PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Souveraineté alimentaire - Production nationale

Deklarasyon final Fowòm Nasyonal nasyonal oganizasyon Peyizan yo ki fèt sou tèm : Agrikilti familyal agwoekolojik, yon modèl pou konbat mizè, pou asire idantite ak souverènte pèp la, yon batay pèmanan mouvman peyizan konsekan yo .

Fowòm sa a reyalize nan Ti Rivyè Latibonit, Dofouno sóti 3 pou rive 5 Avril 2014.

Posté le 11 avril 2014 par Franck Saint Jean

Nou menm, fanm ak gason ki sóti nan 74 óganizasyon peyizan kap travay nan 10 depatman peyi a ak prezans yon dizèn enstitisyon ankadreman piblik kou prie te reyini sóti 3 pou rive 5 avril 2014 kote divès óganizasyon tankou PAPDA, PREPLA, MPP, FENAPRI, PREPLA, MPNKP, TK, te konvoke yon fowòm Oganizasyon peyizan sou tèm : Agrikilti familyal agwoekolojik, yon modèl pou konbat mizè, pou asire idantite ak souverènte pèp la, yon batay pèmanan mouvman peyizan konsekan yo, deklare fók nou konstwi yon lòt Ayiti, yon lòt Leta kote agrikilti familyal agwoekolojik la gen yon wòl fondamantal pou jwe nan konstriksyon sa a.

Fowòm sa te pèmèt nou gade ak chache opótinite pou aktè nan sektè agrikòl yo, an patikilye óganizasyon peyizan yo, enstitisyon ki konsène yo rankontre pou diskite antre yo, pou diskite ak reprezantan Leta a, pou apwofondi diskisyon sa yo, epi pou pemèt óganizasyon peyizan nou yo fikse pozisyon yo, pran desizyon ansanm pou konstwi pèspektiv fas ak vizyon ak aksyon ekonomik, politik kap aplike nan peyi a.

-   Nap voye yon gwo kout chapo pou tout travayè peyizan gason ak fanm ki kontinye ap pote peyi a sou do yo, ki kontinye ap pwodwi manje, bay travay, konsève resous natirèl yo epi travay di pou peyi Desalin lan kontinye viv nan diyite. Malgre angajman travayè peyizan yo, politik Leta, òganis ak enstitisyon entènasyonal yo ak ONG yo kontinye meprize peyizan yo, mete yo sou kote, derefize konsidere yo kòm sitwayen tout bon e mete sou kote tout sa kap fèt nan milye riral la ;

-   Nap voye yon gwo kout chapo tou pou tout peyizan yo (gason ak fanm) ak tout òganizasyon peyizan yo kap travay chak jou pou kenbe eskanp figi peyi a nan sitiyasyon lawont okipasyon kote bòt sòlda etranje ap fè lalwa nan peyi Sanite Belair, Moyiz Louvèti, Goman, Desalin la e kap kontinye batay pou nou viv lib e pou nou chwazi desten nou nan endepandans ak otodetèminasyon ;

-   Nap salye memwa 139 peyizan Jan Rabèl, lenmi chanjman demokratik yo te ansasinen nan dat 23 jiyè 1987 nan kad larivyè san yap fè koule pou anpeche klas popilè yo òganize epi kontinye kenbe Pèp la sou kote nan jwèt politik la. Ayibobo pou tout peyizan patriyòt ki te bay san yo nan batay pou demokrasi. Nap di yo nou la, e nap mande pou tout peyizan ki tonbe nan batay liberasyon peyi a depi Goman pou yo ban nou plis fòs pou nou rapousib batay la.

-   Nap salye reprezantan MARNDR ak CNSA ki te vin prezante nan Fowom nan Politik Twazan Relans Agrikòl (2013 - 2016) la ak travay pou swiv sitiyasyon sekirite nan zafè lamanjay ak pwomosyon Plan Nasyonal pou sekirite nan zafè lamanjay. Nap souliye Leta pa mete kòb pou devlópe plan sa a ki ka koute plis pase 1.5 milya dola vèt sou 3 lane.

-   Nap denonse politik Leta peyi a, enstitisyon ak òganis entènasyonal yo ak pifò ONG yo ki ap aplike lòd ak oryantsayon FMI, Bank Mondyal, BID, ajans Nasyon Zini ak reprezantan peyi enperyalis ki mete sou do peyi a yon seri mezi neoliberal ki anvlimen kriz estriktirèl la nan kraze ekonomi peyizan yo, nan ouvè vant peyi nou an, nan devlópe ekonomi espekilasyon ki pa makonnen ak pwodiksyon, nan efase ti bourad timid Leta te konn bay nan zafè angrè ak zouti agrikòl, nan retire posiblite pou pwodiktè yo jwenn kredi ak bon jan mwayen pou yo kontinye pwodui, nan derefize konstwi enfrastrikti riral pi konsekan yo, nan pa apiye òganizasyon peyizan yo ak travayè peyizan yo ni nan kredi, ni nan zouti, nan kijan peyizan yo ka jwenn mache, ni nan sèvis sosyal de baz yo. Politik sa yo kreye plis depandans epi rann Leta pi fèb. Yo fè nou koumanse pèdi idantite kiltirèl nou. Chak jou peyi a ap tounen yon peyi konsomatè sèlman. Nou konstate degradasyon anviwònman ap pran yon lòt vitès avèk plis mizè, plis migrasyon, plis bidonvil. Ti eksplwatasyon peyizan yo fin dekapitalize ki fè pwodiktè yo atake rezèv peyi a. Nou wè tou kijan politik sa a fè kèk enstitisyon enpòtan disparèt, tankou : HASCO, Santral Desalin, IDAI, BCA pèdi fòs.

-   Nap denonse politik Gouvènman Mateli/Lamòt la ki ap deplwaye yon politik « Ayiti louvè pou biznis » e ki atravè 4 ofansiv ap wete tè agrikòl yo nan men ti peyizan yo pou renmèt yo bay antrepriz Transnasyonal ak biznisman nan peyi a. Ofansiv sa a ki vize konstriksyon « Resort », Otèl deluks pou touris, konstriksyon plis pak endistriyèl pou zòn franch kap ekspòte prodwi tekstil Ozetazini, enstale gwo eksplwatasyon min metalik, enstale plantasyon sou plizyè milye kawo tè pou ekspòte danre tankou bannann sou mache entènasyonal la. Ofansiv sa yo riske fin kraze anviwonman nou an ki deja degrade san yo pa pote okenn benefis manch long pou peyi a ni pou peyizanri a.

-   Nap denonse koripsyon ki ap taye banda nan tout nivo e jan Gouvènman derefize respekte lalwa ak Konstitisyon peyi a. Nou rejte tout tantativ kap fèt pou mete kanpe yon rejim boutdi ki tounen ak fòmil otoritè ak diktati Divalye yo. Nou ekzije pou enpinite kaba nan peyi e pou yo jije Jean Claude Duvalier pou tout krim li kòmèt, pou piyaj kès Leta e tout destriksyon li fè kont Pèp ayisyen an.

-   Nap denonse ofansiv antrepriz tankou « Ti malice » ap deplwaye nan depatman Latibonit la ak teknik dumping pou kraze koperativ peyizan yo reyisi konstwi nan depatman e pran kontwòl pwodiksyon ak komèsyalizasyon diri a.

-   Okipasyon militè peyi a anpeche nou konstwi tèt nou kòm peyi endepandan epi tou anpeche nou defini bon jan modèl devlòpman ki marye ak enterè fondalnatal popilasyon nou yo ak peyizan yo ki se majorite a (plis pase 60%). Okipasyon sa a ap ogmante tou kantite dèt ki sou do peyi a epi fè nou pa kapab envesti nan sektè ki priyoritè pou nou. Nou vin rantre nan jesyon IJANS ki blayi nèt apre 12 janvye 2010 e ki pa mache ak yon pwosesis konstriksyon manch long nan yon konsansis ant tout kouch sosyal, politik ak ekonomik peyi a ;

-   Nou mande pou sòlda MINUSTAH kite peyi a pivit posib e pou Nasyonzini dedomaje fanmi 8900 konpatriyòt ki tonbe nan kolera, dedomaje peyi a pou tout move konsekans maladi sa a kontinye ap pote lè li afekte plis pase 697000 konpatriyòt. Nou ekzije jistis ak reparasyon e nou mande pou Nasyonzini enstale enfrastrikti ki ka pèmèt tout ayisyen gen aksè a bon kalite dlo tout kote nan peyi a.

-   Nap denonse eskandal 5 pwopozisyon Sandra Honore ki se reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini nan tèt MINUSTAH prezante devan Konsèy Sekirite a kap chache pwolonje avni okipasyon an e ranfòse kontwòl sou politik peyi a. Nap di 10 lane okipasyon (2004-2014) se twòp atò fòk MINUSTAH mare pakèt li e kite tè Desalin nan touswit.

-   Nou koute temwayaj ak analiz òganizasyon zanmi ki patisipe nan fowòm nan tankou : Mouvman Peyizan san tè (MST) ak reprezantan CLOC/Via Campesina ki se yon rezo mondyal òganizasyon peyizan. Oganizasyon sa yo kap mennen gwo batay pou fè peyizan san tè jwenn kote pou yo travay, denonse mannèv gwo antrepriz transnasyonal yo ap fè pou kontwole pwodiksyon agrikòl la, kontwole semans yo. Ofansiv sa yo fèt ak Enstitisyon tankou FMI, BM, BID, OMK e yo fè anpil dega nan milye riral la : plis grangou, plis chomaj, plis mizè, plis pwoblèm pou jèn yo, elatriye ; Nap wete chapon pou nou salye bèl rezilta 6zyèm kongrè MST ki dewoule nan Brasilia nan dat 11 pou rive 15 fevriye 2014 ki pèmèt peyizan Brezil avanse sou chimen batay pou konstriksyon yon refòm agrè entegral popilè. Nap salye prezans an Ayiti depi lane 2008 Brigad Desalin ki konpoze ak delege MST (Brezil) ak lòt mouvman djanm nan Amerik Latin nan tankou Frente Popular Santillán (Ajantin), sant Martin Luther King (Kiba) ki ap pote bèl kolaborasyon nan ranfòsman mouvman peyizan ayisyen yo.

-   Nou koute analiz ak bèl temwayaj Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK), Mouvman Peyizan Papay, Rezo Koperativ Plantè Ba Latibonit (RACPABA), KPSKBM, Platfòm Rezistans Pèp Latibonit (PREPLA), Plan-Pèp, Federasyon Nasyonal Pwodiktè Diri (FENAPRI). Temwayaj divès òganizasyon ak rezo peyizan yo fè nou konprann sitiyasyon an grav anpil e nou bezwen yon mobilizasyon nasyonal ak mezi politik djanm ki kapab mete yon fren nan degradasyon an e ki ka lanse yon lòt pwosesis konstriksyon nasyonal ;

Apre tout analiz sa yo, Nou deside :

1. Batay pou peyi nou an reprann dwa grandèt majè li, mete yon plan travay pou nou kapab rekipere souverènte nasyonal la. Nap mete preokipasyon sa a nan tout travay nap fè ;

2. Batay bòkote tout peyizan ak òganizasyon peyizan kap lite pou anpeche antrepriz transnasyonal yo vare sou tè yo. Nan sans sa a nap salye rezistans popilasyon Ilavach la ki kanpe jodi a e kap sibi gwo represyon. Nou kondane dappiyanp kap fèt sou tè ti peyizan Nodès nan enterè gwo antrepriz miltinasyonal. Nou mande lage prizonye tankou Jean Matulnes e nap di ayibobo pou KOPI. Tout Peyizan nan kat kwen peyi a dwe mobilize pou fè respekte dwa travayè peyizan yo ak fanmi yo sou Ilavach, nan Nòdès ak nan tout peyi a.

4. Batay pou lanse yon vre pwosesis refòm agrè popilè entegral. Batay pou nou mete kanpe yon bon jan lwa sou yon refòm agrè entegre nan enterè ti peyizan yo e ki ka pèmèt gmante pwodiktivite agrikòl, reponn a kriz ekolojik e atake pwoblèm mizè sovaj kap blayi sou peyizanri a. Lwa sa a dwe pèmèt nou avanse nan chanje, tout bon, règ jwèt ki genyen nan zafè demwatye, fèmaj, potèk ak lòt relasyon pwodiksyon ki frennen pwogrè peyi a. Travayè peyizan yo dwe prensipal aktè refòm agrè sa a ki dwe mete yo nan lòt kondisyon lavi.

5. Batay pou bati yon lòt Leta e pou nouvo Leta popilè souvren sa a konstwi avèk nou yon vizyon manch long sou devlòpman peyi nou an. An menm tan, fòk nou mete kanpe yon plan nasyonal souverènte alimantè / dwa grandèt majè nan zafè lamanjay.

6. Batay kont aplikasyon plan neyoliberal la nan tout dimansyon e nan tout peyi a epi pote oubyen chache solidarite lòt pèp, lòt mouvman nan kad batay sa a ;

7. Batay pou ogmante pousantaj lajan Leta ap envesti nan agrikilti a. Aktyèlman Ministè Lagrikilti jwenn sèlman anviwon 5% nan bidjè 2013-2014 la. Sa montre Leta ayisyen pa gen okenn plan pou travay nan sans enterè popilasyon peyi a ni pou konsève dwa granmoun peyi a nan defini modèl devlòpman ak envestisman ki kapab sèvi pou bay peyi a yon lòt souf ;

8. Batay pou Leta mete kanpe yon seri mekanism ak enstitisyon ki ka kore travay ti peyizan yo tout bon vre, tankou :

a) Yon bank devlòpman agrikól ki gen repondong e ki kapab bay kredi ak ankadreman pou pèmèt 5 milyon peyizan yo jwenn resous lajan pou bay aktivite ekonomik yo jarèt e kap pèmèt yo defann pwodiksyon yo sou mache lokal ak nan ekspòtasyon. Bank sa a kapab kore tou agwo-endistri ki mare ak pwodiksyon agrikòl la e li kapab kore tou sèvis piblik de baz yo pou milye riral la ;

b) Yon bank zouti ki pou pèmèt peyizan yo jwenn zouti achte nan bon kondisyon e kapab koumanse amelyore teknik yap itilize epi jwenn plis rannman nan travay yo,

c) Remanbre Lekòl ak fèm agrikòl yo nan ba yo plis kapasite rechèch, fòmasyon ak akonpayman peyizan yo nan pwoblèm teknik ak syantifik yap konfwonte ;

9. Batay pou Leta pwoteje e ranfòse tout sektè ak filyè estratejik ekonomi peyizan an : sereyal, poul ak ze, tibèkil, pwason, kochon, kabrit, lèt, vyann, bannann, fwi, Kafe, Kakao, lwil esansyèl, elatriye. Fòk nou mete baryè epi devlópe politik ki ka anpeche yo bwote pwodwi nou yo pou yon ti kraze kòb menm jan sa ap fèt sou fwontyè ak Repiblik Dominikèn nan koze kafe. Leta pa dwe ezite monte tarif ladwann sou kèk pwodwi estratejik pou diminye enpòtasyon yo lè yap antre nan yon konkirans san gad dèyè ak pwodiksyon nasyonal nou an nan move kondisyon (dumping - sibvansyon Leta nan peyi devlópe yo). Fòk Leta òganize li pou mete kontwòl sanitè sou pwodui peyi a ap enpòte yo pou pwoteje sante popilasyon an.

10. Fòk Leta mete kontwòl sou pwogram èd alimantè yo yon fason pou yo pa nwi pwodiksyon nasyonal la epi anpeche peyi a tonbe piplis nan yon depandans sou zafè lamanjay parapò ak lòt peyi ; Ed alimantè pap janm kap pèmèt nou rezoud pwoblèm lamanjay nan peyi a yon fason dirab. Fòk nou mete bon jan politik an aplikasyon pou apiye pwodiksyon nasyonal la epi bay òganizasyon peyizan yo jarèt.

11. Batay pou asire prezans òganizasyon peyizan yo nan tout diskisyon e nan tout desizyon ki ap fèt sou politik agrè ak tout mekanism entegrasyon ak akò ki ap redefini relasyon ekonomik ak komèsyal Ayiti ak lòt peyi an patikilye nan kesyon CARICOM nan oubyen lòt tankou Akò Patenarya Ekonomik (APE) ak Inyon Ewopeyèn, lwa HELP la, elatriye ;

12. Nou mande pou Moulen Dayiti mete an fonksyonman yon moulen ki ka pwodwi farin melanje ant farin ble e farin tibèkil ki pwodui nan peyi a ki kapab diminye enpòtasyon ble epi kap ogmante revni ti peyizan pwodiktè yo ; Nou deside batay kont modèl konsomasyon pèpè ak pwodwi enpòte yap fè pwomosyon nan tout medya yo e defann yon alimantasyon bon kalite ki makonnen ak kilti peyi a.

13. Nou mande pou Leta bay òganizasyon peyizan priyorite ak mwayen pou mete tè Leta yo an valè. Nan sans sa a, nou preokipe anpil devan ofansiv Leta ayisyen pou pran yon bon valè tè nan sa ki te men APWOLLIM pou devlópe agrikkilti pou ekspòtasyon. ;

14. Nou mande pou Leta fè tout bagay pou yo respekte espas agrikòl yo. Nou deklare li inakseptab pou yo pran tè ki ka fè manje pou yo mete zòn franch tankou sa fèt nan Maribawou ak nan Karakòl. Nan sans sa nou gen anpil enkyetid lè nou wè lide anpil biznisman se mete zòn franch endistriyèl sou tè ki ap travay epi kap bay manje. Leta dwe pwoteje epi valorize tè agrikòl, fè tout sa ki posib pou wouze 200.000 ekta tè ki kapab wouze yo, anpeche konstriksyon kay vale tè sa yo menm jan sa ap fèt alantou gwo vil yo. Fòk Leta mete kanpe yon plan amenajman teritwa peyi a ki nan enterè peyi a e ki kore agrikilti familyal agwoekolojik la.

15. Leta ayisyen dwe antre nan ALBA e chache solidarite bò kote peyi an Amerik Latin kap chache sòti anba pat peyi enperyalis e kap chache konstwi endepandans peyi yo ak lòt kalte entegrasyon anfavè pèp yo. Anmenm tan nap denonse move itilizasyon kap fèt ak lajan Petrocaribe a kap pote dèt pou peyi a san Leta pa fè de envestisman estriktirèl ki mache kole ak enterè manch long peyi a.

16. Fòk Leta ayisyen ak Leta dominiken mete kanpe yon akò sou migrasyon travayè peyizan ki prale nan peyi vwazen an. Dwe genyen yon seri dispozisyon klè sou kèk kesyon enpòtan tankou idantite ak rezidans anfavè travayè sa yo ak pitit yo ; Fòk Leta ayisyen ranmase karaktè li e fè tout sa li konnen pou defann enterè plizyè santèn milye dominiken ki se desandan ayisyen Tribinal Konstitisyonèl Repiblik Dominikèn vle revoke nasyonalite yo nan yon ofansiv rasis kont tout travayè nan peyi vwazen an.

17. Fòk òganizasyon peyizan yo, rezo peyizan yo mete kanpe yon kanpay pou defann pwodiksyon nasyonal. E nap mete kanpe tou yon kanpay pou pwomosyon diri nasyonal nou an. Nan sans sa a, kanpay la dwe manyen tout dimansyon nan modèl konsomasyon an, kijan nou kominike, kijan e ki bagay nou manje, kijan nou abiye, kijan nou konstwi kay kote nou rete, kijan nou deplase, ki bagay nou achte pou nou mete anndan kay kote nap viv la, elatriye.

18. Oganizasyon ak rezo òganizasyon nou yo dwe ranfòse relasyon yo nan tout nivo seksyon, komin, depatman, nasyonal. Nou salye efò ki ap fèt pou mete kódinasyon e konstwi alyans ant òganizasyon ak rezo peyizan yo.

19. Nou mande pou Leta kreye travay nan milye riral an patikilye nan devlópe agwo-endistri ki ka valorize pwodiksyon agrikòl la, ogmante kantite lajan ki rantre nan pòch travayè peyizan yo epi ki pran an kont enterè konsomatè pòv lavil yo.

20. Fòk Leta renegosye tout akò entènasyonal ki mare Ayiti anba pye tab peyi enperyalis yo. Fòk Ministè Agrikilti sispann bay fonksyonè yo priorite sou enterè ti peyizan yo. Fòk Leta fè swivi rankont li fè ak òganizasyon peyizan yo. Fòk nouvo Leta sispann fè ti pwojè dife nan pay kann e fòk nouvo Leta nap kontwi a mobilize peyi a sou yon plan estratejik sou 25 lane ak yon ajennda nasyonal ak yon kalandriye klè.

21. Nou mande pou tout òganizasyon ak rezo òganizasyon peyizan nan solidarite ak divès lót ouvriye, ouvriyèz sitou sa ki pi vilnerab yo mete kanpe yon mekanism rankont pou yo rive konstwi ansanm yon platfòm batay nan linite sou revandikasyon fondalnatal nou defini nan fowòm sa a e kreye yon gwo platfòm patriyotik, demokratik e popilè. Fòk nou kontinye batay pou fè pase revandikasyon nou yo nan reyalize manifestasyon, mach, petisyon, lèt tou louvri, sitin, elatriye. Fòk nou konstwi yon ajennda ak yon kaye revandikasyon pou chanjman kondisyon ti peyizan yo. Nan batay sa yo, fòk nou konstwi rezo solidarite ak lòt òganizasyon peyizan ki nan lòt peyi kap batay sou menm baz ak nou.

22. Fòk nou batay pou defann epi fè respekte biyodivèsite a ak tout eleman natirèl ki kapab pwoteje lavi ak travay peyizan yo. Nan sans sa a òganizasyon peyizan yo dwe koumanse travay fòmasyon ak mobilizasyon sou kesyon kriz ekolojik la, chanjman klimatik la e batay kont tout pwojè ki vle tè ak byen natirèl yo tounen machandiz.

23. Nap mande liberasyon san kondisyon 5 patriyòt kiben ki nan prizon Ozetazini depi 1998 paske yo tap defann diyite peyi yo nan batay kont teworis.

24. Nap salye memwa kanmarad Hugo Chávez Frias ki tonbe 5 mas 2013 e ki pote anpil nan batay liberasyon tout Pèp nan Amerik Latina ak Karayib la. Anmenm tan nap pote solidarite ak Gouvenman Bolivaryen Nicolas Maduro ap dirije a e ki ap sibi anpil atak ak tantativ destabilizasyon enperyalis meriken an ap manniganse.

25. Nou mande tout patriyòt, tout òganizasyon leve kanpe pou nou defann endepandans ak diyite peyi nou an. Nou pap kapab rive jwi dwa granmoun nou nan zafè lamanjay si nou kontinye ap viv anba lokipasyon fòs letranje. Fòk MINISTA kite peyi Desalin nan.

Nou siyen deklarasyon sa a nan dat 5 avril 2014 la, nan ane Nasyonzini deklare ane agrikilti familyal. Nou deside rete mobilize pou nou jwenn satisfaksyon nan revandikasyon nou yo.

VIV YON PÈP LIB NAN YON PEYI GRANMOUN !!! VIV KILTI NASYONAL LA !!! VIV YON REFÒM AGRÈ TOTAL KAPITAL !!! AGRIKILTI FAMILYAL AGWOEKOLOJIK LA SE FÓS PEYI A !! LATÈ, SE YOUN NAN PI GWO ZAM PEYIZAN !!

ABA LOKIPASYON !!! ABA MINISTA !!! ABA MONSANTO AK TOUT MILTINASYONAL KAP SIMEN PWAZON CHIMIK YO

Pou otantifikasyon :

FENAPRIH (Fédération Nationale des Producteurs de Riz d’Haïti) Pierre Richard Saintard MPP (Mouvman Peyizan Papay) Chavannes Jean Baptiste

MPNKP (Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay) Mrie Yvette Michaud

PAPDA (Plateforme haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif) Camille Chalmers

PLANPÈP PierreYves Edmond

PREPLA (Platfòm Rezistans Pèp Latibonit) Frémiot Nicolas

TK (TÈT KOLE TI PEYIZAN AYISYEN) Rosnel Jean Baptiste

KPSKBM (Kódinasyon Plantè Seksyon Kominal Ba-Maribawou) Josapha Antoneus

RACPABA (Rasanbleman Asosyasyon Koperativ Agrikól Ba-Latibonit) Dieula Bien-Aimé

KRPN (Kódinasyon Rezistan Peyizan Nodès) Ben St Jacques

FGPB (Federasyon Gwoupman Plantè Bel-Fontèn



 

Prise de position d’organisations de la Grand’Anse à la veille d’une réunion du conseil des ministres à Jérémie.

Posté le 31 mars 2014 par PAPDA

ATANSYON ! MALÈ PANDJE SOU TÈT FILYÈ DIRI A NAN LATIBONIT

Posté le 5 décembre 2013 par

Lettre ouverte au Premier-ministre Laurent Lamothe [des associations caféières pour placer le café sur la liste des produits à livrer au Venezuela]

Posté le 24 juillet 2013 par PAPDA

Souveraineté alimentaire,une perspective féministe

Posté le 3 mai 2013 par PAPDA

La campagne « Aba grangou » inquiète la Grand’Anse

Posté le 30 juillet 2012 par

L’élite haïtienne doit épouser la lutte de la classe défavorisée selon la PAPDA

Posté le 3 mai 2012 par

Semans OGM MOSANTO yo : yon kout mato anplis sou tèt ti peyizan yo ak sou pwodiksyon agrikòl la

Posté le 20 avril 2012 par

Organizaciones campesinas y gobiernos dialogan por la soberanía alimentaria y la reforma agraria integral

Posté le 26 mars 2012 par

Lancement d’une alliance internationale contre les accaparements de terres

Posté le 28 novembre 2011 par

Monsanto in Haiti

Posté le 18 juillet 2011 par PAPDA

 

Fowóm Óganizasyon Peyizan yo sóti 3 pou rive 5 avril 2014 nan Dofouno Ti Rivyè Latibonit.

Posté le 24 mars 2014

Commentaires et recommandations sur le Programme Spécial d’Urgence et d’Appui à la Production Alimentaire

Posté le 26 mars 2010

Sòti 10 pou rive 12 desanm 2008, PAPDA ap òganize yon fowòm entèkominal (Jakmel Kay-Jakmel) sou anviwònman

Posté le 8 décembre 2008

Promotion de la production agricole biologique à travers des échanges, des formations et des recherches entre des organisations paysannes haïtiennes et des cadres étrangers

Posté le 29 janvier 2008

Foire agro-écolo-touristique du 12 au 14 octobre 2007 à Jacmel

Posté le 23 novembre 2007

Séminaires de formation sur les Accords Commerciaux Internationaux à l’intention des membres d’organisations de producteurs (trices) de la région du Nord et du Sud’Est du pays.

Posté le 28 juin 2006

PAPDA réagit sur le projet de décret définissant le cadre général de la Décentralisation et les Collectivités Territoriales

Posté le 15 décembre 2005

La PAPDA veut produire un film documentaire sur la problématique de la production du riz national

Posté le 15 décembre 2005

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox