PAPDA

Plateforme Haïtienne de Plaidoyer pour un Développement Alternatif

   


Home - Souveraineté alimentaire - Réforme agraire

Deklarasyon Rezo óganizasyon Nó ak Nodès nan okazyon Selebrasyon Fèt Agrikilti ak Travay -premye me 2013.

Posté le 28 mai 2013 par

Ecrit le 1er mai 2013

Nou menm fanm kou gason ki sòti nan óganizasyon peyizan, òganizasyon fanm, òganizasyon jèn, òganizasyon ouvriye, òganizasyon sosyo-pwofesyonèl, òganizasyon sendika ki sóti nan Nó ak Nódès, reyini nan Wanament pou lanse yon rèl bay Leta Ayisyen pou di non kont piyaj sou Tè peyizan ak sou Tè Leta.

Nou konstate Gouvènman Mately-Lamothe la louvri yon va-n kidnapping sou Tè nan peyi a kote grandon, antrepriz, konpayi miltinasyonal ap mache nan Wanament, karakól, Ferye, Sentsizan, Karis, Oboy, Vodrey, Mon-Óganize, Monbin-Krochi ap fè apantay tè peyizan, tè Leta pou konstwi zón franch, pou plante jatrofa, pou eksplwate ló, iridiòm, nikèl, kwiv, kabonat ak ranmase tè mete la pou swadizan lè ka gen kèk pwojè blan ka vle devlópe nan Peyi a.

Nou pa bliye peyizan yo te degèpi, peyizan yo te touye sou tè yo pou yo te monte plantasyon Dofen nan Nó ak Nan Nodès, pou mete SHADA nan Latibonit, nan Sidès, Okay, Grandans, Plato Santral, Lwès kote kapitalis Ameriken te souse san pèp ayisyen an, yo eksplwate tè yo, aprè yo te pati san dedomajman peyi a pandan yo te detwi anviwónman an, yo te lage pèp la nan bidonvil ak nan mizè.

Nap denonse konplo kominote entènasyonal la ki chwazi devlópe pwogram pou fòse pèp ayisyen an pou kite tè nan peyi li pou mache nan gran vil yo pou al bay souse san yo, pou travèse fontyè pou al sibi masak, zenofobi ak jenosid, pou pran lanmè pou al riske vi yo nan prizon, nan vant reken, depóte tankou bèt pandan yo pral bay souse san yo.

Nou denonse pwogram Prezidan Mately-Lamothe Open for Busness la ki ap likide resous peyi a, devlópe pi plis ankó koripsyon nan peyi a. Jodi a 6,5 milyon ayisyen ap viv nan grangou selon Konsèy Nasyonal pou Sekirite Alimantè (CNSA) kote gen 1,5 milyon ki deja nan sitiyasyon kronik, sa vle di ki deja ap mouri grenn pa grenn. Leta gen pou devwa ankadre pèp la nan fè bon jan refóm agrè entegral pou ti peyizan yo ka pwodui manje, pou nouri fanmi yo epi nan bay rès moun kap viv nan gran vil yo.

Nou denonse kominote entènasyonal la ki pa kenbe angajman li, 0,7 % PIB lakay yo ki dwe dekese pou soutni devlópman nan peyi Dayiti pa fèt, angajman yo te pran aprè tranbleman tè a pa respekte, okenn èd pa rive jwenn peyizan yo, se lenvès la ki ap kontinye, óganize yo pou pèmèt antrepriz ak konpayi lakay yo vin ranmase pi rèd resous peyi a,

Nou denonse senkyèm rankont chèf Deta gran Karayib la ki pa di anyen sou MINUSTAH, ki pa pote solidarite yo bay pèp ayisyen an nan fason y ap vyole chak jou ti gason, tifi, asasinen moun, vyole espas inivèsite yo ak lót espas piblik pèp la.

Peyizan yo pa jwenn tè pou yo travay, yo pa jwen kredi agrikól pou fè jaden, peyizan yo pa ka achte yon sak angrè, peyizan pèdi kapasite yo te genyen pou pwodui ak konsève semans yo, jodi a peyizan yo pa ka achte yon mamit semans ni yon zouti agrikól, pa gen okenn pwogram pwodiksyon agrikól, tout sant animasyon agrikól yo toujou rete fèmen, tout lekól mwayèn agrikilti yo toujou rete fèmen, pa gen lekól Leta ki óganize pou pitit peyizan yo, tibèkiloz, malarya, kolera ap fini ak pèp la, fanm yo ap mouri ak maladi kól matriz, fanm yo ap mouri anba pote chay monte-desanm món, pa gen lopital gratis pou peyizan, Gouvènman an pa panche pou konstwi enfrastrikti nan milye riral yo pou bay pèp andeyó yo sèvis.

Nou denonse tout akó kap louvri vant peyi a pou pwodui dominiken ak lót peyi anvayi peyi a, nou bouke ak pwodui pèpè, ak zagribay tout plimay kap anvayi peyi a.

Nou denonse tout vye pwojè USAID ap sipóte yo kap vin kreye vye konpetisyon nan mitan óganizasyon peyizan yo, kap vin tódye piplis modèl pwodiksyon familyal peyizan, Devan sitiyasyon malouk sa a :

1. Nou mande pou Leta kanpe ak dappiyanp kap fèt sou tè nan peyi a epi pran dispozisyon legal pou fè yon refóm agrè entegral pou ti peyizan yo ka jwenn tè Leta ak tè ki nan men grandon yo pou yo travay.

2. Nou mande pou leta mete sou pye yon Bank Nasyonal Kredi Peyizan (BNKP), pou louvri sant animasyon agrikól yo, pou louvri lekòl mwayèn agrikilti yo epi mete kanpe yon pwogram pwodiksyon semans ak zouti agrikól amelyore yon fason pou peyizan yo kapab jwenn mwayen pou yo viv epi pou pwodwi manje pou peyi a.

3. Nou mande pou Leta sispann itilize lajan bidjè nasyonal la, lajan trezo piblik la, lajan bank santral la, lajan petro-karibe a nan mete sou pye vye pwogram tankou timanman cheri ak ede pèp kap kenbe klas defovorize a piplis nan mizè, nan siyen kontra vye pwojè bay ti gwoup zanmi li yo, bay moun ki nan klas sosyal ki gen lajan peyi a nan men yo deja, pandan mas pèp la ak kroupi nan mizè,

4. Nou egzije yon lót fóm pwodiksyon ak distribisyon richès nan peyi a, nou mande pou fós, kouraj, konpetans ayisyen sèvi pou kreye richès pou peyi a, pou ayisyen, pa pou antrepriz ak konpayi miltinasyonal,

5. Nou egzije pou Gouvènman an kanpe sou kidnapin kap fèt sou Tè peyizan yo ak Tè Leta, pou Leta kanpe ak tout akó baryè lib yo, pou mete aksan sou devlópman pwóp potansyalite, kapasite, resous peyi a pou ayisyen ak tout Gouvènman li yo pou nou ka konstwi byen-èt pèp ayisyen an ak souverènte peyi a,

6. Nou mande pou Leta antre nan konstwi pwóp Lekól nasyonal ak lekól pwofesyonèl nan seksyon kominal yo ak nan komin yo, inivèsite nan chak depatman yo, pou Leta ka diminye 90 % sistèm edikasyon an ki nan men sektè prive,

7. Nou egzije jistis pou peyizan pitobèt yo, pou peyizan karakól yo, jistis pou peyizan dofen yo, peyizan SHADA yo ki ap mouri anba mizè nan bidonvil Okay, nan Gonayiv, nan Potoprens ak lót kote,Nou pote solidarite nou bay

8. Nou mande depa MINUSTAH, nou mande Palmantè yo ranmase karaktè yo, nou mande yo pou rantre nan travay pou pote kole ak mouvman sosyal yo pou fóse MINUSTAH kite peyi a,

9. Nou pote solidarite ak pèp Venezyelyen an, ak pèp Kiben an nan batay kont enperyalis la pou konstwi souverente yo nan konstwi ak pote solidarite bay lót pèp kap soufri tankou Ayiti,

10. Nou mande pou óganizasyon peyizan yo toupatou, asosyasyon fanm yo, óganizasyon jèn, asosysasyon sosyo-pwofesyonèl yo, sendika anseyan, sendika ouvriye, sendika chofè, óganizasyon pechè yo, etidyan yo leve kanpe pou konstwi yon fós sosyal pou defann resous peyi a, pou konstwi yon Leta Sosyal, yon Leta Granmoun.

Aba kidnapin sou tè peyizan !

Aba MINUSTAH !

Viv óganizasyon ayisyen yo

Viv yon Leta Sosyal granmoun !

Oganizasyon ki siyen deklarasyon an :

1. KPSKBM : Kòdinasyon Plantè Seksyon Kominal Ba Maribawo

2. KRPN : Kòdinasyon Resistans Popilè Nòdès

3. PAPDA : Platfóm Ayisyen kap Plede pou yon Devlópman Altènatif

4. FPDN : Federasyon Plantè pou Developman Nòdès

5. PKP : Pati Kan-Pèp

6. OPV : Oganizasyon Peyizan Vilaj Oliye

7. APWOLIM :Asosyasyon Pwodiktè Lèt Limonade

8. KPWN : Kòdinasyon Plantè Wo-maribawo

9. FOPAN : Federasyon Oganizasyon Peyizan Nòdès

10. KFPBM : Kòdinasyon Fanm Ba-maribawo

11. MPDH : Mouvman Peyizan pou Devlópman Wo-maribawo

12. AFLIDEPA : Asosyasyon Fanm Limonade pou Devlópman Pwodiksyon Agrikól ak Atizana

13. OFP : Oganizasyon Fanm Pinigot

14. GAP : Gwoupman Agrikòl Ponigot

15. GEDWA : Gwoupman Elvè pou Devlópman Wanament

16. TKK : Tèt Kole Koujòl

17. SOFA : Solidarite Fanm Ayisyen

18. MFO : Mouvman Fanm OTHR

19. OTHR : Oganizasyon Travayè ak Rapatriye Ayisyen

20. APBM : Asosyasyon Plantè Ba- Maribawo

21. ADR : Asosyasyon pou Devlópman Reskapin

22. OPB : Oganizasyon Peyizan Bedou

23. Batay Ouvriye



 

Konferans-deba sou kesyon tè a nan peyi d Ayiti, 16 Oktòb 2014

Posté le 2 octobre 2014 par Ricot Jean Pierre

Des centaines de paysans réclament l’accès à la terre et la réforme agraire

Posté le 23 avril 2012 par

Tèt kole Ti Peyizan Ayisyen : Konferans de près nan okazyon 22 e anivèsè masak ti peyizan Jan Rabèl

Posté le 22 juillet 2009 par PAPDA

Por una Reforma Agraria genuina, integral y participativa

Posté le 2 mars 2006 par PAPDA

Les producteurs de Lèt Agogo autorisés à occuper des terres de l’État

Posté le 2 décembre 2005 par Administrateur

Refòm agrè ak dwa granmoun nan lamanjay

Posté le 14 novembre 2005 par Administrateur(écrit le 16 avril 2004)

 
 
 

Tous droits réservés © PAPDA 2005

URL ancien site (archives): www.rehred-haiti.net/membres/papda/ancien

Site réalisé par la PAPDA

Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL

Hébergement chez Alternatives Canada


Enhance your browsing experience: Get Firefox