PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Démocratie participative - Réflexions critiques

Pwogram Pèp la : Gwo revandikasyon sektè popilè a nan konjonkti elektoral la

Posté le 21 novembre 2005 par Administrateur

Eleksyon, toupatou sou latè se yon zouti ki pèmèt yon Leta renouvle pèsonèl politik li. Nan moman sa a, divès gwoup nan sosyete a ap twoke kòn yo pou wè kilès ki pral pran gouvènay peyi a. Se nan moman sa a pati politik tout koulè ap chèche vòt sitwayen yo sou baz pwojè yo genyen. Malerezman nan peyi a, deba sou pwojè pati politik yo pa janm fèt, paske pifò ladan yo pa genyen, se plis pwomès van malatchong ki fèt nan kanpay elektoral yo. Se vre se pèp yo daprè reyalite y ap viv ki dwe chèche ki chimen ki dwe mennen yo nan transfòmasyon kondisyon lavi yo, men depi nan finisman ane 80 - 90 yo, nou konstate nan anpil peyi nan amerik latin nan, koze eleksyon an ap enpoze tèt li kòm prensipal mwayen pou chanje rapò politik yo.

Aprè 30 lane diktati Divalye yo, mouvman popilè 86 la ki pote diktati sa a ale pra l relanse lit demokratik yo, koze eleksyon lib ak demokratik la pral yon eleman revandikasyon mas yo. Men nan moman sa a, anpil òganizasyon nan mouvman popilè a te kwè eleksyon an pa toujou sèl zàm pa yo, fòk yo òganize yo pou yo pa pran gòl ak men. Nan moman sa a anpil aktè nan mouvman popilè a te wè kesyon eleksyon an sèlman kòm mwayen, daprè analiz yo sou rapò fòs, pou rive nan chanjman an. Nan moman eleksyon novanm 87 ak desanm 90, anpil deba te òganize nan mitan mouvman popilè a sou kesyon transfòmasyon leta avèk bilten vòt la.

Mouvman popilè 86 la te pèmèt mas popilè yo andeyò kou lavil rantre nan batay pou transfòme sitiyasyon yo. Toupatou nan peyi a, gen lit k ap mennen sou tout teren. Nan mwa novanm 87 paske lame a ki pa t gen tout kontwòl eleksyon an, li kraze l nan san pèp la. 3 lane aprè, 16 desanm 90, malgre konplo tout fòs reyaksyonè yo, pèp la sèvi ak bilten vòt li pou li enpoze chwa pa l. Feblès nan nivo òganizasyon mouvman popilè a, ak limit chwa elektoral la nan moman sa a pra l pèmèt fòs reyaksyonè yo fè yon pote boure sou mouvman popilè a pou kaba ak li. Sòti septanm 91 rive jounen jodi a, tout gouvènman ki tabli sou pouvwa a ap aplike yon sèl politik : mete mas yo sou kote. Nan rankont nou te gen ak dives òganizasyon sou konjonkti elektoral la, yo pale klè sou fòs kote pwosesis la nan jan yo distribye biwo enskripsyon yo ak baryè yo mete pou moun ki pa gen byen pou yo vin kandida. Kifè wòl aktè yo te genyen nan fen ane 80 yo chanje, anpil òganizasyon nan mouvman popilè a tounen maryonèt nan men politisyen tout plim tout plimay.

28 fevriye 2004 gouvènman Aristid la vole gagè apre yon gwo peryòd mobilizasyon ki te makonnen anpil sektè nan boujwazi a, nan ti boujwazi a, kèk eleman nan mas yo, ak ansyen manm nan ansyen fòs lame peyi a. Li enpòtan pou siyale enplikasyon kominote entènasyonal la, patikilyèman meriken nan evènnman sa a. Tout aktè ki enplike nan pouvwa a aprè Aristid chita sou yon sèl bagay, se reyalizasyon eleksyon pou sòti nan tranzisyon an. Pandan plis pase 18 mwa ekip ki pran gouvènay peyi a pa fè anyen pou amelyore sitiyasyon malouk mas yo. Anplis kesyon ensekirite a, grangou ak mizè se 2 lòt eleman ki anpeche tout posiblite patisipasyon reyèl mas yo nan lavi politik peyi a. Ki eleksyon lib, onèt ak demokratik lè mas popilè yo deyò jwèt la ? Se kesyon sa a k ap chipote nou nan ICKL.

Konsta nou fè, reyalite mete sou kote mas yo pa sèlman gen arevwa ak difikilte sosyo ekonomik peyi a, men se yon chwa klas dominant ak gwoup k ap dirije Leta a. Li enpòtan pou nou menm kòm sant edikasyon popilè pou akonpaye mas yo nan ede yo wè pi klè nan jwèt la epi ede yo gen yon pozisyon kòm aktè nan konjonkti elektoral la. Nou menm nan ICKL, nou pati ak lide peryòd eleksyon yo se moman kote tout lide ap bouyi nan sosyete a. Mas popilè yo menm tou dwe bouyi lide pa yo, fè pwomosyon pou revandikasyon yo, evite pou politisyen agranman pa sèvi ak yo pou mete sou pye pwojè ki kont yo. Se demach sa nou vle ankouraje san nou pa gen yon resèt pou ofri òganizasyon yo. Pozisyon òganizasyon yo, se analiz yo sou reyalite a ak nivo òganizasyon yo ki pou ba yo l. Nan jan nou te apwoche òganizasyon yo, se sèlman yon envitasyon nou te pwopoze yo kòm metòd pou reflechi sou reyalite yo kòm gwoup sosyal nan konjonkti elektoral la.

Pou rive degaje bon jan konpreyansyon òganizasyon ki nan mitan mas yo sou konjonkti elektoral la, nou chita pale ak yo sou divès fòm. Sòti mwa me rive mwa out, nou reyalize 25 rankont (Focus Group) ak 29 òganizasyon nan 9 depatman jewografik nan peyi a eksepte nan depatman Grandans ; 9 atelye depatmantal ak 73 òganizasyon, epi yon gwo rankont nasyonal ki te gen delege òganizasyon nan 7 depatman peyi a. Tout rankont sa yo pèmèt nou ranmase lide òganizasyon yo sou reyalite peyi a nan konjonkti elektoral la nan dives nivo (lokal, depatmantal ak nasyonal). Gwo rankont nasyonal la, nou rele Senpozyòm nan te okazyon pou delege òganizasyon yo mete yo dakò sou tout lide nou te ranmase nan atelye depatmantal yo pou rive nan yon kaye nasyonal nou rele ‘Pwogràm Pèp la’. Dokiman sa dwe ofri òganizasyon popilè yo yon kad pou yo goumen pandan ak aprè eleksyon (2005 ) ki pral fèt yo.

Dokiman sa a prezante konpreyansyon ak pozisyon òganizasyon yo sou yon seri fenomèn ki gen arevwa ak reyalite peyi a nan diferan nivo : Ekonomik, politik, sosyal ak kiltirèl. Òganizasyon yo, anplis yo te lonje dwèt sou pwoblèm k ap brase bil peyi a, òganizasyon yo fè yon jefò pou eseye jwenn koz yo pou pèmèt yo fè limyè nan sans enterè majorite moun nan sosyete a.

-  Demach metodolojik
-  Limit ak nesesite travay la
-  Gwo pwoblèm depatman yo
-  Revandikasyon klas popilè nan kontèks jounen jodi a
-  Gran liy pèspektiv batay klas popilè yo
-  Estrateji ak mwayen pou batay nan konjonkti a
-  Lis òganizasyon ki te patisipe nan travay sa

Télécharger le document word :

Word - 155.5 ko
Pwogram Pèp la

Yon rapèl sou demach metodolojik la pou rive ak kaye sa a ?

Jan nou deja di li, ICKL te sèlman gen yon wòl pou lanse refleksyon òganizasyon nan divès sektè popilè, sou konjonkti elektoral la. Nou te gen de (2) aspè nou travay sou li pandan tout peryòd nou ranmase enfòmasyon bò kote òganizasyon yo :
-  Jan òganizasyon yo konprann reyalite peyi an jeneral, ak konjonkti elektoral la pi espesyalman.
-  Revandikasyon òganizasyon yo sou pwoblèm yo idantifye yo, epi kijan yo kapab sèvi ak revandikasyon sa yo nan konjonkti elektoral la.

Nou relazize twa (3) seri rankont ak òganizasyon yo.

Yon premye seri chita pale (Focus Group) fèt ak manb òganizasyon nan 9 depatman peyi a, eksepte grandans. Gen 3 chita pale ki fèt ak òganizasyon nan chak depatman, eksepte Nò, Nip ak Plato Santral ki te gen sèlman 2. Rankont sa yo pèmèt nou jwenn enfòmasyon sou konpreyansyon kèk òganizasyon sou reyalite depatman kote yo chouke.

Yon dezyèm seri rankont fèt ak òganizasyon ki te patisipe nan Fokis Gwoup yo ak lòt pou antann yo sou lide ki te sòti nan premye seri chita pale yo. Rankont sa yo nou rele yo atelye depatmantal. Aprè delege òganizasyon yo fin mete yo dakò sou rapò Fokis Gwoup, nou rive ak dizon òganizasyon yo sou baz depatmantal. Rankont sa yo pèmèt nou rive ak 9 kaye depatmantal, ki ranmase jan òganizasyon yo konprann reyalite depatman an, pwoblèm yo idantifye ak revandikasyon yo genyen.

Twazyèm rankont la, nou rele senpozyòm nasyonal te dwe reyini reprezantan òganizasyon nan 9 depatman nou te travay yo, eksepte Grandans. Nan rankont sa a, ki te reyini plis pase 60 reprezantan òganizasyon ki sòti nan depatman Nò, Nòdès, Sid, Sidès, Plato santral, Nip ak Lwès. Patisipan nan senpozyòm nan te gen pou reflechi sou rapò depatmantal yo pou rive ak yon dokiman ki ranmase lide ki te debat nan 9 atelye depatmantal yo. Pou te fasilite travay sa a, anplis rapò atelye depatmantal yo, te gen yon seri konferans sou pwen ki te parèt pi enpòtan yo tankou : sitiyasyon ekonomik yo, istwa eleksyon nan peyi a, ak pèspektiv politik yo. Aprè 2 jounen travay nou rive antann nou sou eleman ki dwe rantre nan kaye nasyonal la ki pote non « Pwogràm pèp la ».

Limit travay sa a ak nesesite pou ranfòse l.

Youn nan premye limit travay sa a genyen se fason nou te fè chwa pou jwenn òganizasyon pou pote kole nan inisyativ la. Nou te idantifye òganizasyon yo sou baz kontak nou genyen nan divès zòn nan peyi a, se òganizasyon patnè nou yo ki envite lòt òganizasyon nan demach la. Kifè, se egzistans reyèl òganizasyon yo nan kominote kote yo chouke ki jistifye patisipasyon yo, men se pa pozisyon politik ak ideyolojik ki te jwe premye plas. Pifò nan òganizasyon yo, menm lè y ap travay nan milye popilè, pa toujou klè sou yon oryantasyon popilè, anpil ladan yo plis ap fè yon travay devlopman nan zòn yo.

Dezyèm limit travay sa a, se feblès mouvman popilè a. Gen anpil òganizasyon k ap travay epi ki revandike yon liy popilè ki patisipe nan inisyativ la. Nan diskisyon ki fèt nan tout moman demach la, nou kwè kriz peyi a gen gwo enpak sou òganizasyon sa yo. Gen anpil lide ki sòti ki idantifye epi denonse gwo pwoblèm peyi a, men sou kesyon pèspektiv yo ak kijan pou nou sòti anba pwoblèm sa yo, lide yo pa toujou klè.

Twazyèm limit travay la, se konjonkti a. Tèlman gen konfizyon, òganizasyon yo gen anpil difikilte pou idantifye lenmi ak zanmi. Kriz leta a, nan fòm li pran ak ofansiv fòs fè nwa yo, gwoup reyaksyonè yo pa pèmèt òganizasyon nan mas yo klè sou kijan pou yo mete pye yo nan batay la. Kifè, gen anpil ezitasyon sou pwopozisyon òganizasyon yo pou reponn ak gwo defi moman an. Anpil fwa yo gen tandans reprann pwopozisyon gwoup ki pa gen menm enterè ak yo.

Travay sa lonje dwèt sou kesyon ki ijan. Kijan pou òganizasyon nan mitan mas yo dwe kontinye bay tèt yo zouti pou oryante batay yo ? Malgre tout limit dokiman sa a, ki montre nivo ideyolojik ak politik aktè nan mitan mas yo, li pèmèt yon premye pa fèt nan sans sa a, ki merite ranfòse. Konsa tout aktè k ap gen pou travay ak dokiman sa a, gen responsablite pou pouse refleksyon yo pi lwen, ba li fòm daprè enterè klas popilè yo, mete plis chè sou pwopozisyon ki fèt yo epi mete yo nan pwogràm aksyon pou chanje sitiyasyon malouk mas popilè yo.

GWO PWOBLEM K AP BWASE BIL DEPATMAN YO

Refleksyon ki te tanmen depi nan mwa me a sou teren yo pou bout jous nan senpozyom nasyonal la te toujou sèvi tankou pòt vwa pou manm òganizasyon yo te pale koze soufrans ak tribilasyon ki makònnen ak lavi chak jou yo nan moman kote zotobre ap pale byen fò sou koze eleksyon. Popilasyon ki te gen chans patisipe nan rankont sila yo pa t neglije yon minit pou denonse sistèm sosyete a ki mete anpil sitwayen ak sitwayèn akote lè yo pa jwenn sèvis ak pwoteksyon nan men enstitisyon Leta yo ki plase pou sa. Konsa, nou kapab di, pwoblèm popilasyon yo ap fè fas ak yo nan milye riral tankou nan vil yo gen rasin byen fon nan estrikti sosyete a menm, pwoblèm sa yo vin pi grav nan kontèks jounen jodi a paske Leta abandone nèt ale klas popilè yo. Men sa ki enpòtan pou n siyale, aktè k te patisipe nan rankont yo te plis enterese idantifye pwoblèm yo. Pou patisipan yo, pwoblèm yo deja ranmase revandikasyon yo genyen nan kontèks la. Nan sans sa, olye n prezante kaye a sou fòm pwoblèm, nou chwazi prezante l pito sou fòm revandikasyon. Prezantasyon pwoblèm yo sou fòm revandikasyon an fè aktè yo pa sèlman ap kritike, men yo pwopoze tou. Aktè sa yo deja montre nan kritik yo, oryantasyon yo vle bay batay la.

1.- Kijan diferan aktè sa yo nan mouvman popilè a konprann pwoblèm sa yo

Nan jan patisipan yo te travay, yo idantifye yon seri pwoblèm ki defini sou fòm revandikasyon ak kèk eleman eksplikasyon pou pi byen konprann yo. Nan dokiman sa a, anvan nou rantre nan revandikasyon yo, n ap fè yon kout je sou kòz pwoblèm yo.

2.- Kèk kòz ak aktè ki responsab pwoblèm yo

Nan moman diskisyon yo patisipan yo pa t lonje dwat sou pwoblèm sèlman, men yo te fè tantativ pou yo analize pwoblèm sa yo tou. Analiz yo te plis chita nan rapò sosyal yo apati pozisyon kèk aktè sosyoekonomik ak feblès aparèy Leta yo. Men ofiramezi analiz pwoblèm yo ap vanse, nouvo pwoblèm vi n parèt sou tab la. Savledi, sanble patisipan yo nan difikilte pou separe pwoblèm ak kòz tèlman genyen yon alevini ant 2 reyalite sa yo. Si pou kèk pwoblèm kòz yo estriktirèl, pou lòt, kòz yo plis pèsonèl ak konjonktirèl. Men aktè yo kwè pwoblèm yo pa sòti nan syèl yo tonbe, yo gen eksplikasyon ak sektè sosyal ki responsab yo

-   Leta kòm kòz pwoblèm sosyete a, an patikilye klas popilè yo. Aparèy Leta yo genyen yon move fonksyonman ki anpeche yo bay popilasyon an sèvis. Nou kapab idantifye 4 faktè ki fè Leta ayisyen sa li ye a :

1- Depandans peyi a ki fè dirijan yo tounen tchoul enperyalis, pa konsekan yo pa genyen sans responsabilite.

2- Kòripsyon nan administrasyon piblik la. Resous peyi a pa jere byen paske anpil sektè sèvi ak byen Leta pou gwosi richès pèsonèl yo.

3- Mank vizyon ak enkapasite pou dirijan yo mete peyi a sou ray devlòpman. Depi 200 zan, Leta pa chita sou okenn pwojè, okenn vizyon klè ki ranmase enterè klas popilè yo.

4- Estrikti Leta. Chapant sosyete a mal bati. Tout pouvwa a gonfle nan Pòtoprens kote lòt sektè yo tankou peyizan pa rive patisipe. Se sa k fè toujou genyen batay pou pouvwa.

-   Kominote entènasyonal la kòm kòz pwoblèm peyi a. Depandans peyi a vledi, kominote entènasyonal la ekzèse enfliyans li sou tout zak dirijan ayisyen yo ap poze nan peyi a. Oryantasyon enfliyans sila ale toujou nan enterè boujwazi lokal ak entènasyonal ki prezan sou teren an. Nou genyen ekzanp vivan plan neyoliberal la ak pakèt mezi FMI ak Bank Mondyal ap enpoze peyi a.

-   Nivo ak kilti politik klas popilè yo kòm kòz pwoblèm peyi a. Klas popilè yo chwazi dirijan sou baz santiman. Yo pa fè chwa sou baz pwogram, konpetans ak onètete. Dirijan politik nou yo ki pi fò nan yo se you bann ti visye, san pèsonalite, ki tout lajounen ap mache tèt bese devan anbasad yo, pwofite sitirasyon sila anpil. Edikasyon sivik popilasyon an manke fèt pou yo ta konn ki kalite konpòtman pou yo genyen anfas you kandida k ap vin bay pawòl dous. Chak fwa klas popilè yo pran nan woulem debò, nou konsidere se enkapasite òganizasyon popilè yo pou pwopoze altènativ popilè konsekan.

-   Inegalite ak mete moun sou kote nan zafè peyi a. Nap viv nan yon sosyete kote se pi gwo kap vale pi piti yo. Majorite sitwayen yo ap viv nan kondisyon ki pa sanble ak kondisyon pou moun viv. Konsa se yon pòsyon moun ki ka jwenn sèvis de baz yo tankou lasante, ledikasyon, lojman, elatriye.

Tantativ analiz kèk kòz pwoblèm peyi a ap fè fas jounen jodi a montre n pwofondè sitiyasyon an. Li montre n tou kouman sosyete a konstri menm sou pwoblèm. Pwoblèm sa yo pa kite peyi a oubyen kèk kategori sosyal konsa. Pwoblèm sa yo genyen gwo konsekans sou popilasyon an, espesyalman klas popilè yo.

3.- Kèk konsekans pwoblèm peyi a

Pwoblèm nap viv jounen jodi a genyen gwo konsekans sou tout sosyete a. Genyen kategori kap pwofite febles Leta pou yo fè mago pandan genyen lòt kap kokobe anba mizè ak vyolasyon dwa ki marande lavi moun yo menm. Sa vledi, sitiyasyon jounen jodi a move pou anpil kategori sosyal. Nap ranmase kèk eleman nan konsekans yo ;

-   Peyi a pèdi dwa granmoun li
-   Vòl ak vyòl ap vale teren
-   Mizè a ap vale teren
-   Pwostitisyon ak pran dwòg ap vale teren nan anpil milye
-   Peyizan kontinye ap pran chimen lavil ak peyi etranje nan nenpòt kondisyon
-   Mefyans tabli nan popilasyon an nan plas solidarite ki dwe makonnen yo

Devan konsekans malouk pwoblèm sa yo sou klas popilè yo, òganizasyon yo pa t jennen pou lanse revandikasyon pou chanje kondisyon lavi yo.

Kèk revandikasyon klas popilè yo nan kontèks jounen jodi a

SOU PLAN EKONOMIK.

Plizyè pwoblèm ki gen rapò ak kesyon ekonomik te pale nan moman rankont yo. Fòk nou siyale, kesyon an poze daprè enterè oubyen kalite aktivite chak group sosyal ap mennen pou li reyalize lavi l. Men etandone nou rankontre plis group kap evolye nan milye peyizan, deskripsyon pwoblèm ekonomik yo konsène pi plis aktivite peyizan yo sitou koze pwodiksyon nasyonal la ak sektè prive a ki pa envesti ase nan pwodiksyon endistriyèl. Òganizasyon yo konstate degringolad pwodiksyon agrikòl nan peyi a. Daprè analiz ki fèt sou pwoblèm sila, genyen 4 faktè yo idantifye ki lakòz li :

-   Fòk peyizan yo jwenn bon jan ankadreman teknik ak kredi pou yo travay tè a. Kiltivatè nan peyi a ap travay latè ak mwayen teknik ki depase pa rapò ak syèk nap viv ladann nan. Genyen yon absans total teknoloji modèn yo ki pa pèmèt pwodiksyon an ogmante epi transfòme yon mannyè pou moun yo jwenn kantite manje pou yo manje ak diplis pou yo vann. Li difisil pou n kenbe yon nivo rekòlt enpòtan lè tè yo pa wouze ; peyizan yo ap tann lapli tonbe pou fè jaden. Menm lè lapli a tonbe, pwoblèm peyizan pa rezoud pou otan, yo rankontre lòt difikilte tankou nan achte semans ak angrè kap vann byen chè. Pou rezon sa yo, òganizasyon yo mande pou Leta oubyen gouvènman akonpaye peyizan kap fè jaden nan peyi a.

Leta dwe pran responsabilite pou li bay agrikilti a jarèt nan konstriksyon wout ak tabli elektrisite toupatou. Peyizan dwe jwenn ankadreman pou yo travay. Leta dwe entèvni sou kesyon mache lib la pou ka pwoteje pwodiksyon peyizan yo kont pwodui pèpè yo.

-   Fòk leta pran bon jan dispozisyon pou pwoteje pwodiksyon nasyonal la.

Peyi a nan yon kontèks aplikasyon politik ekonomik neyoliberal yo. Tout pòt peyi a byen louvri pou l resevwa tout kalte manje pèpè kap soti nan letranje. Pa genyen lwa ak enstitisyon kòrèk pou frennen envazyon sila. Nou konstate se sektè agrikòl la ki pi touche. Anpil pwodui agrikòl debaz yo soti aletranje sitou nan repiblik Sendomeng. Nou nan yon nivo depandans ekstrèm. Sitiyasyon an grav anpil. Fòk nou gade piti piti kouman nap reprann libète nou nan zafè manje

-   Fòk gen bon jan refòm agrè, pou tè a ale nan men moun k ap travay tè a. Tout bon tè nan men grandon yo. Sa fè lontan ti peyizan yo ap mande yon refòm agrè konsekan pou pèmèt vre travayè yo pran kontwòl pwodiksyon an tout bon. Koze pa genyen tè pou travay sa la kòz bon tè rete san yo pap fè anyen alòske ti peyizan yo ap pran chimen lavil (ekzòd riral) pou chache la vi miyò. Nan sans sa, òganizasyon yo mande Leta bay ti peyizan tè. Leta dwe pran mezi pou frennen beny san grandon nan Latibonit ap prepare kont ti peyizan ki te benefisye tè nan men INARA yo.

-   Fòk sektè popilè yo jwenn bon jan sèvis nan men leta ak fè wout pou pèmèt pwodui peyizan yo pa rete gate.

Ogmantasyon pwodiksyon nasyonal la mache ak fè wout pou fasilite transpò piblik pou pèmèt pwodui yo sikile nan peyi a san okenn risk. Nan majorite ka, zòn ki pratikike agrikilti yo pa genyen ni elektrisite ni mwayen kominikasyon tankou wout ak telefòn. Nan sezon lapli menm, zòn sa yo koupe ak rès peyi a.

SOU PLAN SOSYAL.

Jan popilasyon an lonje dwèt sou pwoblèm sosyal yo te plis sanble yon kritik pou fòse Leta ayisyen respekte dwa ekonomik ak politik pèp la genyen daprè konstitisyon 1987 la. Yon demand ki vle di Leta ayisyen pa genyen yon sansibilite pou kesyon sosyal yo. Diferan pwoblèm ki pra l ekspoze la yo sifi pou n wè konpòtman Leta vizavizavi sitwayen ak sitwayèn yo.

-   Fòk leta pran bon jan dispozisyon pou kaba ak mizè a ak lavichè a.

Jodi a tout moun kapab konstate kouman grangou ap fini ak gwo majorite popilasyon an, kote pifò moun nan chomaj. Moun ki pap travay pa kapab jwenn lajan pou depanse. Moun kap travay nan move kondisyon pa kapab peye lwaye, pa kapab achte yon galon gaz. Tout bagay ap vann sou mache a nan lojik ak tandans lajan meriken. Genyen komèsan ki rive mete pri yo an dola. Leta ayisyen rive menm mete taks sou sitwayen kap vwayaje yo nan lajan peyi etranje. Malgre pwomès lajan kominote entènasyonal la (CCI), peyi a kontinye ap fonse nan twou.

-   Fòk leta pran tout dispozisyon pou pitit pèp la jwenn sèvis edikasyon, nan tout nivo.

Nou konstate Leta pa mete ase lekòl pou pitit pèp la nan seksyon kominal ak nan katye popilè yo. Pou yon ti moun antre nan lise, se gwo demach. Pa genyen lekòl pwofesyonèl ak teknik pou aprann metye. Yon sèl grenn inivèsite Leta a pa sifi pou kantite moun ki pase nan bakaloreya chak ane. Nan kèk lekòl Leta ki genyen yo, pa genyen materyèl, anplis pwofesè ak pèsonèl soutyen yo pa touche a lè.

-   Leta dwe pèmèt tout pitit peyi a jwenn sèvis sante.

Koze sante nan peyi a preske konplètman privatize. Leta ayisyen pa mete estrikti pou popilasyon an viv an sante. Pa genyen sant sante nan seksyon yo ak katye popilè yo. Sant sante ki ekziste yo pa genyen ase materyèl ak pèsonèl konpetan. Fanm ansent ap mouri pa bann nan moman akouchman. Nenpòt ti maladi kapab voye yon peyizan nan peyi san chapo.

-   Fòk leta pran dispozisyon pou redistribye richès peyi a nan enterè tout pitit pèp la ( jistis sosyal.)

Fòs kote ki genyen nan fason Leta ap distribye sèvis li yo nan mitan popilasyon an montre aklè chwa ak konpòtman l nan fason li mete anpil moun deyò nan sosyete a, nan jan jistis ap distribye nan favè moun ki gen mwayen, yon sitiyasyon ki la depi nan epòk lendepandans. O firamezi sosyete a ap konsidere plis moun deyò, ofiramezi diskriminasyon ap ranfòse ant diferan kategori sosyal yo. Sitirasyon miwo miba sa pap sispann donnen mizè. Lè mizè a monte drapo l nan yon katye, nou konstate kouman pratik pou fanm ak gason ap vann kò yo a ap vale teren.

Leta pa kapab kontinye jan l ye a. Fòk estrikti Leta yo chanje. Leta dwe chita sou lalwa nan lide pou kwape enpinite ak ensekirite patikilyèman zak briganday k ap fèt sou fanm yo. Nou dwe transfòme Leta yon mannyè pou tout sitwayen jwenn lajistis. Leta dwe yon Leta kap bay sèvis nan sante, ledikasyon, elatriye.

-   Leta dwe pran bon jan dispozisyon pou pwoteje anviwònman an.

Pi gwo menas peyi a genyen sou do l se koze anviwònman k ap depafini ak li. Tout tèt mòn nou yo fi n kale. Tè a pa ka reziste ankò. Nenpòt ti lapli fè inondasyon. Jan anviwònman ap depafini an lakòz anpil zòn nan peyi a anba sechrès. Anviwònman peyi a pa pwoteje, moun fè bezwen yo, jete fatra toupatou. Sous ak rezèv dlo yo anvayi ak mikwòb kap bay lafyèv ak lòt maladi tankou dyare, malarya, tifoyid.

Leta dwe mete bon jan kontwòl sou jan konstriksyon ap fèt nan tout peyi a. Pandan l ap mete kanpe yon pwogram rebwazman ak sèvis pwoteksyon sol ak anviwonnman.

SOU PLAN POLITIK.

Sitiyasyon politik kap deplòtonnen nan peyi a atire atansyon manm òganizasyon yo anpil nan moman diskisyon yo. Moun sa yo pat sispann bay tout dan yo genyen alafwa kont Leta, pati politik, kominote entènasyonal la ki responsab kondisyon malouk peyi a ap viv ladan. Se te yon okazyon tou pou moun sa yo te kritike pwòp sektè pa yo ki se kan popilè a ki anranyon depi plizyè ane.

-   Otorite Leta yo dwe pran bon jan dispozisyon pou kaba ensekirite a.

Nou konstate moun pè mache akòz gang k ap kidnape moun. Polis Nasyonal la pa fè anyen pou ranje oubyen amelyore sitiyasyon sila nan sans yon klima sekiritè. Sitiyasyon sila montre mank mezi djanm ak mete kanpe bon jan estrikti kap asire sekirite tout popilasyon an.

-   Fòk peyi a reprann dwa grandèt majè li, okipan yo dwe kite peyi a.

Prezans etranje nan peyi a vledi, Leta peyi a pa ekziste ankò. Nou konstate Leta pa gen okenn pouvwa desizyon. Li pèdi dwa pou li garanti souverènte nou jan konstitisyon an mande sa. Etranje yo genyen pwòp ajannda yo. Se pa ti pèp la yo vinn defann vre.

-   Eleksyon yo dwe moman pou kesyon transfòmasyon sosyete a poze tout bon vre, nan yon leta ki granmoun tèt li .

Eleksyon y ap òganize nan peyi a jounen jodi a se prèv Leta ayisyen pèdi kontwòl peyi a. Se etranje ki gen kontwòl aparèy elektoral la. Ni Leta ak gouvènman ayisyen an ni pèp la sou kote nan zafè eleksyon yo. Y ap tann nou pou n vin vote sèlman.

Pa rapò ak pwoblèm peyi a rankontre jounen jodi a, nou egzije eleksyon demokratik. Pwogram kandida yo dwe ranmase pwoblem peyi a. Konsèy elektoral la dwe mete biwo pou tout moun tout kote nan seksyon kominal yo enskri epi vote nan bon jan sekirite. Nou ekzije kreyasyon yon biwo pou pèp la pote plent lè yon reprezantan pa fè djòb li byen.

-   Fòk gen bon jan refòm ki fèt nan sistèm jidisyè a, pou li sispann osèvis moun ki gen mwayen nan sosyete a.

Nou konstate sistèm jistis la chita sou enjistis. Enpinite ap ravaje sosyete a. Bouwo nan lari pandan viktim dèyè bawo. Leta pa menm ka garanti tout moun ki fèt sou tè sa yon papye ki di l se sitwayen. Pi fò moun nan peyi a pa genyen batistè. Pa menm genyen ofisye etasivil nan seksyon kominal yo. Nou ta menm di kòripsyon ap fini ak administrasyon piblik sila.

-   Fòk gen bon jan refòm nan aparèy leta yo pou oryante yo nan sèvis sitwayen yo san pati pri.

Leta ayisyen ap viv yon gwo kriz ki chita nan mank espas pou sitwayen yo patisipe nan desizyon kap angaje tout nasyon an. Pouvwa Leta yo chita nan Pòtoprens nan ponyèt yon ti klik. Nan sans sa, nou kapab di pa genyen demokrasi nan peyi a. Si sitwayen yo pa kapab patisipe kòm sa dwa nan lavi peyi a.

-   Mas yo dwe bay pati politik tradisyonèl yon bwa long kenbe

Pati politik yo ta dwe yonn nan pyès sistèm demokratik la. Men malerezman, estrikti ki rele tèt yo pati politik nan peyi a chaje pwoblèm. Pèp la pa fè yo konfyans paske yo pa mennen sosyete a nan chimen chanjman klas popilè yo swete a. Anplis, pati sa yo pa genyen kominikasyon transparan ant yo menm.

-   Oganizasyon popilè yo dwe remanbre tèt yo pou charye revandikasyon mas yo.

Konsta n fè montre n òganizasyon popilè yo pa estriktire, anplis yo san direksyon politik. Nou konstate tou kouman divizyon ak mank solidarite ap ravaje òganizasyon sa yo. Nan kondisyon sa, revandikasyon klas popilè yo pa kapab jwenn satisfaksyon. Kesyon inite nan kan popilè a rete yonn nan gwo pwoblèm politik klas popilè yo ap fè fas ak li.

-   Fòk leta pran bon jan kondisyon pou fè respekte dwa fanm yo. Nou konstate fanm yo viktim yon fason patikilye ki gen rapò ak sèks yo nan konjonkti malouk sila. Sosyete a preske rete bwa kwaze devan zak kadejak kap fèt sou fanm yo. Laperèz anvayi fanm yo plis nan yon kalte katye nan vil yo. Zak banditis yo genyen anpil fwa 2 prensipal motivasyon : vòl ak vyòl.

Revandikasyon òganizasyon yo touche anpil aspè nan pwoblèm yo tankou kesyon wout, lopital, elatriye, kesyon anviwonman yo, kesyon jistis ak Leta, okipasyon peyi a ak kominote entènasyonal la, elatriye. Plizyè gwoup sosyal nan klas popilè yo anpatikilye ti peyizan ak fanm yo jwenn yon atansyon espesyal nan revandikasyon sa yo.

Gran liy pèspektiv batay klas popilè yo

Pou nou rive jwenn satisfaksyon ak revandikasyon nou yo, antanke ti peyizan, ouvriye, ti machann, fanm malerèz, chomè, elatriye nou dwe chache mwayen pou nou makònnen fòs nou ansanm pou nou kanpe kont desizyon politik ki pa nan enterè nou epi fòse Leta tande vwa nou. Pou sa, batay popilè a dwe genyen oryantasyon sila :

-   Inite nan kan popilè a. Pou nou fè presyon sou Leta sa, mande plis estriktirasyon òganizasyon popilè yo pou n soti nan pise gaye. Sektè popilè a dwe konstri yon platfòm pou batay nan sans enterè klas popilè yo. Nou dwe defini estrateji klè ki mache ak konjonkti a. Fòk nou fè yon kritik global sou òganizasyon yo, evalye sa nou te bay tèt nou kòm objektif e ki pa reyalize.

-   Sansibilizasyon kan popilè a. Sektè popilè a dwe rive mete tèt ansanm pou konstri yon altènativ pa rapò ak Leta ki la. Yon Leta ki byen òganize e ki respekte tèt li, ki pap restavèk okenn peyi etranje. Konsa, fòk gen anpil sansibilizasyon ak mobilizasyon sou veritab pikan kwennan ki jennen devlopman peyi a.

De (2 ) gwo pèspektiv sa yo egzije estrateji batay klè. Pa kapab genyen batay politik si estrateji ak taktik yo pa byen klè nan tèt aktè ki vle patisipe nan listwa peyi yo.

Estrateji ak mwayen pou batay nan konjonkti a

Refleksyon sou pwoblèm peyi a, aprè analiz, te pèmèt nou wè nesesite pou klas popilè yo antreprann aktivite nan tout espas lit kote vwa pèp la kapab pase, men tou nan dyalòg ak divès fòs sosyal ak politik ki kwè nan chanjman e ki kapab patisipe nan batay pou transfòmasyon sosyal. Nan sans sa, estrateji mouvman popilè a genyen 2 tèt :

-   Patisipasyon nan espas pouvwa lokal yo. Pou nou soti nan tout pwoblèm sa yo, nou menm òganizasyon konsekan, fòk nou òganize nou pi plis. Nou dwe rive fè chwa dirijan ki valab ki pou pran destine peyi a an men nan enterè mas yo. Nou dwe met tèt nou ansanm pou nou bare move zangi. Fòk nou sispann vote vagabon pou banbòch manje ak kleren. Nou dwe gen bon jan reprezantan nan pouwa Leta a pou batay pou chanje kondisyon lavi mas pòv yo. Fòk gen bon rapò ant pèp la ak moun l ap voye reprezante l yo. Òganizasyon yo dwe makònnen fòs yo ansanm pou rive chwazi dirijan ki konsekan ki pou travay nan sans revandikasyon mas yo. Fòk nou aji san ipokrizi nan chwa moun ki pou dirije nou nan eleksyon ki pral fèt la. Se pou n chita ansanm nan depatman yo, chwazi moun n ap voye nan eleksyon an, moun ki kapab reprezante nou.

-   Alyans ant divès klas sosyal ki gen menm enterè. Menm lè pwoblèm yo frape anpatikilye klas popilè yo, nou konstate se tout sektè ki touche. Yon sèl sektè pa genyen solisyon pwoblèm yo jounen jodi a. Li enpòtan pou ayisyen reflechi, wè kouman pou yo mete peyi a sou ray devlòpman. Nesesite yon inite laj kap pèmèt tout sektè tankou legliz, sosyete sivil, ONG yo, fè santi l byen fò. Sosyete sivil la dwe patisipe tou nan batay pou genyen yon transfòmasyon jeneral nan aparèy Leta yo. Nou dwe mobilize tout fòs sosyal yo pou chanje figi sosyete a. Se pou tout òganizasyon konsyan , tout sektè nan lavi nasyonal la ki gen menm enterè mete tèt ansanm pou fòse Leta aji pou rezoud pwoblèm sa yo. Nan lide sa, òganizasyon klas popilè yo dwe chache kannal pou li chita ak pati politik konsekan ki vle travay sou pwoblèm depatman yo. Malerezman sa ki parèt aklè yo pa montre volonte yo nan sans bon jan chanjman.

Tout refleksyon òganizasyon popilè yo nan kontèks eleksyon 2005 yo ranmase preske tout dimansyon kriz jounen jodia. Patisipan yo pa konstate sèlman pwoblèm, men yo analize pou konprann epi fè pwopozisyon kòrèk pou defann enterè klas popilè yo. Travay sa dwe pèmèt sektè popilè a goumen pi byen vizavi yon Leta manfouben ki plis anvi mete pèp la akote.

Pou fini

Dokiman sa a pa gen pretansyon yon pwogràm politik ni yon pwojè sosyete. Aktè ki te patisie nan tout demach refleksyon sou sitiyasyon peyi a nan konjonkti sa a rive produi yon ti zouti ki kapab ede òganizasyon nan mitan mas yo gide aksyon yo pou yo pa fè jwèt fòs reyaksyonè yo. Dokiman sa a pa gen pretansyon li manyen tout eleman ki makonnen ak sitiyasyon peyi a. Jan pifò nan aktè yo wè li, tranzisyon ki ta dwe pèmèt nou rantre nan pwosesis demokratik avèk reyalizasyon eleksyon lib yo, nan yon kalfou difisil. Gwoup ki gen mayèt pouvwa a nan men yo, ak konplisite kominote entènasyonal la tabli yon politik ki mete mas yo sou kote. Se yonn nan gouvènman ki pi antipopilè peyi a janm konnen.

Travay refleksyon ki fèt pandan peryòd mwa me rive mwa out la pèmèt òganizasyon ki nan mas yo wè nesesite pou kontinye batay anba labanyè revandikasyon yo. Api ICKL bay òganizasyon yo se te pou ede yo defini revandikasyon yo, men se òganizasyon yo daprè reyalite yo k ap deside ki chwa taktik pou yo pran pou jwenn satisfaksyon revandikasyon yo. Nan senpozyòm nasyonal la, gen delege òganizasyon ki afime byen klè yo pral patisipe yon fason oubyen yon lòt nan eleksyon yo, gen lòt ki kwè pou divès rezon yo pa dwe pote kole nan eleksyon yo. Nou kwè, san nou pa ankouraje okenn fòm opòtinis, òganizasyon kapab fè chwa fòm lit pou yo mennen depi yo kwè li kapab ede nan chanje sitiyasyon k ap depafini ak yo a.

Dokiman sa a, nan pwen 5 ak 6 defini kèk eleman pèspektiv ak estrateji batay. Eleman sa yo lonje dwèt sou yon gwo kansè k ap ravaje mouvman popilè a ki se pise gaye a. Kidonk anplis tout jefò òganizasyon yo pral fè pou pouse lit revandikativ yo devan daprè posiblite yo, gonfle fòs yo ansanm nan se yon gwo nesesite pou vansman lit popilè yo.

Kaye sa a nou rele « Pwogram Pèp la » pa fini, se yon apèsi li ye. Se nan batay chak jou òganizasyon mas yo ap gen pou evalye ki pwen nou fè gany ki lòt pwen reyalite batay mande n pou ajoute ladan l.

Jan nou deja di l, kaye sa a pa rive manyen tout pwoblèm k ap ravaje peyi a, anplis revandikasyon ki fèt pa rantre nan tout detay pou di kijan pou chanjman yo rive. Difikilte tout kalite eksplike limit sa a nan dokiman an. Men nou kwè gen nesesite tout aktè ki kwè se nan batay pou rive transfòme leta sa a rive pran travay sa a pote li pi lwen. Batay n ap mennen jodi a rete nan faz lit demokratik. Kifè òganizasyon yo dwe bay tèt tout mwayen demokrasi boujwa a ba yo pou pote lit yo ak revandikasyon pi lwen. Pifò nan revandikasyon ki defini la yo gen yon rekonesans nan manman lwa peyi a. Konsa, òganizasyon yo dwe :

1. Pran chak revandikasyon ki defini, gade kijan pwoblèm sa yo poze nan zòn pa nou.

2. Gade kisa manman lwa peyi a di sou yo pou chèche yon lejitimite nan revandikasyon nou yo, menm lè se pa sèlman konstitisyon ki bay lejitimite a, angajman ak enplikasyon popilasyon yo se pi gwo lejitimite a. (Pa egzanp kesyon edikasyon, sante...pale nan manman lwa peyi a)

3. Monte dosye, enplike popilisayon, fè presyon sou leta pou pote repons.

4. Makonnen fòs nou nan nivo lokal, nasyonal, depatmantal, nasyonal pou evite fòs fènwa pa fè va sou nou.

Lis òganizasyon ki patisipe nan inisyativ la

# Oganizasyon Komin

1 Mouvman Demokratik Popilè (MODEP) Pòtoprens

2 Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) Pòtoprens

3 Federasyon Gwoupman Peyizan Bèlfontèn (FGPB) Kwadèboukè

4 Coordination des Militants pour le Développement Onzième et Douzième section (CMDOD) Ti Gwav

5 Kòdinasyon Oganizasyon Peyizan Desalin (KOPD) Machan Desalin

6 Mouvman Peyizan Boudèt ti Plas (MPBP) Machan Desalin

7 Komisyon Jistis ak Lapè Gonayiv

8 Oganizasyon pou Devlopman Ba Atibonit Machan Desalin

9 Oganizasyon Fanm Vanyan Bwadeyò Dubuison (OFVBD) Sen Mak

10 Mouvement des Jeunes Enfants Défavorisés Chevaux des Cloches (MJEDC) Sen Mak

11 Federasyon Mouvman Demokratik Katye Moren (FEMODEK) Katye Moren

12 Rasanbleman Oganizasyon Peyizan Limonad (ROPL) Limonad

13 Mouvman Revolisyonè Limonad Milo

14 Rasanbleman Gwoupman Peyizan Petit Montay (RGPPM) Boukan Kare

15 Mouvman Aksyon Konbit Peyizan (MAKP) Mibalè

16 Rasanbleman Gwoupman Peyizan Bay (RGPB) Boukan Kare

17 Mouvman Peyizan Boukankare (MPB) Boukan Kare

18 Oganizasyon Peyizan pou Devlopman Lasèl (OPDL) Sodo

19 Solidarite Nègès Sodo (SONESO) Sodo

20 Mouvman Peyizan Mibalè pou Devlopman (MPMD) Mibalè

21 Groupement Communautaire la Ruche de Domond (GCRD) Boukan Kare/ Domond

22 Asosyasyon Peyizan pou Devlopman Sodo (APDS) Sodo

23 Oganizasyon Peyizan pou Devlopman Dèyè Kwa (OPDDK) Mibalè

24 Rasanbleman pou Avansman Jenès Savanèt (RAJES) Savanèt)

25 Tèt Kole ti Peyizan Savanèt Savanèt

26 Konbit Peyizan Nip (KPN) Miragwan Nip

27 Mouvman Peyizan Nip (MPN) Miragwan

28 Pa Jèn yo Miragwan

29 OPDK Miragwan

30 Jèn Ouanament an Aksyon (JOA) Wanament

31 Rasanbleman Militan Solidè Otrou (RAMSO) Otrou

32 Asosyasyon Peyizan Karakòl (APK) Karakòl

33 Mouvman pou Rebati Karakòl (MOREKA) Karakòl

34 Tèt Kole Fanm Dilè (TKFD) Wanament

35 Tèt Kole Fanm Wo Dilè (TKFWD) Wanament

36 Association pour le Développement Haut Maribahoux (ADH) Wanament

37 Mouvement pour le Développement Haut Maribahoux (MPDH) Wanament

38 Groupe d’Appui au Respect de la Dignité Humaine (GARDH)

39 Mouvement pour l’Avancement et le Développement du Sud (MOLADS) Tibiwon

40 Association d’Aide Volontaire aux Exclus (AVE) Pòtapiman

41 Fondation Culturelle Sud (FCS) Aken

42 Asosyasyon Tèt Kole Peyizan Dori (APTKD Manich

43 Base Révolutionnaire des Organisations Populaires du Sud (BROPS) Kanperen

44 Bibliothèque des Recherches Sociales et Techniques (BRESTECH) Okay

45 Oganizasyon Peyizan Jabwen (OPJ) Chantal

46 Oganizasyon Lave Je Koray Anri (OLAJEKA) Sen Lwi

47 Kòdinasyon Oganizasyon Baz Kay (KOBAK) Tòbèk

48 Asosyasyon Tèt Ansanm Mate (ATAM) Chantal

49 Asosyasyon Fanm Vanyan Feliks (AFVF) Chantal

50 DELMA Chantal

51 Federasyon Agrikiltè pou Pwoteksyon Anviwònman Sen Jan (FAPEPS) Sen Jan

52 Mouvman Inite Pèp Okay (MUPAC) Okay

53 Oganizasyon Jèn Peyizan pou Devlòpman Ròch a Bato (OJPDR) Ròchabato

54 Kòdinasyon Solidarite Fanm Vanyan Sid (KOSOFADS) Okay

55 Nègès vanyan Sid Okay

56 Kòdinasyon Fanm k ap Lite Dibrèy (KOFALID) Tòbèk

57 Rassemblement des Etudiants et Universitaires du Sud Est (REUSE) Jakmèl

58 Association des Hommes Dévoués du Sud Est (AHDESE) Jakmèl

59 Kòdinasyon Rejyonal Oganizasyon Sidès (KROS) Sidès

60 Platfòm Fanm Oganize Sidès jakmèl

61 Tèt Kole Sidès Marigo

62 Fanm Deside Jakmèl

63 MIDADE Jakmèl

64 Asosyasyon Jèn pou Liberasyon Lakou Lakay (AJ3L) Pòdepè

65 Mouvman pa Bliye Chansòlm

66 Fédération Autonome des travailleurs Haïtiens (FEDATH) Mòl Sen Nikola

67 RAMACS/MPNKP Pòdpè

68 AJDG Pòdpè



 

Conférence-débat sur le Droit à la terre et la souveraineté alimentaire en Haïti, Mardi 31 Mai 2016, FANNY VILLA, 8h30-3h30

Posté le 20 mai 2016 par Ricot Jean Pierre

Courriers d’Haïti... Incendies et vases communiquants 22 août 2014

Posté le 28 août 2014 par PAPDA

PROGRAMME ETASUNIEN DE DESTABILISATION CONTRE LES MEDECINS CUBAINS

Posté le 25 août 2014 par PAPDA

Carta abierta sobre Cuba

Posté le 24 juin 2014 par PAPDA

Les organisations de la société civile réclament un Conseil électoral équilibré et le vote des amendements à la loi électorale

Posté le 23 mai 2014 par PAPDA

Déclaration de solidarité des organisations haïtiennes avec la Révolution Bolivarienne

Posté le 9 avril 2014 par Camille Chalmers

27 ans après, acquis et limites sur fond d’amendement

Posté le 1er avril 2014 par PAPDA

Deklarasyon Inisyativ MPDP nan okazyon 28 lane anivèsè 7 fevriye a

Posté le 3 mars 2014 par PAPDA

25 vérités sur les manifestations au Venezuela

Posté le 28 février 2014 par PAPDA

D’une tente à une chambre, rien n’a vraiment changé

Posté le 6 février 2014 par PAPDA

 

Quelle planification pour les 1.3 millions de déplacés ?

Posté le 7 décembre 2010

Déclaration de la Campagne "KABA GRANGOU" sur la conjoncture

Posté le 23 novembre 2010

Nòt pou lapres Kaba Grangou

Posté le 23 novembre 2010

Rejection of MINUSTAH

Posté le 28 octobre 2010

Comment Monsanto s’infiltre dans les pays du Sud (Source :Terra-eco)

Posté le 28 octobre 2010

Deklarasyon TK, Chandèl, MODEP

Posté le 18 mars 2008

Haïti, les Élections et la Démocratie

Posté le 8 octobre 2007

Haiti : Why is it necessary to relieve Haiti of its debt burden ?

Posté le 13 avril 2006

Haïti et la crise de la dette externe envers la France

Posté le 13 avril 2006

Pour une annulation IMMEDIATE de la dette envers la Banque Interaméricaine de Développement !

Posté le 8 mars 2006

 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox