PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Intégration Alternative - Mobilisations

Pwoblematik Emansipasyon Fanm Peyizan yo

Seminè Nasyonal - Patisipasyon Peyizan ak Kontribisyon Demokratik

Posté le 28 novembre 2005 par Administrateur

Depi deja plis pase twa syèk, batay fanm yo pou konstwi yon sitwayènte a kòmanse. Daprè sa listwa sosyete ki pi pre nou yo fè nou konnen, patisipasyon fanm yo te genyen nan revolisyon fransèz la pa egzanp, pat pèmèt fanm yo gen okenn rekonesans dwa sitwayènte. Se sak fè gwo dokiman revolisyon an ki rele : “Déclaration des droits de l’homme et du citoyen” ki montre kouman peyi a rekonesan anvè sitwayen li yo, pat rekonèt patisipasyon fanm yo. Se sak fè « Olympe de Gourges » yon sitwayèn peyi Lafrans apre li te fin analize dokiman sa, te jije nesesè pou li te ekri yon dokiman pou montre patisipasyon fanm yo. Dokiman sa rele : « Déclaration des droits de la femme et de la citoyenne ». Zak sa te lakòz gouvènman fè koupe tèt li sou laplas piblik nan lane 1793.

Menm jan tou nan peyi Dayiti te gen yon bann potorik fanm tankou Toya, Mari Jàn, Sanit Belè, Katrin Flon, Klè Erèz, Defile ki te gen gwo patisipasyon nan revolisyon kont lesklavaj la, men fanm sa yo erezman yo pat koupe tèt yo sou laplas piblik, men listwa te bliye seri Fanm sa yo totalman.

Patisipasyon fanm sa yo kit an Ayiti, kit nan lòt peyi pèmèt sosyete yo fè gwo pa. An Ayiti nan syèk pa nou, nan lane 1935, medam « Lig Feminin Aksyon Sosyal » yo te mennen gwo batay pou pèmèt fanm yo rive pi lwen nan lekòl olye yo chita nan aprann fè manje, okipe kay sèlman. Akòz gwo batay medam sa yo te mennen fanm peyi Dayiti vin pa gen baryè pou yo ale lekòl nan pi wo nivo. Fòk nou di tou batay fanm sa yo vin pèmèt fanm peyi Dayiti pran dwa pou yo vote, patisipe nan chwazi dirijan yo nan lane 1950, yon dwa yo kòmanse egzèse nan lane 1957.

Yon fwa ankò, nan gwo mouvman sosyal nan peryòd 1986 yo, fanm yo te gen yon gwo patisipasyon. Fòk nou di se plis fanm nan vil yo ki te rantre nan mobilizasyon sa. Nou pap bliye gwo mach ki te fèt nan dat 3 avril 1986 la nan Pòtoprens ak nan kèk gran vil pwovens yo. Pami tout òganizasyon ki te kòmanse boujonnen yo, nou te jwenn plizyè òganizasyon miks, nou te jwenn òganizayon fanm tou. Pifò òganizasyon fanm yo te kreye nan lavil yo. Se sèlman kèk tankou SOFA ki te gen yon branch fanm peyizan ladan li.

Plis òganizasyon yo ap pran esperyans se plis kòmanse gen yon mobilizasyon nan mitan fanm peyizan yo. Men se avèk anpil difikilte òganizasyon fanm peyizan rive pran pye. Mobilizasyon fanm peyizan yo ap kòmanse parèt aklè apati eleksyon 1990 yo, kote nou jwenn fanm peyizan yo antre nan eleksyon sa kit kòm reprezantan pati, kit kòm manm biwo vòt. Se sak fè koudeta vin yon gwo kou kont avanse mouvman fanm peyizan.

Jis nan moman sa revandikasyon fanm peyizan ki te plis parèt yo te chita sou :
-   Dwa pou fanm peyizan yo òganize yo ( anpil fwa pou yo benefisye aktivite ekonomik)
-   Lekòl pou fanm peyizan yo
-   Alfabetizasyon pou fanm peyizan yo
-   Taks mache, bon mache pou yo chita pou yo vann
-   Bon wout ak mwayen transpò pou yo vwayaje nan bon kondisyon
-   Lopital pou yo jwenn swen pou yo ak pitit yo
-   Posibilite pou yo jwenn lajan pou okipe pitit yo yon fason otonòm
-   Tè woze pou yo fè jaden

Tankou nou wè li revandikasyon sa yo te sitou yon seri revandikasyon ki te gen rapò ak sitiyasyon sosyo ekonomik fanm yo. Menm lè te gen gwo rezistans sou lide pou fanm yo pran lari, kite kay la chak fwa pou ale nan reyinyon, pase 2 oubyen 3 jou deyò nan fòmasyon, patisipe nan reyinyon. Revandikasyon sa yo an jeneral pat two deranje moun paske yo pat deranje anyen nan estrikti sosyete a. fòk nou di tou, nan moman sa batay la te bezwen plis moun mobilize. Se sak fè nou kapab konstate gen yon bann enstitsyon ki vin ap ankouraje fanm peyizan yo òganize yo, ki mete tou yon bann pwogram pou yo. Pami enstitisyon sa yo nou jwenn legliz katolik apati pwogram Karitas yo

An menm tan mobilizasyon sa t ap fèt nan mitan fanm peyizan yo, te deja depi 1987 yon seri revandikasyon tankou batay kont vyolans sou fanm ki te kòmanse fè chemen li, se revandikasyon sa li menm ki te leve gwo rebelyon anndan sosyete a kont mouvman fanm nan paske kalite revandikasyon sa yo kesyone relasyon dominasyon gason ak fanm genyen nan sosyete a. anpil fwa se zanmi ki nan òganizasyon ki menm ap ankouraje moun an jeneral òganize yo ki t ap mete pikan kwenna devan òganizasyon ki te gen kalite revandikasyon sa yo. Paske pou yo òganizasyon k ap pote revandikasyon sa yo ap poze pwoblèm pou divize lit global la, paske kòmkwa pwoblèm fanm yo ap viktim yo se pwoblèm segondè, apre revolisyon peyi a ap gen tan pou li rezoud pwoblèm sa yo.

Fòk nou di menm lè medam peyizan yo te byen timid sou fason pou yo fòmile kalite revandikasyon sa yo akòz tabou ki antoure yo ki lakòz menm mo fanm yo pa jwenn pou fomile revandikasyon sa yo paske yo pè pou yo pa di betiz sou moun, yon seri pawòl sosyete a konsidere moun pa dwe di nan sosyete, nan seminè fòmasyon, nan pataj ki fèt nan mitan òganizasyon fanm yo temwanyaj fanm peyizan yo konn lakòz nou pataje anpil doulè.

Nan peryòd anvan 1990 yo li enpòtan pou nou di menm lè te kòmanse gen anpil gwoupman peyizan ki te aksepte fanm anndan yo patikilyèman pou kapab gen yon pi gwo kantite popilasyon an ki mobilize, wòl fanm peyizan yo anndan òganizasyon miks yo te toujou rete nan netwaye espas pou reyinyon fèt, fè manje, sèvi mesye yo ki chita ap fòme tèt yo, k ap reflechi. Sa vle di yon wòl ki reprann egzakteman wòl fanm yo genyen anndan kay la.

Nan peryòd twa lane koudeta nou tout nou raple nou kouman lame Dayiti ak FRAP te itilize kadejak la kòm zam pou matrake fanm yo ak fanmiy yo. Yon pwoblèm ki soti nan estrikti sosyete a ki vin itilize nan yon konjonkti byen espesyal. Se nan moman sa anpil moun nan sosyete a vin kòmanse konprann batay òganizasyon fanm yo t ap mennen sou dosye vyolans la kòm yon espresyon dominasyon gason kont fanm epi ki kapab itilize nan nenpòt ki moman.

Apre koudeta a, apati revandikasyon SOFA te fè 8 mas 1991 pou kreye yon espas nan pi wo enstans pouvwa pou diskite sou pwoblèm fanm yo, prezidan nan monte gouvènman li kreye yon ministè fanm nan lane 1995. Apati estrikti dekonsantre ministè sa mete sou pye avèk tout yon ekip kòdonatris nan tout depatman, nan tout komin, mobilizasyon an vin ranfòse nan mitan fanm peyizan yo. Konsa gen plis fanm ki vin antre nan òganizasyon miks, an menm tan tou vin gen yon lòt chanjman nan wòl fanm yo anndan òganizasyon miks yo apati fòmasyon ak refleksyon ki te rive fèt yo. Desizyon politik sa tou vin lakòz gen plis òganizasyon fanm ki vin kreye.

Apati peryòd sa revandikasyon ki plis chita sou kesyonman relasyon pouvwa ant fanm ak gason nan sosyete a, gaye plis kit nan sektè fanm anndan òganizasyon miks, kit anndan òganizasyon fanm peyizan yo. Revandikasyon sa yo prezante sou plizyè fòm tankou :

-   Pou sosyete a rekonèt fanm peyizan yo kòm sitwayèn
-   Pou yo gen dwa chwazi oubyen patisipe kòm sitwayèn nan direksyon peyi a
-   Pou yo gen dwa viv yon lavi san vyolans
-   Pou yo gen yon lòt kalite relasyon ki ekilibre san dominasyon yonn moun sou yon lòt anndan sosyete a
-   Pi bon lalwa nan peyi a an favè fanm yo

Ki baryè medam yo jwenn pou yo kontinye sou wout emansipasyon sa ?

Sa nou di pi wo deja, montre de gwo moman enpòtan nan avanse fanm peyizan yo fè nan batay pou sosyete a rekonèt dwa yo kòm moun, epi pou tabli yon sosyete ki chita sou yon lòt relasyon pouvwa ant fanm ak gason. Batay sa lakòz fanm peyizan yo frape pye yo ak plizyè gwo baryè.

-   Baryè vizyon sosyete a ki la pou tolere tout move zak gason poze, vin bay pwoblèm iresponsabilite mesye yo. Anpil fwa se fanm yo ki vin nan pozisyon pou sipòte konsekans iresponsabilite sa, sitou lè konsekans sa se pitit li kite dèyè. Iresponsabilite mesye yo vin lakòz fanm yo vin pi « vulnérable » akòz chay lou sosyete a lage sou do yo. Daprè sa Serge Henri Vieux ekri sou plasj gen anviwon 80% fanm nan peyi Dayiti k ap viv sitiyasyon sa.

-   Baryè pou yo òganize yo jan yo vle, yon fason pou yo gen kontwòl sou estrikti yo vle mete pou yo mennen batay yo. Esperyans montre nou jous jounen jodia parapò ak finasman ki disponib nan peyi a pou kreye aktivite ak fanm, anpil gwoup fanm peyizan yo gen alatèt yo, yon gason ki kapab prezante pou di w li se mèt gwoup la. Sa lakòz gwoup sa yo rete gwoup fanm k ap tann benefisye pwojè men yo pa janm pran tan pou poze pwoblèm espesifik fanm yo genyen nan gwoup la

-   Baryè fanm ak gason nan yon menm sosyete pa gen menm chans menm opotinite. Sitiyasyon sa vin mete mesye yo toujou nan meyè pozisyon parapò ak medam yo sitou fanm peyizan yo ki toujou jwenn plas nan dènye nivo nechèl la.

Apati bilan nou genyen ki bay yon imaj pwoblèm fanm peyizan yo ap viv, nou wè menm jan ak anpil lòt gwoup sosyal, fanm peyizan yo gen plizyè kalite revandikasyon : yon bò yo gen revandikasyon ki gen relasyon ak sitiyasyon ekonomik yo, yon lòt bò yo gen revandikasyon ki gen relasyon ak sitiyasyon yo kòm fanm patikilyèman kòm fanm peyizan. Batay fanm peyizan yo ap mennen sou tout kalite revandikasyon sa yo pèmèt fanm peyizan yo louvri divès pòt ki ofri yo pèspektiv pou mete ansanm ak tout lòt moun pou konstwi yon sosyete san fòs kote, ki pa mete moun sou kote, yon sosyete san vyolans sou fanm.

Marie Eveline Larrieux

SOFA



 

20 ans après, les assassins du Père Jean-Marie Vincent courent toujours

Posté le 8 septembre 2014 par

Dénonciation constante du projet touristique et demande de libération de Jean Matulnès Lamy

Posté le 27 août 2014 par

Déclaration Conjointe : Appel à un instrument juridiquement contraignant sur les droits humains, les sociétés transnationales et autres entreprises

Posté le 27 juin 2014 par PAPDA

NÒT POU LAPRÈS SOU ARETE SALÈ MINIMÒM LAN

Posté le 9 juin 2014 par PAPDA

No to Starvation Wages in Haiti ! - No to Poverty Wages in the US !

Posté le 30 janvier 2014 par PAPDA

PAPDA mande solidarite ak batay KOSIT ap mennen nan SONAPI

Posté le 30 janvier 2014 par Camille Chalmers

1915-2013 : 98 lane dominasyon ak eksplwatasyon Meriken sou peyi d Ayiti

Posté le 26 juillet 2013 par

Declaración de la Alianza Social Continental

Posté le 20 juin 2013 par PAPDA

Declaración del Encuentro de la Alianza Social Continental realizado el 1 y 2 de junio en Bogotá

Posté le 20 juin 2013 par PAPDA

La CDC assignée pour avoir encaissé l’argent versé par Haïti pour son indépendance

Posté le 13 mai 2013 par PAPDA

 

Quelle planification pour les 1.3 millions de déplacés ?

Posté le 7 décembre 2010

Déclaration de la Campagne "KABA GRANGOU" sur la conjoncture

Posté le 23 novembre 2010

Nòt pou lapres Kaba Grangou

Posté le 23 novembre 2010

Rejection of MINUSTAH

Posté le 28 octobre 2010

Comment Monsanto s’infiltre dans les pays du Sud (Source :Terra-eco)

Posté le 28 octobre 2010

Deklarasyon TK, Chandèl, MODEP

Posté le 18 mars 2008

Haïti, les Élections et la Démocratie

Posté le 8 octobre 2007

Haiti : Why is it necessary to relieve Haiti of its debt burden ?

Posté le 13 avril 2006

Haïti et la crise de la dette externe envers la France

Posté le 13 avril 2006

Pour une annulation IMMEDIATE de la dette envers la Banque Interaméricaine de Développement !

Posté le 8 mars 2006

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox