PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - PAPDA - Publications - Yon Lòt Ayiti Possib

YON LÒT AYITI POSIB # 11

Posté le 20 décembre 2005 par Ricot Jean Pierre

Nan nimewo sila a, nou bay yon moso nan bilan travay PAPDA fè pandan 10 lane ki sot pase yo. Nap fè soti yon lòt nimewo kote nap kontinye fè bilan an epi kote na va pale sou pèspektiv yo.

MOMAN ENPOTAN PAPDA PASE PANDAN 10 DENYE LANE YO

Se pa yon bagay fasil ditou pou nou ta fè ti listwa PAPDA pou 10 dènye lane sa yo kote nou te rive fè yon bann ak yon pakèt aktivite.

Epi se pa nou menm ki pi byen plase pou nou ta fè travay sa a paske nou nan mitan yon pwosesis kote nou tout, ou menm kap li bilten sa a ak mwen menm, nou te viv 10 lane sa yo ansanm ak anpil angouman. Nou dwe konsidere atik sa a tankou yon ti kout je ki pap di tout bagay sou tout bon moman nan listwa nou. Se yon fason tou pou nou wete chapo nou byen ba devan tout sila yo, gason kou fanm òganizasyon, ki te rann 10 lane yo posib tout chimen nou travèse ak tout sa nou te rive konstwi ak kouraj, entelijans yo ak konpreyansyon yo. Atik nou pral li la yo, pral ban nou yon lide tou sou defi kap tann nou nan travay sa a ki poko fini. Nou pap kap toujou pale sou tout bagay yo dat apre dat ; se pral yon ti kout je ki pral konsidere bon jan apwòch travay nou adopte ki plis chita sou kèk tèm ak pafwa kèk sektè.

PAPDA FÈT APRE YON GWO DEBA DEMOKRATIK

PAPDA kreye jou ki te 7 novanm 1995 la apre yon yon pwosesis refleksyon ak evalyasyon prensipal aktè mouvman sosyal ayisyen an te koumanse nan epòk la paske yon te konsyan sou defi ki tap tann yo nan kalfou konjonkti ane 94 - 95 yo. Pwosesis sa a te dire 4 mwa kote sa ki te enteresan ladan l, nou te tounen sou ansyen pratik nou yo, sou sa nou te deja reyalize ak pikan kwenna ki te genyen sou chimen an apre evènman 86 yo pandan nou tap konsidere tou tout leson ak gwo pwoblèm nou te viv pandan epòk koudeta 91 lan. Plis pase 30 òganizasyon te patisipe nan deba sa a ; youn nan desizyon kite soti epi kite mete tout moun dakò, se te nesesite pou mete kanpe yon seri nouvo enstriman ki ta kapab pèmèt nou fè mouvman popilè ak sosyal la vin pi djanm paske evènman 91-94 yo te fin dechalbore li. Tout òganizasyon ki te patisipe nan deba sa yo te montre kouman li necèsè pou yo mete an plas yon enstriman ki ta kapab bay yon sipò syantifik nan mobilizasyon mouvman popilè ak sosyal la, ki ta kapab elabore kèk estrateji ki chita sou pratik altènativ kap mennen nan baz yo ak tout lòt gwoup ki pòv oubyen sa yo yo mete sou kote nan sosyete a. Se sa nou rele yon maryaj ant kalkil ekonomik la ak mobilizasyon sosyal la.

Pou nou bay yon suivi ak rezolisyon sa a, nou te deside kreye yon rezo òganizasyon ki gen pou non PAPDA (Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Lòt Kalte Devlòpman) ki se yon zouti ki pa gen pou objektif fè lajan, ki pa nan patipri, ki pa gen pou l makònen ak Leta, ni pati politik, ni relijyon, ni enstitisyon kap bay lajan, epi ki dwe fonksyone sou yon chapant ki fasilite demokrasi ak patisipasyon.

Se te nan dat 7 novanm 1995, yon gwoup (plis pase 10) mouvman ak lòt òganizasyon ki reprezante sektè ki pi aktif nan sosyete a nan epòk sa a, te mete kanpe PAPDA, men depi lè sa a nou fonksyone kole kole ak plis pase 20 enstitisyon nan sosyete a. Youn nan premye aksyon nou te mennen, menm anvan dat 7 novanm lan, se te nan mwa oktòb 95 kote nou te patisipe nan yon gwo mobilizasyon devan biwo Bank Mondyal nan Wachinton ak Rezo “50 LANE SE TWOP !” kote nou tap denonse tout konsekans move politik neyoliberal la (plan lanmò) sou pèp pòv nan peyi Sid yo. Lè sa a, nou te gen chans pou nou mennen yon delegasyon ki te gen plis pase yon dizèn (10) entelektyèl ak lòt espesyalis ayisyen. Pandan tout lane apre yo, mobilizasyon sa yo pral tounen youn nan zouti ki pi efikas pou mouvman kap goumen pou yon lòt mond yo nan batay yap mennen yo. ■

BATAY KONT AKÒ WACHINTONN NAN AK PRIVATIZASYON ANTREPRIZ PIBLIK YO

Pandan 2 premye lane li yo, PAPDA reyalize yon bann seminè nan tout peyi a sou tout kesyon ki gen pou wè ak mondyalizasyon ak konsekans politik neyoliberal yo. Relasyon nou genyen ak tout lòt rezo kap travay nan menm sans sa a te koumanse ap pran chè ak :

Vizit ekonomis meksiken Carlos Heredia ki te soti nan yon rezo ki rele RMALC (Rezo Meksiken kap chache Altènativ fas ak politik Mache Lib) ki te bay plizyè konferans epi anime plizyè atelye travay menm nan vil pwovens tankou Ti Gwav.

Vizit Davidson Budhoo, yon espesyalis nan Karayib la ki travay pandan plizyè lane kòm gwo espesyalis pou FMI epi kite deside nan lane 1996 demisyone pandan li voye yon lèt ki gen plis pase 200 paj kote li te kritike ak akize politik enstitisyon finansye entènasyonal yo ap foure nan gòj peyi pòv yo. Davidson Budhoo mete kanpe yon enstitisyon ki chita nan peyi Lagiyan ki ap akonpaye tout aktè sosyal nan peyi Tyèmonn yo nan jefò yap fè pou defini sa yo rele “Plan Altènatif Ajisteman Estriktirèl”. Pandan pasaj Budhoo nan Pòtoprens la, PAPDA te òganize yon rankont ak li ak Konsèy Minis la nan Palè Nasyonal peyi d Ayiti a. Minis yo pat tande anyen nan sa Mesye Budhoo tap di yo ; yo te pito agrese li olye pou yo ta rantre nan yon bon jan diskisyon ak li sou politik yap mennen yo.

Ak sipò ekonomis ameriten Mark Weisbrot, PAPDA òganize soti 11 pou rive 22 janvye 1996 yon gwo seminè refleksyon sou ovni antrepriz Leta ki menase pou yo privatize yo. Plizyè manm sendita EDH, Teleko ak Minotri te patisipe nan seminè sa yo nan objektif pou yo te kap defini kèk estrateji pou fè 9 antrepriz sa yo bay plis rannman olye pou yo tal nan men sektè prive ayisyen an. Travay sa a te pèmèt nou defini yon gwo pwogram kap plede kont privatizasyon antrepriz piblik yo. Kanpay sa a te vize travay ak Laprès, tout Komisyon enterese nan Lachanm Senatè ak Depite yo epi te mennen yon pil lòt òganizasyon monte estrateji rezistans ki te fè se sèlman 2 nan antrepriz yo ki te chanje estati epi Leta rive kenbe 30% nan aksyon yo nan ka Simantri ak Moulin d Ayiti.

Ak sipò Eduardo Diaz, Direktè general Konferans entènasyonal travayè Lapòs, Telegraf, ak Telefòn (PITI), nou te òganize yon konferans pou Laprès kont privatizasyon Teleko, jou ki te 30 janvye 1996 la, nan lokal antrepriz la menm sou baz temwayaj tout batay kap mennen nan peyi Pòtoriko pou kenbe antrepriz kominikasyon yo anba kontwòl Leta.

Youn nan pi gwo konferans deba ki te pi reyisi pami tout sa PAPDA te reyalize yo se te sila li te òganize nan mwa septanm 1999 nan lokal Fakilte Syans nan tèt kole ak Fowòm Mondyal Altènativ (FMA) ki te gen pou tèm : "Neyoliberalis ak konstriksyon altènativ nan Tyèmonn nan”. Se te yon bann gwo ekspè entènasyonal ki te sou panèl la tankou : Samir Amin, François Houtart, Aurelio Alonso, Camille Chalmers, Antoine Augustin. ■

BATAY KONT DÈT SÈKÈY MADOULÈ PEYI D AYITI A AK NAN LEMONN

Batay kont enjistis dèt sèkèy madoulè a te gen gwo enpak nan mitan sosyete a. Li enposib pou nou ta pale nan bilten sa a sou gwo batay sa ; nou pa tap janm gen ase tan.

Depi lane 1997, PAPDA te chwazi youn nan tèm pou li te konsantre tout fòs travay li sou kesyon dèt piblik ekstèn peyi d Ayiti. Nan mitan lane 1998, inisyativ nou an te kontre ak gwo mouvman mondyal ki te monte ansanm ak tout sektè pwogresis ki soti nan sektè tankou Legliz kretyèn an Ewòp ak Mouvman Jibile 2000. Mouvman sila a pral ofri yon espas pou moun reflechi, mobilize ak fè edikasyon popilè sou tèm dèt, koripsyon, transparans nan jesyon lajan Leta ak tout enjistis sistèm mondyal la ap fè. Gwo petisyon ki tap sikile sou koze sa a te jwenn siyati plis pase 26 milyon sitwayen ak sitwayèn sou tout tè a, sa ki fè petisyon sa a vin tounen pi gwo petisyon ki janm siyen sou latè beni.

An nou bay kèk moman enpòtan sèlman ladan li :

Oktòb 1998

Kowalisyon Nasyonal Jibile 2000-Ayiti a monte ak anpil lòt mouvman, òganizasyon sosyal ak kèk rezo ki soti nan plizyè relijyon tankou : katolik, Metodis, Literyen, Pwotestan, elatriye. Se PAPDA ki te sèvi kòm kòdinatè pou kowalisyon an. Kanpay la te lanse jou ki 11 novanm 1998 nan Pòtoprens.

8 Me 1999

Gwo festival kiltirèl pou mande anilasyon dèt sèkèy madoulè a sou plas Channmas ak patisipasyonak atis tankou : Eritaj, Rèv, Boukman Eksperyans, Chandèl, Koudjay, Bob Bovano, elatriye. Se te zanmi kanmarad Jacques Roche ki te animatè jounen sa. Plis pase 30 mil moun te patisipe nan jounen an epi plizyè milye nan yo te siyen petisyon kont dèt la. Nan menm sans la tou, te gen anpil lòt òganizasyon ki te reyalize nan menm jounen an menm kalte aktivite yo tou tankou nan Jakmèl, Okap, Pòdpe.

Jen 1999

PAPDA, nan non Kowalisyon Jibile 2000-Ayiti, patisipe nan kòkenn chenn mobilizasyon ki tap fèt nan vil Kolòy, peyi Almay kont reyinyon G-8 (8 peyi ki pi rich yo) epi nou te tou pwofite remèt plis pase 135 mil siyati nou te ranmase nan kad gwo petisyon mondyal la pou denonse enjistis dèt la ak mande anilasyon li. Nimewo espesyal Bòn Nouvèl ki te soti nan mwa desanm 1998 la te pibliye petisyon an ; yon petisyon ki te distribiye nan tout peyi a.

29 Jen ak 6 Jiyè 1999

Kowalisyon Jibile 2000-Ayiti òganize 2 sit-in devan lokal BID ak USAID. Anpil moun te patisipe nan aktivite sa yo kote yo tout te anchennen tèt yo pandan plis pase 2 zèd tan devan pòt enstitisyon sa yo. Nan mwa desanm 1999, Prezidan Repiblik la te resevwa tout manm Kowalisyon Jibile 2000 la epi li siyen petisyon kap mande anilasyon dèt la.

22 janvye 2000

Kowalisyon Jibile ak kòdinasyon PAPDA òganize yon jounen telemaraton kont dèt sèkè madoulè a nan lokal TNH an menm tan nan plizyè katye nan Pòtoprens tankou : Kafou Fèy, Pòtay Sen Jozèf, Pòtay Leyogan, elatriye.

PAPDA te patisipe nan tout defile kanaval 1996, 1999, 2000, 2001. Anpil gwoup mizikal te konpoze mizik ki te gen ladan yo revandikasyon pou anile dèt sèkèy madoulè a, epi nou te distribye anpil materyèl sansiblizasyon ak edikasyon sou kesyon sa.

Nan tout peyi a, PAPDA òganize plizyè santèn aktivite edikativ sou kesyon dèt sèkèy madoulè a.

PAPDA patisipe nan anpil rankont ak mobilizasyon entènasyonal (Wòm, Jwanesbou, Daka, Wachintonn, Tegusigalpa, Managwa, Ajantin, Brezil, elatriye) kap reflechi sou estrateji batay sou tèm dèt la. Se konsa, pandan Somè G-8 ki te fèt Okinawa (Japon) nan mwa jen 2000, yo te chwazi PAPDA ak Kowalisyon Jibile 2000 Ouganda pou prezante revandikasyon tout mouvman sosyal yo nan lemonn devan prezidan G-8 yo.

Nan fen lane 1999, PAPDA vin manm aktif rezo Jibile Sid.

Pandan tout lane 1999 ak 2000, kanmarad Jacques Roche ranmase temwayaj plis pase 50 atis ak entelektyèl ayisyen sou tèm dèt la. Plizyè Jounal nan Kapital la tankou « Nouvelliste » te pibliye temwayaj sa yo nan plizyè nimewo yo.

Nan mwa jiyè 2003, Jacques Roche òganize pou PAPDA yon ekspozisyon penti sou tèm dèt la kote te gen plis pase 20 etidyan ENARTS ak lòt gwo atis tankou Franketienne, Tiga, ak anpil lòt ki te prezante zèv yo. Plis pase 2000 moun te patisipe nan ouvèti ekspozisyon an ki te fèt nan lokal « d’Art » epi moun te kontinye vizite li pandan 2 semenn. Yon moso nan ekspozisyon sa a te prezante nan kad 3zyèm Asanble Pèp Karayib yo nan mwa Out 2003. ■

REYALITE SOSYO-POLITIK PEYIZAN YO PANDAN DIS LANE EGZISTANS PAPDA

Sitiyasyon agrikilti nan peyi d Ayiti gen yon relasyon direk direk ak chwa politik-ekonomik deside yo adopte. Nan ka peyi d Ayiti, nou ka mezire akle kantite dega move politik Leta a lakoz nan sekte peyizan an. Otorite yo pase anba pye revandikasyon peyizan yo ki reprezante plis pase 60 % popilasyon an. Nan zon ki pi rekile yo, lamize ak grangou ap taye banba. Kantite moun ki pov yo pa sispann ogmante aloske Leta fe gwo pwovizyon nan bidje piblik la (gwo mago) pou voye peye Bank Mondyal ak FMI det sekey madoule a.

Denye kou pou touye koukou a se dokiman Kad Koperasyon Enterime a (CCI) ki se yon dokiman yo peye 192 gwo save (Ekspe) entenasyonal 2 milyon dola vet pou ekri li aloske dizon peyizan yo ak tout lot kouch ki pov nan peyi a pa antre nan dokiman sa a. Dokiman sa a pa gen anyen pou we ak veritab revandikasyon mas peyizan an kap goumen pou gen te pou yo travay, angre, zouti ak mwayen pou pwodui plis. Le nou konsidere se sou do mas peyizan yo lamanjay tout moun nan peyi a ta dwe chita, li kle, nan kondisyon yap travay la, nou pa kap rezoud pwoblem ensekirite lamanjay ki genyen nan peyi a. Nou bezwen chanje politik dwategoch la pou nou ranfose pwodiksyon nasyonal la. Si nap poze pwoblem sekte peyizan an, esklizyon sekte sa a nan chwa politik ekonomik yo, fok nou poze tet nou kesyon tout sou ki wol moun kap pran desizyon yo jwe nan jwet sa a.

Gouvenman enterime a, nan sitiyasyon lamize peyizan yo ap viv, rive koupe sibvansyon angre peyizan yo te genyen epi tou diminye pousantay lajan nan bidje nasyonal ki ta dwe ale pou agrikilti, an menm tan li pa mete sou pye yon pwogram ki ka pemet peyizan soti anba depandans itilizasyon pwodui chimik yo. Li siyen kontra pasipala ak konpayi etranje tankou T&S RICE SA pou enpote diri pa pil pou fini ak ti res pwodiksyon diri nan peyi a. Aksyon sa yo fe moun preske pa vle manje rasin yo anko tankou yanm, patat, manyok, malanga, elatriye pandan anpil lot pwodui pepe ap anvayi mache ayisyen an,peyizan yo ap kouri kite andeyo pou vin chita lavil oubyen ale nan peyi vwazen yo akoz menm politik “dumping” (kase pri pwodui pepe yo) gwo konpayi etranje yo ap pratike.

PAPDA kwe e lap goumen pou gen yon plan devlopman agrikol ki fet ak patisipasyon sekte peyizan an, ki pou garanti dwa pou tout moun anndan sosyete a jwenn manje pou yo manje, manje an kantite, manje ki gen kalite nan respe prensip ki tabli sou zafe lasante, lakilti pep yo ak prevansyon tout ris maladi.

Se poutet sa, soti 7 novanm 1995 pou rive jouk jounen jodi a, PAPDA pa sispann denonse move mannev ki kontinye ap fet pou mete deyo klas ki pi pov yo nan desizyon kap pran nan peyi a. PAPDA rete soude ak revandikasyon mas peyizan yo. Pandan 10 lane li a, li rive pran kek inisyativ tankou :

1. Pote kole ak lòt òganizasyon anndan peyi a tankou lot bo dlo pou denonse sistem politik peze souse de grenngoch kap ravaje epi detwi ekonomi peyizan yo,

2. Fe fomasyon peyizan yo epi fe pwomosyon agrikilti byolojik, ekolojik, yon model ki chita sou mete an vale resous lokal yo ak konesans peyizan yo,

3. Reyalize aktivite ansanm ak peyizan yo, ti antrepriz transfomasyon pwodui jaden pou valorize pwodiksyon nasyonal la,

4. Mete sou pye mouvman ki rasanble dives oganizasyon pou revandike yon politik an fave sekte a.

Egzistans MOREPLA (Mouvman Revandikatif Peyizan Latibonit) e batay lap mennen ansanm ak PAPDA se prev konviksyon enstitisyon an ap nouri depi 10 lane sou tout teritwa nasyonal la. De (2) gwo rasanbleman ki fet nan Latibonit kote plizye milye peyizan ak anviwon yon santen delege oganizasyon, ONG (s), kek enstitisyon Leta ki soti nan Potoprens ak nan dives lot depatman montre gen altenativ ki posib. Batay sa a ki makonen ak yon ansanm aksyon PAPDA ap mennen nan kek zon pilot ansanm ak yon seri oganizasyon patne pap kanpe la ; lap rapousib jouk tan peyizan yo va jwenn dwa grandet maje yo nan patisipe pou defini yon lot kalte model devlopman pou peyi a.

PAPDA rete soude ak revandikasyon sekte majinalize yo. PAPDA rete atache ak batay pou garanti ansanm dwa mas popile a genyen nan sosyete a epi mobilize oganizasyon peyizan yo pou enfliyanse politik Leta a nan kad yon demokrasi patisipativ. ■



 

Campagnes internationales pour le retrait des troupes de la MINUSTAH - Votre participation est importante !!

Posté le 11 octobre 2011 par

Publication du No 12 du bulletin « « YON LOT AYITI POSIB ! »

Posté le 5 août 2008 par Ricot Jean Pierre

 

Deklarasyon òganizasyon peyizan, òganizasyon popilè, òganizasyon fanm elatriye sou enpòtasyon pistach Blan Meriken yo

Posté le 25 juillet 2016

Conférence-débat sur le Droit à la terre et la souveraineté alimentaire en Haïti, Mardi 31 Mai 2016, FANNY VILLA, 8h30-3h30

Posté le 20 mai 2016

Note de presse sur le don des 500 tonnes métriques de pistache de la USDA

Posté le 14 avril 2016

La "DOUCEUR" GRAND MARNIER : Des acquis gagnés de hautes luttes !

Posté le 13 avril 2015

Enquête sur le harcèlement sexuel en milieu du travail en Haïti

Posté le 26 mars 2015

Konferans-deba sou kesyon tè a nan peyi d Ayiti, 16 Oktòb 2014

Posté le 2 octobre 2014

Note de presse de la PAPDA sur la MINUSTAH et les déclarations de Mme Sandra HONORÉ

Posté le 19 septembre 2014

Cahiers de revendications paysannes du Grand Nord

Posté le 2 avril 2014

Budget national et secteur agricole : Etranglement ou disparition de la petite paysannerie

Posté le 13 mars 2014

Concours de texte : "Construire avec et pour les jeunes"

Posté le 4 avril 2011

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox