PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Souveraineté alimentaire - Mobilisation

Seminè Nasyonal - Patisipasyon Peyizan e Konstriksyon Demokratik

Tèks prezantasyon Frank St Jean pou entwodiksyon seminè a

Posté le 1er décembre 2005 par Administrateur

Peyi nou gen you tradisyon agrikòl estrawòdinè. Tradisyon sa a te egziste deja depi sou tan endyen yo ki te deja ap kiltive divès kalite pwodui pou reponn a bezwen yo nan zafè lamanjay. Se konsa agrikilti a rete pandan tout listwa nou you eleman fondamental ki karakterize ekonomi nou kòm pèp. Agrikilti a te vin tèlman enpòtan pou nou ak pou ekonomi peyi a, nou menm konn rive di Ayiti se you peyi esansyèlman agrikòl, sa vle di agrilki a se mèt kesyon an anndan sosyete a.

Divès kalite pwodui nou fè nan peyi a akòz varyete klima nou an ak fôm peyizaj la tounen yon avantaj bab e moustach pou Ayiti pa rapò ak lòt peyi nan rejyon an.

Lè nou analize enpòtans agrikilti nou an an tèm makwo ekonomik nou wè a klè sektè sa se pi gwo tranch nan ekonomi nasyonal la. Anviwon 65 pousan moun ap viv nan zòn ki pi rekile sa ki reprezante you gwo pwa demografik. Peyizan yo reprezante yon kouch nan popilasyon an ki pote sou do yo, malgre tout move tretman, yon gwo pati nan ekonomi nasyonal la. Yo kontribiye nan peye taks dirèk ak endirèk sou pwodui yo nan yon sistèm kote otorite yo ap peze yo.

Jefô peyizan yo fè pou kenbe, malgre sitiyasyon esplwatasyon ak mizè yap viv la, se yon fòm rezistans nou merite gade kòm yon gwo sakrifis. Lè nou konsidere difikilte ak menas sou agrikilti nan peyi Dayiti nou mande koman peyizan yo fè kenbe. Sitiyasyon sechrès, erozyon bon tè kap fin degrengole al jete nan lanmè pandan vye zo tè ki rete yo pa ka bay randman. Maladi ki tonbe sou bèt peyizan yo, nan jaden yo, elatriye, konplike sitiyasyon lamizè sa a pi plis toujou.

Enpak desizyon Leta yo

Yon lòt kote konpetisyon malonèt gwo konpayi etranje yo, ki jwenn gwo lajan sibvansyon nan men gouvènman peyi yo pa sispann kraze pwodiksyon nasyonal nou an nan pouse anpil peyizan kite kesyon agrikilti a tou senpleman paske yo kapab kenbe anba pwodui etranje ki fin anvayi mache nou an. Malgre fòs kapitalis newoliberal la, lè nou mezire jefò lòt peyi nan karayib yo ap fè pou pwoteje pwodiksyon lakay yo, sa vle di pwoteje la vi pèp yo, nou ka mande si an Ayiti gen yon Leta, si genyen, ki mòd Leta sa a ? Poutèt sa, pwodiksyon manje nan peyi a pa ka reponn a nesesite nasyon an akòz politik newoliberal yo sa vle di ouvè vant peyi a bay kòmès entènasyonal la.

Sitiyasyon sa a ap rapousib nan zye otorite nou yo, ki ta sanble plis ap pwoteje entèrè lòt nasyon pase enterè pwop peyi pa yo. Chwa politik ekonomik yo jan nou wè yap yaya kò yo jounen jodi a reponn a egzijans boujwazi entènasyoal la pandan ti pwodiktè yo ak mas pòv yo pa sispann ògmante pandan 20 dènyè ane yo nan peyi Dayiti .

Pwisans entènasyonal yo, yo chak separeman ap esperimante jwèt politik yo selon enterè yo e jwèt yo gen pou yo jwe nan politik dominisayon kapitalis la nan lemonn.

Modèl eleksyon sa a, Kat Idantifikasyon Nasyonal sa a, dokiman CCI a, se ansanm prèv ki montre ranfòsman sistèm esklizyon mas peyizan yo. Konplo, ak alyans sa a se yon ansanm pwojè pou kontinye mete baboukèt sou bouch peyizan yo.

Ki repons posib ?

Nou konnen 82 pousan nan plis pase 65 pousan moun kap viv nan zòn rekile yo se moun kap viv nan mizè, nan grangou. Sitiyasyon sa a vin bokou pi grav lè nou konnen sèvis tankou sante, edikasyon, dlo potab, kredi popilè preske pa egziste nan monn riral la. Fòk peyizan yo jwenn yon nouvèl fason pou yo ka patisipe nan chwa politik yo, konsa yo va bay dizon yo sou desizyon ki gen gwo enpòtans sou lavi yo.

Se poutèt sa, zòn rekile yo dwe jwe yon wòl enpòtan nan kad yon politik devlopman ki vize yon transfòmasyon sitiyasyon sosyo ekonomik mas peyizan yo. Nou konstate peyizan yo ekate nan yon ansanm pwojè ki fèt sou non yo e se poutèt sa tou pwojè sa yo pa kapab bay bon jan rezilta sou plan ekonomik ak sosyal. Entegrasyon peyizan yo nan kad yon demokrasi patisipativ jan konstitisyon 87 la mande l la se yon nesesite.

Se pa yon kado yo ta fè peyizan yo nan mande yo dizon yo sou ki mòd politik ki dwe aplike nan peyi a paske se yon dwa yo genyen, yo travay pousa, yo te patisipe ak anpil kouraj nan evennman 86 yo pou kouri dèyè diktati Divalye a. Yo te la nan mouvman 1990 ak pwòp revankasyon yo tankou kochon kreyòl, desantralizasyon, patisipasyon, transparans, refòm agrè, kredi agrikòl, kat mache elatriye, jistis,. Politisyen ak enstitisyon entènasyonal pa sispan itilize revandikasyon peyizan yo nan enterè yo. Jodi a ankò sitiyasyon an vin pi grav ak okipasyon peyi a.

Peyizan yo ta dwe kesyone yo sou istwa yo anba okipasyon ak batay yo abitye mennen pou dezokipe peyi sa.

Solidarite PAPDA

Depi 1997, Pwogram kap Plede Kòz Dwa Granmoun nan Lamanjay anndan Platfòm Ayisyen kap Plede pou yon Lòt Kalite Devlòpman (PAPDA) ansanm ak yon seri òganizasyon patnè pa janm sispann òganize yon seri aktivite pou fè tande vwa peyizan yo. Aktivite tankou fòmasyon, enfòmasyon, aktivite lòbi, rechèch, sansibilizasyon ak mobilizasyon pou pèmèt ansanm òganizasyon yo, rezo nasyonal yo, mouvman peyizan yo, gwoup fanm yo, gwoup inivèsitè, òganizasyon kap ankadre mouvman popilè yo konprann oryantasyon politik ekonomik peyi a ansanm ak politik entènasyonal la.

Depi foròm ki te fèt la Avan-n peyi Kiba an novanm 2001, PAPDA te anbrase konsèp Souverènte Alimantè nan plas konsèp sekirite alimantè a nan lide pou evite tout konfizyon o nivo enstitisyon entènasyonal kap kleronnen liberalizasyon komèsyal ak finans nan lemonn

Lè nou gade tout konsta sa yo, nou panse li enpòtan anpil pou nou soulve konsyans òganizasyon peyizan yo nan kreye diskisyon sou ki konsekans chwa ekonomik dirijan yo adopte genyen sou peyi a. Se poutèt sa PAPDA òganize seminè sa sou tèm : Patisipasyon Peyizan yo e Konstriksyon Demokratik Seminè nasyonal sa a swete :

1. ranfòse yon lespri ki ka akouche yon lòt modèl politik ki pou fè ripti a sistèm sa a.

2. reponn ki plas sektè peyizan an dwe jwe nan chwa politik pou lane kap vini yo ?

3. wè ki wòl òganizasyon peyizan yo dwe jwe pou òryante politisyen yo sou kesyon dwa alimantasyon pèp la ?

4. degaje konsekans aplikasyon dokiman Kad Koperasyon Enterimè a ki rele CCI sou monn peyizan an ?

5. defini kòman pou mete sou pye yon pwojè nasyonal pou devlopman sosyal ak ekonomik epi ki aktè fondamantal ki dwe anndan pwojè sa a ?

6. analize ki jan pou nou fè mache yon pwosesis refòm pou transfòme estrikti politik ak ekonomik peyi a ?

7. twouve ki jan pou nou fè yon gwo platfòm pou goumen kont eksklizyon peyizan yo ?

Sektè peyizan an toujou gen moun tankou pwofesè, chèchè, òganizasyon popilè, enstitisyon ankadreman, etidyan, sendika, mouvman fanm, elatriye ki toujou solidè a kòz yo, se nan rezon sa a mwen mènm kap kòdone Pwogram kap Plede kòz Dwa granmoun nan Lamanjay anndan PAPDA ap di mèsi ak tout ansanm entèvenan ki sòti nan tout kalte branch mwen sòt site la yo e ki pral gen pou brase lide pou ede nou nan reflexion sa a kap dire 2 jou nan Biwò Nasyonal Etnoloji.

Nou salye tout lòt delege peyizan yo, lòt delege ki prezan pou patisipe nan seminè sa a pou gwo enterè yo degaje pou pote solidarite pa yo nan chodyè a nan lide ki pou satisfè tout popilasyon an.



 

Le massacre du Haymarket (1886) et la vraie histoire du Premier Mai

Posté le 6 mai 2013 par PAPDA

Paysans du monde entier, unissez-vous !

Posté le 21 avril 2013 par PAPDA

Initiative du Mpp pour un mouvement patriotique, en support à un projet paysan de libération nationale

Posté le 25 mars 2013 par

Forum sur la justice sociale et environnement pour Haïti à l’approche du Sommet des Peuples Rio + 20.

Posté le 7 juin 2012 par

Les Mouvements paysans haïtiens se prononcent contre l’économie verte et pour une gestion responsable de notre environnement

Posté le 5 juin 2012 par

Encuentro en Defensa de los Bienes de la Naturaleza y en Solidaridad con el COPINH

Posté le 4 juin 2012 par PAPDA

Ce qui est en jeu à Rio+20

Posté le 23 mai 2012 par

Lo que está en juego en Río+20

Posté le 21 mai 2012 par PAPDA

Jubileo Sur Américas realiza seminario ‘Camino a Río+20 y más allá’ en Argentina

Posté le 30 mars 2012 par

Appel à l’action de Via Campesina

Posté le 27 mars 2012 par

 

Quelle planification pour les 1.3 millions de déplacés ?

Posté le 7 décembre 2010

Déclaration de la Campagne "KABA GRANGOU" sur la conjoncture

Posté le 23 novembre 2010

Nòt pou lapres Kaba Grangou

Posté le 23 novembre 2010

Rejection of MINUSTAH

Posté le 28 octobre 2010

Comment Monsanto s’infiltre dans les pays du Sud (Source :Terra-eco)

Posté le 28 octobre 2010

Deklarasyon TK, Chandèl, MODEP

Posté le 18 mars 2008

Haïti, les Élections et la Démocratie

Posté le 8 octobre 2007

Haiti : Why is it necessary to relieve Haiti of its debt burden ?

Posté le 13 avril 2006

Haïti et la crise de la dette externe envers la France

Posté le 13 avril 2006

Pour une annulation IMMEDIATE de la dette envers la Banque Interaméricaine de Développement !

Posté le 8 mars 2006

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox