karakterize nou an. Pou pi klè se jwenn misyon istorik espesyal listwa tanpe sou nou an.

Reyalize manifeste inite istorik pèp ayisyen an ant divès kategori sosyal, sektè ak segman ki konpoze l, se objektif fondalnatal woumble refondasyon nasyon an. Nou pap janm sispann repete l, e se verite sa a pou yon seri moun konprann jounen jodi-a : Nan posesis rekonstriksyon yon nasyon nou dwe dodomeya kontradiksyon sosyal yo pou nou jwenn kote enterè divès kouch sosyal yo rankontre ak enterè siperyè nasyon an.

KANPE KAN POPILÈ A NAN DINAMIK INITE ISTORIK TOUT PÈP AYISYEN AN POU RAPOUSIV KONSTRIKSYON NASYON AN

Lè nou di woumble refondasyon nasyonal, fòk nou pa wè yon senp reyinyon, men yon dinamik mouvman sosyal pou simante yon konsyans nasyonal nan divès kategori sosyal ki fòme pèp ayisyen an.

Kongrè Refondasyon Nasyon an se pa yon reyinyon brid sou kou, yon groupman moun fikse yon bon jou, pou nou ponn yon rezilta rezolisyon nan yon delè. Se pito yon pwosesis dinamik yon mouvman sosyal nasyonal k ap charye prensipal revandikasyon pou konstwi yon sosyete sou baz enterè siperyè nasyon an. Kifè tout sektè, chak sektè nan sosyete a, dwe bwase lide, òganize yo andedan dinamik sa a selon vizyon yo ak enterè yo nan konstwi nasyon an. Dinamik woumble sa a vize tou dabò reyalize inite pèp Ayisyen an alantou enterè siperyè nou tout genyen pou konstwi yon nasyon solid selon mak fabrik listwa tanpe sou nou.

Kifè woumble a vize dabò pou fè nou tout pran konsyans ak manifeste inite sa a pou mete fren nan sa nou rele posesis ‘auto destruction’ an. Sa vle di chire pit feròs chen manje chen an ki mennen nou nan detwi ni pwòp tèt nou, ni anvironman nou an, ni resous lanati mete aladispozisyon n pou nou viv. Yon posesis chen manje chen ki mennen nou nan avili tèt nou devan tout lòt nasyon sou latè kote nou pare pou nou asepte tout kondisyon imilasyon zòt deside, pou mete pye sou kou nou pandan nou derefize tout konpwomi lè pou nou jwenn yon teren pou nou antann nou kòm ayisyen.

Se yon bagay ki enpòtan pou nou konprann : si an 1791-1803 sete plis sou kontradiksyon ki te genyen nan mitan divès sektè ki ta pwal fòme pèp ayisyen an nou te chita, nou pa t ap rive nan 1804. Listwa montre nou aklè se nan yon inite istorik pèp ayisyen an ta pwal manifeste volonte l pou konstwi yon nasyon. E se paske chire pit yo vin pran lepa sou konstriksyon an kifè jodi a nou san nasyon san sosyete tou. Inite istorik sa a, lenmi nasyon an fè tou sa yo konnen e kontinye ap fè tou sa yo konnen pou anpeche l reyalize. Se nòmal. Men nou paka konprann kouman moun ki vle defann enterè popilè, kite yo tonbe nan pyèj pou kontrarye posesis konstriksyon nasyon an, lè yo kanpe an kwa an fas dinamik inite istorik pèp la.

OU PAKA KANPE KAN POPILÈ A NAN LESPRI POU KRAZE INITE ISTORIK PÈP LA

Gen yon demach “faussement marxiste”, sa nou rele yon panse rabi pachiman, ki pa konprann tenmpo istorik dinamik divès sosyete yo, ki pa rive wè klè nan dinamik konstriksyon nasyonal ak mouvman sosyal ; sitou sosyete tankou pa nou yo ki ap redi pou sòti nan you listwa kolonizasyon ak esklavaj. Posesis konstriksyon an poko janm rive nan faz “décisive”li, yon fason solid kote bak an aryè pa posib pou li ankò. Toutotan etap sa a pa franchi, keksyon fondalnatal la rete reyalizasyon inite istorik pèp la nan jwenn, manifeste ak konsolide siman ki mete nou tout ansanm. Tout lòt demach ki pouse chire pit, divizyon kòm prensipal teren batay, ap patisipe nan yon pyèj pou anpeche nasyon an konstwi tèt li. Sa vle di sa ale nan sans demach zòt ki pa vle nou ekziste kòm nasyon.

Ou paka kanpe kan popilè a nan lespri pou w kraze inite istorik pèp la. Kapasite w ladrès ou pou w kanpe kan popilè a, ranfòse inite istorik pèp la pou w bati nasyon an se sa ki montre wòl ‘hégémonique’ ou nan demach liberasyon an. San sa ou pase akote misyon istorik pèp la pou w fikse enterè kèk kategori sosyal. Kanpe kan popilè a pandan w ap kondwi tout pèp la sou chemen liberasyon l, se jwenn kote enterè popilè yo fè youn ak enterè siperyè nasyon an. Li fasil pou jwenn kote enterè popilè yo antre an kontradiksyon ak enterè boujwa yo. Li fasil pou jwenn kote sosyete a divize pak an pak. Men soude enterè popilè yo ak enterè siperyè nasyon an pou w pran direksyon demach pou konstwi nasyon an se sa ki mande ladrès ak entelijans.

Batay kont enjistis sosyal se yon konba ki nòb, ki enpòtan tou. Men se pa prensipal tach istorik nou, nou menm ayisyen. Menm kan listwa montre nou ou pakapab konstwi nansyon an sou baz enjistis sosyal nan pouse nan kwen majorite popilasyon an, mas pèp la, li enpòtan anpil pou nou pa twonpe nou sou tach istorik fondalnatal la.

Prensipal tach istorik nou, se konstwi yon nanchon granmoun pou pote flanbo liberasyon nèg bosal ak pèp rasin yo.

Kifè kesyon an gen twa dimansyon marasa. Ou paka manyen youn san lòt. Pandanstan matris, manman vant poblèm nan se sòti anba sistèm dominasyon an. Yon fwa sa klè ou ka konprann twa dimansyon marasa sa yo ki se :
-  Konstwi nasyon an.
-  Jistis sosyal.
-  Demokrasi ou ‘Eta de Dwa’

Difèt konstriksyon nasyon an bloke nan pasaj, bati demokrasi a ak reyalize jistis sosyal la pran yon aspè espesyal. Li pa poze menm jan ak nan yon sosyete, yon nasyon ki deja solid. Si nou pran ekzanp jistis sosyal la, li pa poze senpman tankou yon kategori sosyal k ap esplwate yon lòt, kote li ta sifi pou chache pran mezi pou redrese sitirasyon an. Li poze kòm yon majorite moun k ap viv andeyò sosyete a, andeyò nasyon an, ki pa jwenn plas yo andedan yon ansanm ki ta rele sosyete, ki ta rele nasyon. Li depase zafè esplwatasyon ekonomik. Li depase zafè inegalite sosyal. Se menm lojik sistèm dominasyon esklavaj la k ap kontinye, sistèm nan ap repodwi san rete. Paske pa gen yon moman kote yo te kase l pou nou di n ap fini ak li.

Divès kategori popilè yo se an reyalite yon kantite moun yo pa konsidere kòm moun ki fè pati yon nasyon, yon sosyete. Yo eritye sitirasyon zansèt yo nan sistèm esklavajis la. Se poutèt sa yo di se yon sistèm kolonizasyon entèn osèvis yon dominasyon etranje. Yo konsidere sa tou tankou yon fòm apèn amelyore sistèm esklavaj la.

Batay ant klas yo fè sans se nan kad yon soyete ki tabli k ap fonksyone. Nan ka pa nou, fòk nou klè sou sa : nou poko finman gen yon nasyon, yon sosyete. Se nan yon demach nou ye nan sans sa a ki bloke nan pasaj ; paske gen yon lòt nasyon, yon gwo pisans ki mete pye sou kou nou depi prèske yon syèk (90 lane/1915-2005). Nou ka konprann sa byen paske lè blan meriken vin tabli dominasyon l an 1915, se jisteman pou anpeche nou konstwi yon sistèm ki ta ka fin kaba nèt ak tout mak fabrik sitèm esklavaj la. Se pou sa nou di demach liberasyon 1791-1803 a pran yon gwo kou an 1915 ki bloke l nan pasaj pou jouk jounen jodi a.

Kifè nou paka aplike san gad dèyè menm zouti analiz yo itilize pou ekzamine yon sosyete nòmal. Difèt sitiyasyon sa a, sa nou rele klas sosyal yo, yo menm yo pa finman tabli. Se yon seri kategori sosyal ki t ap konstwi men ki rabi, defòme, mafreze menm jan ak sosyete a. se pou tèt sa nou ka wè se mak fabrik lumpen nan ki tanpe tout kategori sosyal yo. Sa pèmèt ou konprann tou kouman fenomèn chimè a travèse sosyete a pak an pak e pouki li rive pran e pi gaye ak rapidite.

Se pou sa moun k ap pwopoze zam kòm solisyon poblèm nan pa konprann anyen nan anyen. Ni sila yo ki konprann se nan yon sektè sèlman fenomèn nan soti. Okontrè se yon fenomèn ki soti nan pwofondè nannan sosyte mafreze a, ki rive nan yon etap dekonpozisyon kadav pouri. Pa gen anyen ki ka frennen degrenngolad sa a san se pa yon chanjman radikal pou soti anba sistèm dominasyon an. Oubyen chache yon lòt fòmil dominasyon ki ta ka pèmèt li kontinye rale yon souf pou yon ti tan jan kominote entènasyonal la ap debat tankou nan yon panyen krab pou eseye fè l la. Mak fabrik chimè a se pa yon fenomèn majinal, se fòm yon sosyete mafreze pran pou li kontinye debat nan kad mondyalizasyon / modènizasyon an.

Peyizan paka plante, ouvriye paka travay, pèp paka manje, timoun paka ale lekòl, jèn pa gen inivèsite, boujwazi paka fè konpetisyon. Tren mondyalizasyon pase kite tout kategori moun sa yo ak tout vitès. Mondyalizasyon an pase sou zantray yo. Tout kategori sosyal mafreze bije pran yon chimen detounen pou yo pa peri. Chemen detounen sa a rele trafik dwòg, bandi, kidnaping, chimè.

ANN KONSTWI KAN POPILÈ A POU KONDWI POSESIS KONSTRIKSYON NASYON AN.

Tande byen ! Nou pa vle di sosyete a pa gen divès kategori sosyal ladan, ki gen enterè depaman, ni tou fòk ou fè kòm si pa gen enjistis eksplwatasyon, peze souse, prejije, eksklizyon elt... Se vre tou, fason kèk sektè wè pou defann enterè yo, òganize biznis yo chita sou eksplwatasyon richès peyi a devan dèyè, san mizèrikòd. Fason sa a depaman nèt ak konstriksyon nasyon an. Nou di batay sa a kont eksplwatasyon, enjistis, eksklizyon, elt...se nan kad dinamik konstriksyon nasyon an menm pou li poze. Pou sektè sa yo rejwenn inite istorik pèp la, fòk yo asepte yon lòt mannyè pou yo mennen bak ekonomik peyi a. Reyalize inite istorik pèp la mande pou nou klè, pou nou pa jwe ak sa ki konsène enterè siperyè nasyon an. Kifè, se pa yon bouyi vide kote tout voum se do. Okontrè, inite a se sou baz enterè siperyè nasyon an l ap tabli. Tou sa ki depaman ak enterè siperyè nasyon an, depaman ak inite istorik pèp la. Tout sa ki depaman ak inite istorik pèp la, depaman ak enterè siperyè nasyon an. Se pou tèt sa nou di, mo dòd la, pou nou menm ki gen angajman popilè se :‘Ann konstwi kan popilè a pou kondwi posesis kontriksyon nasyonan ’.

Nou kwè si se sou direksyon ‘hégémonique’ avangad kan popilè a, inite istorik tout pèp la reyalize, dinamik konstriksyon nasyon an ap pi djanm, pi asire. Bati kan popilè a pou mennen dinamik inite istorik pèp ayisyen an, pa menm bagay ak voye toya kont boujwazi nan yon swadizan afwontman fas pou fas, klas kont klas pandan menm baz fizik peyi a ap depafini. Pandan n ap pretann ak yon ti ponyen moun afwonte boujwazi a, nou paka pote ankenn repons devan avilisman leta dominiken ap fè konpatriyòt nou yo sibi, ni nan divès lòt ka, kote se ekzistans nou menm kòm nasyon, kòm pèp zòt ap pase anba pye. Lè leta dominiken ap pimpe ayisyen deyò tankou zannimo se tout ayisyen ki avili menm kan nan makòn moun sa yo pa gen boujwa ladan.

Bati kan popilè a pou mennen inite istorik pèp la, se rive devlope kapasite pou nou mobilize boujwazi a, pou l al manifeste sou fwontyè a kont ajisman leta dominiken pa egzanp.

Nou kapab konsidere jounen jodi a demach gwoup 184 la kòm yon tantativ entelijan e enteresan kèk sektè nan boujwazi a pou reyalize yon inite pou avanse ak fason pa l li wè pou nasyon an ta konstwi ousnon pou sosyete a ta mache.

Travay nan kan popilè a pata dwe vize voye toya ousnon kanpe an kwa an fas demach sa a. Nou ta dwe pito montre kapasite nou pou ranfòse tèt nou, fè inite nan mitan nou pou nou kapab gen yon pozisyon ‘hégémonique’ nan dinamik refondasyon nasyon an. Listwa montre nasyon an paka bati sou eksklizyon, enjistis sosyal, prejije rasyal. Se sa nou gen pou kontinye afime. Men tou ejemoni kan popilè a ap tabli tout bon, lè nou montre gen lòt altènativ nan plas zak kriminèl, koupe tèt boule kay, vyolans ak chimè.

A travè gwoup 184 la ak lòt inisyativ, sèten sektè nan boujwazi a ap eseye tabli kontwòl li sou ansanm sosyete a pou pote pwòp repons pa li nan kesyon lavni nasyon an. Sa pou nou reflechi se konprann nan ki mezi demach sa yo ak enterè sektè k ap mennen l yo ka rankontre enterè siperyè nasyon an. Nan ki mezi demach sa a ap poze kesyon fondamantal ki se retire pèp la anba sistèm dominasyon an, pou repran chemen liberasyon an, pou rekonstwi nasyon an. Alòs, si nou kite se yon demach ki pa ale nan sans sa a ki tabli kontwòl li sou lespri moun atravè laprès ak lòt aparèy ideyolojik tradisyonèl yo, si nou kite se yon sektè ki pa gen enterè nan poze poblèm fondamantal yo ki kontwole dinamik sosyal yo, lè sa a n ap tonbe nan raje, tout nasyon an ap koule. Se pou sa, kanpe kan popilè a yon fason granmoun ak pwòp vizyon pa l, pou kondwi li menm dinamik inite istorik pèp la, se yon nesesite. Lè nou di sa a fòk nou konprann kanpe kan popilè a se pa sèlman sou plan konpozisyon sosyal li, se sitou sou plan oryantasyon ideyolojik li. Sa vle di defini klèman direksyon batay la, estrateji l ak taktik li. Depi oryantasyon an se pa sòti anba sistèm dominasyon an, li pa kadre ak tach istorik pèp ayisyen an. Li pap kapab non plis tou reyalize inite istorik pèp ayisyen an. Alaverite jounen jodi a poko gen ankenn sektè ki anvizaje konstwi tèt li nan dinamik ranpli misyon istorik pèp ayisyen an. Tout moun anbake nan yon demach konfizyon ousnon soumisyon anba sistèm dominasyon an. Swa yo mete aksan sou zafè lit ant klas, swa sou yon koze demokrasi vagman vag. Aloske an reyalite youn nan koze sa yo pa andeyò kesyon an, men an menm tan tou yo pa nannan koze a.

Pou pèp la sòti nan tenèb eksplwatasyon mizè iyorans, vyolans kraze brize, enjistis, pou l antre nan limyè liberasyon total, kan popilè a dwe bati yon avangad ki kapab leve nivo deba a, monte drapo mobilizasyon an piwo ak anpil angajman, detèminasyon ak kouray, men tou nan respè tout lòt sektè k ap manifeste fason pa yo yo wè lavni nasyon an. Se nan konprann richès divèsite sa a, nan yon lespri tolerans sou baz matris istorik ak kiltirèl nou, n ap rive konstwi yon nanchon tout bon alawotè defi tan jodi a ki pa tan ayè.

AN NOU EVITE DISTRAKSYON. AN NOU FIKSE JE NOU SOU LIMYÈ LIBERASYON AN

Pa gen ankenn afwontman ant ayisyen pou pouvwa politik ki merite pou you moun ki gen bon sans pran pozisyon pou yon kan oubyen yon lòt. Kèlkelanswa kan ki ta parèt gen rezon an, ousnon antò, se menm penpenp lan. Paske jwèt la deja pyeje. Se yon pèlen tèt kote enterè pèp la ak nasyon an deja sakrifye. Tousa ki pa rive fèt nan yon tèt ansanm, yon inite san fay, pa gen anyen pou wè ak enterè siperyè nasyon an. Piske objektif ki dwe klè pou tout moun se reprann chimen liberasyon an nan wete tèt nou anba sistèm dominasyon an. Pèsonn pa ka gen rezon nan goumen pou yon pouvwa politik ki se zouti sistèm dominasyon an. Se tankou yon gwoup prizonye k ap chire pit pou konnen kiyès k ap majò prizon an olye yo met ansanm pou libere tèt yo.

Sa pa vle di yon gwoup moun, yon òganizasyon pa kapab antre sou teren politik la pou fè vanse batay pou liberasyon anba sistèm dominasyon an. Sa pa vle di ou dwe vag sou tou sa k ap pase nan panyen krab la. Fòk ou gen konsyans se yon panyen krab ki merite kraze paske li pa gen ankenn pespektiv liberasyon li ka donnen. Men fòk nan kad yon demach taktik ki fèt ak anpil ladrès pou pa detounen tèt nou, ni pèp la, sou chimen estratejik pou ranvèse sistèm dominasyon sa a. Objektif estratejik sa a dwe parèt aklè nan kèlkelanswa demach taktik nou vle adopte.

Se pou sa nou envite tout ayisyen konsekan pou yo pa angaje tèt yo nan ankenn batay politik ki pa vize klèman pou ranvèse sistèm dominasyon an. Chire pit pou voye kandida monte nan eleksyon tou sa se kakarat dèyè bwat ; divètisman makyavèl pou fè nou gaspiye enèji nou nan aktivite san grandè, san enterè pou pèp la ak nasyon an. San sa apre chak mobilizasyon sa yo n ap toujou tonbe nan desepsyon. Paske objektif yo pa kadre ak ekzijans istorik liberasyon pèp ayisyen an. Ni nan estrateji batay la ni nan lavi chak jou nou dwe ap poze aksyon ki vize liberasyon pwòp tèt nou ak liberasyon pèp la. Se nan batay liberasyon pèp la nou ka libere pwòp tèt nou. Se ak konsyans nou dwe travay pou nou libere pwòp tèt nou n ap kab patisipe nan liberasyon pèp la. Konsa w ap vin gen konsyans ou menm ak pèp la nou pa separe. Lè w antre nan pwofondè keksyon an wa jwenn se yon sèl e menm bagay ki paka separe. Pa gen mwayen pou ou jwenn yon chemen detounen pou chape poul ou pou kont ou. Malgre tout aparans, ou nan pèp la, pèp la nan ou depi w te deja fèt ladan l, desten nou mele. Doulè l kou bonè l ap rapousiv ou kote w ye, menm si se nan yon fòm ou pa konprann.

PA KITE YO VIRE LÒLÒJ NOU. NOU PAP PWAN FWOMAJ POU LALIN

Pèp Ayisyen an viktim yon konplo entènasyonal akòz wòl istorik li nan batay pou libere nèg anba sistèm dominasyon rasis kolonyal esklavajis. Pèp Ayisyen an viktim yon konplo entènasyonal gwo pisans ki bati richès yo sou esklavaj eksplwatasyon ak dominasyon nèg. Pèp Ayisyen viktim yon konplo entènasyonal paske li te leve kanpe pou trase chemen liberasyon nèg nan Amerik la. Pèp Ayisyen ap sibi jouk jounen jodi a paske li te oze montre nèg se moun, tankou moun li kapab viv lib andedan yon nasyon li konstwi, l ap dirije. Men koz fondamantal tout briganday k ap kontinye fèt sou tè Dayiti jounen jodi a. Se sa timoun nou yo gen pou aprann si pou yo viv nan tèt ansanm, nan kè poze, pou yo pa tounen restavèk blan yon bò ousnon bandi chimè yon lòt bò.

Pa kite moun plen tèt nou kòmkwa se nou menm kita gen prejije rasis lè nap poze keksyon paspouki ki gen nan sosyete sa yo ki chita sou diskriminasyon, sou bak koulè po. Se yo menm ki vini ak sistèm nan, se pa nou menm. Okontrè nou menm se konbat n ap konbat li. Men pou sa nou paka fèmen je nou sou reyalite rasis ki kontinye ap make relasyon andedan sosyete yo ak relasyon entènasyonal la. Nou ka wè la a tou kouman se viktim yo, yo vle fè pase pou bouwo. Olye yo konsidere prejije rasis yo kòm konsekans sistèm dominasyon an, yo pito voye reskonsablite a sou do viktim yo yo menm. Kòmkwa se nou ki gen prejije, ki pa vle wè blan, k ap poze poblèm koulè. Ou mèt fè tout ekzibisyon entelektyèl ou vle pou w fè sistèm nan plezi, laverite a ap toujou eklate nan figi w.

Fòk nou klè : nou fè pati yon klas moun malfezan fòse antre, anba kou ak tout sòt move tretman, nan yon sistèm ki pa bon pou nou, nou pa t deside. Jouk jounen jodi a, jan n ap viv la, se pa nou, ni zansèt nou, ki te deside viv konsa. Se zòt ki fòse nou fè sa nan enterè pa li. Se pou sa nou menm ak pitit nou pa ta janm ka reyisi nan sistèm sa a paske li pa t prevwa pou sa. Grenn nou menm ki swadizan reyisi ladan an, se anba anpil jefò pou n vin sanble ak zòt nan jete ak nye tou sa ki fè idantite nou, tou sa ki fè nou nou menm. Menm la a se sistèm nan li menm ki òganize yon ti pasay janm boutèy, yon ti devire chalimo pou filtre grenn pa grenn youn ou de nan nou pou nouri fo lespwa yon nèg ka rive degaje w. Alòske mas pèp la kontinye ak koupi nan malsite. Andedan peyi ki pi rich ki pi pisan sou latè, nèg nwè ak endijèn kontinye ap sibi tout kalte kalamite. Se yo ou jwenn pi plis k ap jemi nan prizon. Se yo ou jwenn pi plis ki pa konn li ak ekri, se yo ou jwenn ki nan chomay, ki gen tout kalte vye maladi. Men sitirasyon an !!! Se pa yon aza ni yon defo pèp nou an, ras moun sa a ta genyen nan nati li. Se pa BonDye Granmèt la ki tanpe l ak yon move so ousnon ki fabrike l ak move materyo. Se konsekans istorik yon sistèm dominasyon ki tabli sou li. Devenn kòde a, se la li ye, li pa lòt kote. Solisyon an se ranvèse sistèm dominasyon sa a pou nou pran chemen liberasyon an. Keksyon an se pa konte grenn nèg ak nègès nwa ki rive nan gwo pòs ozetazini. Keksyon an se konnen èske se sistèm dominasyon an ki wè nesesite pou itilize yo pou ranfòse tèt li ousnon se sistèm nan y ap ranvèse, y ap chanje. Sistèm dominasyon an toujou mete sou pye yon demach pou blanchi kèk nèg ak nègès pou mete osèvis li. Sa pèmèt li maske vrè nati li enpi anpeche chodyè a eklate lè l bouyi twòp. Se nan ti espas sa ou jwenn kèk nèg toujou ap eseye foure tèt yo pou fè yon pèse endividyèl. Sa sèvi kòm baz yon popagann ideyolojik ki vle fè kwè reyisit la chita sou jefò pèsonèl chak moun. Kòmkwa pa ta gen yon sistèm dominasyon byen òganize ki favorize yon kategori moun, yon klas moun, yon ras moun sou yon lòt.

Nou pap pran nan blòf ki di se nou ki pou redi sòti tèt nou nan mizè pandan n anba yon sistèm dominasyon ki pa ba nou ankenn jwen. Fòk nou sispann bwè labouyi sou kote pou nou ale dirèk dirèk nan sa nou vle a ki se : yon pataj richès ak mwayen limanite genyen a la dispozisyon l pou garanti minimòm akseptab pou moun viv tankou moun. Tout richès ak resous sou tè a dwe sèvi pou leve nivo tout limanite nan respè youn pou lòt. Fwontyè yo pa dwe sèvi tankou yon baryè pou separe grangou ak lamizè yon bò, vant plen ak gaspiyay yon lòt bò. Yo fin souse san pèp la, ponpe tout richès peyi a, enpi yap mande pou nou devlope modènize ak lasibab lacharite ONG oswa kout ponya FMI Bank Mondyal, anba dominasyon gwo pisans piyajè.

Nou pa gen pou n ap debat pou wè si n a sòti nan soudevlopman, nan fè ti pwojè pope twèl, resevwa ti èd manje tè yanm yanm kaka chat. Nou pa gen pou n ap redi bat dlo pou fè bè anba yon sistèm peze souse. Limanite gen mwayen, richès lajan, teknik ase pou kaba ak lamizè. Nou dwe ekzije pou gwo pisans yo sispan gaspiye resous planèt la nan podwi sa nou pa bezwen, fabrike gwo zam fann fwa, fè granpanpan. Nou dwe ekzije pou yo envesti resous yo pou mete tout peyi nan yon nivo minimòm akseptab pou moun viv kòm moun. Sa vle di gen dlo, elektrisite, manje omwen yon fwa pa jou, jwenn swen sante, resevwa pen lenstriksyon, garanti yon minimòm sekirite materyèl, sosyal, sikolojik nan yon klima lapè. Se yon ekzijans pou nou mobilize pou nou revandike olye nou rete ap chire pit pou zafè restavèk sistèm domination an. Toupatou pèp yo dwe kanpe pou di yap sispann bourike, yo reklame jistis ak reparasyon.

SOU TRAS KONGRE BWA KAY IMANM

Woumble Bwa Kay Imanm an 1791 te fikse misyon istorik pèp Ayisyen ki se Jete imaj Bondye blan an, koute kri Libète ki andedan kè nou. Se travay liberasyon sa a nou gen pou nou reprann kote li te kanpe a, pou nou pouse l jouk nan bout.

Woumble Refondasyon Nasyonal la vize pou mete yon bout definitif nan eritaj esklavaj devenn kòde ni nan mantalite nou, ni nan fason nou wè lavi a, ni nan fason nou òganize lavi a. Se eritaj devenn kòde sa a blan meriken te vin ranfòse an 1915 pou anpeche nou sòti ladan, kifè depi 90 lane pèp Ayisyen pèdi dwa granmoun li pou deside li menm ki chemen li dwe pran ak ki dirijan li chwazi pou mennen bak destine nasyon an. Ou mèt tande tout pawòl sou jan Ayisyen pa bon, sitiyasyon peyi Dayiti jounen jodi a se tou dabò, avan tou konsekans konbinezon sa a sou do pèp Ayisyen ak peyi Dayiti. Se rezilta plizyè syèk esklavaj ak 90 lane anba dominasyon blan meriken. Nou dwe chache reskonsablite nan sa ki fè nou tonbe nan sa. Men rezilta a, se konsekans dominasyon zòt tabli sou peyi a. Reskonsablite nou se sòti anba dominasyon an, se pa akize tèt nou pou sa k ap pase anba dominasyon an. Akize tèt nou pou sa k ap pase anba dominsayon an se pi gwo siy alyenasyon ki genyen. Se yon pretèks tou pou nou pa goumen pou n sòti anba dominsasyon an. Paske pou sèten moun, demach sa a parèt twòp pou kouray yo. Poutan wè pa wè, vle pa vle, n ap bije pase nan kalfou sa a kan menm si nou vle koze yo chanje pa bò isit. Repran dwa granmoun nou pou nou ka deside nou menm ki lavi nou dwe mennen ak ki dirijan nou chwazi pou mennen travay sa a. Pa gen ankenn chemen pa bwa k ap mennen nou okenn kote sinon sòti nan yon fòm dominasyon pou tonbe nan yon lòt. Chemen liberasyon zansèt yo te trase a mande pou nou kase tout chenn dominasyon etranje si nou vle kondwi demach sa a nan bout li.

Se yon konba pou touche konsyans limanite nan yo moman kote l ap travèse yon kriz moral, yon enkyetid pou lavni lèzòm sou tè a. Se yon konba kote nou pwal repran eritaj revolisyon 1791-1803 pou manifeste mak fabrik inivèsèl li pou avansman tout limanite. Se yon konba pou jistis ak reparasyon ki pwal mobilize tout konsyans eklere pou pèmèt limanite netwaye yon fot san parèy ki sal listwa lèzòm sou tè a. Kapasite nou pou nou repran flanbo lit liberasyon an pou mete l nan nivo, ap detemine ekzistans nou kòm pèp ak wòl nou gen pou n jwe nan kalfou sa a nan listwa limanite. Se konba sa a ki pou rasanble nou kòm pèp, k ap pèmèt nou depase tout ti eleman san grandè ki kontinye ap divize nou. Se yon chemen liberasyon endividyèl ak kolektif, k ap frennen machin enfènal k ap trennen nou chak jou pi plis nan yon abim san fon, kote nou pa wè ni devan ni dèyè. Revandikasyon jistis ak reparasyon se yon chemen liberasyon pou tout limanite pou pèmèt nou sòti nan sistèm dominasyon an ki fè ni viktim ni bouwo tounen zannimo. Se sa k fè jistis ak reparasyon n ap reklame a se pa yon sèvis tanpri souple n ap mande. Se yon obligasyon pou kominote entènasyonal la ak gwo pisans ki bati richès yo sou piyay, krim ak tout kalte briganday. San sa, gen yon prensip jistis otomatik yo rele chòk an retou lè l pwan fwape k ap terib. Dayè li deja deklanche ak fòs pisans destriksyon pi rèd pase bonb atomik ousnon plizyè milyon sounami. Dezas la ap terib. Nou pa konn si li pa deja twò ta.

Nan kalfou mondyalizasyon nou rive jounen jodi a, se direksyon sa a batay pou liberasyon an dwe pran. Nou redi kase chenn lesklavaj, nou manifeste fyète nou ak diyite nou kòm pèp. Nou pote sou do nou yon gwo pòsyon limanite zòt te dèyè avili, maltrete tankou zannimo. Nou fè pi gwo revolisyon kont prejije rasis lemonn janm konnen. Konsa nou pote yon gwo konkou pou fè limanite konprann a travè diferans, divèsite, li fòme yon sèl. Nou kanpe djanm nan batay kont kolonizasyon, maspinay lòt pèp. Nou patisipe nan rapwochman ant pèp sou latè. Trè souvan mal kou mizè nou kanpe pou kòz ki jis. Nou patisipe nan mete kanpe gwo enstitisyon entènasyonal ki ta sipoze sèvi zouti pou mete lapè ak leve nivo pèp yo sou latè. Tou sa se rezilta revolisyon 1791-1803 zansèt yo te reyalize a. Se vre li pa debouche sou yon sitirasyon byennèt pou peyi dayiti, akòz tou sa nou konnen. Men lè w ap reflechi l kòm kontribisyon pou avansman limanite, li pa piti. Sou baz kontribisyon sa a pou byen limanite menm, nou dwe revandike jistis ak reparasyon pou pèp ayisyen. Se nan kalfou sa a revolisyon 1791-1803 rive jounen jodi a. Se la nou dwe reprann flanbo liberasyonan pou leve l pi wo, pouse l pou pi devan. Se fòm sa a batay la pran. Li mande anpil ladrès, entelijans ak kouray pou nou soti nan chemen tradisyonèl ki bay plis enpòtans ak vyolans zam afwontman kif kif.

Kase chenn nan pye a te mande anpil vyolans fizik, kase chenn nan tèt la mande plis ladrès ak entelijans pou libere ak mobilize konsyans limanite pou konprann, apiye, defann yon kòz ki jis.

Demach sa a ap mobilize yon pa, tout pèp rasin nèg bosal ak desandan yo ki kontinye ap jemi anba sistèm dominasyon an, men tou yon lòt pa tout konsyans eklere nan limanite ki konprann sans listwa ak enpòtans solidarite nan mitan “race humaine” nan.

Antouka tout fason, tout manyè, babilòn nan deja tonbe. Se kadav li k ap bat. Nou pa dwe kontinye pran nan kaponnay madigra malmaske. Ni gwo zam fann fwa ni briganday ekonomik se bri sapat. Limyè liberasyon an deja kwape tout fènwa. Lè delivrans lan sonnen.

Kolektif Solidarite Idantite ak Libète

"Yon pèp lib nan yon peyi granmoun"

11, Rue Armand Holly, Port-Au-Prince, Ayiti.

Tel/fax : 245-5174

Courriel : collectif_haiti@yahoo.fr



 

Mouvman patriyotik demokratik popilè (MPDP) yon nouvo zouti politik

Posté le 8 septembre 2014 par PAPDA

Le gouvernement livre au capital impérialiste 83 % des ressources pétrolières appartenant au peuple mexicain

Posté le 5 septembre 2014 par PAPDA

Mobilisation en France pour la libération de Jean Matulnès Lamy

Posté le 4 septembre 2014 par

IN DEFENSE OF PALESTINE

Posté le 7 août 2014 par PAPDA

EN DEFENSA DE PALESTINA

Posté le 7 août 2014 par PAPDA

Rezolisyon kongrè MST-Brezil

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Les Canadiens présentent des excuses publiques au peuple Haïtien

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Le coordonnateur de la POHDH, Daniel Dorsinvil, et son épouse, abattus par balles à Port-au-Prince

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Invitation : veillée patriotique en l’honneur de Daniel Dorsainvil et Girldy Larêche

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

Remise de clefs de 400 logements définitifs à des familles de Ti-Boukan

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

 

Quelle planification pour les 1.3 millions de déplacés ?

Posté le 7 décembre 2010

Déclaration de la Campagne "KABA GRANGOU" sur la conjoncture

Posté le 23 novembre 2010

Nòt pou lapres Kaba Grangou

Posté le 23 novembre 2010

Rejection of MINUSTAH

Posté le 28 octobre 2010

Comment Monsanto s’infiltre dans les pays du Sud (Source :Terra-eco)

Posté le 28 octobre 2010

Deklarasyon TK, Chandèl, MODEP

Posté le 18 mars 2008

Haïti, les Élections et la Démocratie

Posté le 8 octobre 2007

Haiti : Why is it necessary to relieve Haiti of its debt burden ?

Posté le 13 avril 2006

Haïti et la crise de la dette externe envers la France

Posté le 13 avril 2006

Pour une annulation IMMEDIATE de la dette envers la Banque Interaméricaine de Développement !

Posté le 8 mars 2006

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox