PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Intégration Alternative - Mobilisations

Deklarasyon Batay Ouvriye nan okazyon fèt Agrikilti ak Travay la

Posté le 7 mai 2013 par

Jodi a, se PREMYE ME. Ane pase, pou pa kite nou komemore dat sa a kòmsadwa, boujwa yo te fòse nou travay nan jou sa a. Pou travayè ki pa t sou sa, yo te menm ofri yo 500 goud ( ! ), toujou nan lespri bloke manifestasyon nou. Men, ane sa a, nou ranmase karaktè nou ! Epi : men nou ! Jodi a, Premye Me ! Jan nou toujou fè konnen anvan tout bagay : jounen sa a, se pa jou komemorasyon ni Leta, ni boujwa. Se komemorasyon GOUMEN Klas Ouvriyè a te mennen pou rache jounen 8 è tan travay, pami dòt revandikasyon ki te nan ajenda yo. Se jou komemorasyon BATAY klas ouvriyè a KONT boujwa ansanm ak Leta reyaksyonè yo a ! Poutan nan peyi d Ayiti, nou wè se Leta ansanm ak boujwa ki pran devan nan komemorasyon dat sa a ki se pa nou. Nou menm nou di l byen fò : se VÒLÈ yo vòlè dat BATAY nou, dekwa pou twonpe nou tout ! Yon jou, ata Premye Janvye y a fòse nou selebre nan anbasad peyi Lafrans, anba lèzòd gouvènè ameriken nou konnen an.

Vreman vre, sa san lè rive. Sitèlman OKIPASYON-TITÈL peyi nou an rive lwen, kote se l OEA ki mete prezidan, l ONI ki bay rezilta, anbasad Etazini ak Inyon Ewopeyen ki politikman deside, antrepriz peyi enpeyalis yo ansanm ak ONG ki ekzekite, nan enterè transnasyonal k ap vin espwate nou yo epi vòlè tout richès peyi a genyen. Nan kad kokennchenn KRIZ kapitalism lan ap pase, sèl jan pou yo ka eseye soti anba pwoblèm yo se espwate piplis klas ouvriyè a jeneralteman, kit pwòp lakay yo, kit nan peyi domine yo tankou pa nou an. Pandan nou menm, ouvriye ak ouvriyèz nan lemonn antye, travayè ak travayèz tout kalite, ansanm ak tout pèp sou planèt la, n ap mouri anba grangou ak yon salè pwatrinè, ki lese nou tout nan yon lamizè fewòs, san lavi, sanzavni. Se yon ofansiv mondyal kapitalis yo ap fè kont klas ouvriyè a e travayè yo.

Pandan tan sa a, nan peyi pa nou an, jeran izin soutretans yo ap opere yon kokennchenn ofansiv kont travayè yo tou. Yo konprann e, nan yon sèten mezi, yo fè pati de ofansiv kapitalis global mondyal la tou, e y ap chache pwofite de li tou. Vreman vre, pandan tout lane sa a, revokasyon fè kenken, blam ak sispansyon pou ti krik ti krak, mank respè ni pou ouvriye ak ouvriyèz yo, ni pou sendika yo answa. Sou menm elan an, pwopriyetè sèten izin “nasyonal”, nan Okap pa egzanp, refize fè ajisteman salè batay nou te pèmèt atenn chak ane. Nan Karakòl menm, Koreyen yo derefize ata rekonèt papye legal Leta ayisyen ministè afè sosyal fè yo jwenn ! Konsa, nosèlman boujwa yo ap pile tout dwa travayè yo, men ata lwa peyi a yo pa respekte. Tout sa, san remò, san krent : peyi yo pou yo, y a fè sa yo vle. Konsa tou, ekzekitif la kase majistra, nonmen majistra (nan yon pòs ki nòmalman ta dwe eli !), pandan y ap ranje kò yo jan yo konnen pou metrize pwosesis eleksyon yo pral òganize a, nan enterè pa yo tou sèl, pou asire kontinyite dominasyon yo a, dominasyon transnasyonal yo, dominasyon boujwa yo, dominasyon grandon akayik yo, dominasyon granmanjè yo. Konsa tou, yo pa peye pwofesè lekòl piblik yo lajan yo dwe yo, ni travayè TPTC, ni sa lopital piblik yo. Èske se yon nouvo vag privatizasyon y ap prepare ? Kote yo gen pou demantibile sèvis piblik yo dabò, dekwa pou yo ka “pwouve” yo pa ka fonksyone, epi... remèt yo bay boujwa pou sila yo fè kokennchenn benefis yo, san efò, san remò, san krent : peyi yo pou yo... !

Sou yon lòt bò, kit se Leta a li menm (tankou nan kesyon Kan yo, oswa sou tout twotwa anba lavil, oswa nan Bwa Jalouzi nan Petyonvil), kit se fanmi ki di yo se “pwopriyetè” tè a (tankou nan Fò Sen Michel, nan mòn Kastèl nan Okap, oswa nan Ans Wouj, pi wo Gonayiv), kit se grandon ki di y ap tounen “sou tè ki te pa yo” nan milye riral nan tout peyi a, nou wè Leta, grandon makout, ansanm ak boujwa vle mete tout ti peyizan travayè deyò epi monte sou tè n ap okipe depi jenerasyon !

San konte kesyon remèt resous natirèl ki anba tè yo bay konpayi etranje ki pral non sèlman espwate yo san konsiderasyon ni pou popilasyon, ni pou anviwonman, kote se yon pousantaj minim Leta peyi a pral resevwa... pousantaj minim ki, anplis, pral dirèkteman nan pòch piti ak gwo granmanjè nan Leta a.

Anfen, nan pami mank e melanj jeneral sa a k ap pase a, genyen Kòd Travay la y ap eseye chanje. Jan nou toujou di l : fòk nou toujou kanpe anfas lejislasyon klas dominan yo epi batay pou chanje yo, nan sa n kapab, nan enterè minimòm nou. Vreman vre, batay pou nouvo Kòd Travay sa a, se youn k ap mande mobilizasyon nou tout pou chache fè l rive pi lwen posib. Se nan enterè nou. San ilizyon ak san opòtinism sepandan.

Konsa tou, presizeman nan kad batay sa a, nou wè yon ekip sendikalis etranje vin ap feraye nan peyi a, ansanm ak yon seri “entèmedyè” ki sanse ap travay “pou kondisyon lavi nou amelyore”, epi òganism entènasyonal ki reskonsab kesyon Travay la nan rapò li ak Kapital la. Jan nou toujou di : kapab gen moun ki gen bon entansyon pami yo, menm ke sèten nan yo se pitit ouvriye, se sendikalis yo ye, e yo rantre nan batay sa a presizeman pou pote apò yo e, byen souvan, apò sa a siyifikatif. Men APARÈY yo ladann yo, malgre tout efò yo kapab fè, se finalman yon enstriman osèvis Kapital la, osèvis klas dominan enpeyalis yo yo YE. Fòk nou pa gen ilizyon kòmkwa se la sitiyasyon nou ap regle. Fòk nou klè : rankont dyalòg sosyal sa yo, se nan yon demokrasi pèpè, demokrasi pèpè nou konnen an, l ap mennen nou patisipe. Fòk nou kwape solisyon sa a ! Nan menm konsiderasyon sa a, nou jwenn sendikalis ki vin nan pwosesis sa a pou defann pozisyon boujwa, tankou sa te pase lò biwokrat ki te “reprezante” nou yo te vin ap defann “Pwojè lwa Anakasis” la k ap di pou travay lannyit ta peye menm jan ak sa lajounen, oswa nan tout ekzaksyon Komisyon Lwa Hope la pote kont nou. Nou menm nou di : TRAVAY, WI ! LESKLAVAY, NON ! Kidonk, fòk nou genyen yon salè ki pou pèmèt nou viv byen ! Se moun nou ye : FÒK NOU KA VIV BYEN ! Biwokrasi ouvriyè sa a ki di l ap reprezante nou a, se lanfè, mele ak ilizyon, yo ta renmen nou jwenn, pandan yo menm y ap ranmase miyèt sanginè ak granmanjè yo ap lage atè ba yo. Pwosesis sa a chaje ak trèt sa yo ! Nou menm nan mas ouvriyè a, fòk nou egzije se enterè MAS yo, enterè PA NOU ki pase ANVAN, pa enterè arivis ki soti pou reyalize enterè pèsonèl mesken yo sou do nou ! Pa gen diskisyon nan sa !

Pou tou sa, se MOBILIZASYON nou, LIT nou, BATAY nou SÈL ki pou fè nou jwenn menm yon vye grapday nan men boujwa yo. Se pa fè sousou nan pye yo, jan biwokrat yo ap fè. Erezman, divès nan nou wè sa. Paske, si klas ouvriyè a po ko ka pran reskonsabilite l kòmsadwa, si kamarad ouvriye pi konsyan yo po ko ka reflechi sou repons klas nou an ta dwe bay, se sitiyasyon difisil n ap viv la, sitiyasyon difisil ki anfas tout klas nou an ki lakòz, men, tou, se konfizyon ki devan nou an ki twouble nou, devye nou. Ann gade l ak je klè ! Mobilizasyon 2009 nou a montre nou : NOU KAPAB ! Sèlman, si nou te rive mete sou pye yon MOBILIZASYON, òganizasyon pou pouswiv batay la te manke nou. Se tou 2 pou nou genyen. Dekwa pou ni òganizasyon nou, ni lit nou fèt yon mannyè estriktire, otonòm, konsyan. Se lè a n ap DJANM !

Sou yon lòt bò, anpil vwa pwogresis nan peyi a kòmanse ap poze kesyon OKIPASYON-TITÈL la antanke sitiyasyon enposib. Vreman vre, se li ki detèmine sitiyasyon global n ap viv la, se li ki ‘bakòp’ tout gagòt, represyon ak imilyasyon n ap viv la. Men, genyen makout tou ki poze pou Minista ale. Pou yo menm, se dekwa pou yo ka remete lame kriminèl yo a sou moun. Se pa solisyon pa nou a sa.

Genyen dòt ki vle pou peyi a tounen ‘granmoun tèt li’ men toujou ak lespwatasyon travayè yo. An reyalite : labannyè pa yo, se pou se YO ki gen opòtinite espwate nou nan plas transnasyonal etranje yo. Solisyon sa a pa bon pou nou nonplis. Menm jan an, se kont travayè yo li ye. E fòk nou pa pran nan mistifikasyon sa a nonplis.

Sèten moun sepandan poze dezokipasyon a yon mannyè aktif ak pwogresis, kote yo tou makonnen objektif mete Minista deyò a ak yon jèm pwogram popilè, anfas pwojè kriminèl enpeyalis yo ansanm ak tout jeran, sousou, kolaboratè tout plim tout plimay yo genyen sou teren a. Presizyon pwogram sa yo ansanm ak lit konkrèt yo gen pou klarifye, dekwa pou mobilizasyon an vin serye, laj men estrik an menm tan. Onivo entènasyonal tou, yon altènativ otonòm ak konbatif ap konstwi. Piti piti. Kit nan pami kamarad ki la lontan lontan ansanm ak nou yo, ki nou, kit nan nouvo rapò serye k ap tabli. Kesyon an se fè pou tout jèm sa yo ka rive sanble byen, nan enterè mas popilè yo tout bon, nan enterè pwoletarya a.

ABA OKIPASYON-DOMINASYON-TITÈL ENPEYALIS YO !

ABA LESPWATASYON SANGINÈ TOUT PLIM TOUT PLIMAY YO SOTI POU REYALIZE ANWO SYÈ AK NAN SAN NOU !

VIV LIT TOUT MAS POPILÈ YO AK TRAVAYÈ YO KÒM POTO MITAN !

VIV LIT KLAS OUVRIYÈ A ! VIV PREMYE ME, ISTWA LIT PA NOU !

Batay Ouvriye, PREMYE ME 2013



 

20 ans après, les assassins du Père Jean-Marie Vincent courent toujours

Posté le 8 septembre 2014 par

Dénonciation constante du projet touristique et demande de libération de Jean Matulnès Lamy

Posté le 27 août 2014 par

Déclaration Conjointe : Appel à un instrument juridiquement contraignant sur les droits humains, les sociétés transnationales et autres entreprises

Posté le 27 juin 2014 par PAPDA

NÒT POU LAPRÈS SOU ARETE SALÈ MINIMÒM LAN

Posté le 9 juin 2014 par PAPDA

No to Starvation Wages in Haiti ! - No to Poverty Wages in the US !

Posté le 30 janvier 2014 par PAPDA

PAPDA mande solidarite ak batay KOSIT ap mennen nan SONAPI

Posté le 30 janvier 2014 par Camille Chalmers

1915-2013 : 98 lane dominasyon ak eksplwatasyon Meriken sou peyi d Ayiti

Posté le 26 juillet 2013 par

Declaración de la Alianza Social Continental

Posté le 20 juin 2013 par PAPDA

Declaración del Encuentro de la Alianza Social Continental realizado el 1 y 2 de junio en Bogotá

Posté le 20 juin 2013 par PAPDA

La CDC assignée pour avoir encaissé l’argent versé par Haïti pour son indépendance

Posté le 13 mai 2013 par PAPDA

 
 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox