PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Intégration Alternative - Mobilisations

1915-2013 : 98 lane dominasyon ak eksplwatasyon Meriken sou peyi d Ayiti

Apèl pou patriyòt yo, pwogresis yo, demokrat yo ak militan, militant yo

Posté le 26 juillet 2013 par

Sitiyasyon dominasyon, piyaj, eksplwatasyon, imilyasyon ak diskriminasyon yon pèp ap sibi anba yon pisans etranje toujou genyen orijin li nan fason Leta lakay li trete popilasyon an, nan relasyon klas dominant peyi a devlope ak mas popilè yo, nan rapò majorite dirijan, dirijant politik yo genyen ak peyi yo. Si anndan lakay pa vann ou deyò pap ka achte w ! Nan lavi yon pèp chak peryòd endiyite genyen yon kòmansman men li dwe tire tout leson ki gen ladan yo pou rive mete yon fen nan sa.

28 jiyè sa a ap fè 98 lane depi peyi d Ayiti anba lokipasyon meriken. Nan lane 1934 okipasyon fizik militè a ak merin yo fini men okipasyon politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl la te kontinye pi rèd. Kontwòl dirèk finans peyi a te kontinye jis 1947. Nan 2 lane ankò okipasyon sa a ap genyen 100 lane.19 ane okipasyon fizik militè a te deja twòp ! 100 lane okipasyon ak rimòt kontwòl la se twòp atò !

Premye entèvansyon meriken nan lane 1915, te fèt nan yon bi byen klè : wete Ayiti anba lobedyans Lafrans pou foure l anba grif pa l. Pwosesis sa a pral fèt etap pa etap. Meriken kòmanse pa pran kontwòl finans peyi a, nan pran rezèv lò nou te genyen nan Bank Nasyonal voye lakay li. Nan chanje konstitisyon an pou pèmèt miltinasyonal lakay li akapare bon tè nan peyi a. Nan fèmen tout pò pwovens yo pou santralize kòmès la sou Pòtoprens epi reyorante l an direksyon Etazini. Nan mete politisyen souflantchou sou pouvwa a epi pran kontwòl administrasyon piblik la pou pran direksyon politik peyi a.

Pou rive tabli dominasyon l sou peyi a, meriken mare sosis li ak plizyè zèl nan boujwazi a espesyalman oligachi bodmè a, grandon yo, notab nan vil yo epi kèk sektè nan boujwazi arab ki nan peyi a. Meriken te masakre plis pase 20 mil peyizan Kako ki t ap reziste kont lokipasyon an avèk Chalmay Peral epi Benwa Batravil nan tèt yo. Li dezame tout peyizànri an epi li mete yon lame kraze zo restavèk sou pye. Lè patriyòt ak demokrat ayisyen mete ansanm ak popilasyon an pou rele chalbare dèyè l, meriken wete lame merin li yo nan peyi a an 1934. Men li te gen tan fè mizanplas tout aparèy ak mekanis pou okipasyon politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl peyi a kontinye.

Pandan 52 lane sou okipasyon ak rimòt kontwòl meriken, soti 1934 rive 1986, piyaj, divizyon ak diktati nan peyi a pral pran yon vitès siperyè. Miltinasyonal meriken pral atake tout forè nan peyi a pou dechèpiye bwa gayak ak tout lòt bwa ki gen valè pou voye lakay yo. Atravè yon seri pwojè agwo biznis ki nan enterè enperyalis meriken sèlman tankou Mac Donald ki te kòmanse depi anvan, Plantasyon Dauphin, Standard Fruit, SHADA, elatriye. SHADA pou kont li koupe pase yon milyon 200 mil pye bwa e li mete deyò sou tè yo plis pase 250 mil peyizan. HASCO akapare plis pase 30 mil kawo tè e li deposede pi fò peyizan nan plèn Kildesak ak plèn Leyogàn. Lè piyaj forè yo ak tè kiltivab yo rive nan bout, miltinasyonal yo antre nan min boksit pou fè aliminyòm ak Reynolds nan Miragwàn epi lò ak kwiv nan Gonayiv ak SEDREN.

Piyaj peyi a fèt tou nan vòlè fòs kouraj travayè ayisyen, dabò sou gran plantasyon miltinasyonal yo isit ak nan voye travayè yo nan lesklavaj Kiba- lè li te anba dominasyon yo- ak Dominikani. Answit nan ankouraje yo pati kòm “boat people” pou al bourike nan plantasyon fwi lakay li an Florid oubyen kòm “boeing people” pou ale nan faktori nan Nouyòk, Nwou Jèze, Monreyal, elatriye. Apre nan fè travayè yo bourike pou granmesi nan faktori meriken nan Pòtoprens. Pou rive fè piyaj san wont sa a, Meriken anvlimen prejije koulè ant nwa ak milat, li òganize plizyè kanpay rejete e li anvayi peyi a ak sèk pwotestan pou kraze idantite ak kilti pèp la, li enstale diktati pi fewòs peyi pat janm konnen ak rejim Duvalier yo ki, ak lame kraze zo a epi kò tonton makout li a, touye plis pase 30 mil ayisyen. Ansanm ak rejim sanginè a Meriken pwal kase ren peyizànri an ak pwodiksyon nasyonal la nan fè masakre tout kochon kreyòl yo epi louvri vant peyi a pou kòmès pwodui pèpè li yo pran mache a.

Pandan 27 lane, soti 1986 rive 2013, devan lit rezistans popilasyon an pou jwenn libète politik li, reklame dwa li yo, defann souvrènte peyi l, pwoteje pwodiksyon nasyonal la epi konbat plan lanmò neyoliberal yo, Meriken pwal chanje taktik. Apre lame kraze zo a fin fè masak sou masak, koudeta nan koudeta, kote sitiyasyon politik la vin an boulatya, Meriken pral asosye l ak lòt enperyalis tankou Lafrans, Kanada, Inyon Ewopeyèn, Brezil elatriye pou mete peyi a anba yon lòt okipasyon fizik militè ak yon fòs entènasyonal fwa sa a, kote y ap sèvi ak Nasyon Zini tankou yon paravan. Y ap itilize menm pouvwa pèp la swadizan eli demokratikman an pou mande okipasyon fizik militè a epi remande ankò chak fwa manda fòs okipasyon an bout. Men se Meriken ak lòt enperyalis asosye l yo, atravè Konsèy Sekirite a, ki genyen vrè kontwòl ni MINIA ki te la anvan ni MINISTA ki la depi 2004 e k ap kontinye jouk jounen jodi a. Se yo tou atravè ajans entènasyonal èd finansyè ak èd imanitè epi miltinasyonal yo ki gen kontwòl ekonomik peyi a. Se yo tou atravè eleksyon-seleksyon epi teknokrat yo mete nan administrasyon piblik la ki genyen vrè kontwòl politik peyi a.

Okipasyon total la ak piyaj manch long lan pote dezolasyon, lamizè, koripsyon, imilyasyon, vyolans, pèvèsyon ak destriktirasyon sèlman pou peyi a. Lè a rive pou n rekipere teritwa esklav mawon yo, ak Makandal epi Boukmann nan tèt yo, te goumen pou li an. Lè a rive pou n rekipere Leta lame esklav yo, ak Tousen nan tèt yo, te goumen pou mete premye baz la. Lè a rive pou n rekipere endepandans politik ak ekonomik peyi a lame esklav yo ini ak lame afranchi yo, ak Desalin nan tèt yo, te goumen pou reyalize premye janvye 1804 la. Lè a rive pou n rekipere souvrènte alimantè ak endepandans kiltirèl peyi a peyizànri ayisyen an depi 1806, ak Goman epi an 1843 ak Akao nan tèt yo, pa janm sispann goumen pou li a.

Lè a rive pou patriyòt yo, demokrat yo, pwogresis yo ak militan, militant yo ini yo pou mete kanpe yon laj mouvman patriyotik, demokratik, popilè ki pou makonnen l ak popilasyon an pou rele chalbare dèyè MINISTA pou kaba okipasyon fizik militè a.

28 jiyè 2015, 100 lane okipasyon politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl se twòp atò ! Yon laj mouvman patriyotik, demokratik, popilè dwe tanmen travay ak popilasyon an pou rive tabli yon Leta nasyonal, demokratik, sosyal pou rekipere totalman souvrènte nasyonal peyi a epi konsolide l.

Pòtoprens, 22 jiyè 2013

Oganizasyon inisyatè yo :

Ayiti Djanm,

Gwoup Refleksyon Moyiz Louvèti (GRML),

Kay Fanm, Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil (KRPBB),

Koodinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès (KROS),

Kolektif Solidarite-Idantite-Libetè Koumbit Travayè Peyizan Pou Libere Ayiti (KSIL/KONTRAPÈP LA),

Mouvman Demokratik Popilè (MODEP),

Mouvman Peyizan Papay (MPP),

Pati Kan Pèp la,

Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA),

Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK),

Lis aktivite yo :

1. Vandredi 26 jiyè 5h30 Faculté des Sciences Humaines avek Sek Gramsci / Spektak kiltirel kiltirel sou tem sila : « Okipasyon ayè, Okipasyon jodi : Ki leson pou batay liberasyon Pèp aysiyen ». Patisipasyon Wooly Saint Louis ak Zamba Zao..

2. Dimanch 28 Jiyè

8 Konferans Deba sou tèm : « Okipasyon ayè Okipasyon jodia : Ki leson pou batay liberasyon Pèp ayisyen »

a. Konferans Deba Okap a 2 zè nan apremidi nan Fakilte Dwa. (Koodinasyon KRPBB)

b. Konferans Deba Ench nan Lekòl Avoka Ench la anime pa atis Guerchang Bastia ak Mouvman pou ranmase Chalmay Péralte a 10 zè am ak patisipasyon Pwofesè Alvarez (Koodinasyon MPP)

c. Konferans Deba Jakmèl anime pa Pwofesè Myrta Gilbert a 1è apremidi nan Lokal Concorde (Koodinasyon KROS)

d. Konferans Deba nan Machan Desalin a 10 zè am nan local CLAC : Centre de Lecture et d’Animation Culturelle (Koodinasyon Ayiti Djanm)

e. Konferans Deba nan Miragwan a 10 zè am sou wout nasyonal #2, Basquin Chalon, nan local Ti Kwen pa m Restoran. (Koodinasyon Pati kan Pèp la)

f. Konferans Deba nan Ti Rivyè Nip a 3 zè pm nan Dipi II ak Pwofesè Camille Chalmers. (Koodinasyon Pati Kan Pèp la ak Ayiti Altènativ Vèt)

g. Konferans Deba nan Pòtoprens a 10 zè am nan Fakilte Etnoloji ak Pwofesè Didier Dominique ak Pwofesè Georges Eddy Lucien. (Koodinasyon Pati Kan Pèp la)

h. Konferans nan Ti Rivyè Latibonit a 10 zè nan maten ak Pwofesè Roland Bélizaire nan Kolèj Jak premye. (Koodinasyon MODEP ak pati Kan Pèp la)



 

20 ans après, les assassins du Père Jean-Marie Vincent courent toujours

Posté le 8 septembre 2014 par

Dénonciation constante du projet touristique et demande de libération de Jean Matulnès Lamy

Posté le 27 août 2014 par

Déclaration Conjointe : Appel à un instrument juridiquement contraignant sur les droits humains, les sociétés transnationales et autres entreprises

Posté le 27 juin 2014 par PAPDA

NÒT POU LAPRÈS SOU ARETE SALÈ MINIMÒM LAN

Posté le 9 juin 2014 par PAPDA

No to Starvation Wages in Haiti ! - No to Poverty Wages in the US !

Posté le 30 janvier 2014 par PAPDA

PAPDA mande solidarite ak batay KOSIT ap mennen nan SONAPI

Posté le 30 janvier 2014 par Camille Chalmers

Declaración de la Alianza Social Continental

Posté le 20 juin 2013 par PAPDA

Declaración del Encuentro de la Alianza Social Continental realizado el 1 y 2 de junio en Bogotá

Posté le 20 juin 2013 par PAPDA

La CDC assignée pour avoir encaissé l’argent versé par Haïti pour son indépendance

Posté le 13 mai 2013 par PAPDA

Deklarasyon Batay Ouvriye nan okazyon fèt Agrikilti ak Travay la

Posté le 7 mai 2013 par

 
 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox